Ki jan nou ta dwe trete lòt moun ?
“ Jan nou vle moun fè pou nou, fè menm jan an pou yo. ” — LIK 6:31.
1, 2. a) Ki sa Sèmon sou montay la ye ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a e nan atik ki vin apre l la ?
VRÈMANVRE, Jezi Kris se te gran Anseyan an. Lè ènmi l yo nan relijyon juif la te voye kèk ofisye vin arete l, ofisye yo te retounen san li, e yo te di : “ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa. ” (Jan 7:32, 45, 46). Youn nan diskou estrawòdinè Jezi te fè yo se Sèmon sou montay la. Nou jwenn li nan Evanjil Matye a, soti nan chapit 5 rive nan chapit 7. Nou jwenn enfòmasyon ki sanble ak enfòmasyon ki nan sèmon sa a nan Lik 6:20-49a.
2 Nan sèmon sa a, prensip moun pi byen konnen an, se yon prensip enpòtan ki gen rapò ak fason nou dwe trete moun. Jezi te di : “ Jan nou vle moun fè pou nou, fè menm jan an pou yo. ” (Lik 6:31). Li te fè anpil bon bagay pou moun yo. Li te geri moun ki malad e li te menm leve moun ki mouri. Sepandan, se lè moun yo te aksepte bon nouvèl li t ap anonse yo a yo te jwenn plis benediksyon. (Li Lik 7:20-22.) Antanke Temwen Jewova, nou byen kontan patisipe nan menm travay li t ap fè a, anpalan de predikasyon bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 24:14 ; 28:19, 20). Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre l la, nou pral egzamine sa Jezi te di konsènan travay sa a e nou pral egzamine kèk lòt pwen ankò nan Sèmon sou montay la ki gen rapò ak fason nou dwe trete pwochen nou.
Se pou nou gen tanperaman dou
3. Ki sa yon tanperaman dou ye ?
3 Nan Matye 5:5, Jezi te di : “ Byennere moun ki gen tanperaman dou yo, piske yo gen pou yo eritye tè a. ” Nan Ekriti yo, yon tanperaman dou pa gen rapò ditou ak feblès. Men, li se dousè nou demontre paske Bondye egzije nou sa. Nou reflete atitid sa a nan fason nou trete pwochen nou. Se sa k fè nou “ pa rann pèsonn mal pou mal ”. — Wom. 12:17-19.
4. Poukisa moun ki gen tanperaman dou yo kontan ?
4 Moun ki gen tanperaman dou yo kontan paske “ yo gen pou yo eritye tè a ”. Jezi te ‘ gen tanperaman dou e li te gen imilite nan kè l ’, e se li yo “ etabli eritye sou tout bagay ”. Pakonsekan, se li menm ki prensipal eritye tè a (Mat. 11:29 ; Ebre 1:2 ; Sòm 2:8). Labib te predi “ pitit gason lòm ” nan, Mesi a, t ap gen lòt moun pou dirije avè l nan Wayòm li an ki nan syèl la (Dàn. 7:13, 14, 21, 22, 27). Antanke moun ki “ gen menm eritaj ak Kris ”, 144 000 disip wen yo ki gen tanperaman dou pral resevwa tè a kòm eritaj tou (Wom. 8:16, 17 ; Rev. 14:1). Gen lòt moun ankò ki gen tanperaman dou ki pral jwenn benediksyon sou tè a pou toutan anba dominasyon Wayòm nan. — Sòm 37:11.
5. Ki efè sa gen sou pèsonalite nou lè nou gen dousè menm jan ak Kris ?
5 Si nou aji yon fason ki di ak pwochen nou, li pwobab pou yo pèdi pasyans ak nou e n ap fè yo ret lwen nou. Men, lè nou gen dousè menm jan ak Kris, nan kongregasyon an n ap yon moun ki agreyab e ki ankourajan pou lòt moun nan domèn espirityèl. Si nou ‘ viv e si nou mache pa mwayen lespri ’ dousè se yon kalite fòs aktif Bondye a ap pwodui lakay nou, yon kalite ki fè pati fwi lespri a. (Li Galat 5:22-25.) Se sèten, nou tout vle fè pati moun ki gen tanperaman dou ki kite lespri Jewova gide yo.
Ala byennere moun ki gen mizèrikòd yo byennere !
6. Ki bèl kalite moun ki gen mizèrikòd yo genyen ?
6 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te di tou : “ Byennere moun ki gen mizèrikòd, paske y ap fè yo mizèrikòd. ” (Mat. 5:7). “ Moun ki gen mizèrikòd ” yo gen konpasyon, tandrès, bonjan konsiderasyon pou moun ki nan bezwen e yo menm gen pitye pou yo. Jezi te fè mirak pou l soulaje moun ki t ap soufri paske li te “ pran pitye pou yo ”. (Mat. 14:14 ; 20:34.) Si nou gen pitye e si nou gen konsiderasyon pou lòt moun, sa ap pouse nou fè yo mizèrikòd. — Jak 2:13.
7. Ki sa pitye te pouse Jezi fè ?
7 Lè yon foul moun te rankontre Jezi pandan li t apral repoze l, “ li te santi l gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje ”. Se sa k fè “ li te kòmanse anseye yo anpil bagay ”. (Mak 6:34.) Se pa ti lajwa nou genyen lè nou pataje mesaj Wayòm nan tou ak pwochen nou e lè nou pale yo de mizèrikòd Jewova ki estrawòdinè !
8. Poukisa moun ki gen mizèrikòd yo gen kè kontan ?
8 Moun ki gen mizèrikòd yo kontan paske yo “ fè yo mizèrikòd ”. Lè nou trete moun avèk mizèrikòd, nòmalman, moun sa yo ap fè nou mizèrikòd tou (Lik 6:38). Anplis, Jezi te di : “ Si nou padone moun lè yo fè fot, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. ” (Mat. 6:14). Se sèlman moun ki gen mizèrikòd yo k ap jwenn kè kontan yon moun jwenn lè Bondye padone peche l e lè li ba li apwobasyon l.
Rezon ki fè “ moun ki pasifik ” yo byennere
9. Ki jan n ap aji si nou se moun ki pasifik ?
9 Jezi te site yon lòt bagay ki bay kè kontan. Li te di : “ Byennere moun ki pasifik, paske y ap rele yo ‘ pitit Bondye ’. ” (Mat. 5:9). Mo grèk ki koresponn ak ekspresyon “ moun ki pasifik ” la vle di literalman “ moun k ap fè lapè ”. Si nou se moun k ap fè lapè, nou pap ankouraje moun fè anyen ki ka “ met divizyon ant moun ki zanmi ”, ni nou pap patisipe nan anyen ki ta ka fè sa, tankou fè manti sou yon moun pou nou sal repitasyon l (Pwo. 16:28). Men, kit se an pawòl kit se ann aksyon, n ap chèche fè lapè ni ak moun ki fè pati kongregasyon kretyen an, ni ak moun ki pa fè pati kongregasyon an (Ebre 12:14). N ap fè tout sa nou kapab pou nou anpè sitou ak Jewova Dye. — Li 1 Pyè 3:10-12.
10. Sa k fè “ moun ki pasifik ” yo kontan ?
10 Jezi te di “ moun ki pasifik ” yo byennere “ paske y ap rele yo ‘ pitit Bondye ’ ”. Piske kretyen wen yo met lafwa yo nan Jezi, Mesi a, yo resevwa “ pouvwa pou yo vin pitit Bondye ”. (Jan 1:12 ; 1 Pyè 2:24.) Men, e “ lòt mouton ” Jezi yo ki pasifik ? Jezi ap “ Papa etènèl ” yo pandan rèy mil an an, epòk kote moun ki eritye avè l yo ap bò kote l nan syèl la (Jan 10:14, 16 ; Iza. 9:6 ; Rev. 20:6). Nan fen rèy mil an sa a, moun pasifik sa yo pral vrèman vin pitit Bondye sou tè a. — 1 Kor. 15:27, 28.
11. Si se “ sajès ki soti anlè a ” k ap gide nou, ki jan n ap trete lòt moun ?
11 Pou nou kapab gen yon relasyon sere ak Jewova, “ Bondye lapè a ”, nou bezwen imite kalite l yo, e kòm li pasifik, nou bezwen pasifik tou (Fil. 4:9). Si nou kite “ sajès ki soti anlè a ” gide nou, n ap chèche fè lapè ak pwochen nou (Jak 3:17). Wi, n ap kontan paske n ap moun k ap fè lapè.
“ Se pou limyè nou klere ”
12. a) Ki sa Jezi te di anrapò ak limyè espirityèl la ? b) Ki jan nou kapab fè limyè nou klere ?
12 Meyè fason nou ka aji byen ak pwochen nou, se lè nou ede yo jwenn limyè espirityèl ki sot nan Bondye a (Sòm 43:3). Jezi te di disip li yo se yo menm ki “ limyè monn nan ”, e li te ankouraje yo pou yo fè limyè yo klere, yon fason pou moun wè “ bèl aksyon ” yo fè anvè lòt moun. Konsa, yo t ap fè limyè espirityèl yo klere “ devan lèzòm ”, sa vle di pou pwofi limanite. (Li Matye 5:14-16.) Jodi a, nou kite limyè nou klere lè nou fè byen pou pwochen nou e lè nou preche bon nouvèl la “ nan lemonnantye ”, sa vle di nan “ tout nasyon ”. (Mat. 26:13 ; Mak 13:10.) Ala yon gwo privilèj nou genyen !
13. Ki sa ki fè moun yo remake nou ?
13 Jezi te di “ yon vil pa kapab kache si se sou tèt yon mòn li ye ”. Li fasil pou yo wè yon vil ki sou tèt yon mòn. Menm jan an tou, moun remake nou poutèt bèl travay n ap fè antanke pwoklamatè Wayòm nan e poutèt nou gen moderasyon ak moralite. — Tit 2:1-14.
14. a) Ki jan lanp nan premye syèk yo te fèt ? b) Sa sa vle di pou nou pa kache limyè espirityèl nou anba yon “ pànye pou mezire ” ?
14 Jezi te di lè moun limen yon lanp, yo mete l sou yon pòtlanp, olye yo mete l anba yon pànye, yon fason pou l ka klere tout moun ki nan kay la. Nan premye syèk la, yon lanp se te yon veso ki fèt an tè, ki gen yon mèch ladan l k ap rale yon likid (an jeneral se luil doliv) ki pèmèt flanm dife a ret limen. Souvan, se sou yon pye an bwa oswa an metal yo te konn mete lanp yo, e yo te “ klere tout moun ki nan kay la ”. Yon moun pa t ap janm limen yon lanp epi pou l mete l anba yon “ pànye pou mezire ”, sètadi yon gwo resipyan ki ka kenbe anviwon 9 lit. Jezi pa t vle pou disip li yo kache limyè espirityèl yo, kòmsi se ta anba yon pànye pou mezire yo mete l. Pakonsekan, nou dwe kite limyè nou klere, e nou pa dwe janm kite opozisyon oswa pèsekisyon fè nou kache verite ki nan Ekriti yo oswa fè nou kenbe l pou nou.
15. Ki efè “ bèl aksyon nou ” ka gen sou kèk moun ?
15 Se apre Jezi te fin bay egzanp lanp ki limen an li te di disip yo pawòl sa yo : “ Menm jan an, se pou limyè nou klere devan lèzòm, pou yo ka wè bèl aksyon nou fè epi pou yo bay Papa nou ki nan syèl la glwa. ” Grasa “ bèl aksyon nou ”, kèk moun ‘ bay Bondye glwa ’ lè yo vin sèvi l. Èske sa pa ankouraje nou pou nou kontinye “ klere tankou flanbo nan monn nan ” ? — Fil. 2:15.
16. Ki sa sa mande pou nou ka “ limyè monn nan ” ?
16 Pou nou ka “ limyè monn nan ”, sa mande pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan e pou nou fè disip. Men, gen yon lòt bagay nou bezwen fè tou. Men sa apot Pòl te di : “ Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè, paske fwi limyè a se tout kalite bonte ak jistis ak verite. ” (Efe. 5:8, 9). Nou dwe toujou aji ann amoni ak prensip wo nivo Bondye yo. Vrèmanvre, nou bezwen suiv konsèy sa a apot Pyè te bay la : “ Se pou nou gen bon konduit pami nasyon yo. Konsa, pou sa y ap pale nou mal tankou se malfektè nou ta ye a, y ap ka bay Bondye glwa nan jou enspeksyon l lan, poutèt yo wè ak je yo bèl aksyon nou fè. ” (1 Pyè 2:12). Men, ki sa nou dwe fè si nou vin gen pwoblèm avèk yon frè nou ?
“ Fè lapè ak frè w la ”
17-19. a) Ki kalite “ ofrann ” yo te mansyone nan Matye 5:23, 24 ? b) Ki enpòtans sa genyen pou nou rekonsilye ak frè nou, e ki jan Jezi te montre sa ?
17 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te avèti disip li yo pou yo pa rete an kòlè kont frè yo e pou yo pa trete yo san respè. Olye de sa, si yo te ofanse yon frè yo, yo te dwe chèche fè lapè avè l san pèdi tan. (Li Matye 5:21-25.) Byen note konsèy Jezi te bay la. Si yon moun t ap pote ofrann li sou lotèl la epi li sonje yon frè l gen yon bagay kont li, ki sa l te dwe fè ? Li te dwe kite ofrann li an la devan lotèl la epi li te dwe al fè lapè ak frè l la. Apre l fin fè sa, li t ap ka retounen al bay ofrann li an.
18 Souvan, “ ofrann ” nan se te sakrifis yon moun te ka ofri nan tanp Jewova a. Sakrifis bèt yo te enpòtan anpil, paske sou Lalwa Moyiz, Bondye te mande pou pèp Izrayèl fè sakrifis nan adorasyon y ap ba li. Men, si yon moun te sonje yon frè l te gen pwoblèm avè l, li te pi enpòtan pou l rezoud pwoblèm nan pase pou l ofri sakrifis la. Jezi te di : “ Kite ofrann ou an la devan lotèl la, epi al fè lapè ak frè w la anvan, e apre sa, lè w retounen, fè ofrann ou an. ” Li te enpòtan pou yon Izrayelit fè lapè ak frè l anvan l ofri kèlkeswa sakrifis Lalwa te egzije a.
19 Jezi pa t di se sèlman pou kèk ofrann oswa sèlman pou kèk peche sa te valab. Kidonk, kèlkeswa ofrann moun nan t apral ofri a, li te dwe kanpe sou ofrann nan si li te sonje gen yon frè l ki gen yon bagay kont li. Si ofrann nan se te yon bèt vivan, li te dwe kite l “ devan lotèl ” yo boule sakrifis yo, nan lakou prèt yo ki nan tanp lan. Apre moun nan te fin rezoud pwoblèm nan, li t ap retounen pou l ofri sakrifis la.
20. Si nou fache kont yon frè nou, poukisa nou ta dwe rezoud pwoblèm nan rapidman ?
20 Selon pwennvi Bondye, relasyon nou ak frè nou se yon aspè enpòtan nan vrè adorasyon an. Sakrifis zannimo yo pa t gen okenn valè pou Jewova si moun ki t ap ofri sakrifis sa yo pa t aji byen ak pwochen yo (Mika 6:6-8). Se sa k fè Jezi te ankouraje disip li yo pou yo “ regle bagay yo vit ”. (Mat. 5:25.) Menm jan an tou, Pòl te ekri : “ Nou mèt an kòlè, men, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè, ni pa kite jwen pou Dyab la. ” (Efe. 4:26, 27). Menmsi nou gen rezon pou nou an kòlè, nou ta dwe rezoud pwoblèm nan rapidman yon fason pou n pa rete an kòlè, paske si n rete an kòlè, n ap kite Dyab la pran pye sou nou. — Lik 17:3, 4.
Toujou trete lòt moun avèk respè
21, 22. a) Ki jan nou kapab aplike konsèy Jezi nou sot egzamine yo ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?
21 Pwen nou sot egzamine la yo, se pwen Jezi te mansyone nan Sèmon sou montay la. Yo ta dwe ede nou trete pwochen nou avèk jantiyès e avèk respè. Byenke nou tout enpafè, nou kapab aplike konsèy Jezi yo, paske, menm jan ak Papa nou ki nan syèl la, li pa atann pou n fè plis pase sa nou kapab. Grasa lapriyè, grasa efò sensè nou fè e grasa benediksyon Jewova, nou kapab vin gen tanperaman dou, nou kapab gen mizèrikòd e nou kapab pasifik. N ap kapab reflete limyè espirityèl la ki klere pou glwa Jewova. Anplis, n ap kapab fè lapè ak frè nou lè gen pwoblèm antre nou.
22 Pou Jewova aksepte adorasyon n ap ba li a, sa mande pou nou byen trete pwochen nou (Mak 12:31). Nan atik ki vin apre a, nou pral konsidere kèk lòt pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la k ap ede nou kontinye fè byen pou lòt moun. Sepandan, apre nou fin medite sou pwen nou sot wè yo ki soti nan diskou estrawòdinè Jezi a, nou ka poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Èske mwen trete lòt moun byen ? ’
[Nòt anba paj]
a Si w li pasaj sa yo nan etid pèsonèl ou anvan ou etidye atik sa a ak atik ki vin apre l la, sandout w ap twouve sa trè pwofitab.
Ki repons nou ta bay ?
• Sa sa vle di pou yon moun gen tanperaman dou ?
• Poukisa “ moun ki gen mizèrikòd ” yo byennere ?
• Ki jan nou ka kite limyè nou klere ?
• Poukisa nou ta dwe ‘ fè lapè ak frè nou ’ rapidman ?
[Foto nan paj 4]
Yon fason trèzenpòtan nou kapab fè limyè nou klere, se lè nou anonse mesaj Wayòm nan.
[Foto nan paj 5]
Kretyen yo dwe yon egzanp nan konduit ki mache ak prensip Bondye yo.
[Foto nan paj 6]
Fè tout sa w kapab pou w fè lapè ak frè w.