BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Annou mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman detrès
    Toudegad — 2003 | 1ye septanm
    • 7, 8. a) Ki jan Jezi te montre li konnen lèzòm enpafè gen yon tandans pou yo enkyete twòp konsènan bagay materyèl ? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki konsèy saj Jezi te bay sou fason pou nou evite enkyete nou twòp ?

      7 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te bay konsèy sa a : “ Sispann enkyete pou nanm nou kanta sa n ap manje oswa sa n ap bwè oswa sa n ap mete sou nou. ”b (Matye 6:25). Jezi te konnen lèzòm enpafè gen tandans enkyete konsènan nesesite lavi a. Men, ki jan nou ka “ sispann enkyete ” konsènan bagay sa yo ? Jezi te di : “ Kontinye chèche wayòm nan [...] an premye ”. Kèlkeswa pwoblèm nou rankontre, nou dwe kontinye bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi nou. Si nou fè sa, lè sa a, Papa nou ki nan syèl la “ ap ajoute ” pou nou tout sa nou bezwen chak jou pou nou viv. Yon fason oswa yon lòt, l ap ban nou sa ki nesesè pou n kontinye viv. — Matye 6:33.

  • Annou mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman detrès
    Toudegad — 2003 | 1ye septanm
    • b Strès yo dekri la a, yo di se yon “ laperèz ki fè moun ap enkyete yo, ki retire tout kè kontan ki gen nan lavi a. ” Gen kèk tradiksyon ki di “ pa enkyete w ” oswa “ pa fatige w ”. Men, fason yo rann li an lese konprann nou pa ta dwe kòmanse enkyete nou oswa fatige nou. Gen yon ouvraj referans ki di : “ Vèb grèk la nan tan enperatif prezan, e sa enplike yon lòd yo bay pou nou sispann fè yon aksyon ki te deja kòmanse fèt. ”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje