BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Li prepare yo pou yo preche menmsi yo jwenn pèsekisyon
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi bay apot li yo bonjan enstriksyon sou fason pou yo fè travay predikasyon an toutpandan y ap preche de pa de. Sepandan, se pa sa sèlman li fè pou yo. Li ba yo avètisman konsènan opozan yo. Men sa l di yo: “Gade! M ap voye nou tankou mouton nan mitan lou. [...] Pran prekosyon nou ak moun yo. Paske, y ap rele nou nan tribinal, e y ap bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. Epi, y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa poutèt mwen.” — Matye 10:16-18.

  • Li prepare yo pou yo preche menmsi yo jwenn pèsekisyon
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Se pa ti enstriksyon, avètisman ak ankourajman Jezi bay 12 apot li yo! Sepandan, li enteresan pou n konnen pawòl sa yo konsène moun ki t ap gen pou patisipe nan travay predikasyon an apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l. Sa parèt klè lefètke l te di ‘tout moun t ap rayi’ disip li yo, pa sèlman moun yo te voye apot yo al preche yo. Mete sou sa, nou pa aprann apot yo t al devan ni gouvènè ni wa pandan kanpay predikasyon yo t al fè nan Galile a, ni tou manm fanmi yo pa t livre yo lè sa a pou touye yo.

      Li klè, lè Jezi te di apot yo pawòl sa yo li t ap panse ak lavni. Fè yon ti reflechi sou sa Jezi di lè l fè konnen disip li yo pap fini kanpay predikasyon yo a “anvan Pitit lòm nan vini”. Jezi vle di disip li yo pap fini ak travay predikasyon konsènan Wayòm Bondye a anvan Jezi Kris, Wa ki gen glwa a, vini antanke jij Bondye voye.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje