-
Li prepare yo pou yo preche menmsi yo jwenn pèsekisyonJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
Malgre gwo pèsekisyon k ap tann disip Jezi yo, men asirans li ba yo: “Lè yo mennen nou devan tribinal, pa enkyete nou pou fason n ap gen pou nou pale oswa pou sa n ap gen pou nou di, paske n ap konnen sa n ap gen pou nou di a lè lè a rive. Paske, se pa nou menm sèlman k ap pale, men se lespri Papa nou k ap pale nan nou.” Men sa Jezi di ankò: “Yon frè pral livre frè l pou yo touye l, e yon papa pral livre pitit li. Pitit ap leve kont manman yo ak papa yo e y ap fè touye yo. Epi, tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.” — Matye 10:19-22.
-
-
Li prepare yo pou yo preche menmsi yo jwenn pèsekisyonJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
Se pa ti enstriksyon, avètisman ak ankourajman Jezi bay 12 apot li yo! Sepandan, li enteresan pou n konnen pawòl sa yo konsène moun ki t ap gen pou patisipe nan travay predikasyon an apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l. Sa parèt klè lefètke l te di ‘tout moun t ap rayi’ disip li yo, pa sèlman moun yo te voye apot yo al preche yo. Mete sou sa, nou pa aprann apot yo t al devan ni gouvènè ni wa pandan kanpay predikasyon yo t al fè nan Galile a, ni tou manm fanmi yo pa t livre yo lè sa a pou touye yo.
Li klè, lè Jezi te di apot yo pawòl sa yo li t ap panse ak lavni. Fè yon ti reflechi sou sa Jezi di lè l fè konnen disip li yo pap fini kanpay predikasyon yo a “anvan Pitit lòm nan vini”. Jezi vle di disip li yo pap fini ak travay predikasyon konsènan Wayòm Bondye a anvan Jezi Kris, Wa ki gen glwa a, vini antanke jij Bondye voye.
-