-
Nou pa konnen kilès k ap bay rannman !Toudegad — 2008 | 15 jiyè
-
-
Egzanp ledven an
9, 10. a) Sou ki pwen Jezi te mete aksan nan egzanp ledven an ? b) Nan Bib la, souvan, ki sa ledven reprezante, e ki kesyon nou pral egzamine anrapò ak mo ledven an Jezi te itilize a ?
9 Moun pa toujou wè ki jan akwasman fèt. Nan yon lòt egzanp Jezi te bay, li mete aksan sou pwen sa a. Men sa l te di : “ Wayòm syèl la sanble ak ledven yon dam pran epi li mete ak twa mezi farin, ki fè tout pat la leve. ” (Mat. 13:33, Bib Kreyòl La). Ki sa ledven sa a reprezante, e ki rapò l genyen ak Wayòm nan k ap grandi ?
10 Nan Bib la, souvan yo itilize ledven pou reprezante peche. Apot Pòl te pale de ledven nan sans sa a lè l te pale konsènan move enfliyans yon moun k ap fè peche te gen nan kongregasyon Korent lan lontan (1 Kor. 5:6-8). Èske la a Jezi te sèvi ak mo ledven an pou reprezante yon bagay negatif ?
11. Ki jan yo te konn sèvi ak ledven nan Izrayèl tan lontan an ?
11 Anvan nou reponn kesyon sa a, nou bezwen reflechi sou twa aspè fondamantal. Premyèman, se vre, Jewova pa t pèmèt Juif yo sèvi ak ledven nan peryòd fèt Pak la, men, nan lòt moman, li te aksepte sakrifis ki gen ledven ladan yo. Yo te sèvi ak ledven nan sakrifis kominyon yo te konn fè kòm remèsiman. Moun ki t ap prezante sakrifis sa yo te fè sa ak tout kè l yon fason pou l te montre rekonesans li genyen pou Jewova pou tout benediksyon li te resevwa nan men l. Se yon repa ki te dwe pote kè kontan pou moun ki patisipe ladan l. — Lev. 7:11-15.
12. Ki sa nou aprann nan fason Bib la itilize yon seri mo kòm senbòl ?
12 Dezyèmman, byenke nan yon kontèks yon mo gendwa gen yon sans negatif nan Ekriti yo, men, nan yon lòt kontèks, yo kapab itilize menm mo sa a pou reprezante yon bagay pozitif. Pa egzanp, nan 1 Pyè 5:8, yo konpare Satan ak yon lyon pou montre jan li mechan e jan l fewòs. Sepandan, nan Revelasyon 5:5, yo konpare Jezi ak yon lyon, “ lyon ki soti nan fanmi Jida a ”. Nan ka sa a, yo itilize lyon an kòm senbòl kouraj ak jistis.
13. Ki sa egzanp ledven Jezi te bay la montre sou fason yon moun pwogrese nan domèn espirityèl ?
13 Twazyèmman, nan egzanp Jezi te bay la, li pa t di ledven an gate tout pat la pou l fè l vin yon bagay moun pa ka itilize. Sèlman li te pale konsènan fason moun yo te konn fè pen an jeneral. Fi a te chwazi mete ledven an nan pat la, epi sa te bay bon rezilta. Ledven an te kache nan farin nan, sa vle di fi a pa t wè travay ledven an t ap fè a. Sa fè nou sonje nonm ki simen semans lan e k al dòmi lè lannuit rive. Jezi te di “ san [nonm nan] pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi ”. (Mak 4:27.) Vrèman, se yon fason senp pou demontre lè moun yo ap fè pwogrè espirityèl nou ka pa menm wè sa ! Okòmansman, nou ka pa t wè l ap pwogrese, men finalman, rezilta yo vin parèt aklè.
14. Lefètke ledven an fè tout farin nan leve, ki aspè nan predikasyon Wayòm nan sa reprezante ?
14 Moun pa wè lè pwogrè ap fèt nan domèn espirityèl e pwogrè sa a fèt toupatou sou tè a. Sa se yon lòt aspè egzanp ledven an mete aksan sou li. Ledven an fè tout farin nan, sètadi tout “ twa mezi farin ” nan, leve (Lik 13:21). Menm jan ak ledven an, travay predikasyon Wayòm nan ki fè gen akwasman nan domèn espirityèl la tèlman etann li, kounye a y ap anonse Wayòm nan “ jouk nan dènye bout latè ”. (Tra. 1:8 ; Mat. 24:14.) Ala yon gwo privilèj nou genyen pou nou patisipe nan bèl travay Wayòm nan, yon travay ki gaye sou tout tè a !
-
-
Nou pa konnen kilès k ap bay rannman !Toudegad — 2008 | 15 jiyè
-
-
20, 21. a) Ki sa nou aprann nan egzamen nou te fè sou egzanp Jezi te bay konsènan akwasman ? b) Ki sa w detèmine pou w fè ?
20 Kounye a, ki sa nou sot aprann nan egzamen tou kout nou te fè sou egzanp Jezi te bay konsènan akwasman an ? Premyèman, menm jan ak yon grenn moutad k ap grandi, gen yon kokenn akwasman nan kantite moun ki tande mesaj Wayòm nan. Pa gen anyen ki ka anpeche travay Jewova a kontinye etann li sou tè a (Iza. 54:17) ! Anplis, moun ki chèche “ pare solèy nan lonbraj branch [pye bwa a] ” jwenn pwoteksyon nan domèn espirityèl. Dezyèmman, se Bondye ki fè plant lan grandi. Menm jan ledven an ki te kache te gaye nan tout pat la, se konsa tou, moun pa toujou wè pwogrè ki fèt nan domèn espirityèl e yo pa toujou konprann ki jan l fèt, epoutan, li fèt kanmenm. Twazyèmman, se pa tout moun ki te gen yon bon reyaksyon ki demontre yo se bon pwason. Gen moun ki sanble ak pwason ki pa bon Jezi te pale nan egzanp li a.
-