-
Egzanp travayè ki travay nan jaden rezen yoJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
“Wayòm syèl la sanble ak yon mèt kay ki soti granmmaten pou l al chèche moun vin travay nan yon jaden rezen li genyen. Lè l fin antann li ak travayè yo pou l peye yo yon denye pou jounen an, li voye yo nan jaden rezen l lan. Li soti ankò vè twazyèm èdtan nan jounen an, li wè lòt moun kanpe sou plas piblik la, yo pap fè anyen. Li di yo: ‘Nou menm tou, ale nan jaden rezen an, e m ap ban nou sa m dwe ban nou an.’ Konsa, yo ale nan jaden an. Li soti ankò vè sizyèm èdtan ak vè nevyèm èdtan nan jounen an, li fè menm bagay la. Finalman, vè 11yèm èdtan nan jounen an, li soti e li jwenn lòt moun ki kanpe, li di yo: ‘Poukisa nou kanpe la a tout jounen an san nou pap fè anyen?’ Yo reponn: ‘Se paske pèsonn pa ban nou travay.’ Li di yo: ‘Nou menm tou, ale nan jaden rezen an.’” — Matye 20:1-7.

Prèt yo ak lòt moun nan gwoup sa a konsidere Juif nan mas pèp la kòm moun ki pa fè anpil bagay nan sèvis y ap bay Bondye a, oubyen tankou travayè ki pa travay tout jounen nan jaden rezen Bondye a. Nan egzanp Jezi a, li montre gen mesye ki kòmanse travay “vè twazyèm èdtan nan jounen an” (9:00 a.m.) e genyen ki kòmanse travay ta nan jounen an nan sizyèm, nevyèm e finalman nan onzyèm èdtan nan jounen an (5:00 p.m.).
Yo konsidere gason ak fi k ap suiv Jezi yo kòm “moun modi”. (Jan 7:49.) Yo pase pifò tan nan lavi yo nan aktivite lapèch ak lòt aktivite. Donk nan otòn 29 epòk nou an, ‘mèt kay la’ te voye Jezi vin rele moun yo pa bay enpòtans yo pou yo vin travay pou Bondye kòm disip Kris. Yo tankou “dènye” gwoup moun Jezi te pale de li a, sa vle di travayè ki te vin travay nan jaden rezen an nan onzyèm èdtan an.
-