Sèvitè Jewova yo se moun ki ere
“ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. ” — MATYE 5:3.
1. Ki sa kè kontan toutbonvre a ye, e li se reflè ki sa ?
KÈ KONTAN se yon byen presye sèvitè Jewova yo genyen. Salmis David te deklare : “ Byennere pèp ki gen Jewova pou Bondye l ! ” (Sòm 144:15). Yon moun ki gen kè kontan se yon moun ki santi l byen. Pi gwo jwa nou ka genyen se lè nou rann nou kont nou gen benediksyon Jewova, e se yon jwa ki touche nou jis nan fon kè nou (Pwovèb 10:22). Yon kè kontan konsa se reflè bon relasyon nou genyen ak Papa nou ki nan syèl la, se yon satisfaksyon nou santi paske nou konnen n ap fè volonte l (Sòm 112:1 ; 119:1, 2). Yon bagay enteresan, sèke Jezi te site nèf rezon ki pou fè nou ere. Nan atik sa a e nan sa ki vin apre l la, nou pral egzamine rezon sa yo. Sa ap ede nou reyalize jis nan ki pwen nou ka gen kè kontan si, fidèlman, nou sèvi Jewova, “ Bondye ki gen kè kontan an ”. — 1 Timote 1:11.
Nou konsyan nou pòv espirityèlman
2. Nan ki okazyon Jezi te pale de kè kontan, e ki jan l te kòmanse diskou l la ?
2 Nan ane 31 nan epòk nou an, Jezi te bay youn nan diskou ki plis fè pale de li nan listwa. Yo rele diskou sa a Sèmon sou montay la, paske lè Jezi t ap bay diskou sa a, se sou flan yon mòn li te ye, avèk lanmè Galile pa anba. Men sa evanjelis Matye rapòte : “ Lè [Jezi] wè foul moun yo, li monte sou mòn nan, e lè l fin chita, disip li yo vin jwenn li. E li ouvri bouch li, li kòmanse anseye yo, li di : ‘ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, piske wayòm syèl la se pou yo. ’” Literalman, men ki jan nou ta ka tradui pawòl Jezi di nan kòmansman diskou l la : “ Byennere moun ki pòv nan lespri ”, oubyen : “ Byennere moun ki mandyan lespri. ” (Matye 5:1-3 ; Kingdom Interlinear ; nòt anba paj). Gen yon tradiksyon ki mete : “ Byennere moun ki konnen yo pòv espirityèlman. ” — Today’s English Version.
3. Ki jan imilite kontribye pou nou jwenn bonè ?
3 Nan diskou sa a Jezi te bay sou mòn nan, li te montre yon moun gen plis kè kontan lontan si li pran konsyans li gen bezwen nan domèn espirityèl. Yon kretyen ki enb byen konnen eta l antanke pechè, e li mande Jewova padon sou baz sakrifis Kris te bay kòm ranson an (1 Jan 1:9). Konsa, li jwenn lapè nan lespri l ak yon jwa toutbon. Wi, “ byennere moun yo padone rebelyon l, moun yo kouvri peche l ”. — Sòm 32:1 ; 119:165.
4. a) Ki jan nou ka montre nou konsyan de bezwen espirityèl pa nou ak bezwen espirityèl pwochen nou ? b) Lè nou konsyan de bezwen espirityèl nou, ki sa ki fè jwa nou ogmante ?
4 Lè nou konsyan de bezwen nou genyen nan domèn espirityèl, sa pouse nou li Bib la chak jou, sa pouse nou absòbe nouriti espirityèl “ esklav fidèl ki prevwayan an ” fè nou jwenn “ nan moman apwopriye ”, e sa pouse nou asiste reyinyon regilyèman (Matye 24:45 ; Sòm 1:1, 2 ; 119:111 ; Ebre 10:25.) Lanmou nou gen pou pwochen nou ap fè nou konsyan yo gen bezwen nan domèn espirityèl e sa ap motive nou pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan e pou nou anseye l, avèk zèl (Mak 13:10 ; Women 1:14-16). Lè nou pataje verite ki gen nan Bib la ak sanblab nou, sa bay kè kontan (Travay 20:20, 35). Kè kontan sa a vin pi plis toujou lè nou medite sou bèl esperans nou genyen konsènan Wayòm nan ansanm ak benediksyon Wayòm sa a pral pote pou nou. Pou “ ti twoupo ” kretyen wen yo, esperans Wayòm nan vle di lavi imòtèl nan syèl la, antanke manm gouvènman Kris la (Lik 12:32 ; 1 Korentyen 15:50, 54). Pou “ lòt mouton ” yo, esperans sa a vle di lavi etènèl nan paradi ki pral gen sou tè a anba otorite gouvènman Kris la. — Jan 10:16 ; Sòm 37:11 ; Matye 25:34, 46.
Ki jan moun ki andèy ka gen kè kontan
5. a) Ki sa ekspresyon “ moun ki andèy ” la vle di ? b) Ki jan yon moun ki andèy nan sans sa a jwenn konsolasyon ?
5 Dezyèm rezon Jezi mansyone ki fè yon moun gen kè kontan an sanble gen yon kontradiksyon ladan l. Jezi di : “ Byennere moun ki andèy, piske yo pral jwenn konsolasyon. ” (Matye 5:4). Ki jan pou yon moun andèy e anmenmtan pou l ere ? Pou nou konprann sans deklarasyon Jezi a, nou bezwen egzamine ki kalite dèy l ap pale. Selon sa disip Jak esplike, pwòp eta nou antanke pechè ta dwe yon rezon pou nou andèy. Men sa l ekri : “ Netwaye men nou, pechè, epi pirifye kè nou, moun ki gen de lide. Lage tèt nou nan tristès, se pou n andèy e se pou n kriye. Kite ekla ri nou yo tounen dèy, e kite jwa nou tounen dezolasyon. Imilye tèt nou nan je Jewova e l ap leve nou byen wo. ” (Jak 4:8-10). Moun ki vrèman atriste akoz eta yo antanke pechè jwenn konsolasyon lè yo aprann peche yo ka padone si yo egzèse lafwa nan sakrifis Kris te bay kòm ranson an e si yo fè volonte Jewova pou yo montre yo repanti toutbonvre (Jan 3:16 ; 2 Korentyen 7:9, 10). Konsa, yo vin gen yon relasyon presye avèk Jewova e yo vin gen esperans pou yo viv nètale yon fason pou yo sèvi l e pou yo ba l louwanj. Tout sa ba yo yon jwa pwofon. — Women 4:7, 8.
6. Nan ki sans kèk moun andèy, e ki sa ki konsole yo ?
6 Lòt moun deklarasyon Jezi a anglobe se sa yo ki andèy akoz kondisyon deplorab ki egziste sou tè a. Jezi te aplike pawòl ki nan pwofesi Izayi 61:1, 2 a sou li. Men sa pwofesi a di : “ Lespri Jewova, Souvren Seyè a, sou mwen, paske Jewova wenn mwen pou m anonse moun enb yo bon nouvèl. Li voye m panse moun kè yo ap fann, [...] pou konsole tout moun ki andèy. ” Se yon misyon ki konsène rès kretyen wen yo tou, yo menm ki toujou sou tè a. E yo akonpli misyon sa a grasa koutmen yo jwenn nan men konpayon yo, “ lòt mouton yo ”. Yo tout patisipe nan travay k ap fèt pou yo mete yon mak senbolik sou fwon “ moun k ap soupire e ki ap jemi akoz tout bagay detestab moun ap komèt nan mitan [Jerizalèm aposta a, ki reprezante kretyente a] ”. (Ezekyèl 9:4.) Moun ki andèy nan sans sa a jwenn konsolasyon grasa ‘ bon nouvèl wayòm nan ’. (Matye 24:14.) Yo kontan aprann monn nouvo jis Jewova a pral ranplase sistèm de choz mechan Satan an talè konsa.
Byennere moun ki gen karaktè dou
7. Ki sa “ karaktè dou ” pa vle di ?
7 Jezi kontinye Sèmon sou montay la, li di : “ Byennere moun ki gen karaktè dou yo, piske yo gen pou yo eritye tè a. ” (Matye 5:5). Pafwa, gen moun ki panse si yon moun gen karaktè dou, sa vle di li se yon moun ki mou. Sepandan, se pa sa ditou. Pou yon biblis esplike sans mo ki vle di “ karaktè dou ” a, li di : “ Sa ki pi remakab lakay yon moun ki gen [karaktè dou], sèke li se yon moun ki gen yon kontwòl total sou tèt li. Se pa yon moun ki manke detèminasyon, ki gen yon tandrès ki baze sou santiman oswa ki pa janm pran inisyativ. Se yon fòs ki sou kontwòl. ” Jezi te di de tèt li : “ Mwen gen karaktè dou e mwen gen imilite nan kè m. ” (Matye 11:29). E poutan, Jezi te gen kouraj pou l defann prensip ki jis. — Matye 21:12, 13 ; 23:13-33.
8. Avèk ki lòt kalite karaktè dou gen rapò, e poukisa nou bezwen gen karaktè dou nan relasyon nou ak lòt moun ?
8 Donk, karaktè dou gen yon rapò etwat ak metriz. Dayè, nan “ fwi lespri ” apot Pòl bay la, li site dousè ak metriz ansanm (Galat 5:22, 23). Pou yon moun gen karaktè dou, se kiltive pou l kiltive l avèk konkou lespri sen. Se yon kalite kretyen yo gen lakay yo ki kontribye pou gen lapè nonsèlman ak non kwayan, men ak moun ki anndan kongregasyon an. Pòl ekri : “ Se pou nou abiye nou avèk tandrès, afeksyon, konpasyon ansanm ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt, san grate tèt. ” — Kolosyen 3:12, 13.
9. a) Poukisa dousè se pa yon kalite ki itil sèlman nan relasyon nou ak moun parèy nou ? b) Ki jan moun ki gen karaktè dou yo “ eritye tè a ” ?
9 Sepandan, karaktè dou pa sèlman itil nan relasyon nou ak moun parèy nou. Lè nou soumèt nou volontèman anba souvrènte Jewova, nou demontre nou gen karaktè dou. Pi bèl egzanp nan domèn nan se Jezi. Etan Jezi te sou tè a, li te manifeste kalite sa a lakay li nan fason li te soumèt li totalman pou l fè volonte Papa l (Jan 5:19, 30). Prensipal moun ki eritye tè a se Jezi, piske se li menm yo mete kòm chèf pou dirije l (Sòm 2:6-8 ; Danyèl 7:13, 14). Li pataje eritaj sa a ak 144 000 moun “ ki gen menm eritaj ” avè l, moun yo chwazi “ nan mitan limanite ” pou “ dirije tè a antanke wa ”. (Women 8:17 ; Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1, 3, 4 ; Danyèl 7:27.) Kris ansanm ak dirijan asosye l yo pral gouvène plizyè milyon moun, gason kou fi, ki sanble ak mouton. Sou moun sa yo sòm pwofetik sa a pral akonpli : “ Moun ki enb yo yo menm pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè. ” — Sòm 37:11 ; Matye 25:33, 34, 46.
Byennere moun ki swaf jistis
10. Bay youn nan fason moun ki “ grangou e ki swaf jistis ” ka rasazye.
10 Men ki rezon Jezi bay ansuit pou yon moun ere, etan li t ap pale sou mòn Galile a : “ Byennere moun ki grangou e ki swaf jistis, piske yo gen pou yo rasazye. ” (Matye 5:6). Pou kretyen yo, se Jewova ki bay kritè pou detèmine sa ki jis. Se sa k fè, moun ki grangou e ki swaf jistis, an reyalite, moun sa yo grangou e yo swaf pou yo jwenn direksyon nan men Bondye. Moun konsa byen konnen peche yo ak enpèfeksyon yo e yo pa konn sa yo ta bay pou yo vin gen yon pozisyon akseptab devan Jewova. Se pa ti kontan yo kontan lè yo aprann, grasa Pawòl Bondye a, si yo repanti e yo chèche padon Bondye sou baz sakrifis Kris te bay kòm ranson an, y ap vin nan yon pozisyon kote Bondye apwouve yo kòm moun ki jis. — Travay 2:38 ; 10:43 ; 13:38, 39 ; Women 5:19.
11, 12. a) Ki jan kretyen wen yo rive jwenn pozisyon jis yo genyen an ? b) Ki jan swaf jistis konpayon kretyen wen yo satisfè ?
11 Jezi te di moun sa yo t ava ere piske yo t ap “ satisfè ”. (Matye 5:6, Kingdom Interlinear.) Yo deklare kretyen wen yo “ jis pou resevwa lavi ”, yo menm yo chwazi pou “ dirije antanke wa ” ansanm ak Kris (Women 5:1, 9, 16-18). Jewova adopte yo kòm pitit gason espirityèl li. Yo vin gen menm eritaj ak Kris, yo chwazi yo pou yo vin wa e pou yo vin prèt nan Wayòm selès la. — Jan 3:3 ; 1 Pyè 2:9.
12 Se vre, yo poko deklare konpayon kretyen wen yo jis pou resevwa lavi, men Jewova konsidere yo kòm moun ki jis, grasa lafwa yo mete nan san Kris te vèse a (Jak 2:22-25 ; Revelasyon 7:9, 10). Jewova konte yo kòm moun ki jis antanke zanmi l, antanke moun ki deja gen posiblite pou yo sove “ anba gwo tribilasyon an ”. (Revelasyon 7:14.) Swaf yo genyen pou jistis la pral satisfè tou lè yo vin fè pati tè tounèf ki pral anba dominasyon “ syèl tounèf ” la, yon tè kote “ jistis ap abite ”. — 2 Pyè 3:13 ; Sòm 37:29.
Byennere moun ki gen mizèrikòd
13, 14. Ki fason pratik nou ka montre nou se moun ki gen mizèrikòd lakay nou, e ki pwofi n ap tire ?
13 Jezi kontinye Sèmon sou montay la, li di : “ Byennere moun ki gen mizèrikòd, paske y ap fè yo mizèrikòd. ” (Matye 5:7). Nan sans legal, yo pale de mizèrikòd lè yo vle fè referans ak yon jij ki pa twò sevè lè pou l bay yon koupab tout santans lalwa reklame nan ka l. Sepandan, nan Labib, mo orijinal lè l tradui ki bay “ mizèrikòd ” la plis fè panse a konsiderasyon oswa pitye yon moun gen lakay li ki fè l anvi pote soulajman pou moun ki defavorize. Se sa k fè, yon moun ki gen mizèrikòd se yon moun ki aji avèk konpasyon. Egzanp Jezi bay sou bon Samariten an se yon bèl egzanp konsènan “ moun ki aji ak mizèrikòd ” anvè yon lòt moun ki nan bezwen. — Lik 10:29-37.
14 Pou yon moun jwenn kè kontan mizèrikòd bay la, li bezwen poze aksyon ki pozitif, aksyon ki montre li gen bonte, anvè moun ki nan bezwen (Galat 6:10). Jezi te konn gen konpasyon pou moun li wè yo. “ Li te santi l gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje. E li te kòmanse anseye yo anpil bagay. ” (Mak 6:34). Jezi te rann li kont bezwen ki pi enpòtan lèzòm genyen se bezwen espirityèl. Nou menm tou nou ka montre nou gen konpasyon ak mizèrikòd pou moun yo lè nou ba yo sa yo plis bezwen an : “ Bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan ”. (Matye 24:14.) Yon lòt bagay tou nou ka fè se bay kretyen ki aje yo, vèv yo ak òfelen yo, yon èd pratik, se “ pale yon fason pou konsole nanm ki deprime ”. (1 Tesalonisyen 5:14 ; Pwovèb 12:25 ; Jak 1:27). Nonsèlman sa ap fè nou jwenn kè kontan, men tou sa ap fè nou jwenn mizèrikòd nan men Jewova. — Travay 20:35 ; Jak 2:13.
Moun ki gen kè pwòp e ki pasifik
15. Ki jan nou ka gen yon kè pwòp, e ki jan nou ka pasifik ?
15 Men ki sa Jezi di kòm sizyèm e setyèm rezon ki fè yon moun gen kè kontan : “ Byennere moun ki gen kè pwòp, piske y ap wè Bondye. Byennere moun ki pasifik, paske y ap rele yo ‘ pitit Bondye ’.” (Matye 5:8, 9). Yon kè pwòp se pa yon kè ki pwòp moralman sèlman, men se yon kè ki pwòp espirityèlman tou. Yon kè konsa se yon kè ki gen yon atachman san pataj pou Jewova (1 Kwonik 28:9 ; Sòm 86:11). Mo grèk lè l tradui ki bay “ pasifik ” la se yon mo literalman ki vle di “ moun k ap fabrike lapè ”. Yon moun ki pasifik se yon moun ki viv anpè ak kretyen parèy li e, toutotan sa depann de li, ki viv anpè tou ak tout lòt moun (Women 12:17-21). Se yon moun ki ‘ chèche lapè e ki pousuiv li ’. — 1 Pyè 3:11.
16, 17. a) Poukisa yo rele kretyen wen yo “ pitit Bondye ”, e nan ki sans yo “ wè Bondye ” ? b) Ki jan “ lòt mouton ” yo “ wè Bondye ” ? c) Ki jan e ki lè “ lòt mouton ” yo ap “ pitit Bondye ” toutbonvre ?
16 Yo fè moun ki pasifik, ki gen kè pwòp yo pwomès “ y ap rele yo ‘ pitit Bondye ’” e “ y ap wè Bondye ”. Kretyen wen yo se “ pitit ” Jewova adopte grasa lespri l, byenke yo toujou sou tè a (Women 8:14-17). Lè yo fin resisite pou yo vin ansanm ak Kris nan syèl la, yo sèvi an prezans Jewova e yo wè l toutbon. — 1 Jan 3:1, 2 ; Revelasyon 4:9-11.
17 “ Lòt mouton ” yo, ki pasifik yo menm tou, sèvi Jewova anba direksyon Kris Jezi, ekselan Bèje a, ki tounen ‘ Papa etènèl yo ’. (Jan 10:14, 16 ; Izayi 9:6.) Moun ki reyisi nan eprèv final ki pral fèt apre Rèy milenè Kris la, Jewova pral adopte yo antanke pitit li sou tè a e yo “ pral jwenn libète glorye pitit Bondye yo ”. (Women 8:21 ; Revelasyon 20:7, 9.) Toutpandan y ap tann moman sa a, yo rele Jewova Papa lè y ap pale avè l, piske yo vwe lavi yo ba li e yo rekonèt li kòm Sous lavi yo (Izayi 64:8). Menm jan ak Jòb ak Moyiz nan tan lontan, yo “ wè Bondye ” avèk je lafwa (Jòb 42:5 ; Ebre 11:27). Avèk ‘ je kè yo ’ e grasa konesans egzak yo genyen sou Bondye, yo rive konprann kalite estrawòdinè ki lakay Jewova yo e yo fè tout efò yo pou yo imite l e pou yo fè volonte l. — Efezyen 1:18 ; Women 1:19, 20 ; 3 Jan 11.
18. Selon sèt premye rezon Jezi mansyone ki fè yon moun gen kè kontan, ki moun jodi a ki gen kè kontan toutbonvre ?
18 Nou sot wè moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, moun ki andèy, ki gen karaktè dou, ki grangou e ki swaf jistis, moun ki gen mizèrikòd, ki gen kè pwòp e ki pasifik se moun ki ere toutbon nan sèvis Jewova. Toutfwa, se moun yo tou ki toujou rankontre opozisyon oswa pèsekisyon. Èske sa anpeche yo gen kè kontan ? Se kesyon sa a nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.
Kòm revizyon
• Yon moun ki konsyan li pòv espirityèlman, ki kalite kè kontan li jwenn ?
• Ki jan moun ki andèy jwenn konsolasyon ?
• Ki jan nou montre nou gen karaktè dou ?
• Poukisa nou fèt pou nou gen mizèrikòd, pou nou gen yon kè pwòp e pou nou pasifik ?
[Foto nan paj 22]
“ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. ”
[Foto nan paj 22]
“ Byennere moun ki grangou e ki swaf jistis. ”
[Foto nan paj 22]
“ Byennere moun ki gen mizèrikòd. ”