-
Ki jan nou rive preche bon nouvèl la?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
4. Nou fè anpil efò pou nou rive jwenn tout moun
Temwen Jewova yo fè gwo efò pou yo fè moun toupatou sou tè a tande bon nouvèl la. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
Ki sa k touche w nan efò Temwen Jewova yo ap fè pou yo preche?
Li Matye 22:39 ak Women 10:13-15, epi reponn kesyon sa yo:
Ki jan travay predikasyon nou an montre nou renmen pwochen nou?
Ki jan Jewova konsidere moun k ap preche bon nouvèl la? — Gade vèsè 15.
-
-
Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
4. Fason pou w kite move abitid ou genyen
Jewova kapab ede w kite nenpòt move abitid.
Si w konn fimen oswa w konn pran dwòg, petèt ou konnen jan l difisil pou w kite abitid sa yo. Ki sa k ka ede w? Gade ki efè move abitid la gen sou ou. Li Matye 22:37-39, epi fè yon ti pale sou fason tabak oswa dwòg ka gen efè sou:
Amitye yon moun ak Jewova.
Fanmi yon moun ak moun bò kote l.
Fè yon lis tout sa w ka fè pou w kite yon move abitid ou genyena. Gade VIDEYO a.
Li Filipyen 4:13, epi reponn kesyon sa a:
Lè yon moun gen bon abitid pou l priye, pou l etidye Bib la e pou l asiste reyinyon, ki jan sa ka ba l fòs pou l kite yon move abitid?
5. Lite pou w pa gen move panse e pou w pa gen abitid ki pa pwòp
Li Kolosyen 3:5, epi reponn kesyon sa yo:
Ki jan nou fè konnen pònografi, sèksting ak mastibasyon se bagay ki pa pwòp nan je Jewova?
Èske w panse li rezonab pou Jewova atann pou nou pwòp nan domèn moral? Poukisa?
Gade ki jan w ka lite pou w pa gen panse ki pa pwòp. Gade VIDEYO a.
Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre nou dwe aji yon fason ki fèm pou nou rete pwòp nan domèn moral. Li Matye 5:29, 30, epi reponn kesyon ki vin apre a:
Byenke Jezi pa t vle di nou dwe fè tèt nou mal nan domèn fizik, li te vle fè konprann nou dwe aji yon fason ki fèm. Ki sa yon moun ka fè pou l rejte panse ki pa pwòpb?
Si w ap lite pou w sispann gen panse ki pa pwòp, Jewova apresye efò w yo. Li Sòm 103:13, 14, epi reponn kesyon sa a:
Si w ap lite pou w kite yon move abitid, ki jan vèsè sa yo ka ede w kontinye fè efò?
Si w tonbe, sa pa vle di w echwe!
Li ka fasil pou w di w pa reyisi, genlè pito w bay vag. Men, fè yon ti reflechi: si yon moun nan yon kous bite e li tonbe, sa pa vle di li pèdi kous la, ni sa pa vle di li oblije rekòmanse kous la nèt. Menm jan an tou, si w ap lite pou w kite yon move abitid epi w tonbe ladan l ankò, sa pa vle di ou pap ka kite l e sa pa vle di tout pwogrè w te gentan fè yo pa itil anyen. Si w tonbe kèk fwa, sa nòmal. Pa dekouraje! Ou ka rive kite move abitid ou genyen an avèk èd Jewova.
-