Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
7-13 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 7-8
“Pran poto soufrans ou epi kontinye suiv mwen”
nwtsty nòt etid pou Mk 8:34
se pou l nye tèt li: Oswa “se pou l renonse ak tout dwa sou tèt li”. Sa gen rapò ak yon moun ki dispoze pou l pa gen okenn dwa sou tèt li oubyen ki kite pou se Bondye ki dirije l nèt. Yo te ka tradui ekspresyon grèk la konsa “li dwe di tèt li non”, sa byen tonbe paske sa ka mande pou yon moun renonse ak sa k fè l plezi, anbisyon l oubyen avantaj li (2Ko 5:14, 15). Mak te itilize menm mo grèk la lè l t ap pale de Pyè ki te renye Jezi. — Mk 14:30, 31, 72.
w92-F 1/8 17 § 14
Ki jan w ap kouri nan kous pou lavi a?
Jezi Kris te di disip li yo ak lòt moun ki te la yo tou: “Si yon moun vle vin suiv mwen, se pou l nye tèt li (oubyen, “se pou l bliye tèt li”, Français courant) se pou l pran poto soufrans li e se pou l kontinye suiv mwen.” (Mak 8:34). Lè nou aksepte envitasyon sa a, nou dwe pare pou n “kontinye” suiv li, nou pap fè sa nan objektif pou n jwenn yon rekonpans poutèt nou nye tèt nou, men n ap fè sa paske nou konnen si nou vin distrè, menmsi se ta pou yon ti tan sèlman, oswa si nou pa aji ak bonsans, sa sèlman ka sifi pou kraze tout sa nou te rive konstwi, e sa ka menm anpeche nou jwenn kè kontan pou toutan an. An jeneral, se tikras pa tikras yon moun fè pwogrè nan domèn espirityèl, sepandan, nou ka pèdi tout sakrifis nou te fè nan yon bat je si n pa ap veye toutan!
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w00-F 15/2 17-18 § 9-11
Èske w gen “panse Kris la”?
Mesye a te soud e se apèn si l te ka pale. Li pwobab pou Jezi te santi mesye a enkyè oswa jennen. Apre sa, Jezi te aji yon fason ki te yon ti jan diferan. Li te deplase ak mesye a sot nan foul la al yon kote apa. Apre sa, li te fè yon seri jès pou l ede mesye a konprann sa l te gen entansyon fè. Men sa nou li nan Mak 7:33: “Li mete dwèt li nan zòrèy mesye a, li krache, epi li touche lang mesye a.” Annapre, Jezi leve je l gad syèl la, li pouse yon gwo soupi. Tout sa l te fè yo se te yon fason pou l ede mesye a konprann sa l pral fè pou li a se grasa pouvwa Bondye ba li li pral fè l. Finalman, Jezi te di: “Ouvri.” (Mak 7:34). Menm kote a, mesye a te ka tande e li te vin anmezi pou l pale kòmsadwa.
Jezi te montre l pran ka moun an konsiderasyon anpil anpil! Sa moun yo te santi te gen anpil enpòtans pou li, sa ki te pouse l ede yo toutpandan li pran santiman yo an konsiderasyon. Antanke kretyen, li bon pou n aprann gen menm panse ak Kris nan sans sa a. Men sa Bib la ankouraje n pou n fè: “Se pou nou tout gen menm panse, se pou nou montre nou gen senpati, se pou nou gen afeksyon pou frè yo, se pou nou gen kè sansib ak imilite.” (1 Pyè 3:8). Se sèten sa mande pou nou pale epi aji yon fason ki montre nou bay santiman lòt moun anpil enpòtans.
Nan kongregasyon an, nou kapab montre nou pran santiman lòt moun an konsiderasyon lè n demontre respè pou yo, lè n aji avèk yo menm jan nou ta renmen yo aji avèk nou (Matye 7:12). Sa ki mande pou n veye sou sa n ap di ak fason n ap di yo tou (Kolosyen 4:6). Sonje “pawòl moun di san reflechi tankou kout epe”. (Pwovèb 12:18.) E nan fanmi nou menm? Lè de moun ki marye renmen youn lòt toutbon yo chak pran santiman lòt an konsiderasyon (Efezyen 5:33). Yo pa di youn lòt pawòl ki ka blese santiman yo, youn pa plede ap kritike lòt epi pale yon fason ki montre l ap pase lòt la nan rizib anba anba, paske tout bagay sa yo kapab blese santiman youn lòt pandan anpil tan. Timoun yo tou gen santiman pa yo e paran ki renmen pitit yo bay santiman pitit yo anpil valè. Lè y ap korije pitit yo, yo pa fè yo santi yo pa gen valè nan je yo, e yo pa fè yo wont (Kolosyen 3:21). Donk, lè nou demontre konsiderasyon pou lòt moun, nou montre nou gen panse Kris la.
14-20 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 9-10
“Yon vizyon ki te fòtifye lafwa yo”
nwtsty nòt etid pou Mk 9:7
yon vwa: Se dezyèm nan twa kote nan Evanjil yo yo montre Jewova te pale dirèkteman ak lèzòm. — Gade nòt etid pou Mk 1:11; Jan 12:28.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mk 10:17, 18
Bon Anseyan: Li klè mesye a te itilize ekspresyon “Bon anseyan” an pou l te ka flate Jezi e li te itilize tit sa a pou lafòm, paske an jeneral, chèf relijye yo te konn egzije moun yo pou onore yo konsa. Byenke Jezi pa t gen pwoblèm pou yo rele l “Anseyan” ak “Seyè” paske se sa l te ye vre (Jan 13:13), men li montre se Papa l ki merite pou yo ba l tout onè a.
Pa gen yon moun ki bon, yon sèl bon ki genyen, se Bondye: Nan vèsè sa a, Jezi rekonèt se Jewova ki sèl Moun ki gen tout dwa pou l deside sa ki bon, e Jewova se Sila a nan linivè ki nan pi gwo pozisyon e ki gen dwa pou l deside sa ki bon ak sa ki mal. Lè Adan ak Èv te rebele kont Bondye lè yo te manje nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, se kòmsi yo te chèche pran dwa sa a. Kontrèman ak yo, Jezi te montre l gen imilite lè l te kite se Papa l ki etabli prensip anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Bondye sèvi ak Pawòl li a pou l montre nou sa ki bon. — Mk 10:19.
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
“Sa Bondye mete anba menm jouk...”
nwtsty nòt etid pou Mk 10:4
papye divòs: Oswa “sètifika divòs”. Lefètke Lalwa te mande yon gason pou l prepare yon dokiman legal e petèt wè ak ansyen yo si toutfwa li ta vle divòse, sa te ba l tan pou l byen reflechi anvan l pran yon gwo desizyon konsa. Sandout, lwa sa a te la pou anpeche moun divòse pou dan ri e nan yon sans li te pwoteje medam yo (Dt 24:1). Men, nan epòk Jezi a, chèf relijye yo te fè li fasil pou moun divòse. Jozèf, yon istoryen nan premye syèk la ki te yon Farizyen ki divòse, te fè konnen yon moun ka divòse “pou ti krik ti krak (e se mesye yo ki te konn vin ak pifò nan rezon sa yo)”.
nwtsty nòt etid pou Mk 10:11
divòse ak madanm li: Oswa “voye madanm li ale”. Nou ka konprann pi byen pawòl Jezi te di nou jwenn nan liv Mak la lè nou pi byen gade sa ki di nan Mt 19:9, kote nou jwenn ekspresyon “eksepte pou imoralite seksyèl”. (Gade nòt etid pou Mt 5:32.) Sa Mak te ekri lè l te site sa Jezi di sou divòs la aplikab si yon moun pap cheche divòse akoz imoralite seksyèl (Grèk: pòneya) youn nan moun ki marye yo fè, men l ap chèche divòse pou yon lòt rezon.
fè adiltè sou madanm li: Nan vèsè sa a, Jezi pa dakò ak ansèyman raben yo te konn ap bay ki fè konprann mesye yo ka divòse ak madanm yo pou nenpòt rezon (Mt 19:3, 9). Ide fè adiltè sou madanm li an pa t yon ide Juif yo te abitye avè l. Raben yo te anseye li enposib pou mari yo fè adiltè sou madanm yo, men se sèlman madanm yo ki ta kapab pa fidèl ak mari yo. Lefètke Jezi te montre ni mari ni madanm dwe respekte menm lwa moral la, sa te onore medam yo e sa te ba yo anpil valè.
21-27 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 11-12
“Li mete plis pase tout moun”
nwtsty nòt etid pou Mk 12:41, 42
kès yo konn met ofrann yo: Selon enfòmasyon ki gen rapò ak Juif ki t ap viv nan tan lontan yo, kès yo te konn met ofrann yo, oswa resipyan yo, te gen fòm twonpèt oswa fòm kòn e kote yo te fè pou lage ofrann yo te piti. Moun te konn met plizyè bagay kòm ofrann ladan yo. Nou jwenn menm mo grèk yo itilize nan vèsè a nan Jan 8:20, e yo mete “kès yo konn met ofrann” pou li. Sanble ekspresyon an vle fè referans ak yon kote ki nan Lakou medam yo. (Gade nòt etid pou Mt 27:6 ak Apendis B11.) Selon enfòmasyon ki parèt nan ouvraj Raben yo, te gen 13 kès yo te konn met ofrann yo te mete toutotou mi ki nan lakou sa a. E sanble nan tanp lan te gen yon pi gwo kès kote yo te konn mete lajan ki te konn soti nan lòt kès yo te konn met ofrann yo.
de ti pyès monnen: Lit., “de lepta”, fòm pliryèl mo grèk lepton an gen sans yon bagay ki piti e ki mens. Yon lepton se yon pyès ki egal ak 1/128 denye, e sanble se pyès monnen an kuiv oswa an bwonz Juif yo te genyen ki te pi piti. — Gade Lis mo yo esplike, “Lepton”, ak Apendis B14.
ki prèske pa vo anyen: Lit., “ki se yon kadran”. Mo grèk kodrantes la (ki soti nan mo laten kadran an) fè referans ak yon pyès an kuiv oswa an bwonz Women yo te genyen e ki te egal ak 1/64 denye. Nan vèsè sa a, Mak sèvi ak yon lajan women pou l esplike sa pyès Juif yo te konn itilze a te vo. — Gade Apendis B14.
w97-F 15/10 16-17 § 16-17
Jewova bay adorasyon w ap ba li ak tout kè w la anpil valè
Kèk jou annapre, nan dat 11 Nizan, Jezi te pase yon jounen nan tanp lan. Jou sa a, yo poze l kesyon sou kote otorite li genyen an soti, e li te reponn yon seri kesyon pyèj ki gen rapò ak taks, rezirèksyon ak lòt bagay ankò. Anplis de sa, li te denonse espè nan lalwa yo ak Farizyen yo ki t ap “dechèpiye kay vèv yo”. (Mk 12:40.) Annapre, sanble li te chita nan Lakou medam yo, yon kote selon tradisyon Juif yo ki te gen 13 kès kote yo te konn met ofrann. Pandan l chita la, li te pran san l pou l byen gade moun k ap met ofrann yo. Te gen anpil moun rich ki t ap bay ofrann, e gen kèk nan yo, petèt, ki te konsidere tèt yo kòm moun ki jis e ki te ka menm ap fè wè. (Konpare ak Matye 6:2.) Jezi te vin konsantre l espesyalman sou yon dam. Li pwobab pou moun pa t wè anyen ki espesyal nan dam sa a ak nan ofrann li t ap fè a. Men, Jezi ki te gen kapasite pou l li sa k nan kè moun te konnen dam sa a te “yon malerèz ki vèv”. Li te konnen tou ki kantite dam nan te bay egzakteman kòm ofrann: “De ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen”. — Mk 12:41, 42.
Jezi te fè disip li yo vin kote l paske li te vle yo tande leson li t apral anseye a. Jezi te di dam nan te “mete plis pase tout moun ki t ap mete lajan nan kès yo konn met ofrann yo”. Selon sa Jezi fè konnen, dam nan te mete plis pase tout sa lòt yo te mete. Li te bay “tout sa l te posede”, tout ti lajan li te genyen. Lè l te fè sa, se lage li te lage l nan men Jewova pou pran swen l. Kidonk, moun Jezi te chwazi pran kòm egzanp moun ki kontan bay Bondye a se yon moun ofrann li te bay la te prèske pa t reprezante anyen nan domèn materyèl. Men, pou Bondye, sa l te bay la te gen anpil valè! — Mak 12:43, 44; Jak 1:27.
w97-F 15/10 17 § 17
Jewova bay adorasyon w ap ba li ak tout kè w la anpil valè
Jezi te fè disip li yo vin kote l paske li te vle yo tande leson li t apral anseye a. Jezi te di dam nan te “mete plis pase tout moun ki t ap mete lajan nan kès yo konn met ofrann yo”. Selon sa Jezi fè konnen, dam nan te mete plis pase tout sa lòt yo te mete. Li te bay “tout sa l te posede”, tout ti lajan li te genyen. Lè l te fè sa, se lage li te lage l nan men Jewova pou pran swen l. Kidonk, moun Jezi te chwazi pran kòm egzanp moun ki kontan bay Bondye a se yon moun ofrann li te bay la te prèske pa t reprezante anyen nan domèn materyèl. Men, pou Bondye, sa l te bay la te gen anpil valè! — Mak 12:43, 44; Jak 1:27.
w87-F 1/12 30 § 1
Èske sa w ap bay la se yon sakrifis pou ou?
Nou kapab aprann anpil leson nan istwa sa a. Petèt pi gwo leson an se: Se vre nou gen privilèj pou nou soutni vrè adorasyon an ak bagay materyèl nou posede, men pou Bondye, sa k pi enpòtan se pa annik bay pou nou bay, men se bay yon bagay ki gen anpil enpòtans pou nou. Kidonk, èske n ap bay yon bagay ki pap deranje nou? Oswa èske sa n ap bay la vrèman reprezante yon sakrifis pou nou?
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mk 11:17
yon kay pou tout nasyon vin lapriyè: Nan twa Evanjil ki pale de Eza 56:7, se sèl Mak ki itilize ekspresyon “pou tout nasyon [moun]”. (Mt 21:13; Lk 19:46). Yo te fè tanp Jerizalèm nan pou ni Izrayelit ni moun ki pa t Izrayelit, men ki gen lakrentif pou Bondye, te ka vin adore Jewova epi priye l (1Wa 8:41-43). Se ak rezon Jezi te kondane Juif ki te konn vin fè komès nan tanp lan e ki te fè l tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè. Fason yo te konn aji a te kapab anpeche moun tout nasyon pwoche bò kote Jewova pou yo vin priye l nan kay sa a, sa ki t ap fè yo pèdi posiblite pou yo vin konnen l.
28 ME–3 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 13-14
“Pa kite lakrentif pou lòm pran nou nan pyèj”
it-2-F 585 § 3
Pyè
Pyè te rive rantre nan lakou gran prèt la grasa èd yon lòt disip ki t ap suiv li (Jan 18:15, 16). Pyè pa t met kò l toupiti nan yon kwen ki fènwa pou moun pa t wè l, men li te al kot yon dife ki te limen pou l te pran yon ti chalè. Moun ki bò dife a te wè l e yo te rive idantifye l kòm youn nan moun ki te ansanm ak Jezi, e kòm li te moun Galile fason l te pale te fè moun yo plis sispèk li toujou. Lè Pyè wè yo kenbe l, pandan twa fwa li di li pa t janm konn Jezi. Li te menm mande pou malè rive l si sa l di a pa laverite. Pandan yon kòk nan vil la t ap chante yon dezyèm fwa, Jezi “vire, li gade Pyè fiks”. Menm kote a Pyè sot deyò a, li santi kè l ap fann e li tonbe kriye (Mt 26:69-75; Mk 14:66-72; Lk 22:54-62; Jan 18:17, 18; gade CHANT DU COQ; SERMENT.) Men, Bondye te reponn priyè Jezi te fè anvan sa a kote Jezi te sipliye Bondye pou lafwa Pyè pa febli, se sa k fè Pyè pa t fin pèdi lafwa nèt. — Lk 22:31, 32.