BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “ Ale epi fè disip ”
    “Vin suiv mwen”
    • 12 Epitou, Jezi te anseye disip li yo pou yo evite distraksyon ki pa nesesè. Li te di yo : “ Pa bay pèsonn akolad sou wout la. ” ​(Lik 10:4). Èske Jezi te vle di disip li yo pou yo frèt oswa pou yo endiferan ak moun ? Non, pa ditou. Nan tan biblik yo, byen souvan, salye moun te konn enplike plis pase di moun nan yon senp bonjou. Salitasyon kouran yo te gen ladan yo divès fòmalite ansanm ak konvèsasyon ki byen long. Gen yon biblis ki di : “ Salitasyon pami moun ann Oryan yo pa t fèt tankou sa fèt pami nou avèk yon senp ti panche annavan, oswa yon senp lanmen, men yo te konn bay yon pakèt akolad, yo te konn panche tèt yo ak kò yo annavan, e yo te konn menm pwostène jiska tè. Tout bagay sa yo te konn mande anpil tan. ” Lè Jezi te di disip li yo pou yo pa antre nan fè salitasyon jan yo abitye fè l la, nan yon sans, Jezi te di yo : “ Nou dwe sèvi ak tan nou fason ki pi efikas la, paske mesaj nou pote a se yon mesaj ki ijan. ”b

  • “ Ale epi fè disip ”
    “Vin suiv mwen”
    • b Te gen yon lè, pwofèt Elicha te bay menm kalite enstriksyon an. Lè l te voye sèvitè l Geyazi lakay yon dam ki te gen pitit li ki mouri, men sa Elicha te di : “ Si w rankontre yon moun, ou pa dwe salye l. ” ​(2 Wa 4:29). Misyon yo te voye l al fè a te ijan, donk, se pa t lemoman pou l fè reta initil.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje