BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “ Li pa t pale avèk yo san l pa pran egzanp ”
    “Vin suiv mwen”
    • 13 Jezi te bay lòt detay anrapò ak wout ki soti “ Jerizalèm al Jeriko ” a, detay moun yo abitye avèk yo. Selon parabòl la, toudabò gen yon prèt e ansuit gen yon Levit ki t ap vwayaje sou menm wout sa a, men ni youn ni lòt pa t kanpe pou yo ede viktim nan (Lik 10:31, 32). Prèt yo te konn sèvi nan tanp Jerizalèm nan e Levit yo te konn ede yo. Anpil prèt ak Levit te abite Jeriko lè yo pa t ap travay nan tanp lan, e distans Jeriko ak Jerizalèm se te sèlman 23 kilomèt. Donk, ou te kapab wè prèt ak Levit sou wout sa a. N ap remake tou, Jezi te pale de vwayajè a ki t ap “ desann ” — li pa di li t ap monte — “ sot Jerizalèm ”. Sa te fè sans pou moun ki t ap koute l yo piske Jerizalèm te pi wo pase Jeriko. Kidonk, lè yon moun ap vwayaje “ sot Jerizalèm ”, vrèmanvre, se “ desann ” pou l ta desannb. Se sèten, Jezi te panse ak moun k ap koute l yo.

  • “ Li pa t pale avèk yo san l pa pran egzanp ”
    “Vin suiv mwen”
    • b Epitou Jezi te di prèt la avèk Levit la t ap “ sot Jerizalèm ”, kidonk yo t ap kite tanp lan. Konsa, pèsonn pa ta ka jistifye endiferans yo a pou yo ta di yo t ap evite mesye a, ki te tankou yon moun ki mouri, paske yo pa t vle vin endiy pandan yon moman pou yo pa t ka sèvi nan tanp lan. — Levitik 21:1 ; Nonb 19:16.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje