CHAPIT 21
Jezi fè nou konnen “sajès ki soti nan Bondye” a
1-3. a) Kòman ansyen vwazen Jezi yo te reyaji lè yo te tande ansèyman l yo? b) Ki sa moun yo te refize rekonèt konsènan Jezi?
MOUN ki t ap koute yo te sezi. Jezi te kanpe devan yo nan sinagòg la e li t ap anseye yo. Li pa t etranje pou yo. Li te grandi nan vil la e pandan plizyè ane li te travay nan mitan yo antanke bòs chapant. Petèt, kèk nan yo t ap viv nan kay Jezi te ede yo bati, e petèt gen nan yo ki te konn itilize chari ak jouk Jezi te fè yo pou yo travaya. Men, ki jan yo t ap reyaji devan ansèyman ansyen bòs chapant sa a?
2 Pifò nan moun ki t ap koute yo te sezi, yo t ap mande: “Ki kote misye jwenn sajès sa a?” Yo t ap di tou: “Èske se pa bòs chapant lan, pitit gason Mari a?” (Matye 13:54-58; Mak 6:1-3). Malerezman, ansyen vwazen Jezi yo t ap di tèt yo: ‘Bòs chapant sa a, se moun tankou nou li ye.’ Malgre moun yo te rekonèt pawòl Jezi t ap di yo te gen anpil sajès, yo te rejte Jezi. Sa yo pa t konnen, sèke pawòl li t ap anseye yo, ki te gen anpil sajès, se pa t pawòl pa l.
3 Ki kote Jezi te jwenn sajès sa a? Men sa Jezi te di: “Sa m ap anseye a se pa pawòl pa m, men se pawòl sila a ki voye m nan.” (Jan 7:16). Apot Pòl te esplike se Jezi ki “fè nou konnen sajès ki soti nan Bondye” a (1 Korentyen 1:30). Se grasa Jezi, Pitit Gason Jewova a, nou rive konnen sajès Jewova gen lakay li. Vrèmanvre, Jezi te ka di: “Mwen menm ak Papa a, nou se youn.” (Jan 10:30). Annou egzamine twa domèn kote Jezi te demontre “sajès ki soti nan Bondye” a.
Sa li te konn anseye
4. a) Ki tèm mesaj Jezi t ap preche a, e poukisa mesaj sa a te enpòtan anpil? b) Poukisa konsèy Jezi yo te toujou itil moun ki t ap koute l yo, e poukisa moun yo te toujou jwenn byenfè lè yo te koute konsèy sa yo?
4 Toudabò, ann egzamine sa Jezi te konn anseye. Tèm mesaj li t ap preche a se te “bon nouvèl wayòm Bondye a.” (Lik 4:43). Se te yon mesaj ki enpòtan anpil, paske Wayòm nan t apral jwe yon wòl enpòtan nan defann souvrènte Jewova e se grasa Wayòm sa a limanite ap gen pou jwenn benediksyon pou toutan. Lè Jezi t ap anseye, li te konn bay konsèy ki saj ki gen rapò ak lavi moun yo ap mennen chak jou. Li te montre se li ki “Konseye estrawòdinè” Labib te anonse a (Izayi 9:6). Se pa san rezon konsèy li te bay yo te estrawòdinè. Li te byen konnen Pawòl Bondye a ansanm ak volonte Bondye, li te byen konnen jan lèzòm fèt, e li te renmen yo anpil. Donk, konsèy li te bay yo te toujou itil moun ki t ap koute l yo e yo te toujou jwenn byenfè lè yo te suiv konsèy sa yo. Pawòl Jezi te konn di yo se “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. Se sèten, lè yon moun te suiv konsèy Jezi yo, sa te ba li posiblite pou l sove. — Jan 6:68.
5. Sou ki sijè konsa Jezi te pale nan Sèmon sou montay la?
5 Sèmon sou montay la se pi bèl egzanp sajès san parèy nou jwenn nan ansèyman Jezi yo. Sèmon sa a ki soti nan Matye 5:3 pou rive nan Matye 7:27, te sèlman pran 20 minit pou Jezi te bay li. Sepandan, konsèy nou jwenn nan Sèmon sa a pa janm pase mòd, sa vle di yo itil nou jodi a menm jan yo te itil moun lè yo te tande l. Jezi te pale sou anpil sijè, tankou fason pou nou byen boule ak lòt moun (5:23-26, 38-42; 7:1-5, 12), fason pou nou rete pwòp nan domèn moral (5:27-32) ak fason pou lavi nou gen sans (6:19-24; 7:24-27). Men, Jezi te fè plis pase di moun ki t ap koute l yo jan pou yo aji avèk sajès, li te esplike yo, li te rezone avèk yo e li te ba yo bonjan prèv pou l montre yo jan pou yo aji avèk sajès.
6-8. a) Ki bonjan rezon Jezi te bay pou nou evite bay tèt nou twòp pwoblèm? b) Ki sa k montre konsèy Jezi te bay yo se pa t konsèy pa l?
6 Pa egzanp, ann reflechi sou konsèy saj Jezi te bay sou fason pou nou fè fas ak enkyetid nou ka genyen konsènan bagay materyèl, konsèy nou jwenn nan Matye chapit 6. Men sa Jezi te di: “Sispann bay tèt nou pwoblèm pou n ap mande ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè, oswa ki sa n ap met sou nou.” (Vèsè 25). Manje ak rad se bagay tout moun bezwen pou yo viv, e li nòmal pou nou enkyete nou pou bagay sa yo. Men, Jezi di nou pou nou “sispann bay tèt nou pwoblèm” konsènan bagay sa yob. Poukisa li di sa?
7 Imajine jan Jezi te byen rezone ak moun yo. Etandone se Jewova ki ban nou lavi ak kò nou genyen an, èske li pa ka ban nou manje pou nou manje ak rad pou nou met sou nou (Vèsè 25)? Si Bondye bay zwazo yo manje pou yo manje e li abiye flè yo byen bèl, nou pa bezwen mande jan l ap pran swen moun k ap adore l yo (Vèsè 26, 28-30)! An reyalite, lè nou bay tèt nou twòp pwoblèm, sa pap itil nou anyen. Lè n ap bay tèt nou pwoblèm, sa pap ajoute yon yota sou lavi nouc (Vèsè 27). Kòman nou ka evite bay tèt nou pwoblèm? Jezi di nou pou n kontinye mete adorasyon n ap bay Bondye a an premye nan lavi nou. Moun ki suiv konsèy sa a mèt kwè Papa yo nan syèl la “ap ajoute” tout sa y ap bezwen pou yo viv chak jou (Vèsè 33). Finalman, Jezi bay pi bon konsèy ki ka itil moun: pa bay tèt nou pwoblèm pou demen. Poukisa pou n ap chèche tètchaje n ap jwenn demen yo pou n mete yo sou tètchaje jodi a (Vèsè 34)? Anplis de sa, poukisa pou n bay tèt nou pwoblèm pou bagay ki ka pa janm rive? Lè nou suiv konsèy saj sa yo, sa ka anpeche nou gen anpil tètchaje moun nan monn nan genyen jodi a.
8 Sa klè, byenke gen prèske 2 000 an ki pase depi Jezi te bay konsèy sa yo, konsèy sa yo itil nou menm jan yo te itil moun ki t ap viv nan epòk Jezi a. Èske sa pa montre aklè konsèy saj sa yo se Bondye ki bay yo? Menm konsèy ki pi saj lèzòm ka bay konn pase mòd, e nan yon bat je, yo konn bezwen pou yo fè yon pase men ladan yo, oswa chanje yo nèt. Sepandan, ansèyman Jezi yo toujou itil e yo toujou gen valè jis jounen jodi a. Men, nou pa bezwen sezi paske Konseye estrawòdinè sa a te pale “pawòl Bondye.” — Jan 3:34.
Fason li te anseye
9. Ki sa kèk sòlda te di konsènan sa Jezi t ap anseye yo, e poukisa yo te gen rezon pale konsa?
9 Yon lòt fason ankò Jezi te demontre li gen sajès Bondye se nan fason l te anseye. Yon lè, yo te voye kèk sòlda al arete Jezi, men yo pa t tounen avè l. Men sa sòlda yo te fè konnen: “Pa janm gen yon moun ki pale konsa.” (Jan 7:45, 46). Sòlda yo te gen rezon pou yo pale konsa. Pami tout moun ki te viv sou tè a, Jezi, ki te “moun anwo”, sa vle di ki te sot nan syèl la, te moun ki te gen plis eksperyans ak konesans (Jan 8:23). Pa t gen moun ki te anseye tankou l. Ann egzamine de nan metòd Anseyan saj sa a te konn itilize.
“Foul moun yo rete bouch ouvè devan fason l anseye.”
10, 11. a) Poukisa nou ret bouch ouvè devan egzanp Jezi itilize yo? b) Ki sa yon parabòl ye, e ki egzanp ki montre Jezi te byen itilize parabòl lè l t ap anseye?
10 Li te konn byen sèvi ak egzanp. Men sa Bib la fè nou konnen: “Jezi te sèvi ak parabòl pou l [pale ak] foul moun yo [...]. Wi, li pa t pale avèk yo san l pa sèvi ak parabòl.” (Matye 13:34). Vrèmanvre, nou ret bouch ouvè devan kapasite san parèy Jezi genyen pou l sèvi ak bagay moun yo te itilize e yo te wè chak jou pou l anseye yo verite ki pwofon. Men kèk nan bagay moun ki t ap koute l yo te konn abitye wè: Kiltivatè te konn plante semans, medam yo te konn fè pen, timoun yo te konn ap jwe nan mache, pechè pwason yo te konn voye oswa rale filè yo lè y ap fè lapèch, bèje yo te konn al chèche mouton ki pèdi yo. Lefètke Jezi te sèvi ak bagay moun abitye wè pou l anseye verite enpòtan, sa pa t pran tan pou verite sa yo touche kè moun yo e verite sa yo te ret grave nan lespri moun yo. — Matye 11:16-19; 13:3-8, 33, 47-50; 18:12-14.
11 Souvan, Jezi te konn sèvi ak parabòl, sa vle di yon seri ti istwa ki gen yon seri leson ladan yo nan domèn moral ak nan domèn espirityèl. Etandone istwa sa yo te pi fasil pou moun konprann e pou yo sonje pase yon seri ide ki gen rapò ak bagay moun pa ka wè oswa manyen, parabòl sa yo te ede moun yo kenbe ansèyman Jezi yo nan lespri yo. Nan plizyè parabòl, Jezi te itilize kèk pawòl ki bèl pou l fè moun yo konn Papa l. Pa egzanp, kiyès ki pa ka konprann leson ki nan parabòl sou pitit gason gaspiyè a? Se yon bèl leson ki montre, lè yon moun ki te vire do bay Jewova demontre li repanti ak tout kè l, Jewova gen pitye pou moun sa a e li aksepte l. — Lik 15:11-32.
12. a) Ki fason Jezi te sèvi ak kesyon nan ansèyman li? b) Ki jan Jezi te fè chèf relijye yo fèmen bouch yo?
12 Li te maton nan sèvi ak kesyon. Jezi te itilize kesyon pou l te ede moun ki t ap koute l yo rive fè pwòp konklizyon pa yo, pou yo egzamine rezon ki pouse yo aji oswa pou ede yo pran desizyon (Matye 12:24-30; 17:24-27; 22:41-46). Lè chèf relijye yo te mande Jezi ki kote l jwenn otorite li genyen an, men sa Jezi te reponn yo: “Ki kote Jan te jwenn otorite pou l batize moun? Nan men Bondye oswa nan men lèzòm?” Kesyon sa a Jezi te poze yo a te fè yo sezi. Men rezònman youn t ap fè ak lòt: “Si nou di: ‘Nan men Bondye’, l ap di nou: ‘Si se sa, poukisa nou pa t kwè nan li?’ Men, si nou di: ‘Nan men lèzòm’, fòk nou fè atansyon ak foul la, paske yo tout pran Jan pou yon pwofèt.” Finalman, men sa yo te reponn Jezi: “Nou pa konnen.” (Mak 11:27-33; Matye 21:23-27). Avèk yon senp ti kesyon, Jezi te rive fè yo fèmen bouch yo, e konsa Jezi te montre aklè vye panse yo te gen nan kè yo.
13-15. Ki jan parabòl sou bon Samariten an montre sajès Jezi gen lakay li?
13 Pafwa, Jezi te konn itilize kesyon ak egzanp pou l fè moun k ap koute l yo reflechi. Lè yon Juif ki te konn Lalwa byen te mande Jezi sa l te dwe fè pou l gen lavi ki pap janm fini an, Jezi te pale l de Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la ki mande pou moun renmen Bondye ak pwochen yo. Etandone li te vle montre Jezi li jis, men sa l te mande Jezi: “Kiyès menm ki pwochen m?” Pou Jezi te reponn mesye a, li te rakonte l yon istwa. Men sa l te di: Te gen bandi ki te atake yon Juif ki t ap vwayaje poukont li. Yo te kite l twaka mò sou wout la. Te vin gen de Juif ki t ap pase. Premye a se te yon prèt, e dezyèm nan se te yon Levit. Toule de Juif sa yo pa t okipe mesye yo te atake a. Men, te vin gen yon Samariten ki te vin ap pase. Lè l wè mesye a, kè l fè l mal pou li, li pwoche kote l pou l pran swen l, e apre sa li mennen l nan yon otèl pou yo ka ba l pi bon swen yon fason pou mesye a ka refè. Lè Jezi te fin rakonte istwa a, men sa l te mande mesye ki te konn Lalwa byen an: “Kiyès nan twa moun sa yo ki montre li se pwochen mesye ki te tonbe nan mitan vòlè yo?” Men sa mesye a te reponn: “Se mesye ki te montre l gen pitye pou li a.” — Lik 10:25-37.
14 Kòman parabòl sa a montre sajès Jezi gen lakay li? Nan epòk Jezi a, Juif yo te konn itilize mo “pwochen” an sèlman pou moun ki te gen menm tradisyon avè yo. Donk yo pa t konsidere Samariten yo kòm pwochen yo (Jan 4:9). Si Jezi te rakonte istwa a, kote se yon Juif ki t ap ede yon Samariten, èske sa t ap retire prejije ki lakay mesye ki te konn Lalwa byen an? Avèk sajès, Jezi te rakonte istwa a yon fason pou se yon Samariten ki te byen pran ka yon Juif. N ap remake tou se lè Jezi te fin rakonte istwa a li te poze mesye a kesyon an. Jezi te atire atansyon mesye a sou sans mo “pwochen” an. Annefè, mesye ki te konn Lalwa byen an t ap mande: Pou ki moun mwen dwe demontre lanmou pou pwochen m? Men, Jezi te mande l: “Kiyès nan twa moun sa yo ki montre li se pwochen mesye [a]?” Jezi pa t mete aksan sou moun ki te resevwa swen an, anpalan de moun yo te atake a, men li te mete aksan sou moun ki te byen aji a, anpalan de Samariten an. Yon moun ki se yon bon pwochen pran devan nan demontre lanmou pou lòt moun kèlkeswa ras yo ak kilti yo. Pa gen pi bon fason Jezi te ka ede yo konprann pwen sa a.
15 Se pa san rezon ki fè moun te rete bouch ouvè devan “fason [Jezi] te anseye”, e yo te anvi pwoche bò kote l (Matye 7:28, 29). Sa te tèlman vre, yon lè, te gen yon “gwo foul moun” ki te rete toupre l pandan twa jou, e yo pa t menm gen anyen pou yo manje. — Mak 8:1, 2.
Fason li te mennen lavi l
16. Nan ki sans Jezi te “montre” se sajès Bondye ki t ap dirije l?
16 Yon twazyèm fason Jezi te demontre li gen sajès Bondye se fason li te mennen lavi l. Sajès se yon bagay ki pratik, li ede nou pran bonjan desizyon. Men sa disip Jak te mande: “Kiyès pami nou ki gen sajès?” Men repons li te bay annapre: “Se pou l montre travay li fè nan bèl konduit li genyen.” (Jak 3:13). Fason Jezi te mennen lavi l te “montre” se sajès Bondye ki t ap dirije l. Annou egzamine jan li te demontre li gen bon jijman nan fason li t ap viv ak nan fason li te konn boule ak lòt moun.
17. Ki sa k montre Jezi te ekilibre anpil nan fason li t ap viv?
17 Èske w pa remake byen souvan moun ki manke bon jijman aji yon fason ki egzajere? Wi, yon moun bezwen gen sajès pou l aji yon fason ki ekilibre. Lefètke Jezi te gen sajès ki soti nan Bondye a, li te yon moun ki ekilibre anpil. Li te bay bagay espirityèl yo premye plas nan lavi l. Li te okipe anpil nan preche bon nouvèl la. Men sa Jezi te fè konnen: “Se pou sa mwen vini.” (Mak 1:38). Natirèlman, se pa t bagay materyèl ki te gen plis enpòtans pou Jezi, paske sanble li pa t posede anpil bagay materyèl (Matye 8:20). Sepandan, li pa t yon moun ki mete kò l apa. Menm jan ak Papa l, “Bondye ki gen kè kontan an”, li te yon moun ki gen kè kontan, e li te konn fè lòt moun viv ak plis kè kontan (1 Timote 1:11; 6:15). Lè li te konn al nan resepsyon maryaj, ki te konn gen mizik, chante ak lòt anbyans ankò, li pa t konn gate anbyans ki te genyen an. Yon lè diven te fini nan yon resepsyon maryaj, li te fè dlo tounen diven, yon bwason ki fè “kè lèzòm kontan”. (Sòm 104:15, Bib la; Jan 2:1-11.) An plizyè fwa, Jezi te aksepte envitasyon moun te fè l pou l al manje avèk yo, e souvan li te pwofite okazyon sa yo pou l anseye yo. — Lik 10:38-42; 14:1-6.
18. Kòman Jezi te montre jijman l yo toujou bon nan fason li te boule ak disip li yo?
18 Jezi te montre li vrèman gen bon jijman nan fason l t ap boule ak lòt moun. Etandone li te byen konnen lèzòm, sa te ede l byen konprann disip li yo. Li te byen konnen disip li yo se moun ki enpafè. Malgre sa, li te wè bèl kalite yo te gen lakay yo. Li te wè kapasite mesye sa yo Jewova te atire yo gen lakay yo (Jan 6:44). Malgre defo yo te gen lakay yo, Jezi te montre li dispoze fè yo konfyans. Se sa k fè li te ba yo gwo responsablite. Li te ba yo responsablite pou yo preche bon nouvèl la e li te gen konfyans yo t ap rive fè sa (Matye 28:19, 20). Liv Travay la montre disip yo te rive byen fè travay sa a (Travay 2:41, 42; 4:33; 5:27-32). Li klè Jezi te montre l saj lefètke l te fè yo konfyans.
19. Kòman Jezi te montre li gen ‘tanperaman dou e li gen imilite nan kè l’?
19 Jan nou te wè sa nan chapit 20 an, Bib la montre gen yon rapò ant imilite, dousè ak sajès. Natirèlman, Jewova bay pi bon egzanp nan demontre kalite sa yo. Men, e Jezi li menm? Sa touche kè nou anpil lè nou wè imilite Jezi te montre nan fason li te boule ak disip li yo. Lefètke li te yon moun pafè, li te siperyè disip li yo. Malgre sa, Jezi pa t janm imilye disip li yo, ni li pa t janm ap chèche fè yo santi yo pi ba pase l oswa yo se moun sòt. Okontrè, li te pran limit yo te genyen an konsiderasyon, e li te pasyan avèk yo byenke yo te gen defo (Mak 14:34-38; Jan 16:12). Menm timoun yo te santi yo alèz pou yo pwoche bò kot Jezi. Se sèten, yo te santi Jezi atire yo paske yo te wè Jezi gen ‘tanperaman dou e li gen imilite nan kè l’. — Matye 11:29; Mak 10:13-16.
20. Kòman Jezi te montre li rezonab nan fason li te boule ak dam pitit fi l te gen demon sou li a?
20 Gen yon lòt fason Jezi te demontre li gen sajès Bondye. Li te rezonab e li te konsilyan lè sitiyasyon an te mande pou l aji avèk mizèrikòd. Pa egzanp, sonje lè yon fi ki pa t Juif te sipliye l pou l geri pitit fi l la ki te gen demon sou li. An twa fwa, Jezi te fè l konnen li pap ede l. Toudabò, li pa t reponn dam nan. Ansuit, li te fè l konnen kareman se pa pou moun ki pa Juif yo yo te voye l, men se pou Juif yo yo te voye l. Anfen, avèk ladrès, li te itilize yon egzanp pou ede l konprann li pap ede l. Sepandan, dam nan te kole la nan kò l. Konsa, li te demontre li gen yon lafwa estrawòdinè nan Jezi. Ki sa Jezi te fè nan sitiyasyon sa a? Li te fè egzakteman sa l te di li pa t ap fè a. Li te geri pitit fi dam nan (Matye 15:21-28). Èske sa se pa yon egzanp ki montre Jezi gen yon imilite estrawòdinè lakay li? Pa bliye, imilite se rasin vrè sajès.
21. Poukisa nou dwe fè efò pou nou imite bèl kalite Jezi te demontre e pou nou imite l nan fason l te pale ak nan fason li te mennen lavi l?
21 Se pa ti kontan nou kontan lefètke Evanjil yo fè nou konnen pawòl ak aksyon moun ki pi saj ki te viv sou tè a! Li bon pou nou sonje Jezi te byen imite Papa l. Lè nou imite bèl kalite Jezi te demontre e nou imite l nan fason l te pale ak fason li te mennen lavi l, n ap ka demontre sajès ki soti anwo a. Nan chapit ki vin apre a, nou pral wè kòman nou ka demontre sajès Bondye a nan lavi nou.
a Nan tan biblik yo, bòs chapant yo te konn fè kay, mèb ak zouti pou travay tè. Men sa Justin Martyr, ki t ap viv nan dezyèm syèk epòk nou an, te ekri konsènan Jezi: “Li te abitye travay kòm yon bòs chapant pami mesye yo, li te konn fè chari ak jouk.”
b Vèb grèk lè yo tradui l yo mete “bay tèt nou pwoblèm” pou li a vle di “lespri nou pa anpè”. Jan Jezi te itilize vèb sa a nan Matye 6:25 lan, li gen rapò ak enkyetid moun genyen ki distrè yo e ki retire tout kè kontan yo genyen nan lavi a.
c An reyalite, selon rechèch syantifik yo fè, lè yon moun bay tèt li twòp pwoblèm, oubyen li gen twòp strès, sa ka fè li soufri maladi kè ak lòt maladi ankò ki ka retire sou kantite tan l te ka viv.