BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ann ankouraje sè nou yo
    Toudegad etid — 2020 | septanm
    • Jezi ki chita pandan l ap anseye. Mari ak Mat ki chita nan pye Jezi pou yo koute l. Plizyè foto: 1. Yon mari ak madanm ki vin lakay yon sè aje ki enfim. Mari a ap pale ak sè aje a pandan madanm li ap ranje pwovizyon yo pot pou li. 2. Yon mari ak madanm k ap fè adorasyon an fanmi ansanm ak yon sè ak tipitit fi l. 3. Yon frè k ap ede de sè chanje yon kawotchou nan machin yo.

      Menm jan ak Jezi, nou ka montre sè ki fidèl yo jan nou renmen yo. (Gade paragraf 6-9.)e

      6. Jan sa parèt nan Lik 10:38-42, ki jan Jezi te ede Mat ak Mari?

      6 Jezi te konn pase tan ak medam ki t ap fè volonte Bondye menm jan avè l yo, e li te yon vrè zanmi pou yo. Ann pran egzanp Mari ak Mat, de medam ki te zanmi l e sanble ki te selibatè. (Li Lik 10:38-42.) Li klè, Jezi te mete yo alèz nan fason l te pale avèk yo ak fason l te aji avèk yo. Pa egzanp, Mari ki te yon disip Jezi te santi l alèz pou l chita nan pye lc. E lè Mat te kontrarye lefètke Mari pa t ede l fè manje, Mat te santi l alèz pou l di Jezi sa l panse. Nan ti moman sa a yo t ap pase ansanm nan, Jezi te aprann medam yo yon seri leson enpòtan. Epitou, li te montre li gen sousi pou de sè sa yo ak Laza, frè yo a, lefètke l te vizite yo nan lòt okazyon (Jan 12:1-3). Nou konprann rezon ki fè lè Laza te malad grav, Mari ak Mat te konnen yo te kapab mande Jezi ede yo. — Jan 11:3, 5.

  • Ann ankouraje sè nou yo
    Toudegad etid — 2020 | septanm
    • c Men sa yon ansiklopedi biblik di: “Yon disip te konn chita nan pye pwofesè l. Li te konn fè sa lè l t ap pran fòmasyon pou l vin pwofesè. Men, yo pa t pèmèt medam yo vin pwofesè [...]. Donk, pifò gason juif t ap vekse [...] pou yo wè Mari ki kontan chita nan pye Jezi pou l aprann.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje