-
‘ Moun ki mande Jewova lespri sen, l ap ba yo l ’Toudegad — 2007 | 1ye janvye
-
-
5. Ki sa egzanp sou mesye pèsistan an aprann nou sou atitid nou dwe genyen nan lapriyè ?
5 Egzanp frapan sa a sou mesye pèsistan an demontre ki atitid nou dwe genyen lè n ap priye. N ap remake, Jezi di mesye sa a te reyisi jwenn sa l te bezwen an “ akoz pèsistans tenas li ”. (Lik 11:8.) Ekspresyon “ pèsistans tenas ” la parèt yon sèl fwa nan Bib la. Li soti nan yon mo grèk ki vle di literalman “ san wont ”. An jeneral, ekspresyon san wont lan gen yon sans negatif. Sepandan, lè moun gen yon atitid san wont, sètadi yon atitid pèsistan, pou yon bon koz, sa ka vin tounen yon kalite ki louwab. Se te ka pa mesye nan egzanp lan ki t ap akeyi zanmi l lan. Li pa t santi l wont ditou pou l te kontinye mande sa l bezwen avèk pèsistans. Piske Jezi te bay mesye sa a kòm yon egzanp pou nou, sa montre menm jan an tou nou ta dwe pèsistan nan priyè nou yo. Jewova vle pou nou ‘ kontinye mande, pou nou kontinye chèche, e pou nou kontinye frape ’. “ Moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l ” anretou.
-
-
‘ Moun ki mande Jewova lespri sen, l ap ba yo l ’Toudegad — 2007 | 1ye janvye
-
-
9, 10. a) Bay yon egzanp pou montre poukisa nou bezwen pèsistan nan demann n ap fè Bondye pou l ban nou lespri l. b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou, e poukisa ?
9 Annou pran yon sitiyasyon jodi a pou ede nou konprann pwen sa a. Imajine ou gen yon moun nan fanmi w ki tonbe malad nan mitan nuit. Èske w t apral leve yon doktè pou w mande l èd li ? Petèt ou pa t ap fè sa si se pa yon maladi grav. Men, si se yon atak kadyak li fè, ou pa t ap wont rele doktè a. Sa k fè sa ? Paske ou devan yon sitiyasyon ki ijan. Ou reyalize sa vrèman nesesè pou w jwenn èd yon moun ki konpetan. Si w pa mande èd, moun nan ka mouri. Menm jan an tou, nan yon sans figire, vrè kretyen yo ap fè fas ak yon sitiyasyon ki ijan. Annefè, Satan ap sikile tankou “ yon lyon k ap gwonde ”, l ap chèche devore nou (1 Pyè 5:8). Pou nou rete an vi espirityèlman, li vrèman nesesè pou nou jwenn èd lespri Bondye. Si nou pa chèche èd nan men Bondye, sa ka gen konsekans grav pou nou. Kidonk, annou mande Bondye lespri sen li avèk yon pèsistans ki tenas (Efezyen 3:14-16). Se sèlman lè nou fè sa, n ap toujou gen fòs ki nesesè pou nou “ andire jiska lafen ”. — Matye 10:22 ; 24:13.
-