ATIK ETID 3
Leson nou ka aprann lefètke Jezi te kriye
“Epi dlo koule nan je Jezi.” — JAN 11:35.
KANTIK 17 “Wi mwen vle”
SA NOU PRAL WÈa
1-3. Ki sitiyasyon difisil ki ka fè dlo koule nan je n?
KI DÈNYE fwa w te kriye? Pafwa, nou konn kriye paske kè nou kontan. Men, byen souvan nou kriye paske nou tris. Pa egzanp, nou ka kriye lè nou gen yon moun pa nou ki mouri. Men sa Lorilei, yon sè k ap viv Ozetazini, te ekri: “Gende lè m te konn tèlman tris pou pitit fi m nan ki mouri, se kòmsi anyen pa t ka konsole m. Nan moman sa yo, m te konn panse m pa t ap ka sipòte.”b
2 Gen plizyè lòt rezon ki ka fè n kriye. Men sa Hiromi, yon sè ki pyonye k ap viv nan peyi Japon, te di: “Detanzantan mwen konn santi m dekouraje lè m wè jan moun m ap preche yo pa enterese nan Bib la. Pafwa, ak dlo nan je, m konn mande Jewova pou l ede m jwenn yon moun k ap chèche laverite.”
3 Èske w konn santi w menm jan ak sè sa yo? Anpil nan nou konn santi n konsa (1 Pyè 5:9). Nou vle “sèvi Jewova ak kè kontan”, men, nou gendwa ap sèvi l ak dlo nan je paske n ap soufri, nou dekouraje, oswa n ap viv yon sitiyasyon difisil k ap pase fidelite n anba eprèv (Sòm 6:6; 100:2). Ki sa n ka fè lè n santi n konsa?
4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?
4 Nou kapab aprann nan egzanp Jezi. Pafwa, li te viv yon seri sitiyasyon difisil tou ki te fè ‘dlo koule nan je l’. (Jan 11:35; Lik 19:41; 22:44; Ebre 5:7.) Ann wè kèk nan sitiyasyon sa yo. Pandan n ap fè sa, n ap wè ki leson nou kapab aprann. Nou pral wè tou kèk bagay ki kapab ede nou lè nou nan sitiyasyon ki fè dlo koule nan je nou.
JEZI TE KRIYE POU ZANMI L
5. Ki sa nou aprann konsènan Jezi nan istwa nou jwenn nan Jan 11:32-36 la?
5 Nan ane 32 epòk nou an, nan sezon ivè, Laza yon bon zanmi Jezi te malad e li te mouri (Jan 11:3, 14). Mesye sa a te gen de sè, Mari ak Mat, e Jezi te renmen fanmi sa a anpil. Medam yo te boulvèse dèske yo te pèdi frè yo a yo te renmen anpil. Apre lanmò Laza, Jezi t al Betani, kote Mari ak Mat t ap viv la. Lè Mat te aprann Jezi ap vini, li te kouri al rankontre l. Imajine jan Mat te tris lè l te di: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” (Jan 11:21). Yon ti tan annapre, lè Jezi te wè Mari ak lòt moun yo k ap kriye, “dlo koule nan je Jezi”. — Li Jan 11:32-36.
6. Poukisa Jezi te kriye lè Laza te mouri?
6 Poukisa Jezi te kriye lè sa a? Men repons nou jwenn nan Étude perspicace des Écritures: “Lefètke Laza, zanmi Jezi, te mouri, e lè Jezi te wè jan sè Laza yo t ap soufri, sa te fè l ‘plenn nan kè l, epi dlo te koule nan je l’.c” Petèt Jezi dwe t ap panse ak jan Laza, bon zanmi l lan, te soufri anba maladi l la, e petèt li t ap imajine jan Laza te santi l lè l te vin rann li kont li pa lwen mouri. Se sèten, dlo te koule nan je Jezi tou lè l te wè jan Mari ak Mat ap soufri lefètke frè yo a te mouri. Si w pèdi yon bon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w, se sèten ou konprann sa sa vle di. Ann wè twa leson nou kapab aprann nan istwa sa a.
7. Lefètke Jezi te kriye pou zanmi l, ki sa sa aprann nou sou Jewova?
7 Jewova konprann jan w santi w. Jezi “se pòtre egzak” Papa l (Ebre 1:3). Lè Jezi te kriye a, li te montre jan Jewova santi l lè yon moun nou renmen mouri (Jan 14:9). Si w ap soufri lefètke w gen yon moun pa w ki mouri, ou mèt gen asirans nonsèlman Jewova wè soufrans ou, men tou, kè l fè l mal pou ou. Li vle geri kè w k ap fann. — Sòm 34:18; 147:3.
8. Poukisa nou kapab gen asirans Jezi ap resisite moun nou genyen ki mouri yo?
8 Jezi vle resisite moun ou genyen ki mouri yo. Yon ti tan anvan Jezi te kriye, men asirans li te bay Mat: “Frè w la ap leve.” Mat te kwè sa Jezi te di l la (Jan 11:23-27). Etandone Mat te yon sèvitè Jewova ki fidèl, pa gen dout li te konnen pwofèt Eli ak Elize te resisite moun plizyè syèk anvan sa (1 Wa 17:17-24; 2 Wa 4:32-37). Li posib tou pou l te tande pale de rezirèksyon Jezi te fè yo (Lik 7:11-15; 8:41, 42, 49-56). Ou menm tou, ou mèt gen asirans w ap rewè moun ou renmen ki mouri yo. Lefètke Jezi te kriye lè l t ap konsole zanmi l yo ki te nan gwo lapenn, se yon prèv ki montre li anvi resisite moun ki mouri yo!
9. Menm jan ak Jezi, ki jan w kapab ede moun ki nan gwo lapenn? Bay yon egzanp.
9 Ou kapab ede moun ki nan lapenn. Nonsèlman Jezi te kriye ansanm ak Mat ak Mari, men, li te koute yo tou e li te konsole yo. Nou menm tou, nou kapab fè menm jan an pou moun ki nan gwo lapenn. Men sa Dàn, yon ansyen k ap viv nan peyi Ostrali, di: “Apre lanmò madanm mwen, mwen te bezwen èd. Gen plizyè mari ak madanm ki te dispoze koute m lajounen kou lannuit. Yo te kite m pale pou m di jan m santi m e yo pa t jennen lè m t ap kriye. Yo te ede m fè yon seri bagay tou lè m te santi m pa ka fè yo, tankou lave machin mwen, al achte, epi fè manje pou mwen. Yo te konn priye avè m souvan. Yo te montre yo se bon zanmi e yo se bonjan frè mwen te ka ‘konte sou yo lè gen malè’.” — Pwo. 17:17.
JEZI TE KRIYE POU PWOCHEN L
10. Fè yon ti pale konsènan evènman nou jwenn nan Lik 19:36-40 lan.
10 Jou ki te 9 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te rive Jerizalèm. Pandan l t ap pwoche toupre vil la, te gen yon foul moun ki te rasanble ki t ap ouvri rad yo atè sou wout la pou montre yo aksepte l antanke Wa yo. Pa gen dout, se te yon moman ki te bay kè kontan. (Li Lik 19:36-40.) Petèt disip yo pa t ap atann sa k te rive annapre a. “Lè [Jezi] rive toupre vil la, li gade l epi li kriye pou li.” Ak dlo nan je, Jezi te anonse malè ki t apral tonbe sou moun ki t ap viv Jerizalèm yo. — Lik 19:41-44.
11. Poukisa Jezi te kriye pou moun ki t ap viv Jerizalèm yo?
11 Jezi te santi l tris paske li te konnen, menmsi Juif yo te ba l bèl akèy, pifò nan yo te deja montre yo pa t ap aksepte mesaj Wayòm nan. Se sa k fè Jerizalèm t ap detwi, e kèlkeswa Juif ki t ap chape lè vil la detwi, yo t apral avè yo kòm prizonye (Lik 21:20-24). Malerezman, jan Jezi te di sa, pifò moun yo pa t aksepte l. Ki jan pifò moun nan zòn kote w ap viv la reyaji lè yo tande mesaj Wayòm nan? Si se kèk moun ki byen reyaji devan efò w ap fè pou w anseye yo laverite, ki leson w kapab aprann lefètke Jezi te kriye? Ann wè twa lòt leson.
12. Lefètke Jezi te kriye pou lòt moun, ki sa sa kapab aprann nou sou Jewova?
12 Jewova gen sousi pou moun. Lefètke Jezi te kriye, sa fè nou sonje jan Jewova gen sousi pou moun. “Li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” (2 Pyè 3:9). Jodi a, nou montre nou renmen pwochen nou lè nou pa sispann fè efò pou n fè bon nouvèl la touche kè yo. — Mat. 22:39.d
13-14. Ki jan Jezi te montre li gen pitye pou moun, e ki jan n ka vin gen kalite sa a?
13 Jezi te fè anpil efò pou l te preche moun yo epi anseye yo. Li te montre l te renmen moun yo lè l te pwofite tout okazyon l te jwenn pou l kontinye anseye yo (Lik 19:47, 48). Ki sa k te pouse l fè sa? Li te gen pitye pou yo. Pafwa, te tèlman gen moun ki te vle tande pawòl Jezi t ap di yo, ni li menm ni disip li yo “pa t menm gen tan pou yo manje”. (Mak 3:20.) Epitou, Jezi te menm dispoze pale ak yon mesye lannuit, paske se lè sa a ki te pi bon pou mesye a pou l pale ak Jezi (Jan 3:1, 2). Pifò moun ki te konn tande Jezi okòmansman yo pa t vin disip li. Men, tout moun ki te tande l yo te jwenn yon temwayaj konplè. Jodi a, nou vle bay tout moun posiblite pou yo tande bon nouvèl la (Tra. 10:42). Pou n rive fè sa, nou ka bezwen fè chanjman nan fason nou preche.
14 Se pou nou dispoze fè chanjman ki nesesè. Si nou toujou preche nan menm lè a, nou ka pa rive jwenn kèk moun ki t ap byen kontan tande bon nouvèl la. Men sa yon pyonye ki rele Matilda di: “Mwen menm ak mari m eseye preche moun yo nan lòt lè. Byen bonè nan maten, nou preche nan zòn ki gen biznis. Vè midi, lè gen anpil moun k ap monte desann nan lari a, nou itilize charyo piblikasyon. Pi ta nan jounen an, nou twouve l pi fasil pou n jwenn moun yo lakay yo lè sa a.” Olye pou nou kenbe yon pwogram ki bon pou nou, nou ta dwe dispoze fè chanjman nan pwogram nou pou n preche nan lè l pi fasil pou n jwenn moun yo. Si nou fè sa, nou kapab gen asirans Jewova ap kontan.
JEZI TE KRIYE PASKE LI TE SANSIB POU NON PAPA L
15. Ki sa k te pase nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a anvan l mouri, jan nou wè sa nan Lik 22:39-44?
15 Jou ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi t al nan jaden Jetsemane byen ta nan aswè. Lè l te rive la, li te vide kè l bay Jewova. (Li Lik 22:39-44.) Nan moman difisil sa a, “se avèk gwo rèl ak dlo nan je” Jezi “te fè siplikasyon”. (Ebre 5:7.) Pou ki bagay Jezi te priye nan dènye nuit sa a anvan l te mouri? Li te priye Jewova pou l te ba l fòs pou l te rete fidèl e pou l te kapab fè volonte L. Jewova te tande jan Pitit Gason l lan te boulvèse nan priyè l te fè a, e li te voye yon zanj vin ba l fòs.
16. Poukisa Jezi te boulvèse pandan l t ap priye nan jaden Jetsemane?
16 Pa gen dout Jezi te kriye pandan l t ap priye nan jaden Jetsemane a paske li te boulvèse poutèt moun te ka wè l kòm yon moun ki pa gen respè pou non Bondye. Epitou, Jezi te byen konnen gwo responsablite li te gen sou do l pou l defann non Papa l. Si w ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil ki pase fidelite w anba eprèv, ki sa w ka aprann lefètke Jezi te kriye? Ann wè twa leson ankò nou kapab aprann.
17. Ki sa n ka aprann sou Jewova nan fason li te reponn priyè Jezi te fè ak tout kè l?
17 Jewova tande lè w ap sipliye l. Jewova te tande priyè Jezi te fè ak tout kè l. Poukisa? Se paske sa k te pi enpòtan pou Jezi se ret fidèl ak Papa l epi defann non L. Si sa k pi enpòtan pou nou se ret fidèl ak Jewova epi defann non l, l ap reponn nou lè nou priye l pou n mande l èd. — Sòm 145:18, 19.
18. Nan ki sans Jezi tankou yon bon zanmi ki konprann jan n santi n?
18 Jezi konprann jan w santi w. Lè enkyetid anvayi n, se pa ti kontan nou kontan jwenn yon zanmi ki konprann jan n santi n, sitou si zanmi sa a te viv menm sitiyasyon avè n. Se yon zanmi konsa Jezi ye. Li konnen sa sa vle di lè nou santi nou dekouraje e lè n bezwen yon moun pou ede n. Li konnen nou enpafè, e l ap asire l nou jwenn èd nou bezwen an “nan bon moman”. (Ebre 4:15, 16.) Menm jan Jezi te aksepte yon zanj ede l nan jaden Jetsemane, nou dwe dispoze aksepte èd Jewova ban nou, menmsi se nan yon piblikasyon nou ta jwenn èd sa a, oswa nan yon videyo, yon diskou, oubyen yon vizit yon ansyen oswa yon zanmi n ki gen matirite ban nou pou ankouraje n.
19. Ki jan w kapab jwenn fòs pou w fè fas ak sitiyasyon difisil k ap pase fidelite w anba eprèv? Bay yon egzanp.
19 Jewova ap ba w ‘lapè Bondye a’. Ki jan Jewova ap ban nou fòs? Lè nou priye, n ap jwenn “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. (Flp. 4:6, 7.) Lapè Jewova bay la fè kè nou anpè e li fè nou reflechi yon fason ki klè. Ann wè ki jan yon sè ki rele Luz te viv sa. Men sa l di: “Souvan, mwen konn santi m poukò m. Pafwa santiman sa yo konn fè m panse Jewova pa renmen m. Lè konsa, mwen priye Jewova tousuit pou m di l jan m santi m. Lè m priye, mwen santi m pi byen.” Jan eksperyans sè a fè a montre sa, lapriyè kapab fè n jwenn lapè.
20. Ki leson nou aprann lefètke Jezi te kriye?
20 Lefètke Jezi te kriye, sa ka aprann nou yon seri bèl leson ankourajan! Sa fè n sonje pou nou ede zanmi nou ki nan lapenn e pou n gen konfyans Jewova ak Jezi ap ede nou lè n gen yon moun pa nou ki mouri. Sa ankouraje nou pou n montre nou gen pitye pou moun n ap preche e n ap anseye yo paske Jewova Dye ak Jezi Kris montre yo gen bèl kalite sa a. E nou jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Jewova ak Pitit Gason l lan Li renmen anpil la konprann jan n santi n, yo konprann feblès nou e yo vle ede n andire. Ann kontinye aplike sa nou aprann yo jiskaske jou a rive pou Jewova reyalize bèl pwomès li fè pou l “siye tout dlo nan je” nou! — Rev. 21:4.
KANTIK 120 Annou chèche vin dou menm jan ak Kris
a Pafwa, Jezi te viv yon seri sitiyasyon ki te fè dlo koule nan je l. Nan atik sa a, nou pral wè twa okazyon kote Jezi te kriye e ki leson nou kapab aprann.
b Gen kèk non yo chanje.
d Mo grèk lè yo tradui l yo mete “pwochen” pou li nan Matye 22:39 la ka gen ladan l, nonsèlman moun k ap viv toupre nou, men tou, kèlkeswa moun nou an kontak avè l.
e ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi te gen pitye pou Mari ak Mat e sa te pouse l konsole yo. Nou kapab fè menm jan an pou moun ki gen moun pa yo ki mouri.
f ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi te dispoze anseye Nikodèm lannuit. Nou ta dwe etidye Labib ak moun yo nan lè k ap bon pou yo.
g ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi te priye Jewova pou L ba l fòs pou l ret fidèl avè L. Nou dwe fè menm bagay la tou lè n jwenn eprèv.