Evènman yo te anonse pou epòk pa nou an
LABIB anonse Wayòm Bondye a pral pote lapè ak kè kontan pou toutan pou moun k ap viv sou tè a (Dànyèl 2:44). Nan priyè Nòtrepè a, Jezi te aprann disip li yo priye konsa : “ Se pou wayòm ou an rive. Se pou volonte w fèt, sou latè menm jan ak nan syèl la ! ” (Matye 6:10, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Nan pwofesi enpòtan Jezi te bay disip li yo sou mòn Olivye a, li te anonse yon seri evènman ak yon seri sitiyasyon byen presi ki t ap gen pou rive imedyatman anvan Wayòm nan vini. Tout bagay sa yo ansanm fòme yon siy tout moun ki gen kè sensè k ap gade sa k ap pase nan monn nan ap kapab wè byen klè. Ou menm pèsonèlman, konbyen ladan yo ou wè k ap reyalize ?
Gè nan tout nasyon. Jezi te anonse : “ Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. ” (Matye 24:7). Anvan Premye Gè mondyal la an 1914, gè ki te konn fèt yo pa t janm gaye sou tout tè a. Men, nonsèlman Premye Gè mondyal la te touche anpil kote sou tè a, men tou, li te pouse lèzòm fabrike yon seri zam ki pi terib pase zam moun te konn itilize anvan. Pa egzanp, yo te itilize avyon, yon bagay yo te fèk envante nan epòk la, pou yo lage bonm sou sivil. Akoz pil kantite zam yo te fè yo, yo te touye yon pakèt moun, e kantite moun ki te mouri a te rive nan yon nivo moun pa t ap janm ka imajine. Prèske mwatye nan 65 milyon sòlda ki te mobilize yo te mouri oswa yo te blese nan gè a. Poutan, nan 20yèm syèk la toujou, plis moun te mouri nan lagè. Gen yon istoryen ki di “ yo pap janm ka konte ” kantite militè ak sivil ki te mouri nan Dezyèm Gè mondyal la. Epoutan, jiska prezan lèzòm kontinye ap fè lagè.
Grangou tout kote. Jezi te anonse : “ Va gen anpil grangou. ” (Matye 24:7). Men sa yon jounal (Science) te di an 2005 : “ Gen 854 milyon moun nan monn nan (anviwon 14 pousan popilasyon mondyal la) ki toujou malnouri oswa ki nan yon eta malnitrisyon ki vrèman grav. ” An 2007, gen yon òganizasyon nan Nasyonzini ki te rapòte gen 33 peyi ki pa gen ase manje pou yo bay moun k ap viv ladan yo. Si monn nan ap pwodui plis manje, ki jan yon bagay konsa fè rive ? Youn nan rezon ki fè sa, se paske yo itilize tè ak manje ki ta ka sèvi pou nouri moun pou yo fè etanòl pou machin. Gen yon jounal (The Witness) ann Afrik disid ki fè konnen “ kantite etanòl ki nesesè pou yo plen tank yon gwo djip se kantite manje yon moun bezwen pou l manje pou yon ane ”. Nan peyi devlope yo tou, pri manje k ap monte oblije anpil moun fè yon chwa ant achte manje pou yo manje a midi ak achte yon seri bagay nesesè, tankou medikaman oswa bagay pou chofe kay yo.
Gwo tranblemanntè. Jezi te di : “ Va gen gwo tranblemanntè. ” (Lik 21:11). Si w gen enpresyon jodi a tranblemanntè frape plis moun pase anvan, ou pa mal panse. Men sa Rajender Chadha, yon espesyalis endyen nan kesyon tranblemanntè, te di an 2007 : “ Vin gen plis tranblemanntè tout kote sou tè a yon sèl kou. ” Sepandan, “ pèsonn pa konn poukisa ”. Anplis, lefètke gen anpil kote popilasyon an ap grandi byen rapid, e gen tranblemanntè ki fèt kote sa yo souvan, sa fè plis moun mouri lè gen dezas sa yo. Selon yon sant ameriken ki fè etid jewolojik (U.S. Geological Survey), akoz tranblemanntè ki te fèt nan Loseyan Endyen an nan ane 2004 la ansanm ak tsunami tranblemanntè sa a te lakòz la, yo di ane sa a se ane kote “ plis moun mouri akoz tranblemanntè depi prèske 500 an ” e se “ dezyèm ane ki gen plis moun mouri ladan l nan tout listwa ”.
Maladi ki difisil pou kontwole. Jezi te anonse : “ Va gen [...] epidemi. ” (Lik 21:11). Nan lemonnantye, gen yon pakèt maladi, kit yo la lontan, kit yo fèk parèt, k ap fè plis moun malad chak jou e li pa fasil pou yo jwenn remèd pou yo. Pa egzanp, anpil nasyon sou tè a vle elimine malaria, men yo oblije fè chanjman nan sa yo te konte akonpli nan sans sa a, paske jiska prezan yo pa ka kontwole maladi sa a. Anplis, maladi ki la lontan yo touye plizyè milyon moun. Pami yo, gen tibèkiloz (TB). Nan tan n ap viv la, li menm ak sida ansanm ak lòt maladi ankò ki fèk parèt ap fè ravaj. Men sa Òganizasyon Mondyal pou Lasante di : “ Yon tyè moun nan popilasyon mondyal la gen mikwòb ki bay tibèkiloz la nan yo menm. ” Li fè remake tou, nan anpil peyi, akoz sida, vin gen plis epidemi tibèkiloz. Chak segonn ki pase, gen yon moun ki vin gen tibèkiloz, e de jou an jou, medikaman yo vin mwens efikas pou konbat jèm maladi sa a. Selon yon jounal (New Scientist), an 2007, yo te dekouvri yon moun ann Ewòp ki gen yon fòm tibèkiloz “ okenn medikaman pa ka geri ”.
Degradasyon moral ak degradasyon sosyal. Jezi te di : “ Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p’ap renmen lòt. ” (Matye 24:12). Apa sa Jezi te anonse a, apot Pòl te fè konnen lèzòm t ap rejte prensip moral yo e yo pa t ap bay relasyon moun ak moun enpòtans. Li te pale de jan moun t apral aji diran yon peryòd yo rele “ dènye jou ” ki t ap vini anvan Wayòm Bondye a ta detwi monn sa a, yon peryòd ki t ap difisil anpil. Men sa l te di : “ Moun pral fè rayisab, y’ap renmen lajan, y’ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y’ap pale Bondye mal, y’ap dezobeyi papa ak manman yo, y’ap engra, y’ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y’ap san pitye, y’ap pale moun mal, y’ap fè gwo kòlè, y’ap brital. Yo p’ap vle wè sa ki byen menm. Y’a mòde an trèt, y’a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y’ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y’ap fè tankou y’ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. ” (2 Timote 3:1-5). Èske w pa wè moun yo gen defo sa yo plis pase lontan ?
Ni Jezi ni Pòl pa t di tout sa ki t ap gen pou pase nan listwa, nan domèn sosyal ak nan domèn politik ki t ap lakòz sitiyasyon sa yo nan monn nan. Sepandan, pwofesi yo te bay yo te anonse egzakteman evènman k ap pase yo ak konpòtman moun yo genyen, jan nou wè sa jodi a. Ki jan lavni ap ye ? Pwofesi Izayi a te anonse yon fason egzak Mesi a t ap vini. Li montre tou Wayòm Bondye a pral fè anpil chanjman sou tè a k ap pwofitab pou nou. Nou pral pale de chanjman sa yo nan atik ki vin apre a.
[Foto nan paj 14]
“ Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. ”
[Foto nan paj 15]
“ Va gen [...] epidemi. ”
[Liy kredi]
© WHO/P. Virot