-
Kesyon lektè yo pozeToudegad etid — 2018 | novanm
-
-
Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te bay apot li yo konsèy pou yo pa chèche gen gwo pozisyon pami kwayan parèy yo. Men sa l te di yo: “Wa nasyon yo domine sou moun yo, e moun ki gen otorite sou yo, yo rele yo ‘papa bon kè’. Men nou menm, nou pa dwe konsa.” — Lik 22:25, 26.
-
-
Kesyon lektè yo pozeToudegad etid — 2018 | novanm
-
-
Donk, ki sa Jezi te vle di lè l te di disip li yo: “Men nou menm, nou pa dwe konsa”? Èske Jezi te vle di pou yo pa fè byen pou lòt moun? Jamè. Sanble sa k te enkyete Jezi se te rezon ki te pouse moun yo fè bon aksyon yo.
Nan epòk Jezi a, moun ki te rich yo te vle moun pale de yo an byen, konsa, yo te konn bay kòb pou òganize espektak ak evènman spò nan stad yo, pou konstwi plas piblik ak tanp e pou soutni lòt aktivite nan menm sans lan. Men, yo te konn fè sa nan objektif pou moun fè lwanj pou yo, pou yo vin popilè oswa pou moun vote pou yo. Men sa yon liv referans fè konnen: “Byenke gen nan moun sa yo ki te sensè lè yo te fè don, souvan se nan enterè politik pa yo yo te fè don sa yo.” Se etadespri sa a Jezi te ankouraje disip li yo pou yo evite, yon etadespri ki montre moun nan gen anbisyon e se enterè l l ap defann.
Kèk ane annapre, apot Pòl te mete aksan sou menm verite sa a, anpalan de enpòtans pou se bon rezon ki pouse nou bay. Men sa l te ekri kwayan parèy li yo ki te nan vil Korent: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Kor. 9:7.
-