Se pou nou pare!
“Se pou nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” — MAT. 24:44.
1, 2. a) Ki evènman Bib la anonse nou kapab konpare ak atak yon tig? b) Ki efè atak sa a ki gen pou fèt la ta dwe gen sou ou?
PANDAN plizyè ane, gen yon mesye selèb ki te konn fè anpil moun kontan ak espektak li te konn bay ak plizyè tig ki soti Bengal li te antrene. Li di: “Lè yon bèt fè w konfyans, ou santi se kòmsi ou te resevwa pi bèl kado yon moun te kapab resevwa nan monn nan.” Men, nan jou ki te 3 oktòb 2003, gen youn nan bèt li yo ki pa t fè l konfyans ankò. Pou yon rezon okenn moun pa konnen, bèt sa a, yon tig blan ki peze 172 kilogram, te atake l. Tig la te atake antrenè a sanzatann. Donk, misye pa t pare pou sa.
2 Li enteresan pou nou remake Bib la pale de atak yon “bèt sovaj”, e li di nou bezwen pare pou atak sa a. (Li Revelasyon 17:15-18.) Kiyès bèt sa a pral atake? Nan yon seri evènman ki pral fè moun sezi, monn Dyab la pral divize. Bèt sovaj ki gen koulè wouj vif la reprezante Nasyonzini, e “dis kòn” yo reprezante tout gouvènman yo. Yo pral fè kò sou Babilòn, gwo vil la, ki tankou yon pwostitye, ki reprezante tout fo relijyon ki sou tè a, e y ap detwi l avèk vyolans. Ki lè sa pral fèt? Nou pa konnen ni jou a ni lè a (Mat. 24:36). Sepandan, nou konnen se ap yon lè nou pa atann e pa gen anpil tan ki rete anvan atak sa a fèt (Mat. 24:44; 1 Kor. 7:29). Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou pare yon fason pou lè atak sa a fèt e lè Kris vin egzekite jijman Jewova yo, li kapab sove nou (Lik 21:28). Pou nou rive pare nan pwen sa a, nou bezwen pran leson nan men kèk sèvitè Bondye ki te fidèl, ki te pare pou yo benefisye pwomès Bondye yo e ki te wè lè Bondye t ap akonpli pwomès li te fè yo. Èske n ap vrèman tire pwofi nan eksperyans moun sa yo?
Se pou nou pare menm jan ak Noye
3. Ki sitiyasyon ki te fè li te difisil pou Noye sèvi Bondye avèk fidelite?
3 Malgre move kondisyon ki te egziste sou tè a nan epòk Noye a, Noye te pare yon fason pou l te ka wè akonplisman pwomès Bondye a. Imajine difikilte Noye te jwenn pandan zanj ki te pran fòm kò moun yo t ap viv sou tè a ak bèl medam yo te genyen yo! Relasyon seksyèl zanj sa yo te genyen ak medam sa yo pa t natirèl, e yo te vin fè pitit, yon bann ‘gason vanyan’ ki te konn sèvi ak kokennchenn fòs yo te genyen pou yo toupizi lòt moun (Jen. 6:4). Imajine ki kantite vyolans ki te genyen lè sa a akoz jeyan sa yo ki t ap simen latwoublay tout kote yo pase. Sa te lakòz mechanste gaye tout kote e panse lèzòm ak konduit yo te vin pa bon menm. Se sa k fè Jewova, Souvren Seyè a, te bay yon dekrè ki te montre monn sa a ki te mechan te antre nan dènye jou l yo. — Li Jenèz 6:3, 5, 11, 12a.
4, 5. Ki jan sitiyasyon an jodi a sanble ak sitiyasyon epòk Noye a?
4 Jezi te fè konnen sitiyasyon ki t ap egziste nan epòk pa nou an t ap sanble ak sitiyasyon ki te egziste nan epòk Noye a (Mat. 24:37). Pa egzanp, nan epòk pa nou an, nou wè espri mechan yo ap bay pwoblèm (Rev. 12:7-9, 12). Se menm zanj mechan sa yo ki te pran fòm kò moun nan epòk Noye a. Byenke yo pa ka pran fòm kò moun ankò, yo fè tout sa yo kapab pou yo kontwole granmoun kou timoun. Byenke pifò moun pa konn sa, zanj sa yo renmen zak seksyèl ki sal e yo pran plezi nan mechanste ak vye aksyon moun yo kòwonp yo ap fè sou tè a. — Efe. 6:11, 12.
5 Nan Pawòl Bondye a, yo pale de Dyab la antanke yon “asasen” e yo di li se sila ki “gen mwayen pou l lakòz lanmò a”. (Jan 8:44; Ebre 2:14.) Sepandan, pouvwa l genyen an pa pèmèt li touye moun jan l pito. Malgre sa, espri sa a ki mechan twonpe moun e li sedui yo pou yo fè sa k pa sa. Li fè moun gen ide nan kè yo pou yo touye moun. Ozetazini, sou chak 142 moun ki fèt, y ap asasinen youn ladan yo. Lè w rann ou kont jan vyolans gaye toupatou, èske w pa panse Jewova wè sa menm jan li te wè sa nan epòk Noye a? Èske w panse Jewova ap rete san l pa fè anyen?
6, 7. Ki jan Noye ak fanmi l te montre yo gen lafwa ak krentif pou Bondye?
6 Lè moman an te rive, Bondye te fè Noye konnen li te pran desizyon pou l fè yon delij tonbe sou tè a pou l detwi tout sa k ap viv sou li (Jen. 6:13, 17). Jewova te bay Noye enstriksyon pou l bati yon lach ki gen fòm yon gwo bwat. Annapre, Noye ak fanmi l te kòmanse travay la. Ki sa ki te ede yo obeyi Bondye e ki te ede yo pou yo pare lè Bondye t apral egzekite jijman l lan?
7 Noye ak fanmi l te obeyi kòmandman Bondye yo paske lafwa yo te solid e yo te gen krentif pou Bondye (Jen. 6:22; Ebre 11:7). Antanke chèf fanmi, Noye te rete veyatif yon fason pou monn ansyen sa a pa t kòwonp relasyon l ak Jewova (Jen. 6:9). Li te konnen fanmi l tou te bezwen veye pou yo pa vin vyolan menm jan ak moun nan epòk la e pou yo pa vin awogan menm jan ak yo. Sa te enpòtan pou yo pa kite aktivite y ap mennen chak jou pran tout tan yo. Bondye te bay Noye ak fanmi l yon travay pou yo fè e li te enpòtan pou yo tout te bay travay sa a premye plas nan lavi yo. — Li Jenèz 6:14, 18.
Noye ak fanmi l te pare
8. Ki sa ki montre fanmi Noye te atache ak Bondye?
8 Nan Bib la, yo plis konsantre sou Noye antanke chèf fanmi, men, madanm Noye, pitit gason l yo ak bèlfi l yo t ap adore Jewova tou. Pwofèt Ezekyèl te montre sa. Li te di si Noye t ap viv nan epòk Ezekyèl la, se pa paske Noye te jis ki fè pitit li yo t ap sove, etandone yo te gen laj pou yo chwazi si y ap obeyi Bondye oswa si yo pap obeyi l. Se sa k fè nou kapab di yo te bay prèv yo te renmen Bondye e yo te renmen lwa l yo (Eze. 14:19, 20). Fanmi Noye te suiv enstriksyon Noye te ba yo, yo te gen lafwa menm jan ak li e yo pa t kite lòt moun anpeche yo fè travay Bondye te ba yo fè a.
9. Ki moun nan epòk nou an ki montre yo gen lafwa menm jan ak Noye?
9 Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou nou wè gen yon pakèt chèf fanmi nan òganizasyon nou an ki fè tout sa yo kapab pou yo imite Noye! Yo rann yo kont sa pa sifi pou yo annik bay fanmi yo manje, rad, kote pou yo dòmi ak edikasyon, men li nesesè tou pou yo pran swen yo nan domèn espirityèl. Lè chèf fanmi yo fè sa, yo montre yo pare pou sa Jewova gen pou l fè talè konsa a.
10, 11. a) Pandan Noye ak fanmi l te anndan lach la, ki jan yo dwe te santi yo? b) Ki kesyon l ap bon pou nou poze tèt nou?
10 Li posib pou Noye, madanm li, pitit li yo ak bèlfi l yo te pran anviwon 50 ane pou yo bati lach la. Pandan yo t ap bati lach la, se sèten yo te antre soti ladan l plizyè santèn fwa. Yo te fè lach la yon fason pou dlo pa t antre ladan l, yo te stoke manje ladan l e yo te fè bèt yo antre ladan l. Imajine lè jou a te resi rive pou yo antre nan lach la! Sa te fèt nan ane 2370 anvan epòk nou an, nan disetyèm jou nan dezyèm mwa a. Lè sa a, Jewova fèmen pòt lach la, epi apre sa lapli kòmanse tonbe. Se pa t senpleman yon gwo lapli ki te tonbe nan yon zòn sou tè a. Men, syèl la te ouvè e tout dlo ki te anlè a tonbe sou fòm lapli e lapli a t ap frape lach la (Jen. 7:11, 16). Pandan moun ki te deyò lach la t ap mouri, moun ki te anndan yo yo menm te kè kal. Ki santiman fanmi Noye dwe te genyen? Se sèten yo dwe te gen Bondye anpil rekonesans. Siman yo t ap di tèt yo: ‘Bondye fè nou te mache ansanm ak vrè Dye a e nou te pare pou moman sa a!’ (Jen. 6:9). Èske w imajine tèt ou apre Amagedòn, e jan w pral santi w gen rekonesans menm jan an?
11 Pa gen anyen ki kapab anpeche Toupisan an respekte pwomès li te fè pou l met fen nan monn Satan an. Poze tèt ou kesyon sa yo: Èske m gen yon konfyans total tout pwomès Bondye yo ap reyalize nèt lè lè a rive?’ Si w gen konfyans sa a e w kenbe “jou Jewova a” nan lespri w, w ap montre ou pare. — 2 Pyè 3:12.
Moyiz te rete veyatif
12. Ki sa ki te kapab detounen Moyiz pou l pa sèvi Bondye?
12 Ann pran yon lòt egzanp. Pou anpil moun, Moyiz te nan yon pozisyon kote li te jwenn anpil avantaj ann Ejip. Pitit fi Farawon an te adopte l, e se sèten yo te respekte l anpil. Li te konn manje bon manje, li te konn abiye ak bèl rad e li t ap viv nan liks. Li te resevwa yon gwo fòmasyon. (Li Travay 7:20-22.) Petèt li te gen pou l resevwa yon gwo eritaj.
13. Ki sa ki te pèmèt Moyiz rete konsantre sou pwomès Bondye yo?
13 Sanble fòmasyon Moyiz te resevwa, depi l toupiti, nan men paran l yo ki te Izrayelit, te ede l konprann sa pa t ap fè sans pou l ta adore zidòl menm jan ak Ejipsyen yo (Egz. 32:8). Sistèm edikasyon peyi Ejip la ak bèl bagay wa ejipsyen an te gen lakay li pa t fè Moyiz vire do bay vrè adorasyon an. Siman li te reflechi anpil sou pwomès Bondye te fè zansèt li yo e li te vrèman anvi pare tèt li pou l fè volonte Bondye. Dayè, Moyiz te di pitit Izrayèl yo: “Senyè a, [...] Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m bò kote nou.” — Li Egzòd 3:15-17.
14. Ki sa ki te teste lafwa Moyiz ak kouraj li?
14 Kontrèman ak zidòl ki te reprezante dye ejipsyen yo ki te san vi, Jewova, vrè Dye a, vivan e li te reyèl pou Moyiz. Moyiz te mennen vi l “kòmsi li te wè Sila a ki envizib la”. Moyiz te gen konfyans Bondye t ap libere pèp li a, men li pa t konnen ki lè sa t ap fèt (Ebre 11:24, 25, 27). Li te vrèman anvi wè moman kote Juif yo t ap jwenn libète yo. Se sa k fè lè te gen yon Ejipsyen ki t ap maltrete yon Izrayelit, li te defann Izrayelit la (Egz. 2:11, 12). Sepandan, lè a potko rive pou Jewova fè sa, se sa k fè li te oblije al ann egzil nan yon peyi ki te lwen Ejip. Se sèten sa te difisil pou l viv nan yon dezè, paske anvan sa, li t ap viv nan yon bèl anviwònman lakay wa nan Ejip la. Men, Moyiz te pare paske li te kontinye suiv tout enstriksyon Jewova te ba li. Konsa, menm apre li te fin pase 40 an Madyàn, Bondye te kapab sèvi avè l pou l libere frè l yo. Lè Bondye te mande Moyiz pou l retounen ann Ejip, Moyiz te obeyi l. Lè a te rive pou Moyiz fè yon travay Bondye te ba l fè e pou l te fè travay la jan Bondye te vle a (Egz. 3:2, 7, 8, 10). “Moyiz te gen plis imilite lontan pase tout moun ki te sou tout kò tè a.” (Nonb 12:3, NW). Lè l tounen ann Ejip, li te bezwen gen lafwa ak kouraj pou l parèt devan Farawon. Li pa t fè sa yon fwa sèlman, men se plizyè fwa li te fè sa ofiramezi Bondye t ap lage flewo yo sou Ejipsyen yo. Chak fwa li te parèt devan Farawon, li pa t konnen konbyen fwa li t ap oblije fè sa ankò.
15. Malgre Moyiz te jwenn sitiyasyon ki te dekouraje l, ki sa ki te pouse l chèche okazyon pou l onore Papa l ki nan syèl la?
15 Apre sa, pandan 40 an, kòmanse an 1513 anvan epòk nou an pou rive an 1473 anvan epòk nou an, Moyiz te jwenn sitiyasyon ki te dekouraje l. Sepandan, li te toujou chèche okazyon pou l onore Jewova e li te ankouraje lòt Izrayelit yo pou yo fè sa tou (Det. 31:1-8). Poukisa? Se paske li te bay renome Jewova ak souvrènte l plis enpòtans pase pwòp renome pa l (Egz. 32:10-13; Nonb 14:11-16). Menmsi nou jwenn sitiyasyon ki fè nou desi oswa ki dekouraje nou, nou menm tou nou bezwen kontinye soutni souvrènte Jewova piske nou gen konfyans fason l fè bagay yo pi saj, yo pi jis e yo pi bon pase fason lèzòm fè bagay yo (Iza. 55:8-11; Jer. 10:23). E ou menm, èske w fè Jewova konfyans nan sans sa a?
Rete je klè!
16, 17. Ki sa k fè pawòl ki nan Mak 13:35-37 yo gen anpil sans pou nou?
16 “Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive.” (Mak 13:33). Jezi te bay avètisman sa a lè l t ap pale de siy ki t ap montre monn mechan sa a prèt pou rive nan bout li. Gade dènye pawòl Jezi te di nan pwofesi sa a dapre Evanjil Mak la: “Kontinye veye, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap vini, si se byen ta nan jou a, si se a minui, si se avanjou oubyen si se granmmaten, dekwa pou lè l rive sanzatann, li pa jwenn nou ap dòmi. Men, sa m di nou la a, se tout moun mwen di l: Kontinye veye.” — Mak 13:35-37.
17 Konsèy Jezi te bay la ta dwe fè nou reflechi. Li te pale de kat vèy ki gen nan yon nuit. Nan dènye vèy la, li difisil pou moun rete je klè paske vèy sa a kòmanse a twazè dimaten pou jiskaske solèy leve. Moun ki maton nan fè lagè rekonèt moman sa a se pi bon moman pou yon moun atake ènmi l, paske, gen anpil chans pou ènmi an ap “dòmi” lè sa a. Menm jan an tou, piske nan moman n ap viv la monn nan ap dòmi nèt nan domèn espirityèl, li ka pi difisil pou nou nan moman sa a pou n rete je klè. Èske nou pa wè li nesesè pou nou “rete je klè” e pou nou “kontinye veye” yon fason pou nou ka wè lafen an e pou nou ka jwenn delivrans nou?
18. Antanke Temwen Jewova, ki privilèj nou genyen ki vrèman gen anpil valè?
18 Mesye ki antrene bèt nou te pale de li nan kòmansman atik la pa t mouri lè tig ki soti Bengal la te atake l. Sepandan, pwofesi ki nan Bib la montre aklè fo relijyon ak rès monn sa a ki mechan ap detwi san mank lè lafen an vini (Rev. 18:4-8). Nou espere tout sèvitè Bondye yo, kit yo jèn, kit yo granmoun, ap konprann li enpòtan pou yo fè tout sa yo kapab pou yo pare pou jou Jewova a menm jan ak Noye ak fanmi l. N ap viv nan yon monn ki pa gen respè pou Bondye, kote anseyan nan fo relijyon yo, moun ki kwè li enposib pou yon moun konnen si wi ou non Bondye egziste, ansanm ak moun ki pa kwè nan Bondye menm yo ap pase Kreyatè a nan rizib nan fason yo pale. Men, malè pou nou si nou kite yo enfliyanse nou! Pinga nou janm bliye egzanp nou sot egzamine yo e annou chèche okazyon pou nou defann Jewova, “Dye tout dye” yo, wi, “Bondye ki gran, ki gen fòs e ki merite pou moun krenn li” an! — Det. 10:17, NW.
[Nòt anba paj]
a Pou plis enfòmasyon konsènan ‘sanventan’ ki mansyone nan Jenèz 6:3 a, gade Toudegad 15 desanm 2010, paj 30.
Èske nou sonje?
• Poukisa li te enpòtan pou Noye bay relasyon fanmi l genyen ak Jewova priyorite?
• Nan ki sans epòk pa nou an sanble ak epòk Noye a?
• Malgre Moyiz te rankontre kèk sitiyasyon ki te fè l desi, ki sa k te ede l kenbe pwomès Jewova yo nan lespri l?
• Ki pwofesi nan Bib la ki ankouraje w rete je klè nan domèn espirityèl?
[Foto nan paj 25]
Noye ak fanmi l te rete konsantre sou travay Jewova a.
[Foto nan paj 26]
Piske Moyiz te reflechi sou pwomès Bondye yo ki sèten, sa te ede l kontinye veye.