CHAPIT 12
“ Li pa t pale avèk yo san l pa pran egzanp ”
1-3. a) Ki privilèj ki pa fasil pou moun jwenn disip k ap vwayaje ansanm ak Jezi yo genyen, e ki jan Jezi fè li vin pi fasil pou yo sonje sa l ap anseye yo a ? b) Poukisa egzanp ki efikas yo fasil pou moun sonje ?
DISIP k ap vwayaje ansanm ak Jezi yo gen yon privilèj moun pa jwenn fasil. Se dirèkteman nan men gran Anseyan an y ap aprann. Yo gen posiblite tande vwa l pandan l ap esplike yo Pawòl Bondye a e pandan l ap anseye yo verite ki pasyonan. Annatandan, yo dwe kenbe pawòl presye sa yo nan lespri yo ak nan kè yo. Moman an poko rive pou yo prezève pawòl li yo alekria. Sepandan, Jezi fè li vin pi fasil pou yo sonje sa l ap anseye yo a. Ki jan l fè sa ? Se nan fason l anseye, an patikilye ladrès li genyen nan sèvi ak egzanp.
2 Vrèmanvre, li pa fasil pou moun bliye egzanp ki efikas. Gen yon ekriven ki fè konnen egzanp yo “ fè zòrèy tounen je ”, e yo “ bay moun k ap koute yo posiblite pou yo reflechi sou baz imaj ”. Piske byen souvan, nou pi byen reflechi pa mwayen imaj, egzanp yo kapab menm fè ide ki abstrè vin pi fasil pou moun konprann. Yo kapab rann mo yo vivan e yo ka anseye nou leson ki ret grave nan memwa nou.
3 Pa janm gen yon anseyan sou tè a ki pi maton pase Jezi nan pran egzanp. Jis jodi a, egzanp li yo fasil pou moun sonje. Poukisa Jezi sèvi ak metòd ansèyman sa a anpil ? Ki sa k te fè egzanp li yo efikas konsa ? Ki jan nou ka aprann sèvi ak metòd ansèyman sa a ?
Rezon ki fè Jezi te konn anseye pa mwayen egzanp
4, 5. Poukisa Jezi te konn sèvi ak egzanp ?
4 Labib bay de rezon enpòtan ki fè Jezi te konn sèvi ak egzanp. Premyèman, lè l fè sa, sa akonpli yon pwofesi. Matye 13:34, 35 fè nou konnen ‘ Jezi te konn pale ak foul moun yo pa mwayen egzanp. Vrèmanvre, li pa t pale avèk yo san l pa pran egzanp, pou sa ki te di pa mwayen pwofèt la te ka akonpli, lè l te di : “ M ap ouvri bouch mwen ak egzanp. ” ’ Pwofèt Matye mansyone a se te ekriven Sòm 78:2 a. Salmis sa a te ekri sòm li an anba enspirasyon lespri Bondye plizyè syèk anvan nesans Jezi. Reflechi sou sa sa vle di. Plizyè santèn ane alavans, Jewova te gentan deside Mesi a t ava anseye pa mwayen egzanp. Konsa, se sèten Jewova bay metòd ansèyman sa a anpil enpòtans.
5 Dezyèmman, Jezi te esplike li te konn sèvi ak egzanp pou l mete moun kè yo “ vin ensansib ” yo apa (Matye 13:10-15 ; Izayi 6:9, 10). Ki jan egzanp li yo te devwale entansyon moun yo ? Gende lè, li te konn vle pou moun k ap koute l yo mande l yon esplikasyon pou yo ka vin gen yon konpreyansyon konplè sou pawòl li yo. Moun ki te gen imilite lakay yo te dispoze poze kesyon, tandiske moun ki te gen ògèy lakay yo oswa moun ki te endiferan yo pa t dispoze fè sa (Matye 13:36 ; Mak 4:34). Konsa, egzanp Jezi yo te revele laverite bay moun ki te swaf laverite nan kè yo. Anmenmtan tou, egzanp li yo te kache laverite pou moun ki te gen ògèy nan kè yo.
6. Nan ki bon objektif Jezi te konn sèvi ak egzanp ?
6 Egzanp Jezi yo te atenn plizyè lòt objektif ki pwofitab. Yo te konn eveye enterè moun yo, sa ki te konn pouse yo koute. Yo te konn dekri imaj mantal ki te fasil pou moun konprann. E jan nou te fè remak la nan kòmansman chapit la, egzanp Jezi yo te ede moun k ap koute l yo pou yo sonje pawòl li yo. Sèmon sou montay la, jan sa rapòte nan Matye 5:3–7:27, montre yon fason estrawòdinè kòman Jezi te konn sèvi anpil ak egzanp. Selon yon kalkil ki fèt, sèmon sa a gen plis pase 50 egzanp ladan l. Pou nou konprann sa sa vle di, li bon pou nou sonje yon moun ta ka li sèmon sa a awotvwa nan anviwon 20 minit. A vitès sa a, se chak 20 segonn an mwayèn moun sa a t ap dekri yon egzanp ! Sa klè, Jezi te wè enpòtans pou l sèvi ak egzanp !
7. Poukisa li bon pou nou imite fason Jezi te konn sèvi ak egzanp ?
7 Antanke moun k ap suiv Kris, nou vle imite fason l te konn anseye, san wete fason l te konn sèvi ak egzanp. Menm jan epis fè yon manje pi apetisan, konsa tou egzanp ki efikas kapab rann ansèyman nou yo pi atiran pou lòt moun. Epitou, egzanp ki byen chwazi kapab fè verite ki enpòtan yo vin pi fasil pou moun kapte. Kounye a, annou egzamine kèk nan pwen ki te fè egzanp Jezi yo efikas konsa. Sa pral fè nou wè ki jan nou ka byen sèvi ak metòd ansèyman enpòtan sa a.
Li te konn sèvi ak konparezon ki senp
8, 9. Ki jan Jezi te konn sèvi ak konparezon ki senp, e ki sa k fè konparezon l te konn itilize yo te efikas konsa ?
8 Lè Jezi te konn anseye, byen souvan li te konn sèvi ak konparezon ki pa t konplike, ki pa t mande yon pakèt pawòl. Epoutan, mo senp li yo te dekri imaj mantal ki vivan, e yo te anseye verite espirityèl ki enpòtan yon fason klè. Pa egzanp, lè Jezi t ap ankouraje disip li yo pou yo pa enkyete yo pou bezwen yo genyen chak jou, li te konpare sitiyasyon yo ak “ zwazo nan syèl la ” e ak “ lis ki nan savann yo ”. Zwazo yo pa ni simen, ni rekòlte, e lis yo nonplis pa ni travay di ni yo pa fè fil. Epoutan, Bondye pran swen yo. Li pa difisil pou nou tire konklizyon an : si Bondye pran swen zwazo ak flè, san mank, l ap pran swen moun ki “ kontinye chèche wayòm nan [...] an premye ”. — Matye 6:26, 28-33.
9 Epitou, Jezi te sèvi anpil ak metafò ki gen plis fòs toujou pase konparezon. Yon metafò pale de yon bagay kòmsi l te yon lòt bagay. La ankò, Jezi te kenbe konparezon yo senp. Nan yon okazyon, Jezi te di disip li yo : “ Nou se limyè monn nan. ” Li t ap difisil pou disip yo pa t byen konprann sans metafò sa a, sa vle di pa mwayen pawòl yo ak aksyon yo, yo t ap kapab kite limyè espirityèl laverite a briye, e yo t ap kapab ede lòt moun bay Bondye glwa (Matye 5:14-16). Note kèk lòt metafò Jezi te itilize : “ Nou se sèl tè a ” e “ Mwen se pye rezen an, nou se branch yo ”. (Matye 5:13 ; Jan 15:5.) Imaj konsa pisan nan senplisite yo.
10. Bay kèk fason nou ka sèvi ak egzanp nan ansèyman nou.
10 Ki jan w ka sèvi ak egzanp nan ansèyman w ap bay ? Ou pa bezwen imajine istwa ki long, ki konplike. Jis eseye reflechi sou kèk konparezon ki senp. Imajine w ap pale de kesyon rezirèksyon an e ou vle bay yon egzanp pou w montre leve mò pa yon pwoblèm pou Jewova. Ki konparezon ki vin nan lespri w ? Bib la sèvi ak somèy kòm yon metafò pou l pale de lanmò. Ou ta gendwa di : “ Bondye ka resisite mò yo byen fasil, menm jan nou ka leve yon moun k ap dòmi. ” (Jan 11:11-14). Imajine w vle pran yon egzanp pou w montre nesesite pou timoun yo jwenn lanmou ak afeksyon pou yo ka byen devlope. Ki egzanp ou ta ka itilize ? Bib la sèvi ak konparezon sa a : Timoun yo “ tankou plan pye oliv [ki fèk ap pouse] ”. (Sòm 128:3.) Ou ta ka di : “ Lanmou ak afeksyon esansyèl pou yon timoun, menm jan solèy ak dlo esansyèl pou yon pyebwa. ” Plis konparezon an senp, se plis l ap fasil pou moun k ap koute w yo konprann.
Li te konn pran egzanp nan lavi moun ap mennen chak jou
11. Bay kèk sitiyasyon ki montre ki jan egzanp Jezi yo te reflete bagay sandout li te konn obsève pandan l t ap grandi nan Galile.
11 Jezi se te yon mèt nan sèvi ak egzanp ki gen rapò ak lavi moun. Anpil nan egzanp li yo te reflete sitiyasyon moun yo rankontre chak jou, sitiyasyon sandout li te konn obsève pandan l t ap grandi an Galile. Fè yon ti reflechi pandan yon moman sou lè l te pi jèn. Konbyen fwa li te konn wè manman l k ap moulen sereyal fè yo tounen farin, k ap ajoute ledven nan yon pat, k ap limen yon lanp oswa k ap bale kay (Matye 13:33 ; 24:41 ; Lik 15:8) ? Konbyen fwa li te konn obsève pechè pwason yo etan y ap lage filè yo nan lanmè Galile (Matye 13:47) ? Konbyen fwa li te konn obsève timoun yo k ap jwe nan mache (Matye 11:16) ? Sandout, Jezi te konn obsève lòt sitiyasyon moun abitye viv ki mansyone nan pakèt egzanp li pran yo, tankou moun k ap simen semans, resepsyon maryaj ki fèt nan lajwa, ak grenn k ap mi sou pye nan solèy. — Matye 13:3-8 ; 25:1-12 ; Mak 4:26-29.
12, 13. Poukisa li enteresan dèske Jezi itilize wout ki “ sot Jerizalèm al Jeriko ” a pou l fè mesaj li a pase nan parabòl sou bon Samariten an ?
12 Nan egzanp Jezi te bay yo, li te mansyone yon seri detay moun ki t ap koute l yo te byen konnen. Pa egzanp, li kòmanse parabòl bon Samariten an konsa : “ Gen yon mesye ki t ap desann sot Jerizalèm al Jeriko e li tonbe nan mitan vòlè. Yo pran tout sa l te genyen, yo benyen l ak kou, [...] yo kite l twaka mò. ” (Lik 10:30). Li enteresan pou nou note Jezi te pale de wout ki soti “ Jerizalèm al Jeriko ” pou l fè mesaj li a pase. Lè li t ap bay parabòl sa a, se nan Jide l te ye, li pa t lwen Jerizalèm, donk, siman moun ki t ap koute l yo te konnen wout li t ap pale a. Yo te konnen wout sa a danjere, sitou pou yon moun ki ta vwayaje poukont li. Se yon wout ki te vire an “ S ” atravè yon seri teren ki izole e kote l te fasil pou vòlè maske kò yo.
13 Jezi te bay lòt detay anrapò ak wout ki soti “ Jerizalèm al Jeriko ” a, detay moun yo abitye avèk yo. Selon parabòl la, toudabò gen yon prèt e ansuit gen yon Levit ki t ap vwayaje sou menm wout sa a, men ni youn ni lòt pa t kanpe pou yo ede viktim nan (Lik 10:31, 32). Prèt yo te konn sèvi nan tanp Jerizalèm nan e Levit yo te konn ede yo. Anpil prèt ak Levit te abite Jeriko lè yo pa t ap travay nan tanp lan, e distans Jeriko ak Jerizalèm se te sèlman 23 kilomèt. Donk, ou te kapab wè prèt ak Levit sou wout sa a. N ap remake tou, Jezi te pale de vwayajè a ki t ap “ desann ” — li pa di li t ap monte — “ sot Jerizalèm ”. Sa te fè sans pou moun ki t ap koute l yo piske Jerizalèm te pi wo pase Jeriko. Kidonk, lè yon moun ap vwayaje “ sot Jerizalèm ”, vrèmanvre, se “ desann ” pou l ta desannb. Se sèten, Jezi te panse ak moun k ap koute l yo.
14. Lè n ap sèvi ak egzanp, ki jan nou ka panse ak moun k ap koute nou yo ?
14 Nou menm tou, lè n ap sèvi ak egzanp, nou bezwen panse ak moun k ap koute nou yo. Ki bagay konsènan moun k ap koute nou yo ki ta kapab gen yon efè sou chwa egzanp nou yo ? Petèt nou ka pran an konsiderasyon yon seri bagay tankou laj yo, orijin kiltirèl yo oswa orijin familyal yo ak okipasyon yo. Pa egzanp, li pi apwopriye pou nou itilize detay sou moun k ap fè jaden nan yon zòn kote yo travay tè olye nou fè sa nan yon gran vil. Lavi moun k ap koute nou yo ap mennen chak jou ansanm ak aktivite yo, tankou pitit yo, kay yo, pastan yo, manje yo, kapab sèvi tou kòm baz pou egzanp ki apwopriye.
Li te konn pran egzanp ki soti nan kreyasyon an
15. Poukisa nou pa ta dwe etone lefètke Jezi te gen yon konesans pwofon sou kreyasyon an ?
15 Anpil nan egzanp Jezi te konn pran yo revele konesans li te genyen sou lanati, sa ki gen ladan l plant yo, bèt yo ak klima a (Matye 16:2, 3 ; Lik 12:24, 27). Ki kote l te jwenn konesans sa a ? Etan l t ap grandi nan Galile, sandout, li te gen anpil posiblite pou l obsève kreyasyon an. Yon lòt bagay ki pi enpòtan pou nou sonje, Jezi te “ fèt an premye nan tout kreyasyon an ”, e lè Jewova t ap kreye tout bagay, Jewova te sèvi avè l kòm “ ouvriye abil ”. (Kolosyen 1:15, 16 ; Pwovèb 8:30, 31.) Èske sa ta dwe etone nou lefètke Jezi te gen yon konesans pwofon sou kreyasyon an ? Annou wè ki jan li te itilize konesans sa a avèk ladrès.
16, 17. a) Ki sa k montre Jezi te byen abitye avèk konpòtman mouton yo ? b) Ki eksperyans ki montre vrèmanvre, mouton yo koute vwa bèje yo a ?
16 Li bon pou nou sonje Jezi te idantifye tèt li antanke “ ekselan bèje a ” e li te idantifye moun k ap suiv li yo kòm “ mouton yo ”. Pawòl Jezi yo endike li te byen konnen konpòtman mouton moun te konn gade. Li te konnen te gen yon lyen eksepsyonèl ant bèje yo ak mouton pa yo. Li te remake kreyati sa yo, ki fè moun konfyans, te konn kite moun mennen yo fasilman e yo te konn suiv bèje yo fidèlman. Poukisa mouton yo suiv bèje yo a ? Jezi di : “ Paske yo konn vwa l. ” (Jan 10:2-4, 11). Èske se vre mouton yo konnen vwa bèje yo a ?
17 Men sa George A. Smith te ekri, apati obsèvasyon pèsonèl li fè, nan liv li a ki rele Jeyografi istorik Tè Sakre a (anglè) : “ Gen kèk fwa nou pwofite repo nou pran a midi bò kote youn nan pi jideyen yo, kote twa oswa kat bèje konn mennen twoupo yo. Twoupo yo melanje youn ak lòt, e nou t ap mande tèt nou ki jan chak bèje t apral kapab rejwenn twoupo l annapre. Men, apre bèt yo fin bwè dlo ansanm e yo fin jwe, bèje yo monte youn pa youn nan kèk zòn arebò vale a, e yo chak rele nan fason espesyal pa yo, e mouton chak bèje kite foul bèt yo pou yo vin jwenn bèje pa yo e twoupo yo deplase ale annòd, menm jan yo te vini an. ” Se pa fasil pou Jezi ta jwenn yon pi bon egzanp pou l fè pwen l te vle fè soti a soti. Men pwen an : si nou rekonèt ansèyman li ban nou e nou obeyi yo, e si nou suiv direksyon l ban nou, lè sa a, nou ka vin anba pwoteksyon “ ekselan bèje a ”.
18. Ki kote nou ka jwenn enfòmasyon sou kreyasyon Jewova yo ?
18 Ki jan nou ka aprann sèvi ak egzanp ki soti nan kreyasyon an ? Konpòtman espesyal bèt yo kapab sèvi kòm baz pou nou jwenn konparezon ki senp, men ki efikas. Ki kote nou ka jwenn enfòmasyon konsènan kreyasyon Jewova yo ? Bib la se yon sous konesans ki laj sou yon seri bèt, e detanzantan, li sèvi ak konpòtman bèt yo pou l bay yon egzanp. Bib la sèvi ak gazèl oswa ak leyopa pou l dekri yon moun ki rapid, li pale de moun ki pridan tankou sèpan, e ki inosan tankou pijonc (1 Kwonik 12:8 ; Abakouk 1:8 ; Matye 10:16). Kòm lòt sous enfòmasyon ki valab, nou gen Toudegad, Réveillez-vous ! ak lòt piblikasyon Temwen Jewova yo pwodui. Ou ka aprann anpil lè w suiv jan piblikasyon sa yo sèvi ak konparezon ki senp ki soti nan pakèt kreyasyon Jewova fè ki se yon mèvèy.
Li te konn pran egzanp moun yo abitye avèk yo
19, 20. a) Pou Jezi te kapab devwale yon fo kwayans, ki jan l te sèvi yon fason efikas ak yon evènman ki te sot pase ? b) Kòman, nan ansèyman nou, nou ka sèvi ak eksperyans moun viv toutbonvre nan lavi yo ?
19 Egzanp ki efikas yo gendwa se eksperyans reyèl ki rive moun nan lavi a. Nan yon okazyon, Jezi te sèvi avèk yon evènman ki te sot pase pou l demontre kwayans ki fè konnen malè tonbe sou moun paske yo merite l la, se yon kwayans ki fo. Li te di : “ Dizuit moun sa yo, tou Silowam nan te tonbe sou yo e li te tou touye yo a, èske nou panse yo te pi koupab [pechè] pase tout lòt moun ki abite Jerizalèm yo ? ” (Lik 13:4). An reyalite, 18 nanm sa yo pa t peri akoz kèk peche yo te fè ki fè Bondye fache. Okontrè, lanmò trajik yo a, se te rezilta “ tan ak evènman enprevi ”. (Eklezyas 9:11.) Konsa, Jezi te demanti yon fo ansèyman etan li fè referans ak yon evènman moun ki t ap koute l yo te byen konnen.
20 Kòman, nan ansèyman nou, nou ka sèvi ak eksperyans moun viv toutbonvre nan lavi yo ? Imajine w ap pale de akonplisman pwofesi Jezi ki konsène siy prezans li a (Matye 24:3-14). Ou ta ka fè referans ak evènman resan sou lagè, sou grangou, oswa sou tranblemanntè pou w montre jan kèk aspè presi nan siy lan ap akonpli. Oswa, imajine ou vle sèvi ak yon eksperyans pou w montre chanjman sa mande pou yon moun abiye l ak nouvo pèsonalite a (Efezyen 4:20-24). Ki kote ou kapab jwenn yon eksperyans konsa ? Ou ta kapab reflechi sou lavi kwayan parèy ou yo, oswa ou ta ka sèvi ak yon eksperyans ou jwenn nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
21. Ki rekonpans yon moun ap jwenn dèske l anseye Pawòl Bondye a yon fason efikas ?
21 Vrèmanvre, Jezi se te Mèt Anseyan an ! Jan nou te wè l nan seksyon sa a, ‘ anseye e preche bon nouvèl wayòm nan ’ se travay ki te pi enpòtan nan lavi l (Matye 4:23). Se travay ki pi enpòtan nan lavi pa nou tou. Rekonpans yon moun jwenn dèske li se yon anseyan ki efikas, se gwo zafè. Lè n ap anseye, nou bay lòt moun, e bay nou bay konsa a pote kè kontan (Travay 20:35). E kè kontan sa a se lajwa nou genyen dèske nou konnen n ap bay moun yo yon bagay ki gen bonjan valè k ap dire : laverite konsènan Jewova. Epitou, nou kapab gen satisfaksyon dèske nou konnen n ap suiv egzanp Jezi, pi gran Anseyan ki te pase sou tè a.
a Aparamman, Evanjil Matye a se premye istwa enspire sou lavi Jezi sou tè a, e Matye te ekri l anviwon uitan apre lanmò Jezi.
b Epitou Jezi te di prèt la avèk Levit la t ap “ sot Jerizalèm ”, kidonk yo t ap kite tanp lan. Konsa, pèsonn pa ta ka jistifye endiferans yo a pou yo ta di yo t ap evite mesye a, ki te tankou yon moun ki mouri, paske yo pa t vle vin endiy pandan yon moman pou yo pa t ka sèvi nan tanp lan. — Levitik 21:1 ; Nonb 19:16.
c Pou nou jwenn yon lis ki pi konplè sou fason Labib sèvi ak konpòtman bèt yo nan yon sans senbolik, al gade nan liv Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 306, 308. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.