CHAPIT 12
“M ap fè yo tounen yon sèl nasyon”
IDE KLE: Jewova pwomèt l ap rasanble pèp li a epi pwofesi konsènan de bout bwa yo.
1, 2. a) Ki sa k te ka fè moun ki te ann egzil yo pè? b) Ki sa k t apral fè yo sezi? c) Ki kesyon nou pral egzamine?
ANBA direksyon Bondye, Ezekyèl te fè aksyon ki klè pou l bay moun ki te ann egzil nan Babilòn yo yon seri pwofesi. Ni premye pwofesi Ezekyèl te jwe sèn li an, ni dezyèm nan ni twazyèm nan ak tout lòt yo te gen yon mesaj jijman ladan yo (Eze. 3:24-26; 4:1-7; 5:1; 12:3-6). Anfèt, tout pwofesi li te jwe sèn yo te gen gwo mesaj jijman kont Juif yo.
2 Donk, ou ka imajine jan moun ki te ann egzil yo te pè lè yo wè Ezekyèl ki vin kanpe devan yo ankò, ki tou pare pou l jwe yon lòt sèn konsènan yon lòt pwofesi. Yo dwe t ap mande tèt yo ki vye mesaj yo t ap jwenn fwa sa a. Men, yo t apral sezi. Pwofesi Ezekyèl te kòmanse jwe sèn li an te vrèman diferan. Pwofesi sa a pa t gen yon mesaj jijman, men l te gen yon bèl pwomès (Eze. 37:23). Ki mesaj Ezekyèl te gen pou moun ki ann egzil yo? Ki sans mesaj sa a? Ki rapò li genyen ak sèvitè Bondye yo jodi a? Nou pral jwenn repons kesyon sa yo.
“Y ap vin fè yon sèl nan men m”
3. a) Ki sa bout bwa ki “pou Jida” a reprezante? b) Sa k fè “bout bwa Efrayim nan” reprezante wayòm dis tribi yo?
3 Jewova te mande Ezekyèl pran de bout bwa, sou youn l ap ekri “pou Jida” e sou lòt la l ap ekri “pou Jozèf, bout bwa Efrayim nan”. (Li Ezekyèl 37:15, 16.) Ki sa de bout bwa sa yo reprezante? Bout bwa ki te make “pou Jida” a reprezante wayòm de tribi yo, anpalan de Jida ak Benjamen. Wa ki soti nan liy fanmi Jida yo te dirije de tribi sa yo, epitou, prèt yo te ansanm avèk yo, paske prèt yo t ap sèvi nan tanp lan nan Jerizalèm (2 Kwo. 11:13, 14; 34:30). Konsa, wayòm Jida a te gen ladan l wa yo, ki soti nan liy fanmi David, ak prèt yo, ki soti nan liy fanmi Levi. “Bout bwa Efrayim nan” reprezante wayòm dis tribi Izrayèl yo. Nan ki sans bout bwa sa a fè referans ak Efrayim? Premye wa nan wayòm dis tribi yo se te Jewobowam, ki te soti nan tribi Efrayim. Rive yon lè, Efrayim te vin tounen pi gwo tribi ann Izrayèl (Det. 33:17; 1 Wa 11:26). N ap remake wayòm dis tribi Izrayèl yo pa t gen wa ki soti nan fanmi David ni prèt ki soti nan fanmi Levi.
4. Sa Ezekyèl fè ak de bout bwa yo annapre montre ki sa? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.)
4 Jewova te mande Ezekyèl tou mete de bout bwa yo ansanm “yon fason pou yo fè yon sèl”. Pandan moun ki ann egzil yo t ap gade Ezekyèl ak kè sote, yo di l: “Èske w pap di nou sa bagay sa yo vle di?” Li di yo sèn l ap jwe a montre sa Jewova pral fè. Men sa Jewova di konsènan de bout bwa yo: “M ap fè yo tounen yon sèl bout bwa. Wi, y ap vin fè yon sèl nan men m.” — Eze. 37:17-19.
5. Ki sans sa Ezekyèl te fè a te genyen? (Gade kare ki gen tit “Yo fè de bout bwa yo fè youn”.)
5 Apre sa, Jewova esplike sa de bout bwa ki fè youn nan vle di. (Li Ezekyèl 37:21, 22.) Moun ki ann egzil ki soti nan wayòm de tribi Jida yo ak moun ki ann egzil ki soti nan wayòm dis tribi Izrayèl yo (Efrayim) t ap tounen nan peyi Izrayèl kote yo t ap vin “yon sèl nasyon”. — Jer. 30:1-3; 31:2-9; 33:7.
6. Ki diferan pwofesi ki mache youn ak lòt nou jwenn nan Ezekyèl chapit 37 la?
6 Vrèmanvre, diferan pwofesi konsènan Juif ki t ap tounen nan peyi yo ki nan Ezekyèl chapit 37 la mache youn ak lòt e sa estrawòdinè! Jewova pral montre li se Bondye ki bay lavi ankò a (vèsè 1-14) e li se Bondye ki fè gen tèt ansanm nan tou (vèsè 15-28). Men mesaj touchan nou jwenn nan de pwofesi sa yo: Moun kapab tounen sot ann egzil, e yo kapab gen tèt ansanm.
Ki jan Jewova te “rasanble yo”?
7. Nan ki sans pawòl nou jwenn nan 1 Kwonik 9:2, 3 a ban nou garanti “pou Bondye, tout bagay posib”?
7 Selon lèzòm, sanble li te vrèman enposib pou moun ki te ann egzil yo tounen e pou yo vin fè youn.a Men, “pou Bondye, tout bagay posib”. (Mat. 19:26.) Jewova te reyalize pwofesi l la. Juif yo te libere sot nan Babilòn nan ane 537 anvan epòk nou an, annapre, moun nan toule de tribi yo te rive Jerizalèm pou yo retabli vrè adorasyon an. Men sa nou li nan Pawòl Bondye te enspire a ki ban nou prèv la: “Te gen kèk desandan Jida, Benjamen, Efrayim ak Manase ki te vin ret Jerizalèm.” (1 Kwo. 9:2, 3; Esd. 6:17). Vrèmanvre, jan Jewova te di sa, moun nan wayòm dis tribi Izrayèl yo te vin met ansanm ak moun nan wayòm de tribi Jida yo.
8. a) Ki pwofesi Ezayi te bay? b) Ki de bagay enpòtan nou jwenn nan Ezekyèl 37:21?
8 Anviwon 200 an anvan sa, pwofèt Ezayi te bay yon pwofesi konsènan fason Izrayèl ak Jida t ap vin gen tèt ansanm apre yo sot ann egzil. Li te fè konnen Jewova t ap kòmanse rasanble “moun Izrayèl ki te gaye yo” ansanm ak “moun Jida ki te gaye nan kat kwen tè a”, san wete sila ki t ap “sot Asiri” yo (Eza. 11:12, 13, 16). Vrèmanvre, jan Jewova te di sa, li te pran “Izrayelit yo nan mitan nasyon” yo (Eze. 37:21). N ap remake de bagay enpòtan: Nan moman sa a, Jewova pa di “Jida” ak “Efrayim” pou l pale de moun ki ann egzil yo, li di pito “Izrayelit yo”, sa vle di yon sèl gwoup moun. Mete sou sa, li pa t fè konnen Izrayelit yo t ap soti nan yon sèl nasyon, anpalan de Babilòn, men li te di y ap soti nan plizyè nasyon, anfèt, y ap soti “nan tout direksyon”.
9. Ki jan Jewova te ede moun ki te tounen sot ann egzil yo vin fè youn?
9 Apre moun ki te ann egzil yo te tounen ann Izrayèl, ki jan Jewova te ede yo vin gen tèt ansanm? Li te bay Izrayèl yon seri bèje espirityèl tankou Zowobabèl, Jozye, ki te gran prèt, Esdras ak Neyemi. Bondye te ba yo pwofèt tou tankou Aje, Zakari ak Malachi. Tout mesye fidèl sa yo te travay di pou yo ankouraje nasyon an suiv enstriksyon Bondye bay yo (Ney. 8:2, 3). Anplis de sa, Jewova te pwoteje nasyon Izrayèl la lè l te fè konplo ènmi yo te fè yo echwe. — Estè 9:24, 25; Zak. 4:6.
10. Ki sa Satan te reyisi fè?
10 Sepandan, malgre tout bon bagay Jewova te bay nasyon Izrayèl la ki montre jan l renmen yo, pifò Izrayelit pa t rete nan vrè adorasyon an. Nou ka li aksyon yo te fè yo nan Bib la nan liv Bondye te fè ekri apre yo te sot ann egzil la (Esd. 9:1-3; Ney. 13:1, 2, 15). Anfèt, pandan santan apre Izrayelit yo te sot ann egzil la, yo te tèlman lwen vrè adorasyon an, men ki ankourajman Jewova te ba yo: “Tounen vin jwenn mwen.” (Mal. 3:7). Rive nan epòk Jezi te vin sou tè a, relijyon juif la te divize fè plizyè pati kote se yon seri bèje ki pa fidèl ki t ap dirije yo (Mat. 16:6; Mak 7:5-8). Satan te reyisi fè pa gen tèt ansanm toutbon. Malgre sa, pwofesi Jewova te bay konsènan tèt ansanm nan t ap reyalize kanmenm. Ki jan?
“Se David, sèvitè m nan, k ap wa yo”
11. a) Ki sa Jewova fè konnen anrapò ak pwofesi konsènan pèp li a li t ap fè vin fè youn nan? b) Ki sa Satan te eseye fè ankò apre yo te fin mete l deyò nan syèl la?
11 Li Ezekyèl 37:24. Jewova te fè konnen pwofesi konsènan pèp li a li t ap fè vin fè youn nan t ap reyalize apre “David, sèvitè l” la, anpalan de Jezi, t ap kòmanse dirije antanke Wa, sa ki te rive nan ane 1914b (2 Sam. 7:16; Lik 1:32). Lè sa a, Izrayèl espirityèl la, anpalan de moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, te vin ranplase Izrayèl selon lachè a (Jer. 31:33; Gal. 3:29). Apre yo te fin met Satan deyò nan syèl la, li te vin pi chofe toujou pou l kraze tèt ansanm ki gen nan mitan pèp Bondye a (Rev. 12:7-10). Pa egzanp, apre lanmò frè Russell nan ane 1916, Satan te wè sa kòm yon opòtinite pou l sèvi ak aposta yo pou fè gen divizyon pami kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Men, sa pa t pran tan pou aposta sa yo kite òganizasyon an. Epitou, Satan te reyisi fè lage frè ki te pran latèt nan òganizasyon an nan epòk la nan prizon, men sa pa t fè pèp Jewova a sispann egziste. Frè Bondye te chwazi pou al nan syèl ki te ret fidèl yo te kontinye gen tèt ansanm.
12. Ki sa k fè Satan pa rive met divizyon pami Izrayèl espirityèl la?
12 Se sa k fè, kontrèman ak sa k te rive Izrayèl selon lachè a, Izrayèl espirityèl la te kanpe fèm devan taktik Satan t ap fè pou divize yo. Ki sa k fè efò Satan yo te echwe? Se paske moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo te fè tout posib yo pou yo suiv prensip Jewova yo. Kòm rezilta, yo te gen pwoteksyon Jezi Kris, Wa yo a, li menm ki kontinye ap ranpòte laviktwa sou Satan. — Rev. 6:2.
Jewova pral fè moun k ap adore l yo “fè yon sèl”
13. Ki verite enpòtan pwofesi konsènan de bout bwa ki t ap vin fè youn nan aprann nou?
13 Ki sans pwofesi konsènan de bout bwa ki vin fè youn nan genyen nan epòk nou an? N ap sonje rezon ki fè Jewova te bay pwofesi sa a se te pou montre kòman de gwoup t ap vin fè youn. Sa k pi enpòtan an, pwofesi a montre se Jewova ki t ap fè gen tèt ansanm sa a. Kidonk, ki verite enpòtan anrapò ak vrè adorasyon an pwofesi konsènan de bout bwa k ap vin fè youn nan montre? Yon fason senp, pwofesi a montre se Jewova li menm ki pral fè moun k ap adore l yo vin “fè yon sèl”. — Eze. 37:19.
14. Depi 1919, ki jan pwofesi konsènan de bout bwa ki t ap vin fè youn nan te gen yon pi gwo akonplisman?
14 Depi 1919, apre pèp Bondye a te vin pwòp nan domèn espirityèl e l te kòmanse antre nan paradi espirityèl la, pwofesi konsènan de bout bwa k ap vin fè youn nan te vin gen yon pi gwo akonplisman. Nan moman sa a, pifò moun Bondye te fè vin gen tèt ansanm yo te gen esperans pou yo vin wa e pou yo vin prèt nan syèl la (Rev. 20:6). Nan yon sans, se kòmsi moun sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl la se te bout bwa ki “pou Jida” a, yon nasyon ki gen ladan l wa ki soti nan fanmi David ak prèt ki soti nan fanmi Levi. Men, tank tan t ap pase, te vin gen plis kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a ki te vin met ansanm ak kretyen sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl la. Moun sa yo te tankou “bout bwa Efrayim nan”, sa vle di yon nasyon ki pa gen wa ki soti nan fanmi David ni prèt ki soti nan fanmi Levi. Toule de gwoup sa yo ap sèvi Jewova ansanm antanke pèp li anba direksyon yon sèl Wa, anpalan de Jezi Kris. — Eze. 37:24.
“Y ap vin pèp mwen”
15. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Ezekyèl 37:26, 27 la ap reyalize jodi a?
15 Pwofesi Ezekyèl la montre gen anpil moun ki t ap vin met ansanm ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan vrè adorasyon an. Men sa Jewova te di konsènan pèp li a: “M ap fè yo vin anpil” e “tant mwen an ap avèk yo”. (Eze. 37:26, 27; nòt.) Pawòl sa yo fè nou sonje pwofesi apot Jan te bay anviwon 700 an apre epòk Ezekyèl la, pwofesi ki te fè konnen “Sila a ki chita sou twòn nan pral ouvè tant li” sou “yon gwo foul moun”. (Rev. 7:9, 15.) Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak gwo foul moun nan abite ansanm antanke yon sèl nasyon, sa vle di antanke pèp Bondye, anba tant Bondye a ki pwoteje yo.
16. Ki pwofesi Zakari te bay konsènan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki t ap vin fè youn ak moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a?
16 Zakari, youn nan moun ki te tounen sot ann egzil yo, te bay yon pwofesi tou konsènan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki t ap gen pou fè youn ak moun ki pral viv sou tè a. Li te fè konnen gen “dis moun ki soti nan tout [...] nasyon” ki t ap “kenbe wòb long yon Juif” e ki t ap di: “Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.” (Zak. 8:23). “Juif” yo pale de li a pa fè referans ak yon sèl moun, men pito ak yon gwoup moun, e mo “nou” an fè referans ak rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki vivan jodi a (Wom. 2:28, 29). “Dis moun” yo reprezante moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Yo “kenbe” moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl yo e yo “ale avèk” yo (Eza. 2:2, 3; Mat. 25:40). Mo “kenbe” a ak ekspresyon “ale avèk nou” an montre jan de gwoup sa yo ap vin fè youn nèt.
17. Ki jan Jezi te pale de tèt ansanm ki gen pami nou jodi a?
17 Petèt se pwofesi Ezekyèl te bay konsènan pèp Bondye ki t ap vin fè youn nan Jezi te gen nan lespri l lè l te pale de tèt li kòm bèje k ap dirije twoupo mouton l yo (kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo) ak “lòt mouton” yo (moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a) pou l fè yo vin tounen “yon sèl twoupo”. (Jan 10:16; Eze. 34:23; 37:24, 25.) Vrèmanvre, Jezi ak pwofèt tan lontan yo te pale de tèt ansanm estrawòdinè ki egziste jodi a, kèlkeswa esperans nou genyen an! Alòske fo relijyon an divize fè yon pakèt gwoup, tèt ansanm nou menm nou genyen an se yon mirak.
“Tanp mwen an [...] ap nan mitan yo pou toutan”
18. Jan sa parèt nan Ezekyèl 37:28 la, poukisa li enpòtan anpil pou pèp Bondye a “pa fè pati monn nan”?
18 Dènye pawòl nan pwofesi Ezekyèl te bay konsènan pèp Bondye a ki t ap vin fè youn nan atire atansyon nou sou asirans nou genyen tèt ansanm nou an pap janm kraze. (Li Ezekyèl 37:28.) Pèp Jewova a gen tèt ansanm paske tanp Jewova a, oswa vrè adorasyon an, “nan mitan yo”. E tanp sa a ap rete nan mitan yo toutotan yo rete pwòp, oswa yo rete separe ak monn Satan an (1 Kor. 6:11; Rev. 7:14). Jezi te mete aksan sou enpòtans pou nou pa fè pati monn nan. Men sa l te di nan yon priyè sensè li te fè pou disip li yo: “Papa, [...] voye je sou yo [...] dekwa pou yo ka vin fè youn [...]. Yo pa fè pati monn nan. [...] Fè yo vin sen grasa laverite”. (Jan 17:11, 16, 17.) N ap remake jan Jezi te montre gen yon rapò ant “fè youn” ak “pa fè pati monn nan”.
19. a) Ki jan n ka montre n ap “imite Bondye”? b) Ki verite enpòtan konsènan tèt ansanm Jezi te pale de li nan dènye nuit anvan l te mouri a?
19 Nan Bib la, se sèl kote yo montre Jezi te sèvi ak ekspresyon “Papa, ou menm ki sen” an pou l pale ak Bondye. Jewova pwòp e li dwat nan degre ki pi wo a. Men lòd Jewova te bay Izrayèl tan lontan an: “Nou dwe sen, paske mwen menm mwen sen.” (Lev. 11:45). Antanke moun k ap “imite Bondye”, nou dwe obeyi lòd sa a nan tout sa n ap fè (Efe. 5:1; 1 Pyè 1:14, 15). Lè yo sèvi ak mo “sen” an pou pale de moun, yo vle di “mete apa”. Se sa k fè, nan dènye nuit anvan Jezi te mouri a, li te fè konnen disip li yo t ap kontinye gen tèt ansanm toutotan yo rete separe ak monn nan e yo pa t ap kite lespri divizyon monn nan detenn sou yo.
“Voye je sou yo akoz Mechan an”
20, 21. a) Ki sa k fè n gen plis konfyans Jewova ap pwoteje nou? b) Ki detèminasyon w pran?
20 Jodi a, tèt ansanm estrawòdinè ki parèt aklè pami Temwen Jewova yo sou tout tè a montre Jewova te reponn priyè Jezi te fè lè l te mande l “voye je sou yo akoz Mechan an”. (Li Jan 17:14, 15.) Anfèt, lè nou wè jan Satan echwe nan eseye kraze tèt ansanm ki gen pami pèp Bondye a, sa fè nou gen plis konfyans Bondye ap pwoteje nou. Nan pwofesi Ezekyèl te bay la, Jewova te di de bout bwa yo t ap vin fè youn nan men l. Donk, Jewova fè yon mirak pou pèp li a gen tèt ansanm, li pwoteje yo pou Satan pa kraze tèt ansanm sa a.
21 Nan ka sa a, ki ta dwe detèminasyon nou? Nou dwe kontinye travay di pou n toujou gen tèt ansanm. Ki fason nou chak kapab fè sa? Se lè n patisipe regilyèman nan vrè adorasyon an nan tanp espirityèl Jewova a. Nou pral pale sou sa adorasyon sa a gen ladan l nan chapit ki vin apre yo.
a Anviwon de syèk anvan Ezekyèl te resevwa pwofesi sa a, Asiryen yo te mennen moun nan wayòm dis tribi yo (bout bwa Efrayim nan) ann egzil. — 2 Wa 17:23.