-
Sèvi Jewova san nou pa distrèToudegad — 2015 | 15 oktòb
-
-
1, 2. Poukisa Jezi te renmen Mat, men, ki sa k montre Mat pa t pafè?
KI SA K vin nan lespri w lè w panse ak Mat, yon moun Bib la pale de li? Se vre Mat se sèl fi Bib la bay non l kòm moun Jezi te renmen san l pa t ap chèche okenn enterè, men, Jezi te gen menm kalite lanmou sa a pou Mari, manman l, ak sè Mat la ki te rele Mari tou, yon seri medam ki te gen lakrentif pou Bondye (Jan 11:5; 19:25-27). Poukisa se konsa Bib la pale de Mat?
-
-
Sèvi Jewova san nou pa distrèToudegad — 2015 | 15 oktòb
-
-
4 Sepandan, Mat te okipe anpil nan prepare yon repa espesyal e l t ap fè lòt travay nan kay la pou moman Jezi t ap pase lakay li a te ka pi bèl toujou. Men, tout travay sa yo te fè l vin ap enkyete l pou granmesi e l te vin fache ak Mari. Piske Jezi te wè jan Mat t ap eseye fè twòp travay, avèk jantiyès, li te di Mat: “Mat, Mat, w ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w pou w fè anpil bagay.” Epi, li fè l konnen yon sèl kalite manje t ap sifi. Apre sa, Jezi vire gade Mari e l fè konnen Mari pa fè anyen ki mal, li di: “Mari, bò kote pa l, chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.” Sa te ka pa pran anpil tan pou Mari bliye ki manje l te manje nan okazyon espesyal sa a, men l pa t ap janm bliye felisitasyon Jezi te ba li ansanm ak bon manje espirityèl li te jwenn paske l te ret ap koute Jezi san l pa distrè. Plis pase 60 an annapre, men sa apot Jan te ekri: “Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la.” (Jan 11:5). Sandout, pawòl sa yo Bondye te pouse Jan ekri yo montre Mat te pran konsèy Jezi te ba li avèk amou an oserye e l te fè efò pou l sèvi Jewova fidèlman pandan tout rès vi l.
-