BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Yon esperans ki sèten pou moun ki mouri yo
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
    • Fason Jezi te reyaji lè Laza te mouri a montre nou kokenn tandrès Pitit Bondye a genyen. Sa l te santi nan fon kè l lè sa a montre jan li swaf resisite moun ki mouri yo. Men sa Labib di: “Lè Mari rive kot Jezi ye a e li wè l, li lage kò l nan pye l, li di l: ‘Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.’ Lè Jezi wè l ap kriye e li wè Juif ki te vin avèk li yo ap kriye tou, li plenn nan kè l e li vin boulvèse. Li di: ‘Ki kote nou antere l?’ Yo di l: ‘Seyè, vin wè.’ Epi dlo koule nan je Jezi. Lè sa a, Juif yo di: ‘Gade kòman l te gen afeksyon pou li!’” — Jan 11:32-36.

      Gen twa pawòl nan vèsè sa yo ki montre jan Jezi te gen konpasyon: “li plenn”, “li vin boulvèse” e “dlo koule nan je [l]”. Mo yo te itilize lè yo t ap ekri Bib la pou pale de istwa touchan sa a montre lanmò Laza, bon zanmi Jezi, te fè Jezi mal anpil. Mete sou sa, lè Jezi wè sè Laza a k ap kriye, dlo koule nan je la.

      Sa k pi bèl la, sèke anvan sa, Jezi te fè de lòt moun retounen viv ankò. E Jezi t apral resisite Laza tou (Jan 11:11, 23, 25). Malgre sa, “dlo koule nan je [l]”. Sa montre Jezi pa konsidere resisite moun kòm yon senp fòmalite. Tandrès ak santiman pwofon li te gen nan kè l ki te parèt lè sa a montre byen klè jan li swaf pou l efase dega lanmò lakòz.

      Nou ka wè jan Jezi swaf pou l efase dega lanmò fè yo nan fason li te demontre sa l santi lè l t ap resisite Laza.

  • Yon esperans ki sèten pou moun ki mouri yo
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
    • a Mo grèk ki vle di “plenn” nan soti nan yon vèb (embrimawomayi) ki siyifi gen yon bagay ki fè w mal e ki touche w anpil. Men sa yon biblis fè remake: “La a, mo sa a montre sa Jezi te santi a te tèlman fò, li te plenn, e se nan kè l sa te soti.” Mo “boulvèse” a se tradiksyon yon mo grèk (tarasò) ki montre moun nan gen gwo lapenn. Selon yon diksyonè, li vle di: “Ki pwovoke yon boulvèsman pa anndan, [...] ki fè yon moun gen gwo lapenn oubyen gwo tristès.” Ekspresyon “dlo koule nan je [l]” la soti nan yon vèb grèk (dakriyò), ki vle di “kriye san fè bri”.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje