-
Kado ki apwopriye pou yon waToudegad — 2015 | 1ye mas
-
-
Ki kote yo te konn enpòte plant santi bon yo? Yo te jwenn lalwa, kas ak kanèl nan peyi yo rele kounye a Lachin, End ak Srilanka. Pwodui santi bon tankou lami ak oliban te soti nan kèk pyebwa ak nan kèk ti plant ki te leve nan kèk zòn ki dezè soti nan sid Arabi pou rive nan Somali ki ann Afrik. Tandiske na a se yon pwodui ki te soti sèlman ann End nan mòn Imalaya yo.
-