Jozèf, moun Arimate a, pran yon desizyon
JOZÈF, MOUN ARIMATE A, pa t panse l gen ase kouraj pou l pwoche kot gouvènè women an. Yo te konnen Pons Pilat kòm yon moun ki te tèt di anpil. Men, pou Jezi te ka jwenn yon antèman ki onorab, yon moun te dwe al mande Pilat kò Jezi. Anfèt, lè Jozèf rive devan Pilat, bagay yo pa t twò difisil pase sa Jozèf te panse. Apre yon ofisye te fin fè Pilat konnen Jezi mouri, Pilat te dakò bay Jozèf kò a. Konsa, aktout Jozèf te toujou tris, li te retounen kote yo te touye Jezi a. — Mak 15:42-45.
Kiyès Jozèf, moun Arimate a, te ye?
Ki relasyon li te gen ak Jezi?
E poukisa w ta dwe enterese nan istwa l?
YON MANM SANEDREN AN
Nan Evanjil Bondye te pouse Mak ekri a, yo pale de Jozèf kòm “yon manm Konsèy la ki te gen gwo renome”. Nan kontèks la, Konsèy la pa lòt bagay, se Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo (Mak 15:1, 43). Konsa, Jozèf te youn nan moun ki te alatèt pèp la, sa ki montre n rezon ki fè l te ka al kot gouvènè women an. Anplis de sa, nou pa sezi dèske Jozèf te rich. — Mat. 27:57.
Èske n gen kouraj pou n rekonèt Jezi kòm Wa nou?
Antanke gwoup, Sanedren an pa t vle wè Jezi. Sanedren an te fè konplo pou fè touye Jezi. Sepandan, Bib la di Jozèf te “yon bon moun e li te konn fè sa ki dwat”. (Lik 23:50.) Kontrèman ak pifò moun nan Sanedren an, li te yon moun onèt, li t ap mennen yon vi pwòp nan domèn moral e l te fè tout sa l kapab pou l obeyi kòmandman Bondye yo. Mete sou sa, li “t ap tann Wayòm Bondye a”, sa ki esplike rezon ki fè l te vin disip Jezi (Mak 15:43; Mat. 27:57). Se sèten mesaj Jezi t ap preche a te atire l paske l te renmen verite ak jistis anpil.
YON DISIP AN KACHÈT
Jan 19:38 fè konnen Jozèf “te yon disip Jezi an kachèt paske li te pè Juif yo”. Ki sa Jozèf te pè konsa? Li te konnen Juif yo pa t vle wè Jezi e yo te detèmine pou yo met nenpòt moun ki fè konnen l gen lafwa nan Jezi deyò nan sinagòg la (Jan 7:45-49; 9:22). Lè yo te met yon moun deyò nan sinagòg la, lòt Juif te konn pase l nan rizib, yo te konn meprize l e yo te konn konsidere l kòm yon moun sosyete a rejte. Se sa k fè Jozèf te pè fè moun konnen l gen lafwa nan Jezi. Si l te fè sa, li t ap pèdi pozisyon l ak diyite l.
Se pa Jozèf sèlman ki te nan yon sitiyasyon difisil konsa. Selon Jan 12:42, “menm pami chèf yo, gen anpil ki te mete lafwa nan [Jezi], men yo pa t fè moun konn sa poutèt Farizyen yo, dekwa pou yo pa t mete yo deyò nan sinagòg la”. Nikodèm, se yon lòt moun ankò ki te nan menm sitiyasyon an, e li menm tou li te yon manm Sanedren an. — Jan 3:1-10; 7:50-52.
Kidonk, Jozèf te yon disip, men, li pa t ka di lòt moun sa. Se te yon gwo pwoblèm, sitou lè n konsidere pawòl Jezi te di a: “Tout moun ki deklare devan lèzòm li konnen m, mwen menm tou, m ap deklare devan Papa m ki nan syèl la mwen konnen moun sa a. Men, nenpòt moun ki nye m devan lèzòm, mwen menm tou, m ap nye l devan Papa m ki nan syèl la.” (Mat. 10:32, 33). An reyalite, Jozèf pa t nye Jezi dirèkteman, ni tou, li pa t gen kouraj pou l fè konnen l se disip li. E ou menm?
Bib la pale an byen de Jozèf, li fè konnen li pa t dakò ak konplo Sanedren an t ap fè sou do Jezi (Lik 23:51). Petèt, jan kèk moun panse, Jozèf pa t la lè yo t ap jije Jezi. Kèlkeswa sitiyasyon an, Jozèf dwe pa t kontan ditou akoz enjistis terib sa a, men, li pa t ka fè anyen pou anpeche sa!
FINALMAN L PRAN YON DESIZYON
Nan moman yo te touye Jezi a, sandout Jozèf te gentan venk laperèz li te genyen an e l te deside ede disip Jezi yo. Desizyon sa a parèt nan pawòl nou jwenn nan Mak 15:43 a ki di: “Li met kouraj sou li, l al devan Pilat, li mande l kò Jezi.”
Sanble Jozèf te la lè Jezi te mouri. Donk, li te konnen Jezi mouri anvan Pilat konn sa. Se sa k fè, lè Jozèf te mande kò a, gouvènè a “te vle konnen si Jezi gentan mouri”. (Mak 15:44.) Piske Jozèf te la lè Jezi t ap soufri sou poto a, èske moman terib sa a te pouse l egzamine konsyans li e finalman pou l rann li kont li dwe pran pozisyon pou laverite? Sa posib. Yon bagay ki sèten sèke kounye a Jozèf te deside aji. Li pa t ap yon disip an kachèt ankò.
JOZÈF ANTERE JEZI
Selon lwa Juif yo, apre yo fin touye yon moun yo te kondane, yo te dwe antere l anvan solèy la kouche (Det. 21:22, 23). Sepandan, Women yo pa t gen pwoblèm pou kite kadav kriminèl yo egzekite yo pouri sou poto oswa pou y al lage yo nan yon sèl twou. Jozèf pa t vle sa rive Jezi. Jozèf te gen yon tonm tounèf yo te fouye nan yon wòch toupre kote yo te touye Jezi a. Lefètke kavo sa a potko janm itilize, sa montre Jozèf pa t gen lontan depi l te kite Arimatea pou l vin viv Jerizalèm e l te vle itilize pwopriyete sa a pou antere fanmi l (Lik 23:53; Jan 19:41). Piske Jozèf te antere Jezi nan pwòp tonm kote yo t ap antere l lè l mouri, sa montre l te yon moun ki donan e konsa, li te reyalize pwofesi ki te fè konnen yo t ap antere Mesi a “menm kote ak moun ki rich”. — Eza. 53:5, 8, 9.
Èske gen yon bagay ou bay plis enpòtans pase relasyon w ak Jewova?
Toule kat Evanjil yo fè konnen apre yo fin desann kò Jezi sou poto a, Jozèf te vlope kò a nan yon twal len bon kalite e l mete l nan yon tonm li te genyen (Mat. 27:59-61; Mak 15:46, 47; Lik 23:53, 55; Jan 19:38-40). Sèl moun Evanjil yo di ki te ede Jozèf se Nikodèm ki te pot pwodui santi bon pou antèman an. Piske de mesye sa yo te nan gwo pozisyon, sanble se pa yo menm ki te deplase kò a. Li posib pou yo te mande kèk sèvitè fè sa k nesesè pou pran swen kò a epi prepare l pou antèman an. Menmsi yo te mande kèk sèvitè fè sa, travay de mesye sa yo te fè a pa t san enpòtans. Nenpòt moun ki te touche yon kadav te dwe pase sèt jou ap pirifye tèt li, e sa te lakòz nenpòt bagay li touche vin pa pwòp (Nonb 19:11; Aje 2:13). Nan yon sitiyasyon konsa, sa t ap mande pou yo ret lwen lòt moun pandan semèn fèt Pak la e pou yo pa la nan tout aktivite ki t ap fèt yo (Nonb 9:6). Mete sou sa, piske Jozèf te fè aranjman pou antere Jezi, sa te ka lakòz kòlèg li yo pase l nan rizib. Men, aktout sa, li te dispoze aksepte konsekans sa t ap genyen lefètke l te antere Jezi yon fason ki diy e lefètke l te fè konnen aklè li se yon disip Kris.
FEN ISTWA JOZÈF
Apre istwa Evanjil yo rakonte konsènan antèman Jezi, pa gen okenn kote nan Bib la yo pale de Jozèf, moun Arimate a, ankò, sa ki pouse n poze yon kesyon enpòtan: Ki sa k rive l apre? Anfèt, nou pa konnen. Sepandan, selon sa n sot di pi wo yo, gen bonjan rezon ki fè n kwè li te fè konnen l se yon kretyen. Dayè, nan moman eprèv ak pwoblèm, olye lafwa l ak kouraj li te diminye, yo te vin ogmante. Sa se te yon bon siy.
Istwa sa a soulve yon kesyon nou tout ta dwe poze tèt nou: Èske gen yon bagay, kit se pozisyon, karyè, byen materyèl, afeksyon pou fanmi oswa menm libète nou, nou bay plis enpòtans pase relasyon n ak Jewova?
a Petèt Arimate se te vil Rama, ki rele kounye a Rentis (oswa Rantis). Se nan vil sa a pwofèt Samyèl te abite, e l te nan yon distans anviwon 35 kilomèt nan nòdwès Jerizalèm. — 1 Sam. 1:19, 20.