BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Fason ranson an sove nou
    Toudegad — 2010 | 15 out
    • Nou ka sove anba kòlè Bondye

      4, 5. Ki sa ki montre kòlè Bondye rete sou sistèm mechan ki la kounye a?

      4 Ni Labib ni istwa lèzòm montre nou depi lè Adan te tonbe nan peche a, kòlè Bondye “rete sou” limanite (Jan 3:36, Bib Kreyòl La). Lefètke pa gen okenn moun pami lèzòm ki ka sove tèt li anba lanmò k ap tann li an, se yon prèv ki montre sa byen klè. Dominasyon Satan an, ki ann opozisyon ak souvrènte Jewova, pa anmezi ditou pou l pwoteje limanite anba pwoblèm l ap rankontre yo, e pa gen okenn gouvènman lèzòm ki kapab satisfè bezwen fondamantal sitwayen y ap dirije yo genyen (1 Jan 5:19). Se sa k fè lagè, krim ak povrete kontinye ap ravaje limanite.

  • Fason ranson an sove nou
    Toudegad — 2010 | 15 out
    • 7 Apot Pòl te di Jezi “ap delivre nou anba kòlè Bondye k’ap vini an”. (1 Tes. 1:10.) Finalman, Jewova pral montre kòlè l lè l detwi moun k ap peche ki pa repanti yo pou toutan (2 Tes. 1:6-9). Kiyès k ap sove? Men sa Labib di: “Moun ki kwè nan Pitit la, yo gen lavi etènèl. Men, [...] moun ki pa mete konfyans yo nan Pitit la, yo p ap wè lavi. Okontrè, kòlè Bondye rete sou yo.” ​(Jan 3:36). Wi, tout moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi ak nan ranson an pral sove anba konsekans dènye jou kòlè Bondye a, jou sistèm sa a pral efase a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje