-
“Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
7, 8. Ki efè lòd zanj lan te bay la te genyen sou apot yo, e ki kesyon nou chak ta dwe poze tèt nou?
7 Pandan apot yo chita nan prizon an e y ap tann pou yo jije yo, petèt y ap mande tèt yo èske opozan yo pral touye yo (Mat. 24:9). Men, pandan nuit lan, gen yon bagay yo pa t atann ki rive: “Yon zanj Jewova ouvè pòt prizon anb.” (Tra. 5:19). Apre sa, zanj lan ba yo enstriksyon byen presi, li di yo: “Al kanpe nan tanp lan, e kontinye di pèp la tout pawòl ki gen rapò ak lavi ki pap janm fini an.” (Tra. 5:20). Se sèten, lòd sa a te fè apot yo gen asirans fason yo t ap aji a te bon. Anplis de sa, pawòl zanj lan te di yo ka te ba yo fòs pou yo rete djanm kèlkeswa sa ki ta rive. Avèk anpil lafwa ak kouraj, yo “antre nan tanp lan avanjou, e yo kòmanse anseye”. — Tra. 5:21.
-
-
“Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
b Yo site mo zanj lan anviwon 20 fwa nan liv Travay la. E la a se premye fwa a. Nan Travay 1:10, yo pale de zanj, men yo pa fè sa yon fason dirèk, yo di “mesye ak rad blan” yo.
-