BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Bondye pa gen patipri”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    • 22, 23. Ki jan frè nan Antyòch yo te demontre lanmou yo, e ki jan pèp Bondye a fè menm jan an jodi a?

      22 Se Antyòch “Bondye te fè yo rele disip yo Kretyen” pou premye fwa (Tra. 11:26b). Non sa a Bondye te fè disip yo genyen an te vrèman apwopriye pou yo paske yo t ap suiv egzanp Kris nan tout aspè nan lavi yo. Lè moun lòt nasyon yo te vin kretyen, èske te gen bon relasyon ant yo menm ak kretyen ki te Juif yo? Èske youn te konsidere lòt kòm frè? Ann egzamine sa ki te rive lè te gen yon gwo grangou ki te frape Jide nan ane 46 epòk nou ane. Nan tan lontan, gwo grangou te konn sakaje malere yo anpil piske yo pa t konn gen kòb sere ni yo pa t konn gen manje an rezèv. Sanble anpil nan kretyen ki te Juif ki t ap viv Jide yo se malere yo te ye, se sa k fè, lè gwo grangou an te frape Jide, yo te bezwen manje ak lòt bagay ki te nesesè. Lè frè Antyòch yo, moun lòt nasyon ki te vin kretyen yo ladan l tou, aprann sa, “yo voye sekou bay frè ki t ap viv nan Jide yo”. (Tra. 11:29.) Se te yon bèl fason yo te demontre lanmou yo gen pou frè yo!

  • “Bondye pa gen patipri”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    • e Jozèf, yon istoryen juif, te pale de “gwo grangou” sa a ki te frape Jide sou rèy anperè Klod (ane 41-54 epòk nou an).

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje