-
“Pawòl Jewova a te kontinye ap gaye plis toujou”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
19, 20. a) Poukisa Jewova te pini Ewòd? b) Ki rekonfò nou jwenn nan istwa konsènan fason Agripa te mouri bridsoukou a?
19 Se Bondye ki dwe resevwa yon glwa konsa, e Bondye t ap gade sa k t ap pase a. Ewòd te gen posiblite pou l evite malè ki te pandye sou tèt li a. Li te ka reprimande foul la oubyen omwen li te ka montre li pa dakò ak sa yo t ap di a. Olye l fè sa, li te montre aklè sa Pwovèb 16:18 di a se laverite: “Ògèy lakòz moun tonbe”. “Menm kote a, yon zanj Jewova frape l”, konsa nonm sa a ki te kite ògèy plen tèt li te mouri yon fason ki lèd e ki bay repiyans. “Yon seri vè fini [ak Ewòd] epi li mouri.” (Tra. 12:23). Jozèf fè nou konnen tou se bridsoukou malè te tonbe sou Agripa e li di wa a te rann li kont se paske l te aksepte foul moun yo flate l ki fè l ap mouri a. Jozèf di Agripa te kontinye soufri nan kondisyon sa a pandan senk jou jis li mourib.
-
-
“Pawòl Jewova a te kontinye ap gaye plis toujou”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
b Gen yon doktè, ki ekriven tou, ki fè konnen sentòm Jozèf ak Lik dekri yo montre sanble se yon kalite vè ki te bouche trip li e ki te touye l. Pafwa, moun ki gen vè sa yo vomi yo, oubyen vè yo monte sot nan kò yo lè yo mouri. Men sa yon liv fè konnen: “Lefètke Lik se yon doktè, li te byen esplike detay konsènan lanmò [Ewòd] la, e sa fè nou wè jan l te mouri yon fason ki bay repiyans.”
-