CHAPIT 27
“Li ba yo yon temwayaj konplè”
Pòl nan prizon Wòm, men li kontinye preche
1. Ki sa Pòl, Lik ak Aristak konnen ki fè yo gen konfyans?
YON bato ki gen ansèy “Pitit Zes yo” devan l, petèt yon gwo bato ki pote manje angren, ap navige soti zile Malt, ki nan lanmè Meditèrane, pou l ale Itali. Nou nan zòn ane 59 epòk nou an, e apot Pòl, yon prizonye ki anba siveyans sòlda, ansanm ak Lik ak Aristak nan bato sa a (Tra. 27:2). Pwoklamatè sa yo pa fè menm jan ak lòt moun nan bato a ki chèche pwoteksyon nan men pitit fo dye yo rele Zes la, anpalan de Kastò ak Poliks, de frè marasa (Tra. 28:11). Olye de sa, Pòl ak lòt frè ki akonpaye l yo ap sèvi Jewova, Sila a ki fè Pòl konnen l ap gen pou l bay temwayaj Wòm konsènan laverite e l ap gen pou l kanpe devan Seza. — Tra. 23:11; 27:24.
2, 3. Ki kote bato Pòl te ye a pase, e kiyès ki ede Pòl pandan tout vwayaj la?
2 Twa jou apre bato a fin rive Sirakiz, yon bèl vil ki nan Sisil e ki prèske gen menm enpòtans ak Atèn ak Wòm, li ale Regyòm. Apre sa, yon bon ti van ki soti nan sid ede bato a ale nan waf Piteyoli (toupre vil yo rele Nap jodi a) byen rapid, sou yon distans 320 kilomèt. Li fè distans sa a nan de jou, sa vle di pi vit pase jan bato yo abitye fè sa. — Tra. 28:12, 13.
3 Kounye a, Pòl nan dènye pati vwayaj l ap fè pou l al Wòm nan, kote li pral parèt devan anperè Newon. Depi nan kòmansman vwayaj la pou jis li fini, “Bondye tout konsolasyon an” avèk Pòl (2 Kor. 1:3). Jan nou pral wè sa, Jewova pa t janm sispann ede Pòl, e Pòl li menm pa t janm pèdi zèl li te genyen nan travay li t ap fè kòm misyonè a.
Pòl “di Bondye mèsi e li pran kouraj” (Travay 28:14, 15)
4, 5. a) Ki jan frè ki t ap viv Piteyoli yo te akeyi Pòl ak frè ki te avè l yo, e kòman Pòl te fè gen tout libète sa a? b) Menm lè yon kretyen nan prizon, ki bon rezilta konduit li ka pote?
4 Lè Pòl ak frè ki avè l yo rive Piteyoli, yo “jwenn kèk frè la, e yo sipliye [yo] pou [yo] pase sèt jou avèk yo”. (Tra. 28:14.) Ala yon bèl egzanp ki montre jan kretyen yo renmen resevwa moun e jan yo donan! Pa gen dout nan sa, frè Piteyoli yo te jwenn anpil byenfè lefètke yo te aji konsa, yo te jwenn anpil ankourajman nan men Pòl ak frè ki te akonpaye l yo. Men, kòman sa fè posib pou sòlda yo bay yon prizonye ki sou siveyans tout libète sa a? Petèt, se paske Pòl te aji yon fason ki te fè sòlda yo gen konfyans nan li.
5 Menm jan an tou jodi a, byen souvan, lè sèvitè Jewova yo nan prizon oswa nan kan konsantrasyon, yo konn ba yo plis libète oswa kèk privilèj espesyal akoz bon konduit yo genyen antanke kretyen. Pa egzanp, nan peyi Woumani, gen yon mesye ki te gen pou l pase 75 an nan prizon poutèt li te konn vòlè ki te kòmanse etidye Pawòl Bondye a e ki te fè gwo chanjman nan pèsonalite l. Lè moun ki responsab nan prizon an wè sa, yo te ba l kèk responsablite. Yo te konn voye l lavil al achte bagay yo bezwen nan prizon an, e yo te kite l ale poukont li, san pèsonn pap veye l. Nòmalman, sa ki pi enpòtan, sèke bon konduit nou genyen fè lòt moun bay Bondye glwa. — 1 Pyè 2:12.
6, 7. Ki jan frè Wòm yo te demontre lanmou yo yon fason ki estrawòdinè?
6 Sanble lè Pòl ak frè ki te avè l yo te kite Piteyoli, yo te mache 50 kilomèt anviwon sou wout Apyen an pou yo pase Kapouwe epi pou y al Wòm. Wout Apyen an te mennen Wòm. Se yon wout ki te byen fèt, se kòmsi l te adokine ak yon seri wòch ki plat e ki laj yo fè ak lav ki soti nan vòlkan yo. Se yon wout moun te byen konnen kote yo te ka wè anpil bèl peyizaj. Lè w sou wout la, ou te ka wè yon pati nan Itali, e gen kèk kote sou wout la, ou te ka wè lanmè Meditèrane a. Wout sa a te pase tou nan yon zòn ki gen marekaj yo rele Marekaj Ponten, ki te gen yon distans 60 kilomèt anviwon ki separe l ak Wòm, e se la mache Apiyis la te ye. Lik fè nou konnen, lè frè Wòm yo “aprann [Pòl ak frè ki avè l yo] la”, genyen ki vin jis nan mache Apiyis la, e gen lòt ki ret tann yo Twa Obèj, yon kote moun te konn repoze yo e te gen yon distans 50 kilomèt anviwon ki separe l ak Wòm. Ala yon bèl fason yo te demontre lanmou yo! — Tra. 28:15.
7 Mache Apiyis la pa t yon bon kote pou yon moun k ap vwayaje ki fatige repoze l. Oras, yon powèt women, fè nou konnen mache a te “chaje maren ak moun ki gen move jan k ap travay nan otèl yo”. Li di tou “dlo a se pi vye dlo ki te ka genyen”. Li te menm refize manje yon kote konsa. Sepandan, malgre tout move kondisyon sa yo, gwoup frè ki te soti Wòm yo te kontan rete la pou yo tann Pòl ak frè ki te avè l yo pou yo te akonpaye yo nan dènye pati vwayaj la.
8. Poukisa Pòl te di Bondye mèsi lè l te “wè [frè l] yo”?
8 Bib la fè nou konnen “lè Pòl wè [frè l] yo, li di Bondye mèsi e li pran kouraj”. (Tra. 28:15.) Èske w wè sa k pase a? Pòl annik wè frè l yo, petèt genyen ladan yo li te byen konnen, li jwenn fòs, li pran kouraj. Poukisa Pòl te di Bondye mèsi? Li konnen yon lanmou konsa se yon aspè nan fwi lespri a (Gal. 5:22). Jodi a tou, lespri sen pouse kretyen yo fè sakrifis pou yo ede lòt moun e pou yo konsole moun ki bezwen sa. — 1 Tes. 5:11, 14.
9. Ki jan nou ka imite frè ki t al rankontre Pòl yo?
9 Pa egzanp, lespri sen ka pouse frè ak sè yo byen akeyi siveyan sikonskripsyon yo, misyonè yo ak lòt frè ak sè ki nan sèvis aplentan yo. Anpil nan moun sa yo se moun ki fè anpil sakrifis pou yo ka fè plis nan sèvis Jewova a. Nou chak bezwen mande tèt nou: ‘Èske m ka fè plis pou m soutni vizit siveyan sikonskripsyon an, petèt lè m akeyi li menm ak madanm li (si l marye) lakay mwen oubyen lè m envite yo manje avè m oswa lè m ede yo yon lòt fason ankò? Èske m ka fè aranjman pou m patisipe avèk yo nan travay predikasyon an?’ Si nou fè sa, nou ka jwenn anpil byenfè. Pa egzanp, imajine jan frè Wòm yo te kontan lè yo t ap tande Pòl ak frè ki te avè l yo k ap rakonte bèl eksperyans ankourajan yo te fè! — Tra. 15:3, 4.
“Se tout kote y ap pale l mal” (Travay 28:16-22)
10. Kòman sa te ye pou Pòl nan Wòm, e ki sa l te fè yon ti tan apre l te rive Wòm?
10 Lè gwoup moun ki t ap vwayaje yo te antre Wòm, otorite women yo te “pèmèt Pòl ret lakay pa l avèk sòlda ki t ap veye l la”. (Tra. 28:16.) An jeneral, lè yo pèmèt yon moun ret lakay li alòske l se prizonye, yo konn mare l ak yon chenn ak sòlda k ap veye l la pou l pa sove. Menm lè se konsa bagay yo te ye pou Pòl, li te toujou yon pwoklamatè Wayòm nan, li pa t ap kite yon chenn fè l sispann preche. Se sa k fè, apre l fin repoze l pandan twa jou akoz gwo vwayaj li te fè a, li rele mesye ki enpòtan pami Juif ki te Wòm yo pou l ka di yo kiyès li ye e pou l ka preche yo.
11, 12. Lè Pòl t ap pale ak Juif Wòm yo, ki jan l te eseye kraze prejije yo ta ka genyen kont li?
11 Men sa Pòl te di yo: “Frè m yo, malgre mwen pa fè pèp la anyen ki pa sa, ni mwen pa fè anyen ki kontrè ak koutim zansèt nou yo, yo lage m nan men Women yo kòm prizonye depi Jerizalèm. E apre yo fin egzamine ka a, yo te vle lage m paske yo pa wè m fè anyen ki merite lanmò. Men, kòm Juif yo pa t dakò, mwen te oblije mande pou m vin devan Seza, men, sa pa vle di mwen te gen okenn rezon pou m akize nasyon m nan” — Tra. 28:17-19.
12 Lefètke Pòl te rele Juif ki t ap koute l yo “frè m yo”, se tabli l te tabli yon bon baz pou l pale avèk yo e pou l kraze prejije yo ta ka genyen kont li (1 Kor. 9:20). Epitou, li te montre yo aklè li pa vini Wòm pou li akize Juif parèy li yo, men pito pou l t al devan Seza. Sepandan, Juif ki t ap viv Wòm yo pa t okouran zafè Pòl te mande pou l al devan Seza a (Tra. 28:21). Kòman fè Juif ki t ap viv Jide yo pa t gentan fè Juif Wòm yo konn sa? Gen yon liv ki fè konnen: “Sanble bato Pòl te monte a te pami premye bato ki te rive Itali apre sezon fredi a, konsa reprezantan otorite Juif nan Jerizalèm yo pa t ka gentan rive, ni yo pa t ka gentan voye yon lèt konsènan ka a.”
13, 14. Ki sa Pòl te di lè l te kòmanse pale sou mesaj Wayòm nan, e ki jan nou ka imite l?
13 Annapre, Pòl te kòmanse pale sou mesaj Wayòm nan. Li te di yon bagay li konnen k ap fè Juif k ap koute l yo enterese nan sijè a. Men sa l te di: “Se poutèt sa mwen te mande wè nou pou m pale avèk nou. Paske, se poutèt moun pèp Izrayèl t ap tann nan ki fè mwen nan chenn sa a.” (Tra. 28:20). Moun pèp Izrayèl la t ap tann nan se te Mesi a ansanm ak Wayòm li an, jan disip Kris yo t ap anseye sa. Juif yo te di Pòl: “Nou panse li bon pou nou tande opinyon w, paske vrèmanvre, pou sa ki konsène sèk sa a, nou konnen se tout kote y ap pale l mal.” — Tra. 28:22.
14 Lè nou jwenn posiblite preche bon nouvèl la, nou ka imite Pòl lè nou di kèk pawòl k ap kapte atansyon moun yo oswa lè nou poze kèk kesyon k ap fè yo anvi koute nou. N ap jwenn anpil bon egzanp sou sa nan piblikasyon tankou Comment raisonner à partir des Écritures la, Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la ak Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay. Èske w byen itilize zouti sa yo?
Pòl ban nou yon bèl egzanp: li te bay “yon temwayaj konplè” (Travay 28:23-29)
15. Bay kat bagay enpòtan nou ka aprann nan temwayaj Pòl te bay la.
15 Lè jou Juif yo te di y ap vin kot Pòl la rive, “te gen plis moun ki te vini”. Pòl te esplike yo anpil bagay. “Soti nan maten rive jis aswè [...], li ba yo yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a, e li sèvi ak Lwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te ekri yo pou l konvenk yo pou yo kwè nan Jezi.” (Tra. 28:23.) Gen kat bagay enpòtan nou ka aprann nan temwayaj Pòl te bay la. Premyèman, li te konsantre mesaj li a sou Wayòm Bondye a. Dezyèmman, li te chèche fè moun yo enterese nan sa l t ap di a lè l te di yo yon seri bagay pou l konvenk yo. Twazyèmman, li te rezone avèk yo sou Ekriti yo. Katriyèmman, li te ba yo temwayaj “soti nan maten rive jis aswè”, sa vle di li te dispoze fè sakrifis. Ala yon bèl egzanp li kite pou nou! Ki rezilta l te jwenn? “Gen kèk [nan Juif] yo ki te kòmanse kwè”, men, gen lòt ki pa t kwè. Yon sèl diskisyon te pete, e Lik fè nou konnen moun yo te “kòmanse ale”. — Tra. 28:24, 25a.
16-18. Poukisa Pòl pa t sezi lè l te wè Juif yo pa t aksepte mesaj Wayòm nan, e ki jan nou ta dwe santi nou lè moun pa aksepte mesaj n ap preche a?
16 Pòl pa t sezi lè l wè Juif yo pa aksepte mesaj Wayòm nan, paske li abitye wè moun reyaji konsa deja, e pwofesi ki nan Bib la te montre gen moun ki t ap reyaji konsa (Tra. 13:42-47; 18:5, 6; 19:8, 9). Se sa k fè, men ki sa Pòl te di Juif ki pa t byen reyaji yo pandan yo prale: “Lespri sen te byen pale ak zansèt nou yo, pa mwayen pwofèt Ezayi, lè l te di: ‘Al di pèp la: “N ap tande, men nou pap konprann anyen nan sa nou tande a. N ap gade, men nou pap wè anyen. Paske, kè pèp sa a vin di.”’” (Tra. 28:25b-27). Mo grèk lè yo tradui l yo met “vin di” pou li a montre mesaj Wayòm nan pa t ka antre nan kè Juif sa yo. Ala yon sitiyasyon ki tris!
17 Pou Pòl fini, li te fè Juif ki t ap koute l yo konnen moun nan nasyon yo pap aji menm jan avèk yo, paske l di “san mank, [nasyon yo] ap koute”. (Tra. 28:28; Sòm 67:2; Eza. 11:10.) Anfèt, Pòl te ka gen asirans moun nan nasyon yo t ap koute mesaj Wayòm nan piske l te deja wè anpil nan yo aksepte l. — Tra. 13:48; 14:27.
18 Menm jan ak Pòl, nou pa ta dwe fache lè nou wè moun yo pa aksepte bon nouvèl la. Dayè, nou konnen se pa anpil moun k ap jwenn chemen lavi a (Mat. 7:13, 14). Anplis de sa, lè moun ki gen kè sensè yo pran pozisyon pou vrè adorasyon an, nou dwe kontan e nou dwe akeyi yo ak tout kè nou. — Lik 15:7.
“Li te preche yo Wayòm Bondye a” (Travay 28:30, 31)
19. Ki jan Pòl te byen pwofite tan li te pase antanke prizonye a?
19 Lè Lik ap fin rakonte istwa ki nan liv Travay la, li di yon bagay ki vrèman pozitif konsènan Pòl e ki trè ankourajan. Li di: “Pòl te pase dezan antye nan kay li te lwe a e li te konn byen resevwa tout moun ki vin wè l. Li te preche yo Wayòm Bondye a e li te anseye yo bagay ki gen rapò ak Seyè Jezi Kris. Li te alèz anpil pou l pale, li te fè sa san pwoblèm.” (Tra. 28:30, 31). Ala yon bèl egzanp li kite pou nou antanke yon moun ki te konn akeyi moun, ki te gen lafwa e ki te zele pou l preche Wayòm nan!
20, 21. Kiyès konsa ki te pwofite travay predikasyon Pòl te fè nan vil Wòm nan?
20 Youn nan moun Pòl te byen resevwa lakay li se Onezim, yon esklav ki te sove kite kay mèt li nan vil Kolòs. Pòl te ede Onezim vin yon kretyen, e Onezim te vin yon “frè byenneme” pou Pòl e se te yon frè “ki fidèl”. Anfèt, Pòl pale de li antanke ‘pitit li’, yon “pitit [li te] vin yon papa pou li”. (Kol. 4:9; Flm. 10-12.) Sandout, eksperyans sa a Pòl te fè ak Onezim nan te ankouraje Pòl anpila!
21 Gen lòt moun toujou ki te pwofite travay predikasyon Pòl te fè nan vil Wòm nan. Pòl te ekri kretyen Filip yo, li te di yo: “Bagay ki rive m yo vire nan avantaj bon nouvèl la. Konsa, tout moun ki nan Gad Anperè a ak tout rès moun yo vin konnen se pou Kris mwen gen chenn ki mare m yo. Kounye a, pifò nan frè yo, ki nan sèvis Seyè a, montre yo gen plis kouraj toujou pou yo pale pawòl Bondye a san yo pa pè, piske chenn ki mare m yo fè yo vin gen asirans.” — Flp. 1:12-14.
22. Ki jan Pòl te byen pwofite moman li te pase nan prizon Wòm nan?
22 Pòl te byen pwofite moman li te pase nan prizon Wòm nan pou l ekri kèk lèt enpòtan ki fè pati Liv ki te ekri an grèk yo jodi ab. Lèt sa yo Pòl te ekri kretyen nan premye syèk la te itil kretyen sa yo. Yo itil nou tou paske konsèy Pòl met ladan yo bon pou epòk nou an, menm jan yo te bon pou epòk li a. — 2 Tim. 3:16, 17.
23, 24. Menm jan ak Pòl, ki jan kèk kretyen nan epòk nou an kontinye gen kè kontan e yo kontinye preche menm lè yo mete yo nan prizon yon fason ki enjis?
23 Lè Pòl te resi soti nan prizon an (liv Travay la pa pale de sa), li te gentan pase katran nan prizon: dezan nan prizon Sezare epi dezan nan prizon Wòmc (Tra. 23:35; 24:27). Men, li te kontinye gen kè kontan e l te kontinye preche, li te fè tout sa l kapab nan sèvis Bondye a. Menm jan an tou jodi a, gen anpil sèvitè Jewova, malgre yo mete yo nan prizon yon fason ki enjis akoz lafwa yo, yo kontinye gen kè kontan e yo kontinye preche. Ann pran egzanp Adolfo, ki te nan prizon ann Espay paske, antanke kretyen, li pa t vle patisipe nan bagay monn nan. Men sa yon ofisye te di l: “Ou fè n sezi. Malgre nou te rann lavi w difisil nan prizon an, e malgre nou te fè bagay yo vin pi rèd pou ou de jou an jou, se atò w te kontinye souri e se atò w te pale byen ak nou.”
24 Rive yon lè, yo te tèlman vin fè Adolfo konfyans, yo te kite pòt chanm prizon li te ye a ouvè. Sòlda yo te konn vin kote l pou yo poze l kesyon sou Bib la. Gen youn nan gad yo ki te menm konn vin nan chanm prizon l lan pou l li Labib. Pandan l t ap li Bib la, Adolfo te konn ap siveye pou li pou si gen lòt sòlda ki t ap pase. Donk, prizonye a t ap “siveye” pou gad la! Nou swete pou bèl egzanp Temwen Jewova fidèl sa yo ban nou fòs pou nou ‘montre nou gen plis kouraj toujou pou nou pale pawòl Bondye a san nou pa pè’, menmsi nou ta nan sitiyasyon ki difisil anpil.
25, 26. Nan mwens pase 30 an, ki pwofesi Pòl te wè ki akonpli, e ki jan sa ye nan epòk pa nou an?
25 Liv Travay la byen fini, li pale de yon apot Kris ki kontinye ‘preche tout moun ki vin vizite l konsènan Wayòm Bondye a’ malgre l nan prizon. Vrèmanvre, se yon liv ki chaje ak evènman! Nan premye chapit liv Travay la, nou te wè misyon Jezi te bay disip li yo lè l te di yo: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Mwens pase 30 an apre Jezi te fin di pawòl sa yo, apot Pòl fè n konnen yo “preche [mesaj Wayòm nan] tout kote anba syèl lad”. (Kol. 1:23.) Sa montre pisans lespri sen Bondye genyen! — Zak. 4:6.
26 Jodi a, menm lespri sen sa a bay ni kretyen ki frè Kris ki sou tè a toujou, ni konpayon yo ki fè pati “lòt mouton yo” fòs pou yo kontinye ‘bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’ nan plis pase 240 peyi (Jan 10:16; Tra. 28:23)! Èske w patisipe avèk zèl nan travay sa a?
a Pòl te vle Onezim ret lakay li nèt, men si l te fè sa, li t ap vyole lwa women an e li t ap vyole dwa Filemon, kretyen ki te mèt Onezim nan, te genyen sou Onezim. Se sa k fè, Onezim te tounen al jwenn Filemon. Pòl te bay Onezim yon lèt pou l bay Filemon. Nan lèt sa a, li te mande Filemon pou l byen resevwa esklav li a e pou l resevwa l antanke frè l. — Flm. 13-19.
b Gade kare ki gen tit “Senk lèt Pòl te ekri pandan l nan prizon Wòm”.
c Gade kare ki gen tit “Lavi Pòl apre ane 61 epòk nou an”.
d Gade kare ki gen tit “Nan ki sans yo te ‘preche bon nouvèl la tout kote’?”