BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pisans pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an: Jewova “ap fè tout bagay vin tounèf”
    Annou pwoche bò kote Jewova
    • 3. Selon Travay 3:21, ki bagay Jewova pral fè alavni k ap rekonfòte nou, e pa mwayen ki sa Jewova pral fè sa?

      3 Se pa ti rekonfòte nou santi nou rekonfòte lè nou konnen Jewova gen pouvwa pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an! Jan nou pral wè sa, gen bagay ki vrèman estrawòdinè Bondye pral fè pitit li yo ki sou tè a jwenn ankò. Annefè, Labib montre Jewova gen objektif pou l fè “tout bagay [...] tounen jan yo te ye anvan an”. (Travay 3:21.) Jewova ap fè sa pa mwayen Wayòm Mesi a. Se Jezi Kris, Pitit Gason l lan, k ap dirije Wayòm sa a, e gen prèv ki montre li kòmanse dirije Wayòm nan nan syèl la depi 1914a (Matye 24:3-14). Ki sa Bondye pral fè nou rejwenn? Ann egzamine kèk gwo aksyon Jewova pral fè pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an. Gen youn nan aksyon sa yo nou ka deja wè e nou ka deja viv, e gen lòt aksyon Jewova pral fè sou tout kò tè a alavni.

  • Pisans pou l fè bagay yo tounen jan yo te ye anvan an: Jewova “ap fè tout bagay vin tounèf”
    Annou pwoche bò kote Jewova
    • a Epòk kote Jewova ap fè “tout bagay [...] tounen jan yo te ye anvan an” te kòmanse lè Bondye te etabli Wayòm Mesi a. Se yon eritye wa David, yon moun ki te fidèl, ki alatèt Wayòm sa a. Jewova te pwomèt David li t ap gen yon eritye ki t ap gen pou l dirije pou toutan (Sòm 89:35-37). Men, apre Babilonyen yo te fin detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, pa t gen yon desandan David ki te vin chita sou twòn Bondye a. Jezi, ki te vin fèt sou tè a e ki te yon eritye David, te reyalize pwomès Bondye te fè David depi lontan an lè li te vin wa nan syèl la.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje