-
Annou imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipriToudegad — 2003 | 1ye jiyè
-
-
11. Ki sa k montre pa t gen patipri nan kongregasyon premye kretyen yo ?
11 Nan kongregasyon premye kretyen yo, moun ki te Juif te egal ak moun ki pa t Juif. Pòl te esplike sa : “ Laglwa, onè ak lapè pou tout moun ki fè sa ki bon, pou Juif la dabò e pou Grèk la tou. Paske pa gen patipri lakay Bondye. ”b (Women 2:10, 11). Se pa t nasyonalite moun yo ki te detèmine si yo t ap benefisye bonte Jewova, bonte moun pa merite a, men se te reyaksyon yo konsènan sa yo aprann sou Jewova ak sou pèspektiv yo genyen grasa ranson Pitit li a, Jezi (Jan 3:16, 36). Pòl te ekri : “ Se pa moun ki Juif sou deyò a ki Juif toutbon, ni se pa sikonsizyon ki fèt sou deyò a, sikonsizyon ki fèt nan chè a, ki vrè sikonsizyon an. Men, moun ki Juif la se anndan l li Juif, e sikonsizyon l lan se nan kè li ye pa mwayen lespri, e se pa pa mwayen yon kòd lwa yo ekri. ” Epi, Pòl fè yon jwèt ak mo “ Juif ” la ( ki vle di “ soti nan Jida ” ki siyifi glorifye oswa louwe), li di : “ Lwanj moun sa a pa sot nan lèzòm, men se nan Bondye l soti. ” (Women 2:28, 29). Jewova fè lwanj san patipri. E nou menm ?
-
-
Annou imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipriToudegad — 2003 | 1ye jiyè
-
-
b Nan vèsè a, ekspresyon “ Grèk ” la aplike pou Janti yo an jeneral. Étude perspicace des Écritures, tòm 1, paj 1026. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a.
-