-
Kite “chapant verite” a anseye nouToudegad — 2012 | 15 janvye
-
-
Kite “chapant verite” a anseye nou
“[Nou gen] chapant konesans lan ak chapant verite ki nan Lalwa a.” — WOM. 2:20.
-
-
Kite “chapant verite” a anseye nouToudegad — 2012 | 15 janvye
-
-
1. Poukisa li bon pou n konprann enpòtans Lwa Moyiz la genyen?
SI SE pa t pou sa Bondye te fè apot Pòl ekri yo, li t ap difisil pou n konprann enpòtans anpil bagay ki nan Lwa Moyiz la. Pa egzanp, nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te fè parèt aklè ki jan Jezi, yon ‘gran prèt ki fidèl’, te bay yon “sakrifis ki rekonsilye [nou] ak Bondye” yon fwa pou tout. Sakrifis sa a ap pèmèt tout moun ki gen lafwa nan Jezi jwenn “yon delivrans etènèl”. (Ebre 2:17; 9:11, 12.) Pòl te fè konnen tabènak la te senpleman ‘lonbray bagay ki nan syèl la’ e Jezi te vin Medyatè ‘yon alyans ki pi bon’ pase alyans Moyiz te medyatè l la (Ebre 7:22; 8:1-5). Esplikasyon Pòl te bay sou Lalwa a te gen anpil valè pou kretyen yo nan epòk li a, e yo gen anpil valè pou nou tou jodi a. Yo ede nou pi byen konprann tout sa Bondye fè pou nou.
2. Ki avantaj Juif ki te vin kretyen yo te genyen sou moun ki pa t Juif yo?
2 Gen kèk nan bagay apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo ki te espesyalman pou Juif ki te vin kretyen yo e ki te konn jwenn enstriksyon nan Lwa Moyiz la. Li te rekonèt piske kretyen sa yo te byen konnen Lwa Bondye te bay Moyiz la, yo te gen yon avantaj paske yo te “gen chapant konesans lan ak chapant verite” a konsènan Jewova ak prensip li yo ki jis. Piske Juif ki te kretyen yo te konprann “chapant verite” a e yo te gen bonjan respè pou li, yo te kapab gide lòt moun ki pa t konn Lwa Jewova te bay pèp li a, yo te kapab anseye moun sa yo epi ede yo wè limyè verite a menm jan ak Juif ki t ap sèvi Bondye anvan kretyen yo. — Li Women 2:17-20.
LONBRAY SAKRIFIS JEZI A
3. Ki byenfè n ap jwenn lè nou egzamine lwa Bondye te bay Juif nan tan lontan yo ki te gen rapò ak sakrifis yo?
3 Pou nou rive konprann objektif Jewova yo, li enpòtan toujou pou nou gen chapant verite Pòl t ap pale de li a. Prensip ki makònen ak Lwa Moyiz la enpòtan toujou. Toutpandan n ap kenbe sa nan lespri nou, nou pral wè ki jan divès sakrifis ak ofrann Lwa Moyiz la te mande Juif yo fè te mennen Juif ki te enb yo bay Kris e ki jan sakrifis ak ofrann sa yo te ede Juif sa yo konprann sa Bondye vle yo fè. Piske gen kèk bagay enpòtan Jewova toujou egzije nan men sèvitè l yo, nou pral wè tou lwa Bondye te bay Izrayelit yo sou sakrifis ak ofrann yo kapab ede nou egzamine tèt nou pou nou wè si n ap sèvi Jewova kòmsadwa. — Mal. 3:6.
-