-
Fason pou nou pran bon desizyonOu kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
5. Respekte konsyans lòt moun
Lefètke nou diferan, nou tout pap pran menm desizyon. Ki jan nou ka montre nou respekte konsyans lòt moun? Ann wè de egzanp:
Premye egzanp: Imajine yon sè ki renmen makiye ki ale nan yon kongregasyon kote anpil sè santi sa deranje yo lè moun mete makiyaj.
Li Women 15:1 ak 1 Korentyen 10:23, 24, epi reponn kesyon sa yo:
Selon vèsè sa yo, ki desizyon sè a ka pran? Ki sa w ap fè si w bò kote yon moun konsyans li pa pèmèt li fè yon bagay konsyans pa w pèmèt ou fè?
Dezyèm egzanp: Imajine yon frè ki byen konnen Bib la pa kondane pou moun bwè bwason ki gen alkòl depi l fè sa avèk moderasyon, men li menm li chwazi pa bwè. Yo envite l nan yon ti fèt e li wè gen frè k ap bwè bwason ki gen alkòl.
Li Eklezyas 7:16 ak Women 14:1, 10, epi reponn kesyon sa yo:
Selon vèsè sa yo, ki desizyon frè a ta ka pran? Ki sa w ap fè si yon moun ap fè yon bagay konsyans pa w pa pèmèt ou fè?
Ki etap k ap ede w pran bon desizyon?
1. Mande Jewova pou l ede w deside sa pou w fè. — Jak 1:5.
2. Fè rechèch nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la pou w jwenn prensip ou ka suiv nan sitiyasyon an. Ou kapab pale avèk kretyen ki gen matirite tou.
3. Gade pou w wè ki efè desizyon w ap pran an ap genyen sou konsyans ou ak konsyans lòt moun.
-
-
Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Premye patiOu kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
6. Ou kapab rezoud pwoblèm ki gen nan maryaj ou yo
Pa gen maryaj ki pafè. Se sa k fè, moun ki marye yo bezwen travay ansanm pou yo fè fas ak difikilte yo rankontre. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.
Nan videyo a, gen plizyè bagay ki te fè moun sa yo pa t pwòch ankò. Ki bagay sa yo?
Ki sa yo te fè pou yo ka fè maryaj yo vin pi solid?
Li 1 Korentyen 10:24 ak Kolosyen 3:13. Lè w fin li chak vèsè, reponn kesyon sa a:
Ki jan konsèy sa a ka ede moun ki marye fè maryaj yo vin pi solid?
Bib la di youn dwe onore lòt. Onore yon moun vle di aji avèk moun sa a avèk jantiyès e avèk respè. Li Women 12:10, epi reponn kesyon sa yo:
Èske yon mari oubyen yon madanm ta dwe tann se lòt la ki onore l anvan? Sa k fè se konsa w reponn?
-
-
Poukisa fason nou abiye ak aparans nou enpòtan?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
Nou chak gen gou pa nou. Gen rad nou renmen, e gen fason nou renmen pou aparans nou ye. Si nou suiv kèk prensip byen senp nan Bib la, nonsèlman nou kapab abiye nan gou nou, men tou, n ap abiye yon fason ki fè Jewova plezi. Annou gade kèk nan prensip sa yo.
1. Ki prensip k ap ede nou chwazi rad n ap mete ak aparans nou?
Nou ta dwe chwazi “abiman ki kòrèk. [Nou] dwe fè sa yon fason ki montre respè [ak] bonsans”. Mete sou sa, nou dwe toujou pwòp yon fason pou lòt moun kapab wè nou gen “atachman pou Bondye”. (1 Timote 2:9, 10.) Annou reflechi sou kat prensip sa yo: 1) Rad nou ta dwe “kòrèk”. Jan w ka wè sa nan reyinyon yo, nou menm k ap sèvi Jewova nou pa gen menm gou, men fason nou abiye ak fason nou fè cheve nou montre nou gen respè pou Bondye n ap adore a. 2) Abiye yon fason ki “montre respè” vle di nou pa abiye yon fason ki ka leve dezi seksyèl lakay lòt moun, nitou nou pa atire twòp atansyon sou nou. 3) Nou montre nou gen “bonsans” nan fason nou abiye lè nou pa kouri suiv nenpòt mòd ki parèt. 4) Aparans nou ta dwe toujou montre nou gen “atachman pou Bondye”. Konsa, lòt moun kapab wè n ap adore vrè Dye a.— 1 Korentyen 10:31.
2. Ki jan aparans nou kapab gen efè sou moun k ap sèvi Jewova menm jan avèk nou?
Se vre nou lib pou nou chwazi rad n ap met sou nou ak aparans nou. Men, nou dwe reflechi ak efè sa kapab genyen sou lòt moun. Nou fè efò pou nou pa choke pèsonn, e nou bat pou “nou chak fè pwochen nou plezi pou byen l, pou nou ankouraje l”.— Li Women 15:1, 2.
3. Ki jan fason nou abiye kapab fè lòt moun anvi aprann konnen Jewova?
Nou fè efò pou nou toujou byen abiye. Men, nou veye pou nou byen abiye sitou lè nou pral nan reyinyon ak lè nou pral preche. Nou pa ta renmen pou aparans nou fè yon moun pa anvi koute bèl mesaj nou pote pou li a. Okontrè, nou ta renmen pou aparans nou atire moun vin konn Bondye n ap sèvi a e pou l “anbeli ansèyman […] Sovè nou an”.— Tit 2:10.
FOUYE PLIS
Gade ki jan nou kapab veye pou rad nou mete sou nou ak aparans nou montre nou se kretyen.
Aparans nou kapab montre si nou respekte moun ki gen otorite. Se vre Jewova konn sa k nan kè nou, men aparans nou ta dwe montre nou gen respè pou li.
4. Lè aparans nou kòrèk, sa montre nou gen respè pou Jewova
Ki pi gwo rezon nou genyen pou nou veye sou aparans nou? Li Sòm 47:2, epi reponn kesyon sa yo:
Lè nou sonje nou reprezante Jewova, ki jan sa kapab gen efè sou fason nou abiye?
Èske w panse li rezonab pou nou veye sou aparans nou lè nou pral nan reyinyon e lè nou pral nan travay predikasyon an? Sa k fè se konsa w reponn?
5. Fason pou nou byen chwazi rad n ap met sou nou ak aparans nou
Kit rad nou mete sou nou chè, kit yo pa chè yo dwe toujou pwòp e yo dwe apwopriye pou moman oswa kote nou twouve nou an. Li 1 Korentyen 10:24 ak 1 Timote 2:9, 10, epi fè yon ti pale sou rezon ki fè nou pa dwe mete yon seri rad ki ta...
swa neglije, swa twò rilaks.
sere, dekòlte, oubyen ki kapab leve dezi seksyèl lakay lòt moun.
Antanke kretyen, nou pa gen pou nou suiv Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz la. Men, nou kapab wè fason Jewova panse lè nou egzamine lwa sa a. Li Detewonòm 22:5, epi reponn kesyon sa a:
Poukisa nou pa dwe mete rad oubyen chèche gen aparans k ap fè nou sanble ak yon fi, si nou se yon gason, oubyen ak yon gason, si nou se yon fi?
Li 1 Korentyen 10:32, 33 ak 1 Jan 2:15, 16, epi reponn kesyon sa yo:
Poukisa nou dwe veye pou aparans nou pa choke moun nan zòn kote n ap viv la oubyen moun nan kongregasyon an?
An jeneral, ki jan moun kote W ap viv la abiye?
Èske w panse gen nan stil sa yo ki gendwa pa fin kòrèk pou yon kretyen? Poukisa?
Gen plizyè fason nou kapab abiye toutpandan nou fè Jewova plezi.
GEN MOUN KI DI: “Mwen gendwa met sa m vle sou mwen.”
Èske w dakò? Poukisa?
SA W TE APRANN
Lè nou byen chwazi rad n ap met sou nou ak aparans nou, nou montre nou gen respè pou Jewova e pou lòt moun.
Revizyon
Poukisa rad nou met sou nou ak aparans nou enpòtan pou Jewova?
Bay kèk prensip ki kapab ede nou nan fason n ap abiye e nan aparans nou.
Ki jan aparans nou kapab gen gwo efè sou fason lòt moun wè vrè adorasyon an?
APRANN PLIS
Ki sa lòt moun ka panse de ou lè yo wè rad ou met sou ou?
Aprann poukisa li enpòtan pou w reflechi pou w wè si pou w fè tatwaj.
Gade kèk prensip nan Bib la ki ka ede w gen yon pwennvi ekilibre sou aparans ou.
Gade ki jan yon dam ki te vle fè Bondye plezi te aprann aksepte fason lòt moun te chwazi abiye.
-