CHAPIT 16
“ Jezi [...] te renmen yo jiska lafen ”
1, 2. Ki jan Jezi pase dènye sware li avèk apot li yo, e poukisa dènye moman sa yo gen anpil enpòtans pou li ?
PANDAN Jezi ap rasanble apot li yo nan chanmòt yon kay nan Jerizalèm, li konnen se dènye sware l ap pase avèk yo. Moman an prèske rive pou l retounen al jwenn Papa l. Talè konsa, yo pral arete Jezi e lafwa l pral pase anba eprèv ki pi rèd pase tout sa li te deja sibi. Epoutan, menm lanmò l ki sanlè rive pa anpeche l gen sousi pou bezwen apot yo.
2 Jezi prepare lespri apot li yo pou yo fè fas ak kite l pral kite yo a, men li gen lòt bagay toujou pou l di pou l ede yo fè fas ak evènman ki pral pase yo. Donk, li pase dènye moman enpòtan sa yo ap anseye yo yon seri leson enpòtan ki pral ede yo rete fidèl. Pawòl li yo pami pawòl ki pi touchan e ki pi entim li pataje avèk yo. Men, poukisa Jezi pi enkyete l pou apot li yo pase li enkyete l pou tèt li ? Poukisa dènye moman sa yo l ap pase avè yo a enpòtan pou li konsa ? N ap jwenn repons lan nan yon mo : lanmou. Lanmou l gen pou yo pwofon.
3. Ki jan nou fè konnen Jezi pa t tann dènye sware l la pou l demontre li renmen disip li yo ?
3 Plizyè dizèn ane apre, lè apot Jan ap entwodui istwa enspire evènman ki te pase nan sware sa a, li ekri : “ Piske anvan fèt Pak la Jezi te konnen lè l rive pou l kite monn sa a pou l al jwenn Papa a, e kòm li te renmen moun pa l yo ki te nan monn nan, li te renmen yo jiska lafen. ” (Jan 13:1). Se pa t nuit sa a Jezi te tann pou l demontre lanmou pou “ moun pa l yo ”. Toutolon ministè li, nan divès fason, li te bay prèv li renmen disip li yo. L ap bon pou nou egzamine kèk nan fason li te demontre lanmou li, paske si nou imite l nan sans sa a, nou pwouve nou se bonjan disip li.
Li te demontre pasyans
4, 5. a) Poukisa Jezi te bezwen pasyans nan relasyon l avèk disip li yo ? b) Ki jan Jezi te reyaji lè twa nan apot li yo te demontre yo manke veyatif nan jaden Jetsemane a ?
4 Lanmou ak pasyans mache ansanm. Selon 1 Korentyen 13:4, “ lanmou pasyan ”, e pasyans mande pou nou sipòte lòt moun. Èske Jezi te bezwen pasyans nan rapò li avèk disip li yo ? Sètènman ! Jan nou te wè sa nan chapit 3 a, apot yo te lan pou yo kiltive imilite. Plis pase yon fwa, yo tonbe fè diskisyon konsènan kiyès ki pi gran pami yo. Ki jan Jezi te reyaji ? Èske l te fè kòlè e l te reponn avèk iritasyon ? Non. Avèk pasyans, li te rezone avèk yo, menm lè nan dènye sware li t ap pase avèk yo a, “ yon gwo diskisyon ” te pete antre yo sou menm kesyon sa a ! — Lik 22:24-30 ; Matye 20:20-28 ; Mak 9:33-37.
5 Annapre nan dènye nuit sa a, lè Jezi te ale nan jaden Jetsemane a avèk 11 apot fidèl yo, pasyans li te pase anba eprèv ankò. Jezi kite uit nan apot yo, li mennen Pyè, Jak ak Jan pi fon nan jaden an. Jezi di yo : “ Nanm mwen nan gwo lapenn, nan pwen pou m mouri. Rete la a epi kontinye veye. ” L al nan yon ti distans pi lwen e li kòmanse priye avèk anpil santiman. Apre li fin fè yon bon ti tan ap priye, li retounen bò kote twa apot yo. Ki sa l jwenn yo t ap fè ? Nan moman sa a, nan moman li t apral sibi pi gwo eprèv li a, yo t ap dòmi ! Èske l te kritike yo dèske yo te manke veyatif ? Non, avèk pasyans, li te ankouraje yo. Pawòl janti li te di yo montre li konprann nan ki strès yo te ye e sa montre li konprann feblès yoa. Li di : “ Se vre, lespri a vif, men lachè a fèb. ” Jezi te rete pasyan nan sware sa a, menm lè li te vin jwenn y ap dòmi pa sèlman yon fwa, men de lòt fwa ankò ! — Matye 26:36-46.
6. Ki jan nou ka imite Jezi nan fason n ap boule ak lòt moun ?
6 Li ankourajan pou nou note Jezi pa t pèdi espwa nan apot li yo. Finalman, pasyans li te bay bon rezilta, piske mesye fidèl sa yo te aprann enpòtans pou yo gen imilite e pou yo veyatif (1 Pyè 3:8 ; 4:7). Ki jan nou ka imite Jezi nan fason n ap boule ak lòt moun ? Ansyen yo sitou bezwen devlope pasyans. Kèk konpayon kretyen kapab pwoche bò kote yon ansyen pou yo esplike l pwoblèm yo alòske ansyen an poukont pa l trè fatige oswa li gen pwòp pwoblèm pa l ki okipe lespri l. Pafwa, moun ki bezwen èd yo gendwa lan pou yo reyaji devan konsèy yo ba yo. Sepandan, ansyen yo ki pasyan ap enstwi moun “ avèk dousè ” e y ap “ aji ak twoupo a avèk tandrès ”. (2 Timote 2:24, 25 ; Travay 20:28, 29.) Li bon tou pou paran yo imite pasyans Jezi te demontre, paske pafwa, timoun yo gendwa lan pou yo reyaji devan konsèy oswa disiplin yo resevwa. Lanmou ak pasyans ap ede paran yo pou yo pa bouke nan efò y ap fè pou yo fòme pitit yo. Rekonpans yon pasyans konsa ka vrèman gran. — Sòm 127:3.
Li te konble bezwen yo
7. Ki fason Jezi te konn pran swen disip li yo fizikman e materyèlman ?
7 Aksyon ki dezenterese se prèv ki demontre lanmou (1 Jan 3:17, 18). Lanmou “ pa chèche pwòp enterè pa li ”. (1 Korentyen 13:5.) Lanmou te pouse Jezi pran swen disip li yo fizikman e materyèlman. Byen souvan, li te aji nan enterè yo anvan menm yo fè konnen sa yo bezwen. Lè l te wè yo fatige, li te sijere yo pou yo vin avèk li ‘ yon kote ki apa pou yo pran yon ti repo ’. (Mak 6:31.) Lè l te disène yo grangou, li te pran inisyativ ba yo manje — yo menm ansanm ak plizyè milye lòt moun ki te vin tande l k ap anseye. — Matye 14:19, 20 ; 15:35-37.
8, 9. a) Ki sa ki montre Jezi te rekonèt bezwen espirityèl disip li yo genyen e ki sa ki montre li te satisfè bezwen sa yo ? b) Lè Jezi te sou poto a, ki jan l te montre li vrèman enkyete l pou byennèt manman l ?
8 Jezi te rekonèt bezwen espirityèl disip li yo genyen e li te satisfè bezwen sa yo (Matye 4:4 ; 5:3). Nan ansèyman li, byen souvan li ba yo yon atansyon espesyal. Se pou disip li yo espesyalman li te bay Sèmon sou montay la (Matye 5:1, 2, 13-16). Lè li fin anseye avèk egzanp, “ li te konn esplike disip li yo tout bagay an prive ”. (Mak 4:34.) Jezi te anonse li t ap gen pou l chwazi yon “ esklav fidèl ki prevwayan ” pou l asire l disip Li yo t ap byen nouri espirityèlman nan dènye jou yo. Esklav fidèl sa a, ki gen ladan l yon ti gwoup nan frè Jezi yo sou tè a ki wen ak lespri, ap bay manje espirityèl “ nan moman apwopriye ” depi nan ane 1919 epòk nou an. — Matye 24:45.
9 Jou Jezi t apral mouri a, li te montre li sousye l de byennèt espirityèl moun li renmen yo yon fason ki touchan. Imajine sèn nan. Jezi sou poto a, li nan yon doulè atwòs. Pou l ka respire, sanble li te oblije peze sou pye l pou hise kò l. E siman sa te fè l soufri anpil lè pwa kò l t ap fè presyon sou blese klou yo te fè nan pye l yo e lè do l ki tou filange t ap fwote sou poto a. Li dwe te difisil pou l pale, e sa dwe te lakòz doulè, piske fò l te kontwole respirasyon l. Epoutan, jis anvan Jezi mouri, li pale yon fason ki demontre lanmou pwofon li gen pou Mari, manman li. Jezi wè Mari ansanm ak apot Jan ki kanpe toupre a, li pale ak yon vwa ki fò ase pou moun ki kanpe toupre ka tande, li di manman l : “ Madanm, gade ! Men pitit gason w ! ” Apre sa, li di Jan : “ Gade ! Men manman w ! ” (Jan 19:26, 27). Jezi te konnen apot fidèl la t ap pran swen Mari nonsèlman nan domèn fizik e nan domèn materyèl, men tou nan domèn espirityèlb.
10. Ki jan paran yo ka imite Jezi etan y ap pran swen pitit yo ?
10 Paran ki gen sousi pou pitit yo twouve li pwofitab pou yo medite sou egzanp Jezi kite a. Yon papa ki vrèman renmen fanmi l ap ba li sa l bezwen nan domèn materyèl (1 Timote 5:8). Chèf fanmi ki ekilibre e ki gen lanmou rezève tan pafwa pou repo ak detant. Sa ki pi enpòtan an, paran kretyen yo bay pitit yo sa yo bezwen nan domèn espirityèl. Ki jan yo fè sa ? Paran sa yo pran dispozisyon pou gen yon etid biblik regilye an fanmi, e yo fè efò pou yo rann moman sa yo ankourajan e agreyab pou pitit yo (Detewonòm 6:6, 7). Paran yo, kit se nan pawòl, kit se nan egzanp yo bay, fè pitit yo konnen ministè a se yon aktivite ki enpòtan, e yo fè yo konnen preparasyon ak asistans reyinyon yo se yon pati esansyèl nan abitid espirityèl yo. — Ebre 10:24, 25.
Li te dispoze padone
11. Ki sa Jezi te anseye disip li yo anrapò ak padon ?
11 Padon se yon aspè nan lanmou (Kolosyen 3:13, 14). Selon 1 Korentyen 13:5, lanmou “ pa teni kont de bagay mal yo fè l ”. Nan plizyè okazyon, Jezi te anseye disip li yo enpòtans padon genyen. Li te ankouraje yo padone lòt moun, ‘ non pa jiska sèt fwa, men jiska swasanndisèt fwa ’ — sa vle di yon kantite fwa ki pa gen limit (Matye 18:21, 22). Li te anseye yo yo dwe padone yon pechè si apre li fin resevwa yon disiplin, li montre li repanti (Lik 17:3, 4). Sepandan, Jezi pa t janm tankou Farizyen ipokrit yo, ki te konn anseye ak pawòl sèlman. Li te konn anseye tou ak egzanp li bay (Matye 23:2-4). Annou wè ki jan Jezi te demontre li dispoze padone menm lè yon zanmi li te fè konfyans te desevwa l.
12, 13. a) Ki fason Pyè te desevwa Jezi nan nuit yo te arete L la ? b) Ki jan fason Jezi te aji apre rezirèksyon l lan montre aklè li pa t annik kontante l di moun pou yo padone ?
12 Jezi te gen yon relasyon sere sere ak apot Pyè, yon moun ki amikal, men pafwa ki aji san reflechi. Jezi te rekonèt bèl kalite Pyè te genyen yo e li te fè l jwenn privilèj espesyal. Pèsonèlman, Pyè, ansanm ak Jak ak Jan, te temwen kèk mirak rès nan 12 apot yo pa t wè (Matye 17:1, 2 ; Lik 8:49-55). Jan nou te note sa anvan, Pyè se te youn nan apot ki te akonpaye Jezi pi lwen nan jaden Jetsemane a nan nuit yo te arete L la. Epoutan, nan menm nuit sa a, lè yo te trayi Jezi e yo te arete l la, Pyè ak lòt apot yo te abandone l e yo te kouri. Annapre, Pyè te montre l ase brav pou l kanpe deyò a pandan yo t ap jije Jezi yon fason ilegal. Malgre sa, nan pita, Pyè vin gen laperèz e li fè yon gwo fot : an twa fwa, li renye Jezi, li te menm bay manti lè l te di li pa konnen l (Matye 26:69-75) ! Ki jan Jezi te reyaji ? Ki jan w t ap reyaji si yon bon zanmi w ta desevwa w konsa ?
13 Jezi te pare pou l padone Pyè. Li te konnen Pyè te kraze anba pwa peche l la. Anfèt, apot la, ki te repanti, “ te santi l kraze e li te pran kriye ”. (Mak 14:72.) Jou Jezi resisite a, li te parèt devan Pyè, aparamman pou l rekonfòte l e pou l reba l asirans (Lik 24:34 ; 1 Korentyen 15:5). Mwens pase de mwa apre, Jezi te onore Pyè lè l kite l pran latèt nan bay foul moun ki te Jerizalèm nan jou Pannkòt la temwayaj (Travay 2:14-40). N ap sonje tou, Jezi pa t kenbe apot yo nan kè dèske yo te abandone l. Okontrè, apre l fin resisite, li kontinye rele yo “ frè m yo ”. (Matye 28:10.) Èske li pa klè Jezi pa t kontante l di moun pou yo padone, men li te konn padone tou ?
14. Poukisa nou dwe aprann padone lòt moun, e kòman nou ka demontre nou dispoze padone ?
14 Antanke disip Kris, nou bezwen aprann padone lòt moun. Poukisa ? Kontrèman ak Jezi, nou enpafè — menm jan ak moun ki petèt peche kont nou yo. Detanzantan, nou tout nou bite nan pawòl e nan aksyon (Women 3:23 ; Jak 3:2). Lè nou padone lòt moun lè sa jistifye, nou fè li posib pou Bondye padone pwòp peche pa nou (Mak 11:25). Donk, kòman nou ka demontre nou dispoze padone moun ki petèt peche kont nou yo ? Nan plizyè sitiyasyon, lanmou ede nou pase sou peche ki pa twò grav e sou defo ki lakay lòt moun (1 Pyè 4:8). Lè moun ki aji mal kont nou repanti sensèman, jan Pyè te fè l la, se sèten nou vle imite dispozisyon Jezi te genyen pou l padone. Olye pou n kenbe rankin, avèk sajès, n ap chwazi kite santiman sa a ale (Efezyen 4:32). Lè nou fè sa, nou kontribye nan lapè kongregasyon an e nan pwòp lapè nan lespri nou ak nan kè nou. — 1 Pyè 3:11.
Li te demontre li fè yo konfyans
15. Poukisa Jezi te fè disip li yo konfyans malgre defo yo te genyen ?
15 Lanmou ak konfyans mache ansanm. Lanmou “ kwè tout bagay ”c. (1 Korentyen 13:7.) Lanmou te pouse Jezi demontre li dispoze fè disip li yo konfyans malgre enpèfeksyon yo. Li te fè yo konfyans e li te kwè yo vrèman renmen Jewova ak tout kè yo e yo vle fè volonte L. Menm lè yo te fè fot, Jezi pa t mete entansyon yo an dout. Pa egzanp, lè apot Jak ak apot Jan aparamman te fè manman yo mande pou yo chita akote Jezi nan Wayòm li an, Jezi pa t doute sou fidelite yo ni li pa t diskalifye yo kòm apot. — Matye 20:20-28.
16, 17. Ki responsablite Jezi te konfye disip li yo ?
16 Jezi te demontre li fè disip li yo konfyans lè l te ba yo divès responsablite. Nan de okazyon, lè li te fè yon mirak pou l miltipliye manje e pou l nouri foul moun yo, li te bay disip li yo responsablite pou yo distribye manje a (Matye 14:19 ; 15:36). Nan preparasyon li t ap fè pou dènye Pak li t apral selebre a, li te deziyen Pyè ak Jan pou yo ale Jerizalèm e pou yo prepare bagay yo. Yo te okipe yo de chèche yon timouton, diven, pen san ledven, zèb anmè ak tout lòt bagay ki te nesesè. Se pa t yon ti responsablite raz, paske Lalwa Moyiz la te mande pou yo selebre Pak la yon fason ki kòrèk, e Jezi te dwe viv ann amoni ak Lwa sa a. Anplis de sa, pita nan menm sware a, Jezi te sèvi ni ak diven an ni ak pen san ledven an kòm senbòl enpòtan lè li t ap etabli Memoryal lanmò li. — Matye 26:17-19 ; Lik 22:8, 13.
17 Jezi te wè li apwopriye pou l konfye disip li yo pi gwo responsablite toujou. Jan nou te wè sa anvan, li te bay yon ti gwoup nan disip wen li yo sou tè a gwo responsablite pou yo bay manje espirityèl (Lik 12:42-44). N ap sonje tou, li te konfye disip li yo yon gwo misyon : preche epi fè disip (Matye 28:18-20). Menm kounye a, malgre Jezi envizib e l ap dirije detan nan syèl la, li konfye kongregasyon li ki sou tè a nan men moun ki gen kalifikasyon espirityèl yo rele “ gason kòm kado ”. — Efezyen 4:8, 11, 12.
18-20. a) Ki jan nou ka montre nou fè konpayon nou yo konfyans ? b) Ki jan nou ka imite dispozisyon Jezi te genyen pou l delege responsablite ? c) De ki sa nou pral pale nan chapit ki vin apre a ?
18 Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi nan fason n ap boule ak lòt moun ? Lefètke nou demontre nou fè konpayon kwayan nou yo konfyans se yon fason pou n eksprime lanmou nou gen pou yo. Annou sonje lanmou se yon kalite ki pozitif, li pa negatif. Lè lòt moun desevwa nou, sa ki pap pa rive detanzantan, lanmou ap anpeche nou kouri sipoze yo gen move entansyon (Matye 7:1, 2). Si nou kontinye gen yon pwennvi pozitif sou konpayon nou yo, n ap boule avèk yo yon fason k ap ankouraje yo olye l kraze yo. — 1 Tesalonisyen 5:11.
19 Èske nou ka imite dispozisyon Jezi te genyen pou l delege responsablite ? Li pwofitab pou moun ki nan pozisyon responsablite nan kongregasyon an delege kèk travay ki apwopriye e ki itil bay lòt moun, toutpandan yo gen konfyans moun sa yo ap fè tout sa yo kapab pou yo byen fè travay yo. Konsa, ansyen ki eksperimante yo ka bay jèn gason ki kalifye e k ap “ chèche ” ede fòmasyon ki nesesè e ki enpòtan (1 Timote 3:1 ; 2 Timote 2:2). Fòmasyon sa a esansyèl. Tank Jewova kontinye ap akselere akwasman k ap fèt nan travay Wayòm nan, se tank l ap nesesè pou gason ki kalifye yo jwenn fòmasyon pou yo jere akwasman an. — Izayi 60:22.
20 Jezi ban nou yon trè bèl egzanp nan fason pou nou demontre lanmou pou lòt moun. Pami tout fason nou ka suiv li, sa ki pi enpòtan an se imite lanmou li. Nan chapit ki vin apre a, n ap pale konsènan pi gwo ekspresyon lanmou li pou nou : fason li te dispoze bay lavi l.
a Sa ki te lakòz apot yo t ap dòmi an, se pa t sèlman fatig fizik. Lik 22:45, ki rapòte menm istwa sa a, fè konnen Jezi te “ jwenn yo ap kabicha tèlman yo te tris ”.
c Natirèlman, sa pa vle di lanmou kwè nenpòt bagay. Okontrè, sa vle di lanmou sa a pa kritik aleksè, ni li pa mefyan. Lanmou anpeche yon moun kouri jije entansyon lòt moun oswa kouri konkli yo gen move entansyon.