-
Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi aToudegad — 2009 | 15 desanm
-
-
13. a) Ki tèks nou genyen pou ane 2010 la? b) Nan ki sans lanmou pap janm fayi?
13 Apre sa, Pòl te esplike ki sa lanmou ye e ki sa l pa ye. (Li 1 Korentyen 13:4-8.) Kounye a, pran yon ti tan pou w egzamine nan ki pwen ou aji ann amoni ak fason lanmou mande w aji. Byen gade dènye pati fraz ki nan vèsè 7 la ak premye fraz ki nan vèsè 8 la. Men sa yo di: ‘Lanmou andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.’ Se vèsè sa yo n ap genyen kòm tèks pou ane 2010 la. N ap remake nan vèsè 8 la, Pòl pale de don lespri yo ki te egziste nan kòmansman kongregasyon kretyen an. Pami don sa yo, te gen don pou bay pwofesi ak don pou pale an lang. Li te di don sa yo te gen pou yo disparèt. Donk, rive yon lè, pa t ap gen don sa yo ankò. Men, t ap toujou gen lanmou. Jewova se lanmou menm, e Jewova etènèl. Se sa k fè lanmou pap janm fayi, li pap janm pase. L ap toujou la paske Bondye nou an ki etènèl gen kalite sa a. —1 Jan 4:8.
-
-
Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi aToudegad — 2009 | 15 desanm
-
-
Lanmou pa janm fayi
20, 21. a) Poukisa lanmou gen yon kokenn enpòtans? b) Poukisa ou deside pousuiv chemen lanmou an?
20 Nan mitan pèp Jewova a jodi a, nou rann nou kont li saj pou nou pousuiv chemen lanmou an, yon chemen estrawòdinè. Vrèmanvre, chemen sa a enpòtan nan tout sitiyasyon. N ap remake ki jan apot Pòl te mete aksan sou verite sa a. Toudabò, li te esplike don lespri yo t ap disparèt, kongregasyon an t ap grandi e l t ap vin gen matirite. Ansuit, li te fini ak pawòl sa yo: “Kounyeya se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.” —1 Kor. 13:13.
21 Finalman, n ap jwenn bagay nou gen konfyans oswa nou gen lafwa n ap jwenn yo, donk, gen yon lè k ap rive, li pap nesesè pou nou gen lafwa nan yo ankò. Kounye a, nou swaf wè yon seri pwomès reyalize, men nou pap kontinye tann yo reyalize ankò lè tout bagay vin tounèf. Men, e lanmou li menm? Lanmou pap janm fayi, sètadi li pap janm pase. L ap toujou la. Toutpandan n ap tann lavi etènèl la, nou sèten n ap wè plis aspè nan lanmou Bondye e n ap vin konprann plis aspè ladan l tou. Si nou fè volonte Bondye; si nou pousuiv chemen lanmou an, yon chemen estrawòdinè ki pap janm fayi, n ap kapab gen lavi pou toutan. —1 Jan 2:17.
-