Mande eskiz : yon mwayen esansyèl pou fè lapè
“MANDE eskiz gen yon pakèt pouvwa. Li rezoud chirepit san pa gen vyolans, li bouche twou ki divize nasyon, li fè gouvènman rekonèt soufrans sitwayen lakay yo, li retabli ekilib nan relasyon moun ak moun. ” Se Deborah Tannen, yon ekriven sosyolengwis nan inivèsite Georgetown nan Washington D.C., ki te ekri pawòl sa yo.
Bib la pwouve lè moun mande eskiz ak tout kè yo, souvan se yon bon mwayen pou fè moun ki te fache yo retounen vin byen ankò. Pa egzanp, nan parabòl pitit gason gaspiyè Jezi te bay la, lè pitit gason an retounen epi l mande papa a eskiz ak tout kè l, papa a te tou prèt pou l resevwa l nan kay la ankò e li te dispoze fè plis pou li toujou (Lik 15:17-24). Se vre, yon moun pa dwe janm santi l twò enpòtan opwen pou l pa ka bliye ògèy li pou l mande eskiz, epi pou l chèche padon. Natirèlman, pou yon moun ki enb toutbonvre, mande eskiz se pa yon bagay ki twò difisil pou l fè.
Pouvwa yon eskiz ka genyen
Abigayil, yon fanm ki te gen sajès nan Izrayèl tan lontan an, bay egzanp sou pouvwa yon eskiz ka genyen, kwak lè l te mande eskiz la se pou yon bagay mal mari l te fè. Pandan David t ap viv nan dezè a, anvan l te vin wa nan peyi Izrayèl, li menm ansanm ak mesye l yo te pwoteje twoupo bèt Nabal, mari Abigayil. Sepandan, lè jèn mesye ki te avèk David yo al mande Nabal pen ak dlo, li kouri dèyè yo ak vye pawòl. David, ki te santi yo pwovoke l, pran 400 zòm anviwon avèk li pou y al regle ni ak Nabal ni ak moun lakay li. Lè Abigayil aprann nouvèl la, li met deyò pou l al rankontre ak David. Lè l jwenn avèk li, li lage kò l fas anba devan pye David. Apre sa li di David : “ O, seyè m nan, se sou mwen fot la tonbe, e silvouplè, kite esklav ou a pale avèk ou. ” Abigayil esplike sitiyasyon an, epi li fè David kado bagay pou li menm ak mesye l yo manje e pou yo bwè. Se lè sa a David di : “ Monte al lakay ou an pè. Ou wè, mwen tande pawòl ou di a paske m gen konsiderasyon pou ou. ” — 1 Samyèl 25:2-35.
Se konpòtman enb Abigayil ak eskiz li fè a ki epaye moun lakay li, paske mari l te aji yon fason ensolan. David te menm di l mèsi poutèt li te anpeche l fè san koule. Kwak se pa t Abigayil ki te mal resevwa David ak mesye l yo, li asepte blam nan pou fanmi l e li fè lapè ak David.
Egzanp yon lòt moun ki te konnen lè pou l mande eskiz, se egzanp apot Pòl. Te gen yon lè li te dwe defann tèt li devan Sanedren an, tribinal siprèm Juif yo. Paske Pòl te fran nan fason l pale, gran prèt la, Ananyas, te fache anpil. Li bay lòd pou moun ki te bò kote Pòl yo frape l sou bouch. Lè sa a Pòl di li : “ Bondye gen pou l frape w, miray blanchi. Èske w chita pou w jije m dapre lalwa, epi anmenmtan w ap vyole lalwa, ou bay lòd pou yo frape m ? ”. Lè moun ki t ap asiste yo akize Pòl epi yo di l se ensilte l ap ensilte gran prèt la, tousuit, apot la admèt erè l te fè a, li di : “ Frè m yo, mwen pa t konnen se te gran prèt la. Piske sa ekri : ‘ Yon moun ki chèf pèp ou, ou pa dwe pale l mal. ’ ” — Travay 23:1-5.
Sa Pòl te di a, se sa menm : yon moun yo nonmen jij pa ta dwe nan fè vyolans. Poutan Pòl mande eskiz, paske li pa t konnen se ak gran prèt la l ap pale yon fason moun ta ka konsidere kòm yon mank dega.a Piske Pòl te mande eskiz, sa te ouvri wout pou Sanedren an tande sa l gen pou l di a. Piske Pòl te rann li kont gen polemik pami manm tribinal la, li di yo se poutèt li kwè nan rezirèksyon ki fè y ap jije l. Sa te lakòz gwo diskisyon pete, e Farizyen yo te an favè Pòl. — Travay 23:6-10.
Ki sa nou kapab aprann nan de egzanp biblik sa yo ? Nan toule de sikonstans yo, regrè sensè yo te ouvri chemen pou lòt konvèsasyon. Donk, lè nou mande eskiz, sa kapab ede nou fè lapè ak moun. Wi, lè nou admèt nou te fè erè e nou mande eskiz pou tò nou fè a, sa kapab ouvri pòt pou konvèsasyon ki ankourajan.
‘ Men se pa anyen m fè ki mal ’
Lè nou rann nou kont sa nou te di oswa sa nou te fè ofanse yon moun, nou kapab gen tandans panse se moun nan ki pa rezonab oswa ki twò siseptib. Poutan, men avètisman Jezi Kris te bay disip li yo : “ Kidonk, si w ap pote ofrann ou sou lotèl e ou sonje frè w gen yon bagay kont ou, kite ofrann ou an devan lotèl la, epi al fè lapè ak frè w la, e apre sa, lè w retounen, fè ofrann ou an. ” — Matye 5:23, 24.
Pa egzanp, yon frè ka panse ou fè l yon bagay ki mal. Se nan yon sitiyasyon konsa Jezi di pou w al “ fè lapè ak frè w la ” kit ou te fè l ditò, kit ou pa t fè l ditò. Dapre tèks grèk la, mo Jezi itilize la a ‘ fè remake se chak pati yo ki pou fè konsesyon youn pou lòt apre youn te fin fè lòt fache ’. (Vine’s Expository Dictionary of Old and New Testament Words.) An reyalite, lè de moun nan kont, petèt yo chak gen tò bò kote pa yo, piske yo toule de fèt nan peche e yo toule de gen tandans fè fot. Nòmalman, sa mande pou chak pati yo fè konsesyon.
Sa ki enpòtan, se pa tèlman kilès ki gen rezon ak kilès ki gen tò, men kilès k ap deside fè lapè. Lè apot Pòl te remake kretyen Korent yo te konn rele sèvitè Bondye parèy yo nan leta pou pwoblèm yo te genyen antre yo, tankou fè kont pou lajan, li te reprann yo. Li di yo : “ Poukisa nou pa kite yo fè nou ditò pito ? Poukisa nou pa kite yo esplwate nou pito ? ” (1 Korentyen 6:7). Pòl te di pawòl sa a pou l dekouraje kretyen yo al nan leta pou regle pwoblèm yo genyen. Men, prensip ki kache dèyè ide a klè : li pi enpòtan pou kretyen fè lapè youn ak lòt olye pou yo chèche pwouve kilès ki gen rezon ak kilès ki gen tò. Si nou kenbe prensip sa a nan tèt nou, l ap pi fasil pou nou mande eskiz pou yon tò yon moun panse nou fè li.
Nou bezwen gen senserite
Se vre, gen moun ki sèvi twòp ak mo yo konn itilize pou mande eskiz. Pa egzanp, nan peyi Japon, sumimasen se yon mo yo itilize pou mande eskiz, e se toutan moun ap tande l. Yo konn menm sèvi avè l pou di mèsi. Yon moun ka itilize l tou pou montre jan l santi l mal alèz, paske li pa ka remèt sa yo fè pou li a. Etandone yo itilize mo sa a divès fason, gen kèk moun ki kapab santi yo sèvi avè l twò souvan. Petèt y ap mande tèt yo, si moun yo vrèman sensè lè yo di l. Nan lòt sosyete tou, sanble yo sèvi ak mo pou mande eskiz yo twò souvan.
Nan nenpòt lang moun pale, li enpòtan pou nou sensè lè n ap mande yon moun eskiz. Si sa fè moun nan mal vre, sa l di a ak fason l di l la ap montre sa. Nan Sèmon sou montay la, men sa Jezi Kris te anseye disip li yo : “ Se pou wi nou siyifi wi, se pou non nou se non, paske sa k vin anplis la se nan mechan an li soti. ” (Matye 5:37). Lè w mande eskiz, si w regrèt sa w te fè a toutbonvre, demontre sa ! Annou bay yon egzanp. Nan yon ayewopò, gen yon mesye ki te nan liy pou l fè tcheke bagay li pote. Malèt li te fè yon ti teke yon dam ki te dèyè l nan liy nan e li te mande dam nan eskiz. Kèk minit apre, lè liy nan fè yon ti vanse, malèt la frape madanm nan ankò. Fwa sa a ankò, avèk jantiyès mesye a mande l eskiz. Lè menm bagay la refèt yon lòt fwa ankò, mesye ki akonpaye madanm nan di li si vrèman li regrèt sa l fè a, li ta dwe veye pou malèt la pa frape dam nan ankò. Se vre, si eskiz yon moun sensè, fòk li pran detèminasyon pou l pa fè menm erè a ankò.
Si nou sensè vre lè nou mande eskiz, non sèlman n ap admèt nou antò, men n ap chèche padon e n ap fè tout efò nou kapab pou n repare tò nou fè a. Anretou, moun ki te sibi tò a ta dwe tou dispoze padone moun ki fotif la men ki repanti a (Matye 18:21, 22 ; Mak 11:25 ; Efezyen 4:32 ; Kolosyen 3:13). Piske toule de pati yo se moun ki fèt nan peche, li ka pa toujou fasil pou yo fè lapè. Toutfwa, mande eskiz jwe yon gwo wòl nan fè lapè.
Lè l pa apwopriye pou nou mande eskiz
Lè yon moun esprime regrè oubyen remò, sa pote soulajman e sa ka favorize lapè. Toutfwa, yon moun ki saj ap evite esprime santiman sa yo lè sa pa apwopriye. Annou sipoze pa egzanp, se yon sijè ki enplike fidelite nou devan Bondye. Lè Jezi Kris te sou tè a “ li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jiskaske l mouri, wi, jiskaske l mouri sou yon poto siplis. ” (Filipyen 2:8). Sepandan, li pa t mande padon pou sa l te kwè nan objektif pou l soulaje soufrans li. E Jezi pa t mande eskiz lè gran prèt la te di l : “ M ap fè w fè sèman nan non Bondye vivan an pou w di nou si se ou ki Kris la, Pitit Bondye a ! ” Jezi pa t kraponnen pou l kouri mande padon, okontrè, men sa l reponn avèk kouraj : “ Se ou menm ki di li. Men, mwen di nou sa mesye : Depi kounye a, nou pral wè Pitit Gason lòm nan chita adwat pisans lan, e l ap vini sou nyaj nan syèl la. ” (Matye 26:63, 64). Sa pa t janm vin nan tèt Jezi pou l vyole fidelite l devan Papa l, Jewova Dye, nan objektif pou l prezève lapè ak gran prèt la.
Kretyen yo montre yo gen respè pou otorite e yo onore yo. Sepandan, yo pa bezwen mande padon paske yo obeyi Bondye e paske yo renmen frè yo. — Matye 28:19, 20 ; Women 13:5-7.
Lè anyen pap anpeche moun viv an pè
Jodi a, nou fè erè paske nou fèt nan peche e panchan pou fè peche a se eritye nou eritye l nan Adan, zansèt nou (Women 5:12 ; 1 Jan 1:10). Sitiyasyon pechè Adan an se rezilta rebelyon li kont Kreyatè a. O kòmansman, Adan ak Èv te pafè, epi yo te san peche. Bondye pwomèt pou l remete lèzòm nan menm eta lapèfeksyon sa a ankò. Li pral efase peche ak tout sa l pote. — 1 Korentyen 15:56, 57.
Reflechi yon ti moman sou sa sa pral siyifi ! Jak, frè Jezi kot manman, te bay konsèy sa a sou jan pou nou sèvi ak lang nan bouch nou : “ Si yon moun pa bite nan pawòl, li se yon òm pafè ki kapab bride tout kò l tou. ” (Jak 3:2). Yon moun ki san peche kapab kontwole lang li yon fason pou l pa oblije ap mande eskiz paske li mal sèvi ak lang li. Li ‘ kapab bride tout kò l tou ’. Ala bèl sa pral bèl, lè nou vin pafè ! Apre sa, anyen pap anpeche moun viv an pè youn ak lòt. Annatandan, yon eskiz apwopriye ki fèt ak tout kè an rapò ak yon fot nou fè ap ouvri pòt pou nou fè lapè.
[Nòt anba paj]
a Petèt sa te rive paske Pòl te gen ti pwoblèm nan je, li pa t wè byen, sa ki fè li pa t rekonèt gran prèt la.
[Foto nan paj 5]
Ki sa nou kapab aprann nan pwòp egzanp Pòl la ?
[Foto nan paj 7]
Lè tout moun vin pafè, anyen pap anpeche moun viv an pè.