-
Kontinye mete bagay nou aprann yo an pratikToudegad — 2002 | 1ye oktòb
-
-
Rejte “ lejann ” yo
8. a) Pa ki mwayen Satan ap chèche kraze lafwa nou jodi a ? b) Ki avètisman Pòl ban nou nan 2 Timote 4:3, 4 ?
8 Satan ap chèche simen dout nan lespri nou, anrapò ak sa nou aprann yo, pou l wè si l ta ka anpeche nou rete entèg. Jodi a, tankou nan premye syèk la, aposta yo ak lòt ankò ap chèche kraze lafwa moun ki sensè yo (Galat 2:4 ; 5:7, 8). Pafwa, yo sèvi ak laprès pou yo simaye enfòmasyon yo tòde oswa menm yo bay manti kri sou metòd sèvitè Jewova yo itilize ak rezon k ap pouse yo aji. Pòl te bay yon avètisman kote l te di gen moun yo t apral fè kite laverite. Men ki sa li te ekri : “ Gen yon moman k ap rive kote yo pap tolere ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi pa yo, yo va rasanble yon pil anseyan pou yo menm, pou satiyèt zòrèy yo. E yo va detounen zòrèy yo pou yo pa tande laverite, alòske y ap vire ale nan lejann. ” — 2 Timote 4:3, 4.
9. Ki sa Pòl dwe te gen nan lespri li lè li te pale de “ lejann ” ?
9 Gen kèk moun ki te kite “ lejann ” atire yo olye pou yo te rete kole sou modèl pawòl ki pwofitab yo. Ki sa lejann sa yo te ye ? Petèt Pòl t ap panse a yon seri istwa ki pa reyèl, tankou istwa nou jwenn nan liv Tobit la, yon liv apokrif.a Pami lejann sa yo tou, petèt te gen pawòl san fondman ak nouvèl ki fè moun etone men ki pa vre. Epitou gen kèk moun, “ selon pwòp dezi pa yo ”, ki te kite lòt moun blofe yo. Blofè sa yo se moun ki te pran prensip Bondye yo alalejè e ki t ap kritike moun ki alatèt nan kongregasyon an (3 Jan 9, 10 ; Jid 4). Kèlkeswa rezon ki te ka fè kèk moun trebiche, sanble moun sa yo te pito kwè nan blòf, olye pou yo kwè nan verite ki nan Pawòl Bondye a. Sa pa t pran anpil tan pou yo sispann pratike sa yo te aprann yo, e sa te nuizib pou yo espirityèlman. — 2 Pyè 3:15, 16.
10. Site kèk lejann ki egziste jodi a, epi di kòman Jan te souliye nesesite pou nou pridan.
10 Jodi a, nou ka evite tonbe nan lejann si nou triye sa pou nou koute ak sa pou nou li e si nou byen egzamine yo. Pa egzanp, yo ankouraje imoralite nan televizyon, nan radyo, nan jounal. Anpil moun ankouraje lòt moun pou yo vin agnostik oswa ate. Moun ki patizan lawotkritik, lè yo tande moun di Bib la se Pawòl Bondye, yo pase sa nan rizib. Mete sou sa, aposta yo pa sispann fè efò pou yo simen dout nan lespri kretyen yo, dekwa pou yo chavire lafwa yo. Nan premye syèk la, etandone te gen yon danje konsa ki te prezante, e se fo pwofèt ki te lakòz, men ki avètisman apot Jan te bay : “ Byenneme, pa kwè tout pawòl ki enspire, men, verifye pawòl ki enspire yo pou nou wè si yo soti nan Bondye, paske gen anpil fo pwofèt ki lage nan monn nan. ” (1 Jan 4:1). Pou tout rezon sa yo, nou bezwen pridan.
11. Site youn nan fason nou ka egzamine tèt nou pou nou wè si nou nan lafwa.
11 Men ki sa apot Pòl te ekri sou kesyon sa a : “ Kontinye verifye si nou nan lafwa. ” (2 Korentyen 13:5). Apot la ankouraje nou pou nou kontinye egzamine tèt nou pou nou wè si vrèman nou rete kole sou tout ansèyman ki pou kretyen yo. Si nou gen tandans koute moun ki mekontan, nou bezwen egzamine tèt nou epi lapriyè sou sa (Sòm 139:23, 24). Èske nou gen tandans chèche defo lakay sèvitè Jewova yo ? Si wi, pou ki rezon ? Èske pawòl oswa aksyon yon moun te fè nou mal ? Si nou nan ka sa a, èske nou gen yon bon pwennvi sou sitiyasyon an ? Sonje sa, kèlkeswa tribilasyon nou rankontre nan sistèm sa a, se pou yon ti tan li la (2 Korentyen 4:17). Menm si se anndan kongregasyon an nou ta jwenn eprèv, ki rezon nou genyen pou nou ta sispann sèvi Bondye ? Si yon bagay fè nou fache, èske li pa pi bon lontan pou nou fè tout sa nou kapab pou nou rezoud pwoblèm nan epi, apre sa, kite sa nan men Jewova ? — Sòm 4:4 ; Pwovèb 3:5, 6 ; Efezyen 4:26.
12. Ki bèl egzanp Bereyen yo kite pou nou ?
12 Olye pou nou gen tandans ap kritike, annou kite lespri Bondye gide nou pou nou ka kenbe yon pwennvi ki kòrèk sou konesans nou ranmase ni nan etid pèsonèl ni nan reyinyon (1 Korentyen 2:14, 15). Olye pou nou gen dout sou Pawòl Bondye a, li pi bon lontan pou nou fè menm jan ak Bereyen yo, nan premye syèk la, ki te egzamine Pawòl Bondye a afon (Travay 17:10, 11). Apre nou fin fè sa, li bon pou nou aji ann amoni ak sa nou aprann yo, pou nou rejte lejann yo e pou nou rete kole sou laverite.
13. Esplike ki jan nou ka simaye manti san nou pa rann nou kont ?
13 Nou bezwen fè atansyon ak yon lòt kalite lejann. Gen yon bann istwa dwòl ki konn ap sikile pa mwayen kourye elektwonik. Fòk nou pridan ak istwa sa yo, sitou si nou pa konnen egzakteman ki kote yo soti. Menm si se yon kretyen ki gen bon repitasyon ki voye yon enfòmasyon ban nou, li ka pa konnen egzakteman ki jan bagay la te pase. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou pa kouri bay oubyen kouri transmèt enfòmasyon nou pa verifye. Se sèten nou pa ta renmen rakonte “ istwa san sans ” oswa “ lejann ki pwofane bagay ki sakre ”. (1 Timote 4:7 ; Bib la.) Etandone fòk nou di laverite lè n ap pale youn ak lòt, n ap aji ak sajès si nou evite tout bagay ki ka fè nou simaye manti san nou pa rann nou kont. — Efezyen 4:25.
-
-
Kontinye mete bagay nou aprann yo an pratikToudegad — 2002 | 1ye oktòb
-
-
a Anndan liv Tobit la, yon liv yo te ekri petèt nan twazyèm syèk anvan epòk nou an, gen yon lejann ki chaje ak sipèstisyon konsènan yon Juif ki rele Tobyas. Yo te pretann li gen pouvwa pou l geri moun e pou l chase demon, e yo te pretann tou li sèvi ak kè, ak fyèl, ak fwa yon gwo tonton pwason pou l fè sa.
-