-
Se pou nou onèt nan tout bagayOu kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
3. Ki byenfè nou jwenn lè nou onèt?
Lè nou gen repitasyon moun ki onèt, lòt moun fè nou konfyans. Sa ede lòt moun santi yo an sekirite nan kongregasyon an, sa fè yo santi yo nan yon fanmi ki gen lanmou. Nou gen yon bon konsyans. Mete sou sa, sa pèmèt nou “anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an” e sa atire moun vin nan vrè adorasyon an. — Tit 2:10.
-
-
Poukisa fason nou abiye ak aparans nou enpòtan?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
3. Ki jan fason nou abiye kapab fè lòt moun anvi aprann konnen Jewova?
Nou fè efò pou nou toujou byen abiye. Men, nou veye pou nou byen abiye sitou lè nou pral nan reyinyon ak lè nou pral preche. Nou pa ta renmen pou aparans nou fè yon moun pa anvi koute bèl mesaj nou pote pou li a. Okontrè, nou ta renmen pou aparans nou atire moun vin konn Bondye n ap sèvi a e pou l “anbeli ansèyman […] Sovè nou an”.— Tit 2:10.
-