Annou kouri nan kous la avèk andirans
“Annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans.” — EBRE 12:1.
1, 2. Ak ki sa apot Pòl te konpare lavi kretyen yo?
CHAK ane, gen maraton ki fèt plizyè kote sou tè a. Moun yo di ki pi bon atlèt yo antre nan kous sa yo ak sèl objektif pou yo genyen. Pifò lòt moun k ap patisipe nan kous sa yo pa gen menm objektif sa a. Nan je pa yo, se yon pakèt afè pou yo annik fini kous la.
2 Nan Bib la, yo konpare lavi kretyen yo ak yon kous. Nan premye lèt apot Pòl te ekri kretyen parèy li yo ki t ap viv Korent, li te atire atansyon yo sou sa. Men sa l te ekri: “Èske nou pa konnen, nan yon kous, tout moun kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon fason pou nou ka genyen l.” — 1 Kor. 9:24.
3. Poukisa apot Pòl te di se sèlman yon sèl moun ki t ap genyen kous la?
3 Èske Pòl te vle di nan kous sa a se sèlman yon sèl kretyen ki t ap genyen pri a, anpalan de lavi, epi tout lòt yo se pou granmesi yo t ap kouri? Non! Se pa t sa l te vle di. Moun k ap kouri nan yon kous oblije antrene e yo fè anpil efò pou yo genyen. Apot Pòl te vle kretyen parèy li yo fè menm jan ak moun sa yo pou yo ka genyen lavi ki pap janm fini an. Si yo te fè sa, yo t ap kapab gen konfyans y ap genyen pri a. Wi, nan kous kretyen yo ladan l lan, tout moun ki fini kous la ap jwenn pri a, anpalan de lavi.
4. Ki sa nou bezwen konnen sou kous nou ladan l lan?
4 Jodi a, pawòl Pòl yo ankouraje tout moun k ap patisipe nan kous pou lavi a. Men, pawòl sa yo fè moun reflechi tou. Poukisa? Se paske pri y ap jwenn nan, kit se pou y al viv nan syèl la, kit se pou yo viv sou tè a, se yon pri ki san parèy. Se vre, kous la long e li pa fasil ditou, paske, sou tout wout la gen anpil obstak, anpil bagay ki ka fè nou distrè e gen danje (Mat. 7:13, 14). Malerezman, gen moun ki nan kous la ki ralanti e gen lòt ki menm kite sa. Ki difikilte nou ka jwenn nan kous pou lavi a e ki danje ki gen ladan l? Ki jan nou ka evite yo? Ki sa nou kapab fè pou nou fini kous la, sa vle di pou nou genyen?
Nou bezwen andirans pou nou genyen
5. Nan Ebre 12:1, ki sa Pòl te di sou kous la?
5 Nan yon lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo ki t ap viv Jerizalèm ak Jide, li te pale yon lòt fwa ankò de moun k ap patisipe nan yon kous. (Li Ebre 12:1.) Li pa t sèlman atire atansyon sou rezon ki fè yon moun dwe antre nan kous la, men, li te atire atansyon tou sou ki sa yon moun dwe fè pou l genyen. Anvan nou egzamine konsèy Bondye te pouse Pòl bay kretyen ebre yo pou nou wè ki sa nou kapab aprann, ann egzamine rezon ki fè Pòl te ekri lèt sa a e ki sa li t ap ankouraje kretyen sa yo fè.
6. Ki jan chèf relijye yo te fè presyon sou kretyen yo?
6 Nan premye syèk la, kretyen yo te jwenn anpil eprèv ak difikilte, sitou kretyen ki t ap viv Jerizalèm e ki t ap viv Jide yo. Yo te jwenn gwo presyon nan men chèf relijye juif yo ki te toujou gen gwo enfliyans sou pèp la. Anviwon trant an anvan sa, chèf relijye sa yo te reyisi kondane Jezi Kris kòm yon moun ki te kont otorite yo e yo te touye l tankou yon kriminèl. Menm apre lanmò Jezi, yo te kontinye opoze ak kretyen yo. Nan liv Travay apot yo, nou li plizyè menas ak atak yo te fè youn apre lòt sou kretyen yo. Menas sa yo ak atak sa yo te kòmanse prèske tousuit apre mirak ki te fèt jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Pa gen dout nan sa, sa te rann lavi kretyen ki te fidèl yo difisil. — Tra. 4:1-3; 5:17, 18; 6:8-12; 7:59; 8:1, 3.
7. Nan ki epòk difisil kretyen Pòl te ekri yo t ap viv?
7 Kretyen sa yo t ap viv nan dènye jou sistèm juif la. Jezi te pale yo de nasyon juif la, ki pa t fidèl, ki te gen pou l detwi. Li te pale ak disip li yo tou sou evènman ki t ap gen pou rive anvan fen sistèm sa a, e li te di yo egzakteman ki sa pou yo fè pou yo te ka sove lavi yo. (Li Lik 21:20-22.) Ki sa yo t apral fè? Men ki avètisman Jezi te ba yo: “Fè atansyon pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a, epi pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann.” — Lik 21:34.
8. Ki sa petèt ki te lakòz kèk kretyen ralanti nan kous la oswa kite kous la?
8 Lè apot Pòl te ekri lèt li te voye bay kretyen ebre yo, anviwon trant an te gentan pase depi Jezi te bay avètisman ki pi wo a. Ki enpak tan ki te pase a te genyen sou kretyen sa yo? Gen nan yo ki te tonbe akoz presyon lavi a, akoz lòt bagay ki te distrè yo, e yo pa t fè pwogrè nan domèn espirityèl, sa ki te kapab ankouraje yo (Ebre 5:11-14). Gen lòt ki te santi lavi yo t ap tèlman pi fasil si yo te annik viv tankou tout lòt Juif nan epòk la. Petèt yo te ka panse Juif sa yo pa t abandone Bondye nèt, piske yo te kontinye suiv kèk pati nan Lalwa. Gen lòt kretyen ki te kite moun nan kongregasyon an konvenk yo oswa fè presyon sou yo pou yo suiv Lalwa ak tradisyon juif yo. Ki sa Pòl t apral di pou l ede frè ak sè l yo rete je klè nan domèn espirityèl e pou yo kontinye kous la avèk andirans?
9, 10. a) Ki ankourajman Pòl bay nan fen chapit 10 liv Ebre a? b) Poukisa Pòl te ekri sou aksyon kèk “temwen” nan tan lontan te fè ki montre yo te gen lafwa?
9 Sa enteresan pou nou wè ki jan apot Pòl, anba enspirasyon, te chèche ankouraje kretyen ebre yo. Nan chapit 10 lèt li a, li te atire atansyon kretyen sa yo sou Lalwa ki te yon “lonbray bon bagay ki gen pou vini yo” e li te montre yo aklè valè sakrifis Kris la genyen, anpalan de ranson an. Prèske nan fen chapit 10 la, apot la te ankouraje yo. Men sa l te di yo: “Nou bezwen gen andirans, yon fason pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou ka resevwa sa l te pwomèt la. Dayè, nan ‘yon tikras tan’ ankò, ‘sila a k ap vini an pral rive e li pap pran tan.’” — Ebre 10:1, 36, 37.
10 Nan chapit 11 liv Ebre a, Pòl bay bonjan esplikasyon sou sa vrè lafwa nan Bondye a ye. Li sèvi ak egzanp gason ak fi ki te viv nan tan lontan pou l montre sa vrè lafwa sa a ye. Èske enfòmasyon li te bay sou moun sa yo te vrèman nesesè? Wi. Apot la te konnen li te enpòtan pou kretyen parèy li yo konprann yo bezwen fè aksyon ki montre yo gen kouraj e yo bezwen gen andirans pou yo montre yo gen lafwa. Moun sa yo ki t ap viv nan tan lontan e ki t ap sèvi Jewova fidèlman te kite yon bèl egzanp pou kretyen ebre yo, sa ki te kapab fòtifye yo pou yo fè fas ak eprèv ansanm ak difikilte yo t ap rankontre. Apre Pòl te fin pale de aksyon sèvitè sa yo te fè ki te montre lafwa yo, li te di: “Piske nou gen yon gwo nyaj temwen ki antoure nou konsa, nou menm tou, annou voye tout pwa lou jete ansanm ak peche k ap jennen nou fasil la. Epi annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans.” — Ebre 12:1.
Yon “nyaj temwen”
11. Si nou kenbe egzanp moun ki fè pati “gwo nyaj temwen” an nan lespri nou, ki efè sa kapab gen sou nou?
11 “Gwo nyaj temwen” an pa t tankou moun ki kanpe ap gade yon kous pou yo wè si atlèt yo renmen an oswa ekip pa yo a ap genyen. Okontrè, yo te fè tout sa yo kapab pou yo patisipe nan kous lavi a. Yo te byen kouri kous la e yo te byen fini l. Byenke yo mouri kounye a, nou kapab konpare yo ak atlèt ki gen eksperyans e ki kapab ankouraje moun ki fèk antre nan kous la. Imajine ki jan yon moun ki fèk antre nan yon kous t ap santi l si l konnen gen atlèt ki gen bonjan eksperyans ki antoure l oswa k ap gade l. Èske sa pa t ap pouse l pou l bay tout li menm oswa pou l fè plis pase sa l abitye fè? Si temwen sa yo ki t ap viv nan tan lontan te vivan jodi a, yo t ap di w ou kapab genyen kous pou lavi a menmsi li difisil. Donk, si kretyen ebre yo nan premye syèk la te kenbe egzanp moun ki fè pati “nyaj temwen” sa a nan lespri yo, yo t ap jwenn ankourajman e yo t ap ‘kouri kous la avèk andirans’. Jodi a tou, moun ki fè pati nyaj temwen sa a kapab gen menm efè a sou nou.
12. Jodi a, poukisa sa vo lapèn pou n egzamine sitiyasyon moun Pòl te site yo?
12 Anpil nan moun fidèl sa yo Pòl te pale de yo a te nan menm sitiyasyon avèk nou. Nou gen egzanp Noye ki t ap viv nan epòk kote monn ki te la anvan Delij la t apral rive nan bout li. Jodi a tou, n ap viv nan epòk kote monn nan prèt pou rive nan bout li. Bondye te mande Abraram ak Sara kite peyi yo pou yo te kapab soutni vrè adorasyon an e pou yo te tann Jewova reyalize pwomès li. Jewova mande nou pou nou nye tèt nou epi chèche jwenn favè l ak benediksyon li sere pou nou. Moyiz te travèse yon gwo dezè ki bay laperèz pou l al nan Latè pwomiz. Nan monn sa a k ap depafini, n ap kouri nan yon kous pou nou antre nan monn nouvo Jewova pwomèt la. Sa vo lapenn pou nou egzamine sa moun sa yo te andire, bon rezilta yo te jwenn, move eksperyans yo te fè, bèl kalite yo ak defo yo. — Wom. 15:4; 1 Kor. 10:11.
Ki sa k te ede yo genyen kous la?
13. Ki pwoblèm Noye te rankontre e ki sa k te ede l rezoud pwoblèm sa yo?
13 Ki sa k te ede sèvitè Jewova yo ki t ap viv nan tan lontan pou yo gen andirans e pou yo genyen kous la? Gade ki sa apot Pòl te ekri konsènan Noye. (Li Ebre 11:7.) “Gwo inondasyon dlo sou latè [ki t ap gen] pou detwi tou sa k’ap viv” yo se yon bagay Noye “potko wè”. (Jen. 6:17.) Se yon bagay ki potko janm fèt. Malgre sa, Noye pa t panse inondasyon sa a pa t ap fèt oswa sa te enposib. Poukisa? Paske li te gen lafwa depi se Jewova ki di yon bagay, Jewova ap fè l. Noye pa t santi sa Jewova te mande l fè a te twò difisil. Okontrè, “se sa menm li te fè”. (Jen. 6:22.) Noye te gen anpil bagay pou l fè tankou bati lach la, rasanble zannimo yo, stoke manje pou moun yo ak bèt yo, preche yon mesaj avètisman, epi ede fanmi l kenbe bonjan relasyon ak Jewova. Lè nou konsidere tout travay Noye te gen pou l fè, sa pa t fasil pou l te fè egzakteman sa Jewova te di l fè a, men se “sa menm” li te fè. Aktout sa, lafwa Noye ak andirans li te fè ni li menm, ni fanmi l, jwenn lavi ak anpil benediksyon.
14. Ki sitiyasyon Abraram ak Sara te andire e ki leson nou aprann nan sa?
14 De lòt moun apot Pòl te site nan lis “nyaj temwen ki antoure nou” an se Abraram ak Sara. Yo te oblije kite lavi yo t ap mennen nan vil Ou a san yo pa t konn ki sa demen sere pou yo. Yo te montre yo se moun ki te gen yon lafwa solid e ki te toujou obeyi Bondye menm lè sa te difisil. Piske Abraram te dispoze fè tout sakrifis sa yo pou vrè adorasyon an, yo te gen rezon rele l “papa tout moun ki gen lafwa”. (Wom. 4:11.) Pòl pa t pale de tout sa k te pase nan lavi Abraram piske moun yo nan epòk li a te konn Abraram byen. Sepandan, Pòl te fè yo aprann yon leson ki enpòtan: “Tout moun sa yo [san wete Abraram ak fanmi l] te mouri nan lafwa, kwak yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo a. Men, yo te wè yo delwen, sa te fè yo kontan, e yo te deklare aklè yo se etranje e yo se moun ki depasaj nan peyi a.” (Ebre 11:13). Pa gen dout nan sa, lafwa yo nan Bondye ak relasyon yo te gen avè l te ede yo kouri nan kous la avèk andirans.
15. Poukisa Moyiz te fè chwa l te fè a?
15 Moyiz se yon lòt bon sèvitè Jewova ki fè pati “nyaj temwen” an. Moyiz te abandone lavi li t ap mennen antanke yon moun rich ki te gen anpil privilèj. “Li te pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a”. Poukisa l te fè chwa sa a? Men repons Pòl te bay: “Li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan. [...] Li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la.” (Li Ebre 11:24-27.) Moyiz pa t kite “plezi pou yon ti tan nan peche” fè l distrè. Li te tèlman kwè nan Bondye ak nan pwomès Bondye yo, sa te ba l anpil kouraj ak andirans. Li pa t janm sispann travay di pou l kondui pèp Izrayèl la soti ann Ejip pou y al nan Latè pwomiz.
16. Poukisa Moyiz pa t tris lè Jewova pa t kite l antre nan Latè pwomiz?
16 Menm jan ak Abraram, Moyiz pa t wè pwomès Bondye a reyalize pandan l te vivan. Pandan Izrayelit yo te sou wout pou yo antre nan Latè pwomiz, men sa Bondye te di Moyiz: “W’a rete byen lwen, w’a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p’ap mete pye ou ladan l.” Bondye te di sa paske, anvan sa, lè pèp la ki te rebèl te fè Moyiz ak Arawon fache, Moyiz ak Arawon ‘pa t fè sa Bondye te di yo fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo’. (Det. 32:51, 52.) Èske Moyiz te tris oubyen li te fache pou sa? Non. Li te beni pèp Izrayèl la e li te di pawòl ki vin annapre yo pou l fini: “Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Senyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L’ap mache devan nou pou l fè nou genyen batay la.” — Det. 33:29.
Leson pou nou jodi a
17, 18. a) Nan kous pou lavi a, ki leson nou kapab aprann nan men “nyaj temwen” an? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?
17 Pa gen dout nan sa, dapre egzamen nou sot fè sou lavi kèk moun ki fè pati “nyaj temwen ki antoure nou” an, nou dwe gen bonjan lafwa nan pwomès Bondye yo si nou vle fini kous la (Ebre 11:6). Nan tout sa n ap fè nan lavi nou, nou dwe montre nou gen lafwa. Kontrèman ak moun ki pa gen lafwa yo, sèvitè Jewova yo wè sa Jewova sere pou yo. Nou wè “Sila a ki envizib la”, sa ki pèmèt nou kouri nan kous lavi a avèk andirans. — 2 Kor. 5:7.
18 Kous kretyen yo ladan l lan pa fasil. Sepandan, nou kapab fini kous la. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine lòt bagay ki kapab ede nou fini kous sa a.
Èske w ka esplike?
• Poukisa Pòl te ekri tout sa l te ekri yo sou kèk “temwen” fidèl ki t ap viv nan tan lontan?
• Lè nou kontinye reflechi sou “nyaj temwen ki antoure nou” an, ki jan sa kapab ankouraje nou kouri nan kous la avèk andirans?
• Ki sa nou te aprann nan men kèk “temwen” ki te fidèl tankou Noye, Abraram, Sara ak Moyiz?
[Foto nan paj 19]
Abraram ak Sara te aksepte kite Ou, yon vil kote yo t ap viv alèz.