CHAPIT 18
“M ap vin an kòlè anpil”
IDE KLE: Atak Gòg la ap fè Jewova fache e Jewova ap defann pèp li a pandan gè Amagedon an.
1-3. a) Lefètke Jewova pral an “kòlè anpil”, ki rezilta sa pral bay? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.) b) Ki sa n pral egzamine kounye a?
GEN yon gwoup gason, fi ak timoun ki kanpe pou yo chante yon kantik. Apre sa, gen yon ansyen ki fè yon priyè sensè, li sipliye Jewova pou L pwoteje yo. Moun yo nan kongregasyon an gen konfyans Jewova ap pran swen yo, men yo toujou bezwen jwenn konsolasyon ak asirans. Yo tande bri moun k ap batay deyò a. Amagedon kòmanse! — Rev. 16:14, 16.
2 Pandan gè Amagedon an, Jewova ap “an kòlè anpil” lè l pral detwi moun yo. (Li Ezekyèl 38:18.) Se pa sou yon lame oswa sou yon nasyon li pral demontre gwo kòlè l la, men se sou yon pakèt moun nan monn nan. Jou sa a, moun Jewova ap touye yo ap “soti nan yon bout tè a rive nan yon lòt bout tè a”. — Jer. 25:29, 33.
3 Ki sa k pral lakòz Jewova, Bondye lanmou an, li menm yo pale de li antanke Bondye ki “gen mizèrikòd [...] ki gen kè sansib” e “ki pa fè kòlè fasil” la, vin “an kòlè anpil” konsa epi fè kalite aksyon sa a (Egz. 34:6; 1 Jan 4:16)? Ann wè ki jan repons kesyon sa a ka ban nou anpil rekonfò, anpil kouraj ak anpil detèminasyon nan travay predikasyon an jodi a.
Ki sa k pral fè Jewova “vin an kòlè anpil”?
4, 5. Nan ki sans lè Bondye fè kòlè se pa menm bagay ditou ak lè lèzòm ki enpafè fè kòlè?
4 Toudabò, nou bezwen konprann lè Jewova fè kòlè se pa menm jan ak lè lèzòm ki enpafè fè kòlè. Lè yon moun an kòlè anpil e l fè yon aksyon, byen souvan, li pa gen kontwòl sa l fè a e souvan sa pa bay bon rezilta. Pa egzanp, Kayen, premye pitit gason Adan an, te vin “fache anpil” paske Jewova te rejte sakrifis li te fè a, men l te aksepte ofrann Abèl la. Ki rezilta sa te bay? Kayen te touye frè l la ki te yon moun ki jis (Jen. 4:3-8; Ebre 11:4). Sonje David tou, yon moun Bib la fè konnen ki te fè Jewova plezi (Tra. 13:22). Menm David ki te yon bon moun te manke fè yon gwo krim lè l te tande Nabal, yon moun ki te rich e ki te gen anpil tè, te joure li menm ak mesye l yo. David ak sòlda l yo te vin an kòlè anpil, yo te “met epe yo nan ren yo” pou y al touye Nabal, ki te engra, ak tout gason ki te lakay li. Erezman Abigayil, madanm Nabal, te rive konvenk David ak mesye l yo pou yo pa tire revanj (1 Sam. 25:9-14, 32, 33). Jewova te gen rezon enspire Jak pou l ekri: “Kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande.” — Jak 1:20.
Lè Jewova an kòlè, li toujou gen kontwòl li e nou ka wè aklè poukisa l an kòlè.
5 Kontrèman ak lèzòm, Jewova toujou gen kontwòl tèt li lè l an kòlè e nou ka wè aklè poukisa l an kòlè. Menm lè Jewova an kòlè anpil, li toujou aji avèk jistis. Lè l ap batay ak ènmi l, li pa janm detwi “moun ki jis ansanm ak moun ki mechan”. (Jen. 18:22-25.) Mete sou sa, lè Jewova an kòlè, li toujou gen bonjan rezon pou sa. Ann egzamine de rezon ki fè Jewova an kòlè ak leson nou ka aprann nan sa.
6. Ki jan Jewova reyaji lè moun sal non l?
6 Rezon: Yo sal non Jewova. Moun ki fè konnen yo reprezante Jewova men k ap fè sa k mal sal repitasyon Jewova, e se nòmal pou sa fè Jewova an kòlè (Eze. 36:23). Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan yo, nasyon Izrayèl la te sal non Jewova anpil. Li nòmal pou etadespri nasyon sa a ak aksyon l yo fè Jewova fache. Men, lè Jewova an kòlè li pa janm pèdi kontwòl li, li toujou pini pèp li a nan degre yo merite a, li pa janm depase limit (Jer. 30:11). E yonfwa yo aksepte pinisyon Jewova bay la, Jewova sispann an kòlè e l pa kenbe okenn rankin. — Sòm 103:9.
7, 8. Ki leson nou aprann nan fason Jewova te aji ak nasyon Izrayèl la?
7 Leson: Fason Jewova boule ak Izrayelit yo ban nou yon gwo avètisman. Menm jan ak Izrayelit tan lontan yo, nou gen privilèj pote non Jewova. Nou se Temwen Jewova (Eza. 43:10). Pawòl nou ak aksyon nou gen efè sou fason moun yo wè Bondye nou reprezante a. Nou pa dwe janm fè espre fè sa k mal, sa ki t ap sal non Jewova. Si n ta fè sa, nou t ap aji kòm ipokrit, nou t ap fè Jewova fache, e towouta, li t ap aji pou pwoteje repitasyon l. — Ebre 3:13, 15; 2 Pyè 2:1, 2.
8 Lefètke n konnen Jewova kapab vin “an kòlè anpil”, èske sa ta dwe anpeche n vin pwòch avè l? Non. Rezon an se paske nou konnen Jewova gen pasyans e l konn padone (Eza. 55:7; Wom. 2:4). Yon lòt bò, nou konnen li pa sitirè. Anfèt, nou vin gen bonjan respè pou li, paske nou konnen l ap an kòlè kont moun k ap fè peche e ki pa repanti e l pap pèmèt yo rete nan mitan pèp li a (1 Kor. 5:11-13). Jewova fè nou konnen aklè ki sa k fè l fache. Se nou menm ki pou evite panse ak aksyon k ap fè l fache. — Jan 3:36; Wom. 1:26-32; Jak 4:8.
9, 10. Ki jan Jewova reyaji lè yo menase pèp li a ki fidèl? Bay kèk egzanp.
9 Rezon: Pèp Jewova a ki fidèl ap sibi menas. Jewova an kòlè lè ènmi l yo atake moun ki fidèl k ap chèche refij ak pwoteksyon nan men l. Pa egzanp, apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, Farawon ak gwo lame l la te desann al atake pèp la ki te parèt san defans bò Lanmè Wouj. Lè lame pisan sa a te pousuiv Izrayelit yo nan moman yo t ap travèse lanmè a apye, Jewova te retire wou charyo Ejipsyen yo fè lagè yo e l te debarase l de Ejipsyen yo nan lanmè a. “Pa gen youn nan yo ki te chape.” (Egz. 14:25-28). Jewova te lage kòlè l sou Ejipsyen yo paske l gen “lanmou fidèl” pou pèp li a. — Li Egzòd 15:9-13.
10 Menm jan an tou, se lanmou Jewova gen pou pèp li a ki te pouse l aji nan epòk wa Ezekyas la. Lame Asiri a, ki te lame ki pi pisan e ki pi sovaj nan epòk la, te rive Jerizalèm e yo te pare pou yo atake l. Piske yo te antoure vil la, sa te ka lakòz sèvitè Jewova ki fidèl yo mouri antife e yon fason ki atwòs (2 Wa 18:27). Nan ka sa a, Jewova te voye yon sèl zanj ki te touye 185 000 sòlda nan yon sèl nuit (2 Wa 19:34, 35). Imajine jan sa dwe te ye nan kan moun Asiri yo nan demen maten! Pèsonn pa t manyen lans yo, boukliye yo ak epe yo. Pa t gen okenn son twonpèt pou reveye mesye yo. Pa t gen okenn lòd ki te bay pou rasanble sòlda yo. Te gen yon gwo silans e kan an te chaje ak kadav.
11. Ki jan nou jwenn konsolasyon ak kouraj nan egzanp Bib la bay sou fason Jewova reyaji lè yo menase pèp li a?
11 Leson: Egzanp sa yo montre fason Jewova reyaji lè moun menase pèp li a, e se yon gwo avètisman pou ènmi l yo. “Se yon bagay terib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an” lè l an kòlè (Ebre 10:31). Yon lòt bò, egzanp sa yo ban nou konsolasyon ak plis kouraj. Nou gen konsolasyon lefètke n konnen Satan, pi gwo ènmi nou an, pap reyisi. “Tikras tan li rete” pou l dirije a pral fini talè konsa (Rev. 12:12). Annatandan, nou kapab sèvi Jewova ak kouraj paske nou sèten pa gen okenn moun, okenn òganizasyon oswa gouvènman ki ka anpeche n fè volonte Bondye. (Li Sòm 118:6-9.) Apot Pòl te montre konviksyon sa a nou genyen an nan pawòl ki vin annapre Bondye te enspire l ekri yo: “Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou?” — Wom. 8:31.
12. Pandan gwo tribilasyon an, ki sa k pral lakòz Jewova vin an kòlè anpil?
12 Pandan gwo tribilasyon k ap vini an, Jewova pral pwoteje n, menm jan l te fè pou Izrayelit yo lè Ejipsyen yo te ansèkle yo, e menm jan l te fè pou Juif ki te Jerizalèm yo lè Asiryen yo te ansèkle yo. Lè ènmi n yo pral eseye detwi nou, gwo lanmou Jewova gen pou nou an pral fè li an kòlè anpil. Anfèt, se kòmsi se gla je Jewova moun sòt ki pral atake n yo pral manyen. Jewova ap reyaji byen vit e yon fason ki fèm (Zak. 2:8, 9). Se premye fwa pral gen tout moun sa yo k ap mouri yon sèl kou. Sepandan, ènmi Jewova yo pap gen okenn rezon valab pou yo sezi lè Jewova pral lage kòlè l sou yo. Sa k fè sa?
Ki avètisman Jewova bay?
13. Ki avètisman Jewova bay?
13 Jewova “pa fè kòlè fasil” e li bay anpil avètisman ki montre l pral detwi moun ki opoze avè l ak moun k ap menase pèp li a (Egz. 34:6, 7). Jewova te sèvi ak yon seri pwofèt tankou Jeremi, Ezekyèl, Dànyèl, Kris Jezi, ansanm ak apot Pyè, apot Pòl ak apot Jan pou l bay avètisman konsènan yon dènye gwo batay ki pral fèt. — Gade kare ki gen tit “Jewova bay avètisman konsènan gwo batay ki pral fèt la”.
14, 15. Ki travay Jewova fè, e poukisa?
14 Jewova te fè ekri avètisman sa yo nan Pawòl li a. Anplis de sa, li te asire l Bib la t ap vin liv yo plis tradui e yo plis distribye nan listwa lèzòm. Toupatou sou tè a, li prepare yon lame moun ki pote yo volontè pou ede lòt moun konnen fason pou yo fè lapè ak Bondye e pou yo bay avètisman konsènan “Gran jou Jewova a” k ap pwoche a (Sof. 1:14; Sòm 2:10-12; 110:3). Li ankouraje pèp li a pou yo tradui piblikasyon ki baze sou Bib la nan plizyè santèn lang e pou yo pase plizyè santèn milyon èdtan chak ane ap pale konsènan pwomès li fè yo ak avètisman yo jwenn nan Pawòl li a.
15 Jewova fè tout travay sa yo “paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Se pa ti privilèj nou genyen pou n reprezante Bondye nou an ki gen lanmou e ki gen pasyans, e pou n bay ti patisipasyon pa nou nan simaye mesaj li a! Men, talè konsa, moun ki pa okipe avètisman l bay yo pap gen posiblite fè chanjman ki nesesè yo.
Ki lè Jewova ap vin an kòlè “anpil”?
16, 17. Èske Jewova fikse yon jou pou dènye gè a? Esplike.
16 Jewova fikse yon jou pou dènye gè a. Li deja konnen ki lè yo pral atake pèp li a (Mat. 24:36). Ki jan Jewova fè konnen ki lè ènmi l yo pral atake?
17 Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan yo, Jewova di Gòg: “M ap mete yon kwòk nan machwè w.” L ap dirije bagay yo yon fason pou nasyon yo antre nan yon gwo konfli (Eze. 38:4). Sa pa vle di se Jewova ki pral kòmanse batay sa a, nitou sa pa vle di l ap retire dwa opozan l yo genyen pou yo deside a. Men, sa montre Jewova gen kapasite pou l li kè moun e l konnen ki jan ènmi l yo pral reyaji devan yon sitiyasyon. — Sòm 94:11; Eza. 46:9, 10; Jer. 17:10.
18. Poukisa lèzòm pral batay ak Toupisan an?
18 Si se pa Jewova ki pral kòmanse gè a oswa ki pral fòse opozan l yo batay, poukisa yo pral met tèt yo nan pozisyon pou yo batay ak Toupisan an alòske se senp moun yo ye? Youn nan rezon yo sèke, nan moman sa a, petèt yo pral konvenk tèt yo Bondye pa egziste oswa li pap antre nan zafè lèzòm. Petèt yo pral panse konsa paske y ap fèk fin detwi tout òganizasyon fo relijyon ki sou tè a. Konsa, yo ka di tèt yo si Bondye te egziste, se sèten li t ap defann òganizasyon sa yo ki te fè konnen se li yo reprezante. Anfèt, yo pap rann yo kont se Bondye menm ki met lide sa a nan kè yo pou yo elimine relijyon ki te vrèman mal reprezante l yo. — Rev. 17:16, 17.
19. Ki sa petèt ki ka rive apre fo relijyon fin detwi?
19 Apre fo relijyon an fin detwi, li posib pou Jewova bay pèp li a preche yon mesaj ki frapan, yon mesaj liv Revelasyon an konpare ak lagrèl kote chak grenn peze anviwon 20 kilogram (Rev. 16:21, nòt). Petèt mesaj sa a se pral yon deklarasyon ki fè konnen sistèm politik la ak sistèm komèsyal la rive nan bout yo, e l pral tèlman toumante moun k ap tande l yo y ap pale Bondye mal. Gendwa se mesaj sa a ki pral pouse nasyon yo fè yon gwo atak sou pèp Bondye a pou yo ka fèmen bouch nou yonfwa pou tout. Y ap panse nou san defans e y ap ka detwi nou byen fasil. Se pa ti erè y ap fè!
Ki jan Jewova pral montre l an kòlè?
20, 21. Kiyès Gòg ye, e ki sa k pral rive l?
20 Jan nou te wè sa nan chapit 17 nan liv sa a, Ezekyèl te sèvi ak tit “Gòg, ki soti nan peyi Magòg” la nan yon pwofesi pou l pale de rasanbleman pakèt nasyon ki pral atake n yo (Eze. 38:2). Men, moun sa yo k ap fè pati rasanbleman sa a pap gen tèt ansanm vre. Menm lè sanble y ap kolabore youn ak lòt, ap toujou gen rivalite, ògèy ak anbisyon nasyonalis antre yo. L ap fasil pou Jewova fè yo rale epe yo pou yo “goumen youn ak lòt”. (Eze. 38:21.) Sepandan, se pa lèzòm ki pral lakòz nasyon yo detwi.
21 Anvan ènmi nou yo detwi, y ap wè siy Pitit lòm nan, petèt se pral yon fason Jewova ak Jezi ap demontre pisans yo genyen. Opozan yo pral wè bagay k ap fè yo pè anpil. Jan Jezi te anonse sa, “moun pral faya paske y ap pè e paske y ap tann bagay ki gen pou rive sou tè a”. (Lik 21:25-27.) Yo pral sezi anpil lè yo pral rann yo kont yo te fè yon move kalkil lè yo te atake pèp Jewova a. Y ap oblije rekonèt Kreyatè a, anpalan de Jewova, Chèf lame yo, antanke yon kòmandan lame (Sòm 46:6-11; Eze. 38:23). Se sèten Jewova pral sèvi ak lame l yo ki nan syèl la ansanm ak fòs ki nan lanati yo pou l pwoteje sèvitè fidèl li yo e pou l detwi ènmi l yo. — Li 2 Pyè 2:9.
22, 23. Kiyès ki pral pwoteje pèp Bondye a, e siman ki jan y ap konsidere travay sa a?
Ki sa konesans nou gen sou jou Jewova a dwe pouse n fè?
22 Fè yon ti reflechi sou jan Jezi chofe pou l pran latèt pou l atake ènmi Bondye yo e pou l pwoteje moun ki renmen Papa l yo e k ap sèvi L yo. Fè yon ti reflechi tou sou jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral santi yo nan moman sa a. Anvan Amagedon kòmanse, moun ki ret an dènye sou tè a ki fè pati moun sa yo ap mouri e y ap resisite pou y al viv nan syèl la yon fason pou tout 144 000 moun yo ka akonpaye Jezi nan batay la (Rev. 17:12-14). Se sèten, anpil nan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo vin bon zanmi ak moun ki fè pati lòt mouton yo pandan y ap travay ansanm nan dènye jou yo. Nan Amagedon, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap gen otorite ak pisans pou yo defann moun ki t ap soutni yo fidèlman nan eprèv yo te jwenn yo. — Mat. 25:31-40.
23 Zanj yo ap fè pati lame Jezi a tou ki nan syèl la (2 Tes. 1:7; Rev. 19:14). Yo te deja ede l chase Satan ak demon yo nan syèl la (Rev. 12:7-9). Epitou, y ap patisipe nan travay rasanble moun sou tè a ki vle adore Jewova (Rev. 14:6, 7). Li toutafè nòmal pou Jewova pèmèt zanj yo pwoteje moun fidèl sa yo! Sa k pi enpòtan an, tout moun ki fè pati lame Jewova a ap santi se yon onè pou yo fè non Jewova vin sen e pou yo defann non l, oswa repitasyon l, lè yo ede l detwi ènmi l yo. — Mat. 6:9, 10.
24. Ki jan gwo foul lòt mouton yo pral reyaji?
24 Moun ki fè pati gwo foul lòt mouton yo pap gen okenn rezon pou yo pè, piske lame k ap pwoteje yo a gen anpil pisans e l motive anpil. Anfèt, y ap “kanpe dwat, [y ap] leve tèt [yo], paske se delivrans [yo] k ap pwoche”. (Lik 21:28.) Anvan jou Jewova a rive, se pa ti enpòtan l enpòtan pou n ede plis moun posib aprann konnen Papa nou an ki gen mizèrikòd e ki konn pwoteje moun nan, e pou yo aprann renmen l! — Li Sofoni 2:2, 3.
25. Ki sa n pral wè nan chapit ki vin apre a?
25 Gè lèzòm fè yo lakòz gen dezòd ak mizè. Men Amagedon li menm pral pote lòd ak kè kontan. Ki jan sa pral ye lè Jewova pral fin vide kòlè l, lè sòlda l yo ranje epe yo, e lè dènye son gwo batay la fin pase? Nan chapit ki vin apre a, nou pral pale sou jan sa pral bèl pi devan.