BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “ Esklav fidèl ” la reyisi nan eprèv la
    Toudegad — 2004 | 1ye mas
    • 15, 16. a) Ki lè moman regleman an te rive ? b) Ki lòt opòtinite ki te vin ouvri devan moun ki fidèl yo pou yo ‘ fè lajan yo travay ’ ?

      15 Men sa parabòl la di annapre : “ Apre yon bon tan, mèt esklav yo tounen e li fè regleman ak yo. ” ​(Matye 25:19). An 1914, yon bon ti tan vrèman apre ane 33 nan epòk nou an, prezans Kris Jezi antanke Wa te kòmanse. An 1918, twazan edmi apre sa, Jezi te vini nan tanp espirityèl Bondye a e li te akonpli pawòl sa yo Pyè te di : “ Se tan fikse a kote pou jijman an kòmanse lakay Bondye. ” ​(1 Pyè 4:17 ; Malaki 3:1). Li te tan pou l fè regleman ak yo.

  • “ Esklav fidèl ” la reyisi nan eprèv la
    Toudegad — 2004 | 1ye mas
    • Nan Matye chapit 24 ak chapit 25, yo pale de Jezi k ap “ vini ” nan plizyè sans. Li pa bezwen deplase fizikman pou l “ vini ”. Olye de sa, l ap “ vini ” nan sans l ap dirije atansyon l sou limanite oswa sou disip li yo, e souvan se pou jijman sa fèt. Konsa, an 1914, li “ te vini ” lè prezans li antanke Wa te kòmanse (Matye 16:28 ; 17:1 ; Travay 1:11). An 1918, li “ te vini ” antanke mesaje alyans lan e li te kòmanse jije moun ki pretann y ap sèvi Jewova yo (Malaki 3:1-3 ; 1 Pyè 4:17). Lè Amagedòn, li pral “ vini ” pou l egzekite jijman sou ènmi Jewova yo. — Revelasyon 19:11-16.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje