BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Antanke bèje, ann imite Gran Bèje yo
    Toudegad — 2013 | 15 novanm
    • 4. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

      4 Nan ka sa a, ki fason yo atann pou bèje kretyen yo trete mouton yo? Moun ki fè pati kongregasyon an jwenn ankourajman pou yo “obeyi moun k ap dirije” pami yo. Yon lòt bò, ansyen yo jwenn egzòtasyon pou yo pa “domine sou moun ki se eritaj Bondye konfye” yo a. (Ebre 13:17; li 1 Pyè 5:2, 3.) Donk, ki fason ansyen yo ka dirije twoupo a san yo pa domine sou li? Oubyen, ki fason ansyen yo ka bay mouton yo sa yo bezwen san yo pa mal sèvi ak otorite Bondye ba yo pou yo siveye twoupo a?

  • Antanke bèje, ann imite Gran Bèje yo
    Toudegad — 2013 | 15 novanm
    • 9. Ki atitid Jezi te mande disip li yo pou yo genyen?

      9 Pwennvi Jezi genyen sou wòl yon bèje espirityèl dwe jwe te diferan ak konpòtman Jak ak Jan te manifeste yon lè a. De apot sa yo t ap chèche asire yo y ap jwenn gwo pozisyon nan Wayòm nan. Men, Jezi te korije tandans yo te genyen an lè l te di yo: “Nou konnen jan chèf nasyon yo fè diktatè sou yo epi grannèg yo domine sou nasyon yo. Men, pou nou menm, sa p ap konsa. Okontrè, moun ki ta vle vin gran nan mitan nou, yo dwe sèvitè nou.” ​(Mat. 20:25, 26, Bib Kreyòl La). Apot yo te bezwen goumen ak tandans yo te genyen pou yo “domine” sou konpayon yo oswa ‘sou moun nan nasyon yo’.

      10. Ki fason Jezi vle pou ansyen yo trete twoupo a, e ki egzanp Pòl kite pou nou nan sans sa a?

      10 Jezi atann pou ansyen yo trete twoupo a menm jan li menm li trete twoupo a. Ansyen yo dwe dispoze aji antanke moun k ap sèvi konpayon yo, men, yo pa dwe domine sou yo tankou mèt. Apot Pòl te gen menm imilite sa a, se sa k fè l te di ansyen nan kongregasyon Efèz la: “Nou konnen byen ki fason m te viv nan mitan nou depi premye jou mwen te met pye m nan zòn Azi. Mwen te travay tankou esklav pou Seyè a ak anpil imilite.” Apot la te vle pou ansyen sa yo ede lòt moun avèk imilite e yon fason ki serye. Men sa l te di: “Mwen te montre nou nan tout bagay se pou nou travay di menm jan an pou nou ede moun ki fèb yo.” ​(Tra. 20:18, 19, 35). Pòl te di Korentyen yo li pa t vle domine sou lafwa yo. Olye de sa, avèk imilite, li te di yo li se konpayon travay yo pou yo ka gen lajwa (2 Kor. 1:24). Pòl kite yon bèl egzanp pou ansyen yo jodi a antanke moun ki te gen imilite e ki te konn travay di.

  • Antanke bèje, ann imite Gran Bèje yo
    Toudegad — 2013 | 15 novanm
    • “EGZANP POU TWOUPO A”

      Ansyen yo ede moun nan fanmi yo prepare yo pou ministè a. (Gade paragraf 13.)

      13, 14. Nan ki domèn yon ansyen dwe yon egzanp pou twoupo a?

      13 Apre apot Pyè te fin ankouraje ansyen nan kongregasyon yo pou yo pa ‘domine sou moun ki sou kont yo a’, li te egzòte yo pou yo “tounen egzanp pou twoupo a”. (1 Pyè 5:3.) Ki jan yon ansyen kapab yon egzanp pou twoupo a? Ann konsidere de bagay nou dwe jwenn lakay yon moun k ap “chèche vin siveyan”. Li “dwe gen bonsans”, e li dwe se “yon moun ki dirije pwòp kay li yon fason ki kòrèk”. Si yon ansyen se yon chèf fanmi, li dwe dirije fanmi sa a yon fason ki kòrèk paske: “Si yon moun pa konn ki jan pou l dirije pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a?” ​(1 Tim. 3:1, 2, 4, 5). Pou yon moun kalifye pou l vin siveyan, li dwe gen bonsans, sa vle di, li bezwen byen konprann prensip Bondye yo e l dwe konn kòman pou l aplike yo nan lavi l. Li dwe se yon moun ki ekilibre, e l pa dwe kouri jije. Lè frè ak sè nan kongregasyon an wè ansyen yo gen kalite sa yo lakay yo, sa fè yo gen konfyans nan mitan yo.

      14 Lè ansyen yo pran latèt nan travay predikasyon an, se yon lòt fason ankò yo kite yon egzanp pou kretyen parèy yo. Jezi ba yo egzanp nan sans sa a. Predikasyon bon nouvèl Wayòm nan te yon aspè enpòtan nan aktivite Jezi te konn fè lè l te sou tè a. Li te montre disip li yo kòman pou yo fè travay sa a (Mak 1:38; Lik 8:1). Jodi a, se pa ti ankourajan sa ankourajan pou pwoklamatè yo lè yo preche kòtakòt ak ansyen yo, lè yo wè fason ansyen montre yo zele nan travay sa a k ap sove lavi moun ak lè yo aprann nan fason ansyen yo anseye! Detèminasyon ansyen yo genyen pou yo montre yo zele nan fason y ap bay tan yo ak enèji yo pou preche bon nouvèl la malgre yo gen yon pwogram ki chaje, ap ankouraje tout kongregasyon an pou yo demontre menm zèl sa a. Ansyen yo ka kite yon bon egzanp pou frè yo tou lè yo prepare yo pou yo patisipe nan reyinyon kongregasyon an ansanm ak lòt aktivite tankou netwayaj ak antretyen Sal Wayòm nan. — Efe. 5:15, 16; li Ebre 13:7.

      Ansyen yo bay egzanp nan travay predikasyon an. (Gade paragraf 14.)

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje