BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?
    Toudegad piblik — 2017 | No 3
    • MOUN KI SOU CHEVAL KOULÈ BLÈM NAN

      “Mwen gade, mwen wè yon cheval ki gen yon koulè blèm. Yo rele moun ki chita sou li a Lanmò. E Tonm nan t ap suiv li pye pou pye. Yo te ba yo pouvwa sou yon ka tè a, pou yo touye moun avèk yon epe ki long, ak grangou, ak epidemi mòtèl e avèk bèt sovaj ki sou tè a.” — Revelasyon 6:8.

      Katriyèm moun ki sou cheval la reprezante lanmò. Lanmò pase pran anpil moun akoz yon pakèt epidemi ak lòt bagay ankò. Tousuit apre ane 1914, grip espayòl la te touye plizyè dizèn milyon moun. Li pwobab pou te gen anviwon 500 milyon moun ki te enfekte, sa vle di anviwon yon moun sou chak twa moun ki te vivan.

      Men, grip espayòl la pa t anyen devan sa k te gen pou vini. Gen yon pwofesyonèl nan domèn sante ki te fè konnen gen plizyè santèn milyon moun ki mouri akoz maladi varyòl pandan 20yèm syèk la. Jodi a, plizyè milyon moun mouri akoz maladi sida, tibèkiloz ak malarya, malgre gwo rechèch ki fèt nan domèn medikal.

      Kit se lagè, gwo grangou oswa epidemi, se menm rezilta a yo bay, sa vle di yo tout lakòz pakèt moun mouri. Tonm nan pa sispann mache ranmase moun, li pa bay chans menm.

  • Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?
    Toudegad piblik — 2017 | No 3
    • Moun ki sou cheval koulè blèm nan reprezante lanmò anvan lè, epi Tonm nan ap ranmanse moun li lakòz lanmò yo

      Revelasyon 6:7, 8

      CHEVAL KOULÈ BLÈM NAN

      Moun ki chita sou li a lakòz anpil moun mouri anvan lè, akoz maladi ak lòt kalite bagay ankò. Tonm nan ap mache ranmase moun.

  • Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?
    Toudegad piblik — 2017 | No 3
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje