BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?
    Toudegad — 2014 | 1ye septanm
    • Èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?

      “Yon jenerasyon prale, e yon lòt ap vini, men tè a ap rete la pou tout tan.” — WA SALOMON, 11yèm SYÈK ANV. E. Na.

      Dapre ansyen ekriven biblik sa a, gen yon gwo diferans ant ti kantite tan yon moun ka viv ak tè a ki la pou toutan. Anfèt, depi plizyè milye ane, jenerasyon vini jenerasyon ale, men, yon fason remakab, tè a bay prèv li solid e li gen kapasite pou l antretni lavi jis kounye a.

      Depi apre Dezyèm Gè mondyal la, kantite chanjman ki fèt nan monn nan ak vitès chanjman sa yo fèt yo san parèy. Nan anviwon 70 an sèlman, lèzòm fè gwo pwogrè nan domèn transpò, kominikasyon ak nan lòt teknoloji, sa lakòz anpil chanjman nan domèn ekonomik e pa t janm gen chanjman konsa anvan. Lontan moun te ka panse li enposib pou moun viv fason anpil moun ap viv jodi a. Anmenmtan, kantite moun k ap viv sou tè a prèske triple.

      Sepandan, tout bagay sa yo pa rete san konsekans. Yo di aktivite lèzòm fè yo tèlman andomaje tè a, talè konsa, sik natirèl yo pap fonksyone yon fason nòmal ankò pou tè a antretni lavi. Anfèt, gen kèk syantifik ki di nou antre nan yon nouvo epòk jeyolojik yo rele Antwoposèn, yon epòk kote aktivite lèzòm yo gen gwo konsekans sou planèt la, e konsekans sa yo vin pi grav chak jou.

      Bib la te predi yon epòk kote lèzòm t ap ‘depafini tè a’. (Revelasyon 11:18.) Gen kèk moun k ap mande tèt yo si se pa nan epòk sa a n ap viv kounye a. Ki kantite dega lèzòm pral fè ankò? Èske se yon sitiyasyon ki sanzespwa? Anfèt, èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?

      ÈSKE SITIYASYON AN SANZESPWA?

      Èske sitiyasyon tè a sanzespwa? Gen kèk syantifik ki panse li difisil pou yo prevwa efè chanjman yo ap genyen. Sa fè yo enkyè, yo panse li pwobab pou n ap pwoche nan yon epòk kote yon seri chanjman k ap fèt bridsoukou e sanzatann nan klima a ka gen gwo konsekans sou tè a.

      Yon lous ki sou yon ti bit glas

      Pa egzanp, ann konsidere gwo pil glas ki nan lwès rejyon yo rele Antatik la. Gen kèk moun ki kwè si tanperati tè a ak lanmè a kontinye ogmante, yon lè, pil glas sa yo ap fonn e lèzòm pap ka fè anyen pou sa. Rezon an se paske kouch glas sa a reflete reyon solèy la yon fason ki natirèl. Sepandan, etandone glas yo ap fonn e yo kouvri mwens espas, lanmè a ki pi ba e ki reflete reyon solèy la mwens vin ekspoze. Fon lanmè a absòbe plis chalè, sa ki pral fè glas yo fonn pi plis. Sa ka pwodui yon reyaksyon an chèn k ap lakòz gwo dega, e l ap vin enposib pou lèzòm stope l. Konsa, nivo dlo lanmè a k ap monte akoz glas yo k ap fonn ka reprezante yon gwo danje pou plizyè santèn milyon moun.

  • Èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?
    Toudegad — 2014 | 1ye septanm
    • Lèzòm mal dirije tè a

      • Atmosfè. “Gen prèv klè ki montre pati nan atmosfè a ki pi pre tè a, lanmè a ak sifas tè a ap chofe [...]. Depi ane 1950 yo, se aktivite lèzòm ki prensipal koz rechofman sa a.” — American Meteorological Society, 2012.

      • Tè. “Prèske 50 % sifas tè a transfòme akoz aktivite lèzòm fè dirèkteman sou li, e aktivite sa yo gen gwo konsekans sou divès espès ki sou tè a, sou sik ki pèmèt bagay ki nouri plant yo ak bèt yo renouvle ak sou klima a.” — Global Change and the Earth System.

      • Lanmè. “Anviwon 85 % pwason yo peche nan dlo nan monn nan se pwason yo peche twòp, oubyen yo tèlman peche yo kantite yo diminye anpil oubyen yo pa egziste ankò oubyen se ti pwason k ap grandi apre yo fin peche gwo yo.” — BBC, septanm 2012.

      • Diferan espès. “Gen anpil syantifik ki panse se lèzòm dirèkteman pou yo blame pou [pwochen gwo destriksyon an], petèt destriksyon k ap pi rapid nan istwa tè a.” — Dapre science.nationalgeographic.com.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2026 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje