-
Fè atansyon pou yo pa twonpe nouToudegad — 2004 | 1ye mas
-
-
5. Nan tan lafen an, kòman Satan ogmante efò l pou l twonpe lèzòm, e ki moun sitou li vize ?
5 Nan tan lafen sa a, Satan ogmante efò l plis toujou. Piske yo te pimpe l sou tè a e li konnen tan li rete a tou kout, li gen yon “ gwo kòlè ”. Li detèmine pou l detwi kantite moun li kapab, se poutèt sa l ap “ twonpe tout latè ki abite ”. (Revelasyon 12:9, 12.) Satan pa twonpe moun yon lè konsa, okontrè se san pran souf l ap fè efò pou l egare lèzòm.a Li sèvi ak tout kalite metòd li gen a dispozisyon l : li sèvi ak fent e li fè kou trèt pou l avegle je moun ki pa kwè yo e pou l kenbe yo lwen Bondye (2 Korentyen 4:4). Satan se mèt nan twonpe moun, e li detèmine pou l devore sitou moun k ap adore Bondye “ avèk lespri ak laverite ”. (Jan 4:24 ; 1 Pyè 5:8.) Pa janm bliye, Satan te vante tèt li, li te di li ka fè nenpòt moun sispann sèvi Bondye (Jòb 1:9-12). Annou egzamine kèk nan “ riz ” -Satan yo, e annou wè kòman nou ka fè atansyon ak yo. — Efezyen 6:11, Bib la.
-
-
Fè atansyon pou yo pa twonpe nouToudegad — 2004 | 1ye mas
-
-
a Anpalan de fòm vèb “ ap twonpe ” tradui nan Revelasyon 12:9 la, gen yon ouvraj referans ki di li “ endike yon aksyon san rete ki vin tounen yon aspè nan pèsonalite moun nan ”.
-