‘Delivrans nou ap pwoche!’
“Kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.” — LIK 21:28.
1. Ki sa k te rive nan ane 66 epòk nou an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
IMAJINE W se yon kretyen k ap viv Jerizalèm nan ane 66 epòk nou an. Gen anpil bagay k ap rive toutotou w. Toudabò, Florus, yon gouvènè women, sezi 17 talan nan trezò sakre tanp lan. San pèdi tan, Juif yo revòlte, yo touye sòlda women ki te Jerizalèm yo epi yo fè konnen yo pran endepandans yo nan men Wòm. Sepandan, Wòm pa pran tan pou l reyaji. Nan twa mwa sèlman, Sestiyis Galis, gouvènè women ki t ap dirije peyi Siri a, vin parèt ak 30 000 sòlda anba lòd li. Byen vit, sòlda yo mache pran tout ti vil ki toupre Jerizalèm yo. Lè Juif rebèl yo wè sa, yo kouri al kache nan tanp lan. Apre sa, sòlda women yo kòmanse kraze mi ki pa deyò tanp lan! Tout vil la panike. Ki jan w t ap santi w lè w wè tout bagay sa yo?
2. Ki sa kretyen ki t ap viv nan ane 66 epòk nou an te dwe fè, e ki sa k te fè sa posib?
2 Sandout, ou sonje pawòl Jezi te di nou jwenn nan Evanjil Lik te ekri a. Men sa l te di: “Lè nou wè lame yo monte kan toutotou Jerizalèm, lè sa a, konnen lè pou yo ravaje l la ap pwoche.” (Lik 21:20). Sepandan, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki jan m ka obeyi enstriksyon ki gen nan avètisman sa a?’ Jezi te di tou: “Lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn, se pou moun ki anndan Jerizalèm yo retire kò yo e se pou moun ki andeyò Jerizalèm yo pa antre anndan l.” (Lik 21:21). Ki jan l ap fè posib pou w kite Jerizalèm ak tout sòlda sa yo ki antoure vil la? Sepandan, bridsoukou, gen yon bagay ou pa t atann ki vin rive. Pandan w ap gade, ou wè sòlda women yo k ap kite vil la! Jan Jezi te predi sa a, yo “retire nan jou” atak yo a (Mat. 24:22). Kounye a, ou gen opòtinite pou w obeyi enstriksyon Jezi te bay la. Lapoula, ou menm ak tout lòt kretyen fidèl k ap viv Jerizalèm ak vil ki ozalantou yo chape poul nou pou n al nan mòn ki pa lòtbò rivyè Jouden ana. Epi, nan ane 70 epòk nou an, gen yon lòt lame women ki mache sou Jerizalèm epi l detwi l. Men, ou rive sove paske w te obeyi enstriksyon Jezi a.
3. Ak ki sitiyasyon kretyen yo pral fè fas talè konsa, e ki sa n pral wè nan atik sa a?
3 Nan yon tan ki pral rive talè konsa, nou chak pral fè fas ak yon sitiyasyon konsa. Jezi pa t sèlman avèti kretyen yo konsènan destriksyon Jerizalèm, men tou, li te itilize evènman sa yo ki te rive nan premye syèk la pou l montre sa k pral rive lè “gwo tribilasyon” an eklate sanzatann (Mat. 24:3, 21, 29). Anfèt, bon nouvèl la sèke gen “yon gwo foul moun” ki pral chape nan katastwòf sa a ki pral rive sou tout tè a. (Li Revelasyon 7:9, 13, 14.) Ki sa Bib la fè konnen konsènan evènman ki gen pou rive yo? Nou ta dwe montre nou vrèman enterese nan repons kesyon sa a paske sa gen rapò ak delivrans nou. Kounye a, ann wè kòman evènman ki gen pou rive yo pral gen efè sou nou chak.
KÒMANSMAN GWO TRIBILASYON AN
4. Ki sa k pral deklannche gwo tribilasyon an, e ki jan sa pral fè rive?
4 Ki jan gwo tribilasyon an pral kòmanse? Liv Revelasyon an fè konnen l ap kòmanse ak destriksyon “Gran Babilòn nan”. (Rev. 17:5-7.) Se pa ti apwopriye l apwopriye pou yo pale de tout fo relijyon yo kòm yon pwostitye! Rezon an se paske chèf relijye yo fè fònikasyon ak dirijan ki nan monn mechan sa a. Olye pou yo montre yo fidèl anvè Jezi ak Wayòm li an, yo pito soutni gouvènman lèzòm yo epi yo pase prensip Bondye yo anba pye jis pou yo ka gen pouvwa nan domèn politik. Fason yo konpòte yo a depaman nèt ak fason moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo konpòte yo, yo menm ki tankou yon vyèj k ap mennen yon vi pwòp (2 Kor. 11:2; Jak 1:27; Rev. 14:4). Men, kiyès ki pral detwi òganizasyon sa a ki tankou yon pwostitye? Jewova Dye pral met “lide l” nan kè ‘dis kòn bèt sovaj wouj vif’ la. Kòn sa yo reprezante tout pisans politik nan epòk nou an k ap soutni Nasyonzini ki se yon òganizasyon yo dekri kòm yon “bèt sovaj wouj vif”. — Li Revelasyon 17:3, 16-18.
5, 6. Ki sa k fè n kwè destriksyon Gran Babilòn nan pa vle di destriksyon tout moun ki nan relijyon yo?
5 Men, èske n ta dwe kouri panse tout moun ki te nan relijyon sa yo pral mouri lè yo detwi Gwo Babilòn nan? Sanble repons lan se non. Bondye te pouse pwofèt Zekarya ekri konsènan moman sa a. Men sa l te di nan istwa l la konsènan moun ki te nan fo relijyon yo: “Yo chak pral di: ‘Mwen pa pwofèt. Mwen se yon moun ki konn travay tè, paske yon moun te achte m kòm esklav lè m te jèn.’ E si yon moun ta mande youn ladan yo: ‘Ki jan w fè gen blese sa yo sou kò w?’ L ap reponn: ‘Se kay zanmi m yo mwen pran blese sa yo.’” (Zek. 13:4-6, NW). Donk, sanble ap menm gen kèk nan chèf relijye yo ki pral vire do bay relijyon e ki pral di yo pa t janm fè pati fo relijyon sa yo.
6 Ki fason pèp Bondye a pral chape nan moman sa a? Men sa Jezi fè konnen: “An reyalite, si yo pa t retire nan jou sa yo, pa gen moun ki t ap sove. Men, poutèt moun Bondye chwazi yo, y ap retire nan jou sa yo.” (Mat. 24:22). Jan nou te wè sa deja, nan ane 66 epòk nou an, yo te “retire nan jou” tribilasyon an. Sa te pèmèt “moun Bondye chwazi yo”, anpalan de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, kouri kite vil la ak zòn ki te ozalantou yo. Menm jan an tou, akoz “moun Bondye chwazi yo”, yo pral “retire nan jou” evènman ki pral deklannche gwo tribilasyon ki gen pou vini an. “Dis kòn” yo pap gen posiblite pou yo detwi pèp Bondye a. Olye de sa, ap gen yon moman kalmi.
YON MOMAN EPRÈV AK JIJMAN
7, 8. Ki posiblite ki pral genyen apre yo fin detwi fo relijyon yo, e ki fason sèvitè fidèl Bondye yo pral montre yo diferan nan moman sa a?
7 Ki sa k pral rive apre yo fin detwi tout fo relijyon yo? Se pral yon moman pou n montre sa n gen nan kè n toutbon. Nan moman sa a, pifò moun pral chèche refij nan òganizasyon lèzòm yo Bib la konpare ak “mas wòch ki nan mòn”. (Rev. 6:15-17.) Sepandan, nan yon sans senbolik, pèp Bondye a li menm pral kouri kache nan refij Jewova bay la. Nan premye syèk la, moman kalmi an pa t yon moman pou yon pakèt Juif konvèti pou yo vin kretyen. Se te yon moman pou moun ki te deja kretyen yo aji epi pou yo montre yo obeyisan. Menm jan an tou, nou pa dwe atann pral gen yon pakèt moun k ap vin kwayan nan moman kalmi ki pral genyen pandan gwo tribilasyon an. Olye de sa, moman sa a se pral yon moman pou tout vrè kretyen yo montre yo renmen Jewova epi y ap soutni frè Kris yo. — Mat. 25:34-40.
8 Byenke n pa fin konnen tout sa k pral rive nan moman eprèv sa a, nou kapab atann sa pral mande pou n fè kèk sakrifis. Nan premye syèk la, kretyen yo te oblije kite sa yo te posede epi yo te andire anpil difikilte yon fason pou yo te ka chape (Mak 13:15-18). Èske n ap dispoze pèdi byen materyèl nou posede yon fason pou n ka ret fidèl? Èske n ap pare pou n fè kèlkeswa sa yo mande n pou n ka montre nou fidèl anvè Jewova? Fè yon ti reflechi! Nan moman sa a, se nou menm sèl ki pral suiv egzanp pwofèt Dànyèl, yon pwofèt ki t ap viv nan tan lontan, lè n pral kontinye adore Bondye nou an kèlkeswa sa k rive. — Dàn. 6:10, 11.
9, 10. a) Ki mesaj pèp Bondye pral bay nan moman sa a? b) Ki fason ènmi pèp Bondye a pral reyaji?
9 Se pap moman pou n preche “bon nouvèl [...] wayòm nan” nonplis paske moman sa a ap gentan pase. Tan “lafen an” ap gentan rive (Mat. 24:14). Se sèten pèp Bondye a pral anonse yon mesaj jijman ki pral gen efè sou tout moun. Petèt mesaj sa a ap gen rapò ak yon deklarasyon konsènan monn mechan Satan an ki prèske fin detwi. Bib la fè yon lyen ant mesaj sa a ak lagrèl lè l di: “Gwo lagrèl sot nan syèl la tonbe sou lèzòm. Chak grenn lagrèl te peze apeprè karannsenk liv. Moun yo te blasfeme Bondye akoz kalamite lagrèl la, paske kalamite lagrèl la te fè anpil dega.” — Rev. 16:21.
10 Pa gen youn nan bagay sa yo ènmi nou yo pap remake. Anba enfliyans lespri sen, pwofèt Dànyèl te fè konnen ki sa Gòg ki sot nan peyi Magòg la, anpalan de yon pakèt nasyon ki rasanble ansanm, pral fè. Li te di: “Men sa Jewova, Souvren Seyè a, di: ‘Jou sa a, gen yon lide k ap monte nan tèt ou, e w ap gen pou w planifye yon move kou. W ap di: “M pral anvayi peyi ki gen bann ti bouk ki pa pwoteje yo. M pral atake moun k ap viv an sekirite yo, moun k ap viv ak kè poze yo, wi, tout moun k ap viv nan ti bouk ki pa gen ni miray, ni pòtay, ni travès pou pwoteje yo.” W ap fè sa pou w ka piye yo, pou w pran anpil bagay, pou w atake kote ki te vid yon lè men ki gen moun ki abite ladan yo kounye a e pou w atake yon pèp yo rasanble ki te soti nan divès nasyon, k ap anpile richès ak byen e k ap viv nan mitan tè a.’” (Eze. 38:10-12, NW). Nan yon sans espirityèl, pèp Bondye a pral kanpe apa kòmsi yo te “nan mitan tè a”. Se pral twòp atò pou nasyon yo. Vrèmanvre, yo pral chofe pou atake moun Jewova chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak moun k ap kolabore avèk yo.
11. a) Ki sa n bezwen sonje anrapò ak evènman ki gen pou rive pandan gwo tribilasyon an? b) Ki fason moun yo pral reyaji lè yo wè siy ki pral parèt nan syèl la?
11 Toutpandan n ap egzamine sa k pral pase annapre yo, nou bezwen toujou sonje Pawòl Bondye a pa di egzakteman ki lè evènman sa yo ap rive. Men, sanble l posib pou gen kèk evènman ki rive anmenmtan. Men ki sa Jezi te di nan pwofesi l te bay konsènan fen sistèm nan: “Pral gen yon seri siy nan solèy la, nan lalin nan ak nan zetwal yo, e sou tè a, nasyon yo pral gen gwo kè kase, yo pap konn ki sa pou yo fè, akoz gwo bri lanmè a ap fè e akoz li move. Moun pral faya paske y ap pè e paske y ap tann bagay ki gen pou rive sou tè a. Paske, bagay pisan yo ki nan syèl la pral souke. E apre sa, y ap wè Pitit lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pisans e avèk anpil glwa.” (Lik 21:25-27; li Mak 13:24-26.) Èske nan akonplisman pwofesi sa a ap gen siy ak evènman ki fè moun pè anpil k ap fèt nan sans literal? N ap ret tann pou n wè. Sepandan, kèlkeswa jan sa fèt la, siy sa a pral fè ènmi Bondye yo panike e y ap pè anpil.
12, 13. a) Ki sa k pral rive lè Jezi vini “avèk pisans e avèk anpil glwa”? b) Ki fason sèvitè Bondye yo pral reyaji nan moman sa a?
12 Ki sa k pral rive lè Jezi vini “avèk pisans e avèk anpil glwa”? Se pral moman pou l rekonpanse moun ki fidèl yo epi pou l pini moun ki pa fidèl yo (Mat. 24:46, 47, 50, 51; 25:19, 28-30). Selon sa Matye fè konnen, pou Jezi te fini siy sa a ki gen plizyè evènman ladan l, li te bay parabòl mouton ak kabrit yo lè l te di: “Lè Pitit lòm nan ap vini avèk glwa li, e tout zanj yo ansanm avè l, lè sa a l ap chita sou gran twòn li an. Tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.” (Mat. 25:31-33). Ki jijman yo pral pwononse sou mouton ak kabrit yo? Men ki jan parabòl la fini: “Moun sa yo [kabrit yo] pral mouri pou toutan, men moun ki jis yo pral resevwa lavi ki pap janm fini an.” — Mat. 25:46.
13 Ki fason kabrit yo pral reyaji lè yo rann yo kont yo “pral mouri pou toutan”? Yo “pral frape lestomak yo tèlman y ap tris”. (Mat. 24:30.) Men, ki fason frè Kris yo ansanm moun fidèl k ap kolabore avèk yo pral reyaji nan moman sa a? Grasa yon lafwa solid yo gen nan Jewova Dye ak Jezi Kris, Pitit gason Bondye a, yo pral suiv konsèy Jezi te bay la ki di: “Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.” (Lik 21:28). Vrèmanvre, nou pral gen yon atitid pozitif, n ap gen konfyans n ap delivre.
YO PRAL BRIYE NAN WAYÒM NAN
14, 15. Ki travay rasanbleman ki pral fèt apre Gòg ki sot nan peyi Magòg la fin kòmanse atak li a, e ki sa travay rasanbleman sa a enplike?
14 Ki sa k pral rive apre Gòg ki sot nan peyi Magòg la fin kòmanse atake pèp Bondye a? Ni liv Matye a ni liv Mak la pale konsènan menm evènman an. Men sa yo di: “[Pitit lòm nan] ap voye zanj yo e yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo, yo menm ki soti nan kat kwen tè a, soti nan dènye bout tè a rive nan dènye bout syèl la.” (Mak 13:27; Mat. 24:31). Travay rasanbleman sa a pa fè referans ak premye rasanbleman moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ni l pa fè referans ak dènye so yo pral met sou rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo (Mat. 13:37, 38). Travay poze so a ap fèt anvan gwo tribilasyon an kòmanse (Rev. 7:1-4). Nan ka sa a, ki sa travay rasanbleman Jezi te pale de li a ye? Travay sa a se moman kote rès 144 000 moun Bondye chwazi yo pral resevwa rekonpans yo nan syèl la (1 Tes. 4:15-17; Rev. 14:1). Evènman sa a pral rive kèk moman apre Gòg ki sot nan peyi Magòg la fin kòmanse atak li a (Eze. 38:11). Apre sa, pawòl sa yo Jezi te di a pral akonpli: “Nan epòk sa a, moun ki jis yo pral briye menm jan ak solèy la nan wayòm Papa yo a.” — Mat. 13:43b.
15 Èske sa vle di pral gen yon swadizan anlèvman pou moun Bondye chwazi yo? Selon ansèyman sa a, anpil moun nan legliz lakretyente yo ret kwè kretyen yo gen pou yo kite tè a ak kò fizik yo genyen an. Apre sa, yo atann Jezi ap retounen yon fason vizib pou l vin dirije tè a. Sepandan, yon fason klè, Bib la montre “siy Pitit lòm nan” pral parèt nan syèl la epi Jezi ap vini “sou nyaj nan syèl la”. (Mat. 24:30.) Toude ekspresyon sa yo gen rapò ak bagay ki envizib. Mete sou sa, Bib la di: “Kò ki fèt ak chè ak san pa ka fè pati wayòm Bondye a.” Donk, toudabò, fòk moun ki pral nan syèl yo “chanje, nan yon moman, nan yon batje, pandan dènye kout twonpèt la”c. (Li 1 Korentyen 15:50-53.) Konsa, toutpandan nou pap sèvi ak mo “anlèvman” an paske yo mal sèvi avè l, nou kapab di yo pral rasanble rès moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl la anmenmtan.
16, 17. Ki sa k dwe rive anvan maryaj Timouton an fèt nan syèl la?
16 Yonfwa tout 144 000 moun yo fin monte nan syèl, yo pral kòmanse fè dènye preparasyon pou maryaj Timouton an (Rev. 19:9). Sepandan, gen yon lòt bagay ankò ki pral rive anvan evènman sa a ki bay kè kontan. Pa bliye Gòg pral atake pèp Bondye a yon ti tan anvan rès 144 000 moun yo monte nan syèl (Eze. 38:16). Ki reyaksyon atak sa a pral pwovoke? Pèp Bondye a ki sou tè a pral parèt tankou yon pèp san defans. Men, yo pral obeyi enstriksyon Bondye te bay nan epòk wa Yewochafat la lè l te di: “Nou pap gen pou nou goumen. Pran pozisyon nou, ret kanpe la, epi gade jan Jewova ap delivre nou. O Jida, o Jerizalèm, pinga nou pè e pinga nou panike.” (2 Kwo. 20:17, NW). Sepandan, bagay yo pap menm jan an nan syèl la. Men ki sa n li nan Revelasyon 17:14 konsènan ènmi pèp Bondye yo anrapò ak moman kote tout moun Bondye chwazi yo ap nan syèl la: “Yo pral goumen ak Timouton an. Men, kòm Timouton an se Seyè tout seyè e li se Wa tout wa, l ap pote laviktwa sou yo. Epitou, moun yo rele yo e ki ansanm avèk li yo, moun yo chwazi yo, moun ki fidèl yo, ap pote laviktwa sou yo tou.” Jezi ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije avè l nan syèl la pral vin sove pèp Bondye a sou tè a.
17 Aksyon sa a ki pral mennen nan gè Amagedòn nan pral pèmèt non Jewova ki sen jwenn glwa (Rev. 16:16). Nan moman sa a, tout moun ki tankou kabrit yo pral “mouri pou toutan”. Tout mechanste ap resi fini sou tè a epi gwo foul moun nan pral pase dènye faz gwo tribilasyon an vivan. Lè tout preparasyon fin fèt nèt, gwo evènman ki nan liv Revelasyon an, anpalan de maryaj Timouton an, pral kapab fèt (Rev. 21:1-4)d. Tout moun sou tè a ki chape vivan yo pral jwi favè Bondye epi yo pral jwi lanmou Bondye. Se pa ti festen ki pral gen lè sa a! Èske n pa vrèman swaf pou n wè jou sa a rive? — Li 2 Pyè 3:13.
18. Ki detèminasyon nou ta dwe pran etandone nou gen pakèt bèl evènman sa yo k ap tann nou?
18 Ki sa nou chak ta dwe fè depi kounye a etandone nou gen tout bèl evènman sa yo k ap tann nou? Men sa apot Pyè te ekri anba enfliyans lespri sen: “Piske tout bagay sa yo gen pou yo fonn konsa, reflechi sou jan de moun nou dwe ye: Nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye, pandan n ap tann jou Jewova a e pandan nou toujou kenbe l nan lespri nou. [...] Se poutèt sa, byenneme, piske n ap tann bagay sa yo, fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè.” (2 Pyè 3:11, 12, 14). Kidonk, annou pran detèminasyon pou n rete pwòp nan domèn espirityèl epi pou n soutni Wa lapè a.
c Moun Bondye chwazi k ap vivan nan moman sa a pap ka monte nan syèl ak kò fizik yo genyen an (1 Kor. 15:48, 49). Petèt kò yo pral disparèt menm jan kò Jezi te disparèt la.