Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
2-8 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 7-9
“Jewova beni yon gwo foul moun pèsonn pa ka konte”
it-1-F 1014 § 2
Gwo foul moun nan
Sa soulve yon kesyon: Piske “gwo foul moun” nan se moun ki jwenn delivrans e k ap rete sou tè a, ki jan yo fè di yo ‘kanpe devan twòn Bondye a ak devan Ti Mouton an’? (Re 7:9.) Pafwa, nan Bib la, yo konn itilize pozisyon ‘kanpe’ a pou yo pale de yon moun ki nan pozisyon kote moun, oswa gwoup moun, li devan l lan ba l favè oswa apwobasyon (Sm 1:5; 5:5; Pw 22:29; Lk 1:19). Anfèt, nan chapit ki vin anvan an nan liv Revelasyon an, nou wè “wa k ap dirije latè yo, moun ki nan gwo pozisyon yo, kòmandan lame yo, moun ki rich yo, moun ki pisan yo, tout esklav ak tout moun ki lib” yo ap chèche kache ‘pou Sila a ki chita sou twòn nan pa wè yo, [...] pou pwoteje tèt yo anba kòlè Ti Mouton an, paske gran jou kòlè yo a rive. E ki moun ki kapab kanpe?’ (Re 6:15-17; konpare ak Lk 21:36.) Donk, sa montre “gwo foul moun” nan se moun ki jwenn pwoteksyon nan moman kòlè sa a e ki kapab “kanpe” devan Bondye ak Ti Mouton an kòm moun yo apwouve.
it-2-F 1104 § 4
Tribilasyon
Anviwon trantan apre yo te fin detwi Jerizalèm, apot Jan te rapòte sa yon zanj te di l anrapò ak gwo foul moun nan ki soti nan tout nasyon, tribi ak pèp, men sa l te di: “Moun sa yo se moun ki soti anba gwo tribilasyon an.” (Re 7:13, 14). Lefètke gwo foul moun nan “soti anba gwo tribilasyon an”, sa montre l ap chape vivan anba l. Pawòl sa yo sanble ak pawòl nou jwenn nan Travay 7:9, 10, kote yo di: “Bondye te [avèk Jozèf], li te delivre l anba tout tribilasyon l yo.” Lè Jozèf te delivre anba tout tribilasyon l yo, sa vle di nonsèlman li te andire anba yo, men tou, li te chape anba pwoblèm li te jwenn yo.
it-1-F 1014
Gwo foul moun nan
Fason n idantifye l. Nou jwenn kle ki pèmèt nou idantifye “gwo foul moun” nan nan fason yo pale de yo nan Revelasyon chapit 7 ak nan lòt pasaj ki vrèman sanble avè l. Revelasyon 7:15-17 pale de Bondye ki “ouvè tant li sou yo pou l pwoteje yo”, li di Ti Mouton an ap mennen yo nan “sous dlo lavi yo” e Bondye “ap siye tout dlo nan je yo”. Nan Revelasyon 21:2-4, nou jwenn kèk lòt pawòl ankò ki sanble: “Tant Bondye a avèk lèzòm”, ‘Bondye ap siye tout dlo nan je yo’, epi “pap gen lanmò ankò”. Vizyon yo prezante nou la a pa gen rapò ak moun ki nan syèl la, kote ‘Nouvo Jerizalèm nan ap soti a’, men li gen rapò ak moun ki sou tè a, ki fè pati limanite.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
re-F 115 § 4
Fason yo mete so sou Izrayèl Bondye a
4 Pa gen dout nan sa, kat zanj yo reprezante kat gwoup zanj Jewova itilize pou kenbe egzekisyon jijman an annatandan lè l fikse a rive. Lè zanj yo lage van kòlè Bondye yo, nan moman sa a, van yo pral soufle nan nò, sid, lès ak lwès, e se yon gwo destriksyon ki pral fèt. Sa sanble ak lè Jewova te sèvi ak kat van yo pou l te gaye moun Elam yo, pou l te kraze yo fè miyèt moso e pou l te detwi yo. Men, sa l pral fè a ap pi rèd toujou (Jeremi 49:36-38). Sa k pral fèt la se ap yon gwo gwo tanpèt, l ap fè plis ravaj pase “move tan” Jewova te itilize pou l detwi moun Amon yo (Amòs 1:13-15). Pa gen okenn pati nan òganizasyon Satan an ki sou tè a k ap kapab kanpe nan jou kòlè Jewova a. Jou sa a, li pral jistifye dwa l genyen pou l dirije a pou tout tan gen tan. — Sòm 83:15, 18; Ezayi 29:5, 6.
it-1-F 12
Abadon
Kiyès Abadon, zanj twou san fon an, ye?
Nan Revelasyon 9:11, yo rele “zanj twou san fon an” “Abadon”. Non grèk ki koresponn avè l la se Apolyon, ki vle di “destriktè”. Nan 19yèm syèk la, te gen anpil efò ki te fèt pou montre tèks sa a aplike yon fason pwofetik sou kèk moun tankou anperè Vespasyen, Mawomè, e menm sou Napoleyon. Anplis de sa, an jeneral, yo te panse se yon zanj Satan. Remake nan Revelasyon 20:1-3 yo pale de zanj ki gen “kle twou san fon an” kòm reprezantan Bondye ki sot nan syèl la. Olye l se yon zanj Satan, li mare Satan epi l pimpe l nan twou san fon an. Men kòmantè yon liv (The Interpreter’s Bible) fè sou Revelasyon 9:11: “Men, Abadon se pa yon zanj Satan, se yon zanj Bondye k ap akonpli travay destriksyon Bondye a, jan Bondye mande l fè sa.”
Nan vèsè ki nan Liv ki te ekri ann ebre yo nou te wè anvan yo, li klè avadon ale nan menm sans ak Cheyòl ak lanmò. Nan Revelasyon 1:18, Jezi di: “Mwen vivan pou tout tan gen tan, e mwen gen kle lanmò ak kle Tonm nan.” Lik 8:31 montre li gen pouvwa sou twou san fon an. Ebre 2:14 montre byen klè li gen pouvwa pou l detwi, sa gen ladan l pouvwa pou l detwi Satan. Vèsè sa a esplike Jezi te vin gen san ak chè “dekwa pou, grasa lanmò li, li ka detwi sila a ki gen mwayen pou l lakòz lanmò a”. Nan Revelasyon 19:11-16, yon fason klè, yo prezante Jezi kòm destriktè Bondye mete pou egzekite jijman l. — Gade APOLLYÔN.
9-15 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 10-12
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 821
Woulo
Sans senbolik. Nan Labib, yo anplwaye mo “woulo” a plizyè fwa nan sans senbolik. Ni Ezekyèl ni Zakari te wè yon woulo ki gen mesaj ki ekri sou de bò, sa vle di ni sou fas woulo a ni nan do l. Piske yo te gen abitid ekri sou yon sèl bò yon woulo, lè yo ekri sou de bò woulo yo, sa dwe montre nan ki pwen jijman sa yo se jijman ki lou, yo gwo e yo gen anpil valè (Eze 2:9–3:3; Za 5:1-4). Nan vizyon ki nan liv Revelasyon an, sila a ki chita sou twòn nan kenbe nan men dwat li yon woulo ki gen sèt sele poze sou li yon fason pou pèsonn pa ka wè sa ki ekri nan woulo a jiskaske Ti Mouton Bondye a ouvè l (Re 5:1, 12; 6:1, 12-14). Annapre, nan vizyon an, Jan te wè yo ba l yon woulo e yo te ba l lòd pou l manje l. Li dous nan bouch Jan, men li fè lestomak li boule l. Woulo sa a te ouvè e yo pa t sele l, donk, se te yon bagay moun te dwe konprann. Li te “dous” pou Jan resevwa mesaj ki te nan woulo sa a, men sanble l te gen bagay ladan l ki pa t ap dous pou l pwofetize, jan yo te ba l lòd pou l fè sa a (Re 10:1-11). Ezekyèl te fè menm eksperyans lan ak yon woulo yo te ba li ki te gen “yon seri chante ki tris ak bagay ki pou fè moun nan lapenn e ki pou fè yo kriye” ladan l. — Eze 2:10.
it-1-F 673 § 5-7
Doulè tranche
Nan vizyon apot Jan te fè nan liv Revelasyon an, li te wè yon fi nan syèl la ki t ap rele “paske l ap soufri anba doulè tranche”. Timoun ki te vin fèt la se “yon tigason, ki gen pou l dirije tout nasyon yo avèk yon baton fè”. Malgre tout efò dragon an ap fè pou l devore pitit fi a, yo “pote pitit li a bò kot Bondye e bò kot twòn Bondye a”. (Re 12:1, 2, 4-6.) Lefètke yo pote pitit la bò kot Bondye, sa montre Bondye aksepte l kòm pwòp pitit li. Nan tan lontan, se konsa yo te konn fè, lè yon timoun fèk fèt yo pote l bay papa l pou l ka montre l rekonèt timoun nan. (Gade NAISSANCE.) Li lojik pou “fi” a se “madanm” Bondye, “Jerizalèm anwo a”, “manman” Kris ak frè espirityèl li yo. — Ga 4:26; Eb 2:11, 12, 17.
Nòmalman, “madanm” Bondye a ki nan syèl la t ap pafè, e doulè li t apral genyen pandan l t ap fè timoun nan pa t ap yon doulè toutbon. Donk, doulè tranche yo se doulè nan sans senbolik ki t ap vle di “fi” a t ap santi li pa lwen akouche, e timoun nan pa t ap pran tan pou l fèt. — Re 12:2.
Kiyès “pitit” sa a, “tigason” sa a, t ap ye? Li t ap gen pou l “dirije tout nasyon yo avèk yon baton fè”. Se sa pawòl nou jwenn nan Sòm 2:6-9 yo te anonse sou Mesi a, Wa Bondye chwazi a. Men, byen lontan apre Kris fèt sou tè a, li mouri e li resisite, Jan te resevwa vizyon l lan. Vizyon sa a te konsène Wayòm Mesi a ki t ap etabli, yon Wayòm Bondye konfye Jezi Kris, Pitit li a apre l te fin resiste l pou l chita adwat li. “Depi lè sa a, l ap tann jiskaske Bondye mete ènmi l yo tankou yon ti ban anba pye l”. — Eb 10:12, 13; Sm 110:1; Re 12:10.
16-22 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 13-16
“Pa pè bèt ki fè moun pè yo”
re-F 194 § 26
Yo lite ak de bèt sovaj
26 Kisa l ka reprezante? Li ka reprezante pisans anglo-ameriken an, ki se menm ak setyèm tèt bèt sovaj la, men nan yon wòl espesyal. Lefètke li parèt nan vizyon an kòm yon lòt bèt sovaj, sa ede n pi byen konprann jan l aji poukont li sou sèn mondyal la. Bèt sovaj sa a ki gen de kòn reprezante de pisans politik ki egziste menm lè, ki endepandan youn de lòt, men ki kowopere youn ak lòt. De kòn li yo ki “tankou kòn yon ti mouton” montre li met tèt li tou dou, kòmkwa li pa mechan, li gen yon fòm gouvènman k ap fè anpil pwogrè pou l atire tout moun vin jwenn li. Men, li pale tankou yon dragon, sa vle di li fè presyon ak menas e menm gwo vyolans sou moun lè yo pa aksepte dominasyon l. Li pa ankouraje moun soumèt devan Wayòm Bondye a ki anba direksyon Ti Mouton Bondye a, olye de sa, se enterè Satan, gwo dragon an l ap defann. Li ankouraje moun vin nasyonalis, yon bagay ki lakòz divizyon ak lahèn, sa ki fè yo adore premye bèt sovaj la.
re-F 195 § 30-31
Yo lite ak de bèt sovaj
30 Listwa pèmèt nou wè estati bèt sovaj la se yon òganizasyon Grann Bretay ak Etazini te pwopoze, yo te ankouraje e yo te soutni. Se òganizasyon sa a yo te rele Sosyete Nasyon yo. Yon ti tan apre, nan Revelasyon 17, li parèt yon fason ki diferan, li parèt antanke yon bèt sovaj ki gen koulè wouj vif, k ap viv, k ap respire, e ki pa depann de pèsonn. Òganizasyon sa a “pale” nan sans li fè konnen avèk awograns se li menm sèl ki gen kapasite pou l bay lèzom lapè ak sekirite. Men, an reyalite, li vin tounen yon kote nasyon ki manm òganizasyon an reyini pou yo fè diskisyon e pou yo joure youn lòt. Li fè tout peyi ak tout nasyon menas l ap mete yo deyò oswa l ap fè yo pase tray si yo pa soumèt devan otorite l. Sosyete Nasyon yo mete tout nasyon ki pa konfòme yo ak ideyoloji l yo deyò. Nan kòmansman gwo tribilasyon an, militè yo ki fè pati “kòn” estati bèt sovaj la pral fè yon travay destriksyon. — Revelasyon 7:14; 17:8, 16.
31 Depi Dezyèm Gè mondyal la, estati bèt sovaj la, kounye a, ki se Nasyonzini, deja fè san koule nan yon sans literal. Pa egzanp, an 1950, sòlda Nasyonzini yo te patisipe nan gè ki te genyen ant Kore dinò ak Kore disid. Yo estime sòlda Nasyonzini yo ansanm ak sòlda Kore disid yo te touye anviwon 1 420 000 moun nan Kore dinò ak Lachin. Menm jan an tou, soti 1960 pou rive 1964, lame Nasyonzini yo te aktif nan peyi Kongo (Kinchasa). Anplis de sa, dirijan yo nan monn nan, sa gen ladan l pap Pòl VI ak Jan Pòl II, pa sispann fè konnen estati bèt sovaj la se dènye espwa e se pi bon espwa pou lèzòm jwenn lapè. Dapre yo, si lèzòm pa soumèt devan estati bèt sovaj la, se pwòp tèt yo y ap detwi. Donk, nan yon sans, dirijan sa yo fè touye tout moun ki refize kolabore ak estati bèt sovaj la e ki refize adore l. — Detewonòm 5:8,9.
23-29 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 17-19
“Gè Bondye k ap met fen nan tout gè a”
it-1-F 439 § 5
Cheval
Nan vizyon apot Jan te fè a, li pale de Jezi Kris ki nan glwa li sou yon cheval blan e li gen yon lame avè l, e chak moun ki nan lame a chita sou yon cheval blan. Vizyon sa a Jan te resevwa a fè nou wè gè Kris pral fè kont tout ènmi l yo pou Jewova, ki Bondye l e ki Papa l, se yon gè ki jis e ki dwat (Re 19:11, 14). Anvan sa, nan menm vizyon an, Jan te wè plizyè moun ki sou cheval ki diferan ki reprezante kèk bagay Jezi t ap fè pandan l Wa a ansanm ak kèk malè ki t ap gen pou rive apre. — Re 6:2-8.
re-F 286 § 24
Wa k ap fè lagè a genyen batay Amagedon an
24 Yo pa sonje bèt sovaj ki gen sèt tèt ak dis kòn nan ki monte sot nan lanmè a, ki reprezante òganizasyon politik Satan an, e yo pa sonje fo pwofèt la, oubyen setyèm pisans mondyal la (Revelasyon 13:1, 11-13; 16:13). Bèt sovaj la ak fo pwofèt la met tèt yo ansanm pou yo opoze ak pèp Bondye a ki sou tè a. Pandan yo “vivan” toujou, sa vle di pandan yo toujou la, yo lage yo nan “letan dife” a. Èske se yon letan dife toutbon? Non, menm jan bèt sovaj la ak fo pwofèt la pa bèt toutbon, letan dife a pa yon letan dife toutbon. Men pito, li se senbòl destriksyon total, destriksyon final la, kote pa gen espwa reviv ankò. Pi devan, se la yo pral lage lanmò ak Tonm nan, e menm Dyab la tou (Revelasyon 20:10, 14). Sa ki klè, kote sa a se pa yon lanfè kote moun ki mechan yo pral soufri pou toutan, paske Jewova rayi menm lide pou ta gen yon kote konsa. — Jeremi 19:5; 32:35; 1 Jan 4:8, 16.
re-F 286 § 25
Wa Gèrye a genyen batay Amagedon an
25 Menm jan an, “moun ki te chita sou cheval la touye rès moun yo ak epe long” li an; rès moun sa yo se tout lòt moun ki pa t enplike dirèkteman nan zafè politik, men yo te enplike nan monn sa a ki kòwonpi e ki pa vle chanje. Jezi pral kondane yo pou yo mouri. Etandone nan ka pa moun sa yo, yo pa pale de letan dife a, èske nou ka atann yo pral resisite? Pa gen okenn kote yo di nou moun ki mouri nan moman sa a anba men Jij Jewova mete a gen pou yo resisite. Jan Jezi te di sa a, moun ki pa tankou “mouton yo” prale “nan dife ki pap janm etenn nan, dife ki te prepare pou Dyab la ak zanj li yo”, sa vle di “yo pral mouri pou toutan”. (Matye 25:33, 41, 46.) Se konsa “jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo” pral fini. — 2 Pyè 3:7; Nawoum 1:2, 7-9; Malachi 4:1.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
re-F 247-248 § 5-6
Yo rive konprann mistè ki estrawòdinè a
5 ‘Bèt sovaj la te laʼ. Okòmansman, li te egziste antanke Sosyete Nasyon yo depi 10 janvye 1920, li te gen 63 peyi ladan l. Men, Japon, Almay ak Itali te soti nan Sosyete a youn apre lòt. Apre sa, yo te mete ansyen Inyon sovyetik la deyò. Nan mwa septanm 1939, diktatè Nazi a nan peyi Almay te kòmanse Dezyèm Gè mondyal la. Etandone Sosyete Nasyon yo te echwe nan pèmèt gen lapè nan monn nan, li te sispann fonksyone, se lè sa a li tonbe nan twou san fon an. Rive nan ane 1942, yo te bliye l nèt. Jewova ede pèp li a konprann tout sans vizyon sa a nan bon moman, li pa t fè sa ni anvan ni apre. Nan Asanble teyokratik monn nouvo a, N. H. Knorr te ka di menm jan ak pwofesi a, “bèt sovaj la [...] pa la ankò”. Apre sa, li poze kesyon sa a: “Èske Sosyete Nasyon yo ap rete nan twou a nètale?” Li te site Revelasyon 17:8, epi li te di: “Nasyon yo gen pou yo met tèt yo ansanm ankò.” E se egzakteman sa ki te fèt! Sa ki montre pwofesi Jewova te bay la te reyalize.
L ap soti nan twou san fon an
6 Vrèmanvre, bèt sovaj wouj vif la te monte sot nan twou san fon an. Nan dat 26 jen 1945, nan Sann Fransisko, Ozetazini, avèk gwo fanfa ki t ap fè anpil bri, 50 nasyon te reyini pou yo vote konstitisyon Nasyonzini an. Nasyonzini te gen pou objektif “pèmèt kontinye gen lapè ak sekirite sou tè a”. Nasyonzini sanble ak Sosyete Nasyon yo nan anpil domèn. Men sa nou li nan yon liv (The World Book Encyclopedia): “Nan kèk sans, Nasyonzini sanble ak Sosyete Nasyon yo ki te vin fòme apre Premye Gè mondyal la. [...] Anpil nan peyi ki vin fè pati Nasyonzini an te fè pati Sosyete Nasyon yo. Menm jan ak Sosyete Nasyon yo, yo te kreye Nasyonzini pou ede gen lapè ant nasyon yo. Fason Nasyonzini òganize sanble anpil ak fason Sosyete Nasyon yo te òganize.” Nasyonzini se bèt sovaj wouj vif la ki retounen viv ankò. Li gen plis manm lontan pase Sosyete Nasyon yo. Li gen plis pase 190 nasyon ki manm li, alòske Sosyete Nasyon yo te gen 63. Li gen plis responsablite pase Sosyete Nasyon yo.
30 DESANM–5 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 20-22
“Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf”
re-F 301 § 2
Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf
2 Plizyè santèn ane anvan epòk Jan an, Jewova te di Ezayi pawòl sa yo: “Paske, gade! m ap kreye yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo.” (Ezayi 65:17; 66:22). Pwofesi sa a te gen yon premye reyalizasyon lè Juif ki te fidèl yo te retounen Jerizalèm nan ane 537 anvan epòk nou an, apre yo te fin pase 70 an ann egzil nan Babilòn. Lè sa a, yo te yon pèp ki pwòp, sa vle di “yon tè tounèf”, yo te vin anba yon lòt fòm gouvènman, sa vle di “yon syèl tounèf”. Apot Pyè bò kote pa l te montre pwofesi sa a t apral gen yon lòt reyalizasyon, lè l te di: “Men, selon pwomès Bondye fè, n ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite.” (2 Pyè 3:13). Epi, apot Jan montre pwofesi sa a t ap gen pou l reyalize nan jou Seyè a. “Ansyen syèl la ak ansyen tè a”, sistèm sa a Satan ap dirije a ansanm ak tout gouvènman yo ki anba enfliyans li ak demon yo, ap pase. “Lanmè” ki ajite a, ki se moun ki mechan e ki rebèl yo, ap sispann egziste. Nan plas li, pral gen “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf”, yon gwoup moun ki pral viv sou tè a anba yon nouvo gouvènman, Wayòm Bondye a. — Konpare ak Revelasyon 20:11.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 1149-1150 § 6
Lavi
Nan lòd Bondye te bay Adan an, li te montre si Adan te obeyi li pa t ap mouri (Jen 2: 17). Kidonk, se pral menm bagay la pou moun ki obeyisan yo, lè lanmò, dènye ènmi lèzòm nan, disparèt, yo pap gen peche nan kò yo k ap mennen yo nan lanmò ankò. Lèzòm pap janm mouri ankò pou tout tan gen tan (1Ko 15:26). Evènman sa a, anpalan de lanmò ki gen pou disparèt la, ap fèt nan fen rèy Kris la, k ap dire 1 000 an, jan liv Revelasyon an fè konn sa. Liv sa a di moun ki vin wa ak prèt ansanm ak Kris “yo retounen vivan ankò, e yo dirije antanke wa avèk Kris pandan 1 000 an”. “Rès mò yo” ki pa t retounen viv “jiskaske 1 000 an an fini” dwe se moun ki rete vivan nan fen mil an an, anvan yo libere Satan nan twou san fon an pou l pase lèzòm anba dènye eprèv la. Nan fen mil an an, tout moun sou tè a ap vin pafè, y ap vin menm jan Adan ak Èv te ye anvan yo te peche a. Konsa, yo pral gen yon lavi ki pafè toutbonvre. Moun ki fin pase dènye eprèv la, lè yo libere Satan nan twou san fon an pou yon ti tan, pral viv lavi sa a pou toutan. — Re 20:4-10.
it-2-F 101
Letan dife
Se sèlman nan liv Revelasyon an ekspresyon sa a ki vrèman yon ekspresyon senbolik parèt. Se nan Bib la nou tou jwenn esplikasyon sou li, men sa nou li: “Letan dife a reprezante dezyèm lanmò a.” — Re 20:14; 21:8.
Kontèks vèsè kote y ap pale de letan dife a nan liv Revelasyon an montre pi byen toujou letan dife a se yon bagay senbolik. Yo di yo lage lanmò nan letan dife a (Re 19:20; 20:14). Li klè, yo pa ka boule lanmò toutbonvre. Anplis de sa, yo lage Dyab la, yon kreyati espirityèl moun pa ka wè, nan letan dife a tou. Etandone li se yon espri, li pa ka boule nan dife toutbon. — Re 20:10; konpare Eg 3:2 ak Jj 13:20.
Etandone, letan dife a reprezante “dezyèm lanmò a”, e piske Revelasyon 20:14 di yo pral lage “lanmò ak Tonm nan” ladan l, li klè, letan dife a pa ka reprezante lanmò lèzòm eritye nan Adan an (Wm 5:12), ni tou li pa gen anyen pou wè ak Adès (Cheyòl). Nan ka sa a, li dwe reprezante yon lòt fòm lanmò, yon lanmò ki se yon destriksyon total. Pa gen okenn kote nan Bib la yo di “letan” an rann mò li gen ladan l yo jan li di sa pou Adès la (Cheyòl) ak lanmò nou eritye nan Adan an (Re 20:13). Kidonk, y ap lage moun yo pa jwenn non yo ekri nan “liv lavi a”, moun ki pa t rekonèt dwa Bondye genyen pou l dirije a e ki pa t repanti yo, nan letan dife a, ki se dezyèm lanmò a, sa vle di y ap detwi yo nèt. — Re 20:15.