A3
Fason nou vin gen Bib la
Sila a ki te fè mete pawòl li nan Bib la te pwoteje Bib la. Se li ki te fè ekri pawòl ki annapre a:
“Pawòl Bondye nou an la pou toutan.”— Ezayi 40:8.
Pawòl sa a se laverite, menmsi jodi a premye maniskri Liv ki te ekri ann ebre yo e ann arameyen yoa ak premye maniskri Liv ki te ekri an grèk yo pa egziste ankò. Ebyen, ki sa k fè nou kwè toutbon pawòl nou jwenn nan Bib la jodi a se menm ak pawòl ki te nan premye maniskri yo?
MOUN KI TE KOPYE PAWÒL BONDYE A TE PREZÈVE L
Youn nan rezon ki fè Liv ki te ekri ann ebre yo la jis jounen jodi a se paske moun yo te gen abitid kopye liv sa yo, jan Bondye te mande pou yo fè sab. Pa egzanp, Jewova te mande pou wa nan peyi Izrayèl yo kopye sa k nan liv Lalwa a yon fason pou yo te ka gen pwòp kopi pa yo (Detewonòm 17:18). Anplis de sa, Bondye te bay Levit yo responsablite pou yo prezève liv Lalwa a, e pou yo anseye pèp la sa k ladan l (Detewonòm 31:26; Neyemi 8:7). Apre Juif yo te sot ann egzil nan Babilòn, te vin gen moun ki te konn ap rekopye Lwa Bondye a ann Izrayèl. Yo te rele yo eskrib, oswa Soferim (Esdras 7:6, nòt). Etandone eskrib sa yo t ap kopye 39 liv ki fè pati Liv ki te ekri ann ebre yo, te vin gen anpil kopi nan liv sa yo.
Pandan plizyè syèk, eskrib yo te pran san yo pou yo kopye liv sa yo. Ozanviwon ane 500 rive nan ane 1500 yo nan epòk nou an, te gen eskrib juif, yo konnen sou non Masorèt, ki te konn fè menm travay sa a. Kodèks Leningrad la se kopi konplè ki pi ansyen Masorèt yo te fè ozanviwon ane 1008/1009 epòk nou an. Sepandan, nan mitan 20yèm syèk la, gen 220 maniskri biblik ak moso tèks yo te vin jwenn pami woulo Lanmè Mòt yo. Maniskri sa yo te la plis pase 1 000 an anvan Kodèks Leningrad la. Men yon bagay enpòtan nou aprann lè nou konpare woulo Lanmè Mòt yo ak Kodèks Leningrad la: Menmsi gen kèk ti diferans nan mo yo itilize nan woulo Lanmè Mòt yo, pa gen youn ki chanje mesaj la.
Ki sa n ka di konsènan 27 liv ki fè pati Liv ki te ekri an grèk yo? Liv sa yo se kèk nan apot Jezi Kris yo ak kèk lòt disip ki t ap viv nan premye syèk la ki te ekri yo. Gen kretyen ki t ap viv nan premye syèk la ki te konn kopye liv sa yo. Konsa, yo te fè menm jan ak eskrib juif yo (Kolosyen 4:16). Byenke Dyokletyen, yon anperè women, ak lòt moun ankò te eseye detwi tout sa kretyen nan premye syèk la te ekri yo, gen plizyè milye ansyen moso tèks ak maniskri ki la jis jodi a.
Yo te tradui sa kretyen yo te ekri yo nan lòt lang tou. Yo te tradui Bib la nan kèk ansyen lang tankou amenyen, etyopyen, jòjyen, kòp, laten ak siryak.
TÈKS EBRE AK TÈKS GRÈK NOU ITILIZE POU NOU FÈ TRADIKSYON AN
Yo pa itilize menm mo yo nan tout kopi ansyen maniskri Labib yo. Donk, ki jan nou ka rive konnen ki sa ki te nan tèks orijinal yo?
Ann pran yon egzanp pou ede nou konprann sa. Yon pwofesè mande 100 elèv pou yo kopye menm chapit la nan yon liv. Menmsi chapit sa a ta vin pèdi annapre, nou t ap toujou ka konnen sa k te nan chapit la si n ta konpare 100 kopi elèv yo te fè yo. Menm lè chak elèv ta fè kèk erè, li t ap difisil anpil pou tout elèv yo fè menm erè yo. Menm jan an tou, lè biblis yo konpare plizyè milye moso tèks ak kopi liv ki fè pati Bib la, anpalan de tèks ak kopi ki disponib yo, yo ka wè erè moun ki te konn rekopye Labib yo te fè e yo ka rive konnen sa ki te nan tèks orijinal la.
“Nou ka di san kè sote pa gen okenn lòt tèks ki la depi nan tan lontan ki rive jwenn nou e ki egzak konsa.”
Ki sa k fè nou ka kwè toutbonvre nou rive jwenn menm mesaj ki te nan tèks orijinal yo? Men kòmantè yon biblis ki rele William H. Green te fè sou tèks nou jwenn nan Liv ki te ekri ann ebre yo: “Nou ka di san kè sote pa gen okenn lòt tèks ki la depi nan tan lontan ki rive jwenn nou e ki egzak konsa.” Men sa yon biblis ki rele F. F. Bruce te ekri konsènan Liv ki te ekri an grèk yo, anpalan de pòsyon nan Bib la moun yo rele Nouvo Testaman an: “Prèv nou genyen ki kore Nouvo Testaman an pi plis lontan pase prèv ki kore sa anpil ekriven ekri. Poutan, pa gen moun ki janm gen dout sou sa ekriven sa yo te ekri.” Men sa li ajoute: “Si Nouvo Testaman an te yon seri liv moun nan monn nan te ekri, an jeneral, moun pa t ap gen dout sou yo ditou.”
Tèks ebre: Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri ann ebre yo (1953-1960) nan lang anglè te baze sou Biblia Hebraica Rudolf Kittel te fè a. Depi apre epòk sa a, te vin gen lòt edisyon tèks ebre a ki soti tankou Biblia Hebraica Stuttgartensia a ak Biblia Hebraica Quinta a ki te gen dènye rechèch moun te fè nan woulo Lanmè Mòt yo ak lòt ansyen maniskri. Biblis sa yo te mete sa ki nan Kodèks Leningrad la nan tèks prensipal la, e nan nòt anba paj yo yo te mete pawòl ki soti nan lòt tèks, sa gen ladan l Pentatek samariten an, woulo Lanmè Mòt yo, tradiksyon grèk ki rele Septant lan, Tagoum arameyen yo, tradiksyon laten ki rele Vilgat la ak Pechita siryak la. Yo te itilize Biblia Hebraica Stuttgartensia a ak Biblia Hebraica Quinta a lè yo t ap fè tèks revize Tradiksyon monn nouvo a ann anglè. Se sou tradiksyon anglè sa a tradiksyon kreyòl la baze.
Tèks grèk: Nan fen 19yèm syèk la, gen de biblis, B. F. Westcott ak F. J. A. Hort, ki te konpare maniskri ak moso tèks biblik ki te egziste yo lè yo t ap prepare tèks grèk ki vin sèvi kòm referans lan, tèks yo panse ki pi fidèl ak tèks orijinal la. Nan mitan 20yèm syèk la, komite tradiksyon monn nouvo a te sèvi ak tèks grèk sa a pou yo te fè tradiksyon pa yo a. Anplis de sa, komite a te sèvi ak papiris yo panse ki la depi dezyèm syèk ak twazyèm syèk epòk nou an. Annapre, te vin gen plis papiris ki te disponib. Mete sou sa, lòt tèks ki sèvi kòm referans, tankou tèks Nestle ak Aland lan ak tèks United Bible Societies la, gen rezilta dènye rechèch kèk biblis te fè. Gen kèk nan enfòmasyon nou jwenn nan dènye rechèch sa yo ki parèt nan tèks revize Tradiksyon monn nouvo a ann anglè. Nou baze tradiksyon Liv ki te ekri an grèk yo sou tèks revize sa a.
Lè nou egzamine tèks grèk sa yo ki te vin sèvi kòm referans, li klè gen kèk vèsè nan Liv ki te ekri an grèk yo nou jwenn nan ansyen tradiksyon Labib, tankou Labib Wa Jak (anglè), se ajoute moun ki t ap rekopye maniskri yo te vin ajoute yo, men vèsè sa yo pa t janm fè pati Pawòl Bondye te enspire yo. Sepandan, etandone depi nan 16yèm syèk la, yo te deja separe Bib la an chapit ak vèsè, sa vin fè nan pifò tradiksyon Labib jodi a, gen espas vid bò nimewo vèsè ki vin apre yo: Matye 17:21; 18:11; 23:14; Mak 7:16; 9:44, 46; 11:26; 15:28; Lik 17:36; 23:17; Jan 5:4; Travay 8:37; 15:34; 24:7; 28:29 ak Women 16:24. Nan Tradiksyon monn nouvo a, nou mete yon nòt pou vèsè ki gen espas vid yo.
Li klè ni konklizyon long yo mete pou Mak 16 (vèsè 9-20), ni konklizyon kout yo mete pou Mak 16 la, ni pawòl nou jwenn nan Jan 7:53–8:11 lan pa fè pati maniskri orijinal yo. Kidonk, vèsè sa yo pa nan tradiksyon sa a.
Nan dènye edisyon revize ann anglè a, gen kèk chanjman ki fèt pou yo ka ann amoni ak sa biblis yo dakò ki nan tèks orijinal yo. Pa egzanp, men sa nou jwenn nan Matye 7:13 nan kèk maniskri: “Pase nan pòt ki jis la. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran.” Nan ansyen edisyon Tradiksyon monn nouvo a, pa t gen mo “pòt” la. Sepandan, apre anpil rechèch te fin fèt, yo te vin jwenn prèv ki montre mo “pòt” la te nan tèks orijinal la. Se sa k fè yo mete l nan edisyon sa a. Gen anpil lòt chanjman menm jan an ki fèt nan edisyon sa a. Sepandan, chanjman sa yo se kèk ti chanjman yo ye, e pa gen youn ki chanje vrè mesaj ki nan Bib la.
a Lè n ap pale de liv sa yo nan Apendis sa a, nou mete Liv ki te ekri ann ebre yo.
b Youn nan rezon ki fè yo te bezwen fè sa, se paske yo te ekri tèks orijinal yo sou yon seri materyèl ki kapab depafini.