CHAPIT 3
“ Mwen gen imilite nan kè m ”
1-3. Ki fason Jezi antre nan vil Jerizalèm, e poukisa pami foul moun k ap obsève yo gen moun ki ka etone ?
GEN yon sèl pawòl k ap pale nan vil Jerizalèm. Moun yo chofe ap tann yon pèsonaj enpòtan ki gen pou vini ! Pa deyò vil la, moun yo rasanble arebò wout la. Yo enpasyan pou yo akeyi mesye sa a, paske gen moun ki di li se yon eritye wa David e li se Dirijan lejitim Izrayèl. Gen moun ki vin avèk fèy palmye pou yo sekwe pou yo akeyi l, tandiske gen lòt ki ouvri rad sou wout la e ki mete fèy bwa pou yo ka aplani chemen kote l pral pase a (Matye 21:7, 8 ; Jan 12:12, 13). Siman anpil moun ap mande tèt yo ki jan li pral antre nan vil la.
2 Petèt gen moun k ap atann yo l ap fè yon gwo demonstrasyon. Sètènman, yo konnen ki jan kèk mesye enpòtan konn antre nan vil yo yon fason grandyoz. Pa egzanp, Absalòm, yon pitit gason David, te pwoklame tèt li wa. Li te gen 50 gason k ap kouri devan charyo li (2 Samyèl 15:1, 10). Jules César, yon dirijan women, te menm fè plis pase sa. Yon lè, apre l fin ranpòte yon viktwa, li te alatèt yon kokenn posesyon ki ale jis nan Kapitòl women an, avèk 40 elefan adwat kou agoch k ap pote lanp. Men, kounye a, moun ki nan vil Jerizalèm yo ap tann yon moun ki gen plis enpòtans toujou. Kit foul moun yo konprann sa, kit yo pa konprann sa, moun sa a, se Mesi a, pi gran òm ki pase sou tè a. Sepandan, lè moun sa a ki pral wa a parèt, gen moun petèt ki etone.
3 Yo pa wè charyo, yo pa wè moun k ap kouri, yo pa wè cheval, e se sèten yo pa wè elefan. Okontrè, Jezi monte sou yon senp bèt ki la pou fè travay, sou yon bourika. Ni kavalye a ni bèt li monte a pa gen okenn bèl rad byen dekore kòm òneman. Disip entim Jezi yo pa sele bourik la ak yon sèl ki koute chè, men se kèk rad yo met sou do l. Poukisa Jezi chwazi antre nan vil Jerizalèm yon fason senp konsa, alòske moun ki gen mwens enpòtans pase l te ensiste pou yo fè sa yon fason grandyoz, avèk gwo seremoni ?
4. Ki sa Bib la te predi konsènan fason Wa mesyanik la t ap antre Jerizalèm ?
4 Se yon pwofesi Jezi ap akonpli la a, yon pwofesi ki di : “ Se pou w kontan anpil [...] ! Pouse kri triyonf, o pitit fi Jerizalèm ! Gade ! Wa w la li menm ap vin jwenn ou. Li jis, wi, li sove, li enb, e li monte sou yon bourik. ” (Zekarya 9:9). Pwofesi sa a fè konnen Mesi a, Wen Bondye a, t ap gen pou l revele tèt li yon jou devan moun Jerizalèm yo kòm Wa Bondye nome. Anplis de sa, menm fason li t ap fè sa, san wete bèt li t ap chwazi monte a, t ap revele yon ekselan kalite li gen nan kè l : imilite.
5. Poukisa imilite Jezi touche nou jis nan fon kè nou lè n ap reflechi sou li, e poukisa li esansyèl pou nou aprann imite Jezi nan sans sa a ?
5 Imilite se youn nan kalite ki pi atiran Jezi gen lakay li. Lè n ap reflechi sou imilite Jezi, sa touche nou jis nan fon kè nou. Jan nou te wè sa nan chapit anvan an, se sèl Jezi ki “ chemen an e laverite a e lavi a ”. (Jan 14:6.) Sa klè, pa gen pèsonn pami tout foul moun ki pase sou tè a ki rive nan pwent pye Pitit Gason Bondye a anrapò ak enpòtans li genyen. Epoutan, Jezi pa t janm demontre menm yon ti tras nan ògèy k ap aflije yon kantite imen enpafè nou pa ka konte. Pou nou suiv Kris, nou bezwen konbat tandans pou nou kite ògèy anpòte nou (Jak 4:6). Pa bliye, Jewova rayi ògèy. Se sa k fè, li esansyèl pou nou aprann imite imilite Jezi.
Li gen lontan depi l ap demontre imilite
6. Ki sa imilite ye, e ki jan Jewova te fè konnen Mesi a t ap yon moun ki enb ?
6 Imilite se yon kalite ki pouse yon moun rabese tèt li, se absans ògèy. Se yon kalite ki kòmanse nan kè a e li parèt nan fason yon moun pale, nan konduit li, e nan fason li boule ak lòt moun. Ki jan Jewova te fè konnen Mesi a t ap yon moun ki enb ? Li te konnen Pitit Gason l lan te reflete pwòp egzanp pafè imilite pa l (Jan 10:15). Epitou, li te wè Pitit li a k ap demontre imilite. Kòman sa ?
7-9. a) Ki jan Mikayèl te demontre imilite nan konfwontasyon li te genyen avèk Satan ? b) Ki jan kretyen yo ka imite Mikayèl nan kesyon demontre imilite ?
7 Nou jwenn yon bèl egzanp nan liv Jid la : “ Lè Mikayèl, akanj lan, te gen yon dezakò avèk Dyab la e li t ap diskite konsènan kò Moyiz, li pa t oze pote yon jijman kont li avèk jouman, men li te di : ‘ Se pou Jewova reprimande w. ’ ” (Jid 9). Mikayèl, se non Jezi genyen ni anvan l te vin viv sou tè a, ni apre, e li pote non sa a nan wòl li antanke akanj, ki vle di chèf nan lame selès zanj Jewova yob (1 Tesalonisyen 4:16). Epoutan, gade pou w wè ki jan Mikayèl te aji nan konfwontasyon sa a avèk Satan.
8 Liv Jid la pa di nou sa Satan te vle fè avèk kò Moyiz, men nou mèt sèten Dyab la te gen kèk move entansyon nan tèt li. Petèt, li te vle ankouraje moun pou yo fè yon move itilizasyon ak rès kò gason fidèl sa a nan fo adorasyon. Se vre Mikayèl te opoze ak plan mechan Satan an, men anmenmtan, li te demontre li metrize tèt li yon fason estrawòdinè. San mank, Satan te merite pou yo reprimande l, men Mikayèl te estime se sèl Jewova Dye ki ta dwe rann yon jijman konsa, piske nan moman li t ap fè diskisyon ak Satan an, Jewova potko lage “ tout jijman an ” nan men l (Jan 5:22). Antanke akanj, Mikayèl te gen anpil otorite. Epoutan, avèk imilite, li te remèt Jewova ka a olye pou l eseye akapare plis otorite. Nonsèlman li demontre imilite, men tou, li demontre modesti, ki vle di li konsyan li gen limit.
9 Gen yon rezon ki fè Jid te enspire pou l ekri konsènan sa k te rive a. Gen kèk kretyen nan epòk Jid la, malerezman, ki pa t enb. Avèk ògèy, yo t ap “ denigre tout bagay yo vrèman pa konnen ”. (Jid 10.) Ala sa fasil pou nou menm ki enpafè, pou nou kite ògèy domine nou ! Pa egzanp, lè nou pa byen konprann yon bagay ki fèt nan kongregasyon an, petèt sa gen rapò ak yon desizyon kolèj ansyen an pran, ki jan nou reyaji ? Si nou ta pran kritike desizyon ki pran an, alòske nou pa ka konnen tout rezon ki alabaz, èske la a nou pa t ap montre nou manke imilite ? Okontrè, annou imite Mikayèl, oswa Jezi. Annou retni nou pou nou pa jije bagay Bondye pa ban nou otorite sou yo.
10, 11. a) Ki sa ki remakab nan fason Pitit Gason Bondye a te dispoze aksepte asiyasyon li te resevwa pou l vin sou tè a ? b) Ki jan nou ka imite imilite Jezi ?
10 Pitit Gason Bondye a te demontre imilite tou lè li te aksepte asiyasyon pou l vini sou tè a. Reflechi sou sa l te dwe kite dèyè. Li te akanj lan. Epitou, li te “ Pawòl la ”, sa vle di pwòp Pòtpawòl Jewova (Jan 1:1-3). Li te abite nan syèl la, ‘ kote Jewova rete ki grandyoz, ki sen e ki bèl la ’. (Izayi 63:15.) Malgre sa, Pitit Gason an “ te vide tèt li, li te pran fòm yon esklav e li te vin nan resanblans lèzòm ”. (Filipyen 2:7.) Reflechi sou sa asiyasyon terès li a te enplike ! Yo te transfere lavi l nan matris yon vyèj juif, pou l rete la ap devlope pandan nèf mwa pou l vin yon tibebe. Li te fèt antanke yon timoun san defans nan kay yon pòv chapantye, epi apre sa li te grandi pou l tounen toudabò yon timoun k ap aprann mache, ansuit, yon tigason epi yon adolesan. Byenke li menm li te pafè, pandan tout adolesans li, li te rete anba direksyon paran imen l yo ki enpafè (Lik 2:40, 51, 52). Ala yon imilite estrawòdinè !
11 Èske nou ka imite imilite Jezi lè nou dispoze aksepte asiyasyon ki sanble imilyan pafwa ? Pa egzanp, asiyasyon pou nou preche bon nouvèl Wayòm Bondye a ka sanble li imilyan lè moun yo reyaji avèk endiferans, lè yo pase nou nan jwèt oswa lè yo demontre ostilite (Matye 28:19, 20). Men, si nou andire nan travay sa a, nou ka kontribye pou sove lavi moun. Omwen, n ap aprann anpil bagay sou kesyon imilite a, e n ap suiv tras Jezi Kris, Mèt nou an.
Imilite Jezi te demontre antanke òm
12-14. a) Ki jan Jezi te demontre imilite lè moun te konn fè louwanj pou li ? b) Nan ki sans Jezi te demontre imilite nan fason l te konn boule ak lòt moun ? c) Ki sa ki montre imilite Jezi te konn demontre a se pa t yon bagay ki fèt pou lafòm oswa pou fè wè li gen jantiyès ?
12 Nan ministè Jezi sou tè a, depi nan kòmansman jiska lafen, tout moun te ka wè li demontre imilite. Li te montre sa nan fason li te dirije tout louwanj ak tout glwa sou Papa l. Pafwa, moun te konn louwe Jezi pou sajès ki gen nan pawòl li, pou pisans mirak li yo, menm pou bon karaktè li genyen. A chak fwa, Jezi te refize fòm glwa sa a, li te dirije l sou Jewova. — Mak 10:17, 18 ; Jan 7:15, 16.
13 Jezi te demontre imilite nan fason li te konn trete moun. Annefè, li te fè konnen aklè li te vin sou tè a, non pa pou moun sèvi l, men pou l sèvi moun (Matye 20:28). Li te demontre imilite nan fason l te konn boule avèk moun yo : avèk dousè e yon fason ki rezonab. Lè disip li yo te desevwa l, li pa t konn reprimande yo byen di. Li te konn eseye atenn kè yo (Matye 26:39-41). Lè foul moun yo te entèwonp li pandan l t ap chèche pran yon ti repo, pandan li t ap chèche rete poukont li byen trankil, li pa t kouri dèyè yo, li te kontinye depanse l pou l anseye yo “ anpil bagay ”. (Mak 6:30-34.) Gen yon lè, yon dam ki pa Izrayelit t ap plede sipliye l pou l geri yon pitit fi li. Okòmansman, li te fè l konnen li pa t dispoze fè sa. Sepandan, li pa t refize avèk kòlè. Devan lafwa estrawòdinè dam nan te demontre, li te sede e li te vin dakò fè sa l te mande l la, jan nou pral wè sa nan chapit 14 la. — Matye 15:22-28.
14 Nan fason Jezi te viv, li te toujou aji ann amoni ak pwòp pawòl li te di konsènan li menm : “ Mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. ” (Matye 11:29). Imilite l la pa t sipèfisyèl, kòmkwa se te pou lafòm oswa pou fè wè li gen jantiyès. Se yon imilite li te genyen pa anndan l, ki te sot nan kè l. Kidonk, se pa etonan pou Jezi te anseye disip li yo avèk ensistans pou yo demontre imilite !
Li te anseye disip li yo pou yo enb
15, 16. Ki gwo diferans Jezi te souliye ki genyen ant etadespri chèf nan monn nan ak etadespri disip li yo te dwe kiltive ?
15 Apot Jezi yo te pran tan anvan pou yo rive kiltive imilite. Se pa ni de ni twa fwa Jezi te oblije chèche ede yo devlope kalite sa a. Pa egzanp, yon lè, Jak ak Jan te sèvi ak manman yo pou yo mande Jezi pou l pwomèt yo gwo pozisyon nan Wayòm Bondye a. Avèk modesti, Jezi te reponn : “ Kanta pou chita adwat mwen e agoch mwen, se pa mwen ki dwe bay li, men se pou moun Papa m te prepare l pou yo a. ” Dis lòt apot yo te “ vin fache anpil ” kont Jak ak Jan (Matye 20:20-24). Ki jan Jezi te trete pwoblèm sa a ?
16 Avèk jantiyès, li reprimande yo tout, li di : “ Nou konnen chèf nasyon yo ap kòmande yo an mèt e moun ki gran yo egzèse otorite yo sou yo. Se pa konsa sa fèt pami nou. Men, nenpòt moun ki vle vin gran pami nou dwe sèvitè nou, e nenpòt moun ki vle premye pami nou dwe esklav nou. ” (Matye 20:25-27). Sandout apot yo te wè jis nan ki pwen “ chèf nasyon yo ” te awogan, yo te gen anbisyon e yo te egoyis. Jezi te fè konnen disip li yo pa dwe aji menm jan ak tiran sa yo ki renmen domine sou moun. Yo ta dwe enb. Èske apot yo te byen konprann pwen an ?
17-19. a) Nan lannuit anvan Jezi mouri a, ki fason moun pa ka bliye li te anseye apot li yo yon leson anrapò ak imilite ? b) Ki pi gwo leson imilite Jezi te anseye antanke òm ?
17 Se pa t yon bagay ki te fasil pou yo. Se pa t ni premye ni dènye fwa Jezi te anseye yo yon leson konsa. Anvan sa, lè yo t ap fè diskisyon konsènan kiyès pami yo ki pi gran, li te mete yon timoun nan mitan yo e li te di yo pou yo plis imite timoun piti, ki gen tandans pa gen ògèy, anbisyon, e ki pa gen tandans enkyete yo konsènan pozisyon, bagay ki tèlman kouran lakay granmoun (Matye 18:1-4). Sepandan, nan lannuit anvan l mouri a, li te wè apot li yo te toujou ap lite ak pwoblèm ògèy la. Lè sa a, li te ba yo yon leson yo pa t ap bliye. Li mare senti l ak yon sèvyèt e li akonpli travay ki pi ba a, yon travay nan epòk sa a se sèvitè ki te konn fè l pou envite yo. Jezi te lave pye chak apot li yo, san wete Jida ki t apral trayi l ! — Jan 13:1-11.
18 Jezi te ede yo byen konprann kesyon imilite a lè l di yo : “ Mwen ban nou egzanp. ” (Jan 13:15). Finalman, èske leson sa a te touche kè yo ? Ebyen, nan menm nuit lan, yo te gen yon lòt diskisyon pou yo konnen kiyès pami yo ki pi gran (Lik 22:24-27) ! La ankò, Jezi te kontinye pran pasyans avèk yo e li te anseye yo avèk imilite. Apre sa, li te vin ba yo leson ki pi pisan pase tout leson : “ Li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jiska lamò, wi, lanmò sou yon poto soufrans. ” (Filipyen 2:8). Ak tout volonte l, Jezi te soumèt tèt li anba yon lanmò ki imilyan, kote yo te kondane l san rezon kòm yon kriminèl e kòm yon blasfematè. Konsa, Pitit Gason Bondye a montre li se yon moun apa, paske pami tout kreyati Jewova yo, se li menm ki te demontre imilite yon fason pafè, nan nivo maksimòm nan.
19 Petèt se te pwen sa a, anpalan de dènye leson imilite Jezi te anseye antanke òm nan, ki te grave kalite sa a fon konsa nan kè apot fidèl li yo. Bib la fè nou konnen mesye sa yo te travay avèk imilite pandan plizyè ane, menm pandan plizyè dizèn ane apre sa. E nou menm ?
Èske n ap suiv modèl Jezi trase a ?
20. Ki jan nou ka konnen si nou gen imilite nan kè nou ?
20 Men konsèy Pòl bay nou chak : “ Kenbe etadespri sa a nan nou, etadespri ki te nan Kris Jezi tou. ” (Filipyen 2:5). Menm jan ak Jezi, nou bezwen gen imilite. Ki jan nou ka konnen si nou gen imilite nan kè nou ? Ebyen, Pòl raple nou nou pa dwe ‘ fè anyen nan diskisyon ni paske nou vle toujou devan, men avèk imilite, nou dwe konsidere lòt moun yo siperyè nou ’. (Filipyen 2:3.) Kidonk, pwen ki enpòtan an se fason nou wè lòt moun an relasyon avèk nou menm. Nou bezwen wè yo kòm moun ki pi siperyè, moun ki pi enpòtan pase nou. Èske n ap mete konsèy sa a an pratik ?
21, 22. a) Poukisa siveyan kretyen yo dwe enb ? b) Ki jan nou ka montre nou mare senti nou ak imilite ?
21 Plizyè ane apre lanmò Jezi, apot Pyè te toujou ap reflechi sou enpòtans imilite genyen. Pyè te anseye siveyan kretyen yo pou yo fè travay yo avèk imilite, pou yo pa janm kòmande mouton Jewova yo an mèt (1 Pyè 5:2, 3). Responsablite pa jistifye ògèy. Okontrè, responsablite mande plis vrè imilite toujou (Lik 12:48). Natirèlman, kalite sa a esansyèl nonsèlman pou ansyen yo, men tou pou chak kretyen.
22 Se sèten, Pyè pa t janm bliye nuit sa a kote Jezi te lave pye l la, malgre Pyè pa t dakò (Jan 13:6-10) ! Men sa Pyè te ekri kretyen yo : “ Nou tout, se pou nou mare senti nou ak imilite nan relasyon nou youn ak lòt. ” (1 Pyè 5:5). Ekspresyon “ mare senti nou ” an fè nou panse ak aksyon yon sèvitè ki mare senti l ak yon sèvyèt pou l fè travay ki ba. Sandout, pawòl sa yo raple nou moman kote Jezi te mare senti l ak yon sèvyèt anvan li te mete l ajenou pou l fè travay lave pye apot li yo. Si nou suiv Jezi, ki asiyasyon Bondye ban nou pou n ta twouve ki twò ba pou diyite nou ? Imilite nou gen nan kè nou dwe vizib pou tout moun, kòmsi nou ta mare senti nou avè l.
23, 24. a) Poukisa nou dwe lite kont tout tandans pou nou ta gen ògèy lakay nou ? b) Ki ide ki pa kòrèk konsènan imilite chapit ki vin apre a pral ede nou korije ?
23 Ògèy tankou pwazon. Li ka lakòz gwo ravaj. Se yon defo ki ka fè moun ki gen plis kapasite a vin initil pou Bondye. Yon lòt bò, imilite ka fè menm moun ki pi piti a vin trè itil pou Jewova. Si nou kiltive bèl kalite sa a chak jou etan nou fè efò pou nou suiv tras Kris avèk imilite, rekonpans lan ap estrawòdinè. Men sa Pyè te ekri : “ Imilye tèt nou anba men pisan Bondye, yon fason pou l ka leve nou nan bon moman. ” (1 Pyè 5:6). Jewova pa t manke pa leve Jezi poutèt li te imilye tèt li konplètman konsa. Menm jan an tou, Bondye nou an ap kontan rekonpanse nou pou imilite nou demontre.
24 Malerezman, gen moun ki panse imilite se yon siy feblès. Egzanp Jezi a ede nou wè jis nan ki pwen ide sa a pa kòrèk, paske moun ki te gen plis imilite pami lèzòm nan se li menm tou ki te gen plis kouraj. Se de sa nou pral pale nan lòt chapit la.
a Gen yon ouvraj referans ki pale de evènman sa a, li di bèt sa yo se “ kreyati òdinè ” yo ye. E li ajoute : “ Yo lan, tèt yo di, yo la pou travay, se moun pòv ki posede yo, e yo pa twò bèl. ”
b Pou nou jwenn plis prèv ki montre Mikayèl se Jezi, gade nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, paj 218-19. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.