CHAPIT 10
Wa a rafine pèp li a nan domèn espirityèl
1-3. Ki sa Jezi te fè lè l te jwenn kèk moun ki pa t montre respè pou tanp lan?
JEZI te gen anpil respè pou tanp ki Jerizalèm nan paske l te konnen sa tanp sa a te reprezante. Pandan lontan, se nan tanp lan vrè adoratè Jewova yo te konn vin adore l. Sepandan, adorasyon sa a, anpalan de adorasyon Jewova a, yon Dye ki sen, te dwe yon adorasyon ki pwòp. Konsa, imajine jan Jezi dwe te santi l lè l te rive nan tanp lan nan dat 10 Nizan ane 33 epòk nou an epi l te wè jan moun yo pa t montre yo gen respè pou tanp lan. Ki sa k te pase lè sa a? — Li Matye 21:12, 13.
2 Nan Lakou moun nasyon yo, te gen yon pakèt machann ava ansanm ak kèk kanbis ki t ap chèche fè kòb sou tèt moun ki te vin ofri Jewova sakrifis yoa. Jezi te “mete tout moun ki t ap vann nan tanp lan ak tout moun ki t ap achte ladan l yo deyò, e li chavire tab kanbis yo”. (Konpare ak Neyemya 13:7-9.) Li te fè konnen mesye sa yo, ki te wè tèt yo sèlman, te fè kay Papa l la tounen yon “gwòt ki chaje ak vòlè”. Konsa, Jezi te montre jan l gen respè pou tanp lan ak sa tanp lan te reprezante a. Adorasyon y ap bay Papa l la dwe ret pwòp!
3 Plizyè syèk annapre, apre Jewova te fin tabli Jezi kòm Wa nan Wayòm Mesi a, yon lòt fwa ankò, Jezi te fè yon netwayaj nan tanp lan. Netwayaj sa a gen rapò ak tout moun jodi a ki vle adore Jewova fason Jewova vle pou yo adore l la. Nan ka sa a, ki tanp Jezi te netwaye a?
Pirifye “pitit Levi yo”
4, 5. a) Ki fason yo te rafine epi pirifye moun Bondye te chwazi pou al nan syèl yo, soti nan ane 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919? b) Èske sa vle di yo te fin rafine e yo te fin pirifye pèp Bondye a? Esplike.
4 Jan nou te wè sa nan chapit 2 a, apre Jewova te fin met Jezi Wa an 1914, Jezi ak Papa l te vin enspekte tanp espirityèl la, ki se dispozisyon Jewova pran pou moun ba l yon adorasyon ki pwòpb. Kòm rezilta, apre enspeksyon sa a, Wa a te wè li te enpòtan pou l rafine epi pirifye kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, anpalan de “pitit Levi yo”. (Mal. 3:1-3). Soti ane 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919, Jewova, Moun k ap rafine a, te kite pèp li a pase anba yon seri eprèv ak difikilte ki te rafine yo e ki te pirifye yo. Nou kontan dèske moun sa yo Bondye te chwazi pou al nan syèl la te soti pi pwòp anba eprèv sa yo ki te tankou dife, lafwa yo te vin pi solid, e yo te chofe pou yo soutni Wayòm Mesi a!
5 Èske sa vle di yo fin rafine pèp Bondye a epi yo fin pirifye l? Non. Pandan dènye jou yo, Jewova ap sèvi ak Wa li chwazi a pou l kontinye ede sèvitè l yo vin pwòp yon fason pou yo ka kontinye sèvi l nan tanp espirityèl la. Nan de chapit k ap vin apre yo, nou pral wè kòman li rafine yo nan domèn moral ak nan fason yo òganize. Sepandan, anvan sa, ann fè yon ti pale konsènan netwayaj espirityèl la. Lè n reflechi ak sa Jezi te fè pou l ede disip li yo rete pwòp nan domèn espirityèl, kit se aksyon ki parèt klè kit se aksyon nou pa ka wè, sa ap fòtifye lafwa nou.
“Rete pwòp”
6. Kòman lòd Jewova te bay Juif ki te ann egzil yo ede n konprann ak ki sa netwayaj espirityèl la gen rapò?
6 Ki sa netwayaj espirityèl la ye? Pou n reponn kesyon sa a, ann egzamine kèk pawòl Jewova te di Juif ki te ann egzil nan peyi Babilòn yo, lè yo t apral kite peyi sa a nan sizyèm syèk anvan epòk nou an. (Li Izayi 52:11.) Moun sa yo t ap retounen lakay yo nan Jerizalèm nan objektif pou yo rebati tanp lan epi pou yo retabli vrè adorasyon an (Ezra 1:2-4). Jewova te vle pou pèp li a kite tout tras relijyon Babilòn nan dèyè. Jewova te ba yo plizyè lòd. Li te di yo pou yo “pa touche anyen ki pa pwòp”, “soti nan mitan l” epi “rete pwòp”. Adorasyon n ap bay Jewova a, yon adorasyon ki pwòp, pa dwe janm kontamine ak ansèyman fo relijyon yo. Ki sa n ka di nan ka sa a? Nou ka di, netwayaj espirityèl la gen rapò ak rete nou rete lwen ansèyman ak pratik ki nan fo relijyon yo.
7. Ak ki gwoup moun Jezi te sèvi pou l ede disip li yo vin pwòp nan domèn espirityèl?
7 Yon ti tan apre Bondye te fin tabli Jezi kòm Wa, Jezi te tabli yon ti gwoup moun, tout moun byen konnen, ki la pou ede disip li yo vin pwòp nan domèn espirityèl. Ti gwoup moun sa a se esklav fidèl ki prevwayan an, yon esklav Kris te nome nan ane 1919 (Mat. 24:45). Depi anvan ane sa a, Etidyan Labib yo te deja pirifye tèt yo anba anpil ansèyman ki soti nan fo relijyon yo. Malgre sa, yo te bezwen pirifye nan domèn espirityèl plis toujou. Pa mwayen esklav fidèl Kris la, tikras pa tikras, Kris te ede disip li yo jwenn plis eklèsisman sou yon seri koutim ak yon seri pratik yo te bezwen abandone (Pwo. 4:18). Ann egzamine kèk ladan yo.
Èske kretyen yo dwe fete Nwèl?
8. Ki sa Etidyan Labib yo te konnen depi byen lontan konsènan fèt Nwèl, men, ki sa yo pa t rive wè yon fason klè?
8 Depi byen lontan, Etidyan Labib yo te rekonèt fèt Nwèl kòm yon fèt ki pran rasin li nan orijin payen, e yo te rekonèt Jezi pa t fèt 25 desanm. Men sa Toudegad Siyon an (anglè) desanm 1881 an te fè konnen: “Gen plizyè milyon moun ki te soti nan relijyon payen ki vin rantre nan Legliz. Men, pifò nan chanjman yo fè yo se jis non yo yo chanje. Pa egzanp, prèt payen yo te vin prèt kretyen, e yo te vin bay fèt payen yo pote non fèt kretyen, e Nwèl se youn nan fèt sa yo.” Nan ane 1883, gen yon atik ki te gen tit “Ki lè Jezi te fèt?” ki te parèt nan Toudegad. Nan atik sa a, yo te montre Jezi te fèt nan kòmansman mwa oktòbc. Sepandan, nan epòk sa a, Etidyan Labib yo pa t byen konprann jan l enpòtan pou yo te sispann fete Nwèl. Menm moun ki te fè pati fanmi Betèl Bwouklin nan te kontinye fete fèt sa a. Men, apre ane 1926, bagay yo te kòmanse chanje. Ki sa k te pase?
9. Ki sa Etidyan Labib yo te vin rann yo kont konsènan fèt Nwèl?
9 Apre Etidyan Labib yo te fin pran san yo pou yo byen egzamine sijè sa a, yo te vin rann yo kont orijin fèt Nwèl ansanm ak tout koutim ki te mache ak fèt sa a se te bagay ki pa onore Bondye. Nan dat ki te 14 desanm 1927 la, gen yon atik ki gen tit “Ki kote fèt Nwèl soti?” ki te parèt nan Epòk annò a (anglè) ki te fè konnen fèt Nwèl la se yon fèt payen, li ankouraje moun panse ak plezi epi l gen rapò ak adorasyon zidòl. Yon fason klè, atik la te montre Kris pa t mande disip li yo fete fèt sa a. Men sa atik la te di konsènan fèt Nwèl pou fini: “Lefètke monn nan, lachè nou ak Dyab la dakò pou fèt sa a toujou la e pou moun fete l, [...] sa montre aklè moun ki vwe lavi yo pou yo sèvi Jewova pa dwe fete fèt sa a.” Se avèk rezon, nan mwa desanm 1927, fanmi Betèl la pa t fete fèt Nwèl e yo pa t janm fete l ankò!
10. a) An desanm 1928, ki enfòmasyon byen klè yo te bay konsènan fèt Nwèl? (Gade kare ki gen tit “Fèt Nwèl: Kote l soti ak rezon ki fè yo fete l” la tou.) b) Ki fason pèp Bondye a te jwenn avètisman konsènan kèk lòt fèt ak kèk lòt koutim yo te dwe evite? (Gade kare ki gen tit: “Siyifikasyon kèk lòt fèt.”)
10 Nan ane ki te vin annapre a, Etidyan Labib yo te jwenn plis enfòmasyon ki klè konsènan fèt Nwèl. Nan jou ki te 12 desanm 1928 la, frè Richard H. Barber, yon manm syèj mondyal la, te bay yon diskou nan radyo ki te montre aklè fèt sa a soti nan koutim ki pa pwòp. Ki fason pèp Bondye a te reyaji devan direksyon byen klè syèj mondyal la te bay yo? Men sa frè Charles Brandlein te di pandan l ap panse ak lè li menm ak fanmi l te sispann fete fèt Nwèl: “Èske nou te santi se yon pwoblèm pou nou voye bagay payen sa yo jete? Non! [...] Se kòmsi nou te retire yon rad sal sou nou epi nou voye l jete.” Frè Henry A. Cantwell, ki te vin sèvi kòm siveyan itineran pi devan, te wè bagay yo menm jan an tou. Men sa l te di: “Nou te kontan lefètke n te ka sispann fè yon bagay pou n demontre lanmou nou genyen pou Jewova.” Disip fidèl Kris yo te dispoze fè kèlkeswa chanjman ki nesesè a yon fason pou yo pa patisipe nan yon fèt ki te soti nan adorasyon ki pa pwòpd. — Jan 15:19; 17:14.
11. Ki jan nou ka montre n ap soutni Wa Bondye chwazi a?
11 Ala yon bèl egzanp Etidyan Labib sa yo ki te fidèl kite pou nou! Lè n reflechi ak egzanp yo, li ta bon pou n mande tèt nou: ‘Kòman m reyaji devan direksyon frè ki nan syèj mondyal la ap ban nou yo? Èske m aksepte yo ak kè kontan, epi m aplike sa m aprann nan?’ Lè n montre nou dispoze obeyi se montre nou montre n ap soutni Wa Bondye chwazi a, li menm k ap sèvi ak esklav fidèl la pou ban nou manje espirityèl nan bon moman. — Tra. 16:4, 5.
Èske kretyen yo dwe sèvi ak kwa?
12. Pandan plizyè ane, ki jan Etidyan Labib yo te konsidere kwa a?
12 Pandan plizyè ane, Etidyan Labib yo te konsidere kwa a kòm yon senbòl kretyen ki akseptab. Sepandan, yo pa t janm panse yo dwe adore kwa a paske yo te konnen idolatri se yon bagay ki pa bon (1 Kor. 10:14; 1 Jan 5:21). Depi nan kòmansman ane 1883, yon fason klè, Toudegad te fè konnen “tout kalite idolatri se bagay Bondye rayi anpil”. Sepandan, okòmansman, Etidyan Labib yo te panse pa t gen pwoblèm pou yo te sèvi ak kwa a nan kèk sitiyasyon. Pa egzanp, yo te kontan pot yon bwòch ki te gen yon kwa ak yon kouwòn pou idantifye yo. Pou yo menm, bwòch sa a te montre yo t ap resevwa kouwòn lavi a si yo te ret fidèl jiskaske yo mouri. Apati ane 1891, gen yon senbòl kwa ak kouwòn ki te kòmanse parèt sou kouvèti Toudegad la.
13. Ki eklèsisman disip Kris yo te jwenn konsènan kwa a? (Gade kare ki gen tit “Eklèsisman tikras pa tikras sou zafè kwa a” tou.)
13 Etidyan Labib yo te renmen senbòl kwa ak kouwòn nan anpil. Sepandan, apati fen ane 1920 yo, tikras pa tikras, disip Kris yo te jwenn plis eklèsisman konsènan kwa a. Men sa frè Grant Suiter, ki te vin manm Kolèj santral la pi devan, te di pandan l t ap reflechi sou asanble ki te fèt nan Detroit, Michigan, Ozetazini nan ane 1928 la: “Nan asanble a, nonsèlman yo te montre nou pa bezwen itilize senbòl kwa ak kouwòn nan, men, yo te montre li se yon bagay ki pa bon ditou.” Pandan kèk ane ki te vin annapre yo, yo te vin pi byen konprann pwen sa a toujou. Sa klè, kwa a pa t gen okenn plas nan adorasyon ki pwòp n ap bay Bondye a.
14. Ki jan pèp Bondye a te reyaji devan eklèsisman yo te jwenn tikras pa tikras konsènan kwa a?
14 Ki jan pèp Bondye a te reyaji devan eklèsisman yo te jwenn tikras pa tikras konsènan kwa a? Èske yo te kontinye ret atache ak senbòl kwa ak kouwòn nan, yon senbòl yo te renmen anpil? Men sa Lela Roberts, yon sè ki gen lontan depi l ap sèvi Jewova, te sonje konsènan senbòl sa a: “Lè n te vin rann nou kont sa l te reprezante, li te fasil pou n te lage l.” Gen yon lòt sè fidèl ki rele Ursula Serenco ki te esplike jan tout moun te santi yo. Men sa l te di: “Nou te vin rann nou kont senbòl sa a oswa bagay nou te bay anpil valè a, yon bagay nou te panse ki te reprezante lanmò Seyè nou an ansanm ak fason nou devwe kòm kretyen an, se te yon senbòl payen. Jan Pwovèb 4:18 fè konn sa, nou te kontan pou n wè jan chemen nou t ap vin pi klere toujou.” Disip fidèl Kris yo pa t vle patisipe nan okenn koutim ki gen rapò ak fo relijyon!
15, 16. Ki jan nou ka montre nou pran detèminasyon pou n kenbe lakou tanp espirityèl Jewova a ki sou tè a pwòp?
15 Jodi a, nou gen menm detèminasyon sa a. Yon fason klè, Kris ap sèvi ak ti gwoup moun li chwazi a, anpalan de esklav fidèl ki prevwayan li a, pou l ede pèp li a rete pwòp nan domèn espirityèl. Kidonk, lè n resevwa manje nan domèn espirityèl ki ban nou avètisman konsènan kèk fèt oswa kèk koutim ki gen rapò ak fo relijyon yo, san pèdi tan, nou reyaji yon fason pou n montre obeyisans nou. Menm jan ak frè ak sè nou yo ki t ap viv nan kòmansman prezans Kris la, nou pran detèminasyon pou n kenbe lakou tanp espirityèl Jewova a ki sou tè a pwòp.
16 Anplis de sa, pandan dènye jou yo, yon fason moun pa ka wè, Kris kontinye ap travay pou l pwoteje kongregasyon Jewova a kont tout moun ki kapab kontamine l nan domèn espirityèl. Ki jan l fè sa? Ann wè kòman.
Y ap retire “mechan yo nan mitan moun ki jis yo”
17, 18. Nan egzanp filè a: a) Ki sa lage filè a nan lanmè a vle di? b) Ki sa pran tout kalite pwason an vle di? c) Ki sa triye bon pwason yo met nan veso yo vle di? d) Ki sa jete pwason ki pa bon yo vle di?
17 Jezi Kris, Wa a, kontinye ap voye je sou kongregasyon Bondye a ki toupatou sou tè a. Nan kèk fason nou pa ka fin byen konprann, Kris ak zanj yo gen yon travay separasyon yo kontinye ap fè. Jezi te pale de travay sa a nan egzanp filè li te bay la. (Li Matye 13:47-50.) Ki sa egzanp sa a vle di?
18 Yo lage “yon filè [...] nan lanmè”. Filè a reprezante travay predikasyon Wayòm nan, yon travay k ap fèt nan tout limanite ki tankou yon lanmè. Li “pran tout kalite pwason”. Bon nouvèl la atire tout kalite moun, anpalan de moun ki gentan pran desizyon pou yo vin fè pati vrè kretyen yo ansanm ak anpil lòt moun ki petèt te enterese okòmansman, men, ki poko pran pozisyon toutbon pou vrè adorasyon ane. “Yo triye bon pwason yo met nan veso.” Yo rasanble moun ki gen kè sensè yo nan kongregasyon yo, ki tankou veso, yon kote yo kapab adore Jewova yon fason ki pwòp. Yo jete pwason ki “pa bon yo”. Pandan dènye jou yo, Kris ak zanj yo kontinye ap separe “mechan yo nan mitan moun ki jis yo”f. Kòm rezilta, yo pa kite moun ki pa gen kè sensè yo, anpalan de moun ki pa vle kite kwayans ak koutim ki pa bon yo, kontamine kongregasyon yog.
19. Ki jan w santi w lefètke Kris kontinye ap travay pou l kenbe pèp Bondye a ansanm ak vrè adorasyon an pwòp?
19 Lefètke n konnen Jezi Kris, Wa nou an, ap pran swen moun l ap dirije yo, èske sa pa fè n kontan? Anplis de sa, èske sa pa fè n kontan tou pou n konnen zèl Jezi Kris te genyen pou vrè adorasyon an ansanm ak moun ki t ap adore vrè Dye a, sètadi zèl ki te pouse l netwaye tanp lan nan premye syèk epòk nou an, se menm zèl sa a li genyen jodi a? Se pa ti rekonesan nou rekonesan lefètke Kris kontinye ap travay pou l kenbe pèp Bondye a ansanm ak vrè adorasyon an pwòp nan domèn espirityèl! Nou kapab montre n ap soutni Wa a ansanm ak Wayòm li an lè n evite tout kontak ak fo relijyon.
a Juif ki t ap vizite Jerizalèm yo te dwe sèvi ak lajan yo itilize nan zòn nan pou yo te ka peye taks yo te gen pou peye nan tanp lan chak ane, e kanbis yo te konn egzije moun yo peye yon kòb pou yo chanje lajan an pou yo. Anplis de sa, Juif sa yo te gendwa bezwen achte bèt pou yo ofri kòm sakrifis. Petèt se paske machann sa yo te konn koupe kou moun yo ak pri yo te konn mande yo ki fè Jezi te rele yo “vòlè”.
b Pèp Jewova a ap adore l nan lakou gran tanp espirityèl li a ki sou tè a.
c Atik sa a te fè konnen zafè di Jezi te fèt nan yon dat nan sezon ivè a “pa byen chita nan istwa ki fè konnen bèje yo te deyò ap veye mouton yo”. — Lik 2:8.
d Men sa frè Frederick W. Franz te ekri nan yon lèt ki gen dat 14 novanm 1927: “Nou pap fete Nwèl ane sa a. Fanmi Betèl la vote pou yo sispann fete Nwèl.” Kèk mwa annapre, nan yon lòt lèt frè Franz te ekri nan dat 6 fevriye 1928, li te di: ‘Tikras pa tikras Senyè a ap pirifye nou pou n soti nan erè ki gen nan Babilòn, ki se òganizasyon Dyab la.’
e Pa egzanp, nan ane 2013, te gen yon maksimòm 7 965 954 pwoklamatè, e te gen 19 241 252 moun ki te asiste Memoryal lanmò Kris la.
f Separasyon pwason ki bon yo ak pwason ki pa bon yo pa menm bagay ak separasyon mouton ak kabrit yo (Mat. 25:31-46). Separasyon mouton yo ak kabrit yo, oswa dènye jijman an, pral fèt pandan gwo tribilasyon ki gen pou vini an. Annatandan, moun ki sanble ak pwason ki pa bon yo gen posiblite toujou pou yo retounen vin jwenn Jewova, epi pou yo rasanble nan kongregasyon an ki tankou yon veso. — Mal. 3:7.
g Finalman, yon fason senbolik, yo pral jete moun ki pa akseptab yo nan yon founèz dife, sa vle di yo pral detwi yo pou toutan.